A travers Haïti
28 jiyè 2001: rezistans kont okipasyon an kanpe pi rèd!Nan okazyon 28 jiyè 2001 an divès òganizasyon popilè te lanse yon seri aktivite pou te montre yo pa bliye 2 okipasyon meriken yo ann Ayiti, kidonk 28 jiyè 1915 ak 19 sektanm 1994. Anpil rasanbleman, deba, jounen refleksyon, konferans, ekspozisyon foto, elatriye te fèt nan pifò depatman peyi a. Nan yon nòt ki pote dat 24 jiyè 2001 ki montre 28 jiyè 2001 fè 86 lane apre premye okipasyon meriken an 1915 lan, Pati popilè nasyonal (PPN) fè yon bilan de debakman meriken 1915 lan ak divès envazyon meriken fè nan tout Amerik la. PPN konstate ke «jodi a, apre 86 ane okipasyon, sitiyasyon peyi a ap travèse montre aklè ke: leta boujwa/makout la fè fayit» e ke «pouvwa popilè sèl solisyon...» Nan deklarasyon sa a, Pati popilè nasyonal te denonse mòd negosiyasyon Lavalas ak Konvèjans lan ki ka plis lage peyi a ak pèp la nan tchouboum, e PPN kwè ke «Fòs pwogresis yo dwe batay pou kanpe pouvwa pèp la nan yon pwojè revolisyonè ki dwe kenbe kont yon pwogram devlopman k ap chita sou sa peyi a posede kòm resous epi bonjan solidarite ak lòt pèp ki pap machande.»
Divès òganizasyon ki travay ak PPN nan lit politik la, kouwè Kòdinasyon òganizasyon kiltirèl ak atis popilè (Kokap), ML ki se Mouvman Lespwa, elatriye te bay yon konferans pou laprès 27 jiyè a pou denonse enjerans enperyalis meriken nan zafè peyi a. E tou òganizasyon sa yo te kritike konpòtman sa yo rele opozisyon an k ap chache jwenn nan pouvwa a sa yo pa ta ka jwenn nan eleksyon. Oganizasyon sa yo ki te konstate kriz sosyal ak ekonomik k ap dechire peyi a apre 86 zan move mannèv enperyalis yo pou kontwole tout enstitisyon piblik yo, te lanse yon apèl bay palmantè yo pou mande yo pou pa negosye vòt 21 me 2000 la. Joseph Donald ki se pòtpawòl Kokap, nan deklarasyon l te rann omaj a Charlemagne Péralte ke yo te asasinen pou opozisyon l te fè kont okipan yo sou teritwa peyi Dayiti. Nan menm sans lan divès baz PPN ak divès òganizasyon mas te fè anpil aktivite nan tout peyi a.
Nan Nò ak Nòdwès peyi a te gen divès gwo aktivite pou te make 28 jiyè a. Anpil kote nan Latibonit lan te make dat sa a tou. Nan zòn Gwo Mòn manm PPN ak kèk lòt òganizasyon peyizan te fè gwo rasanbleman pou te denonse okipasyon, jij magouyè, refòm agrè pèpè, elatriye, kote ozanviwon yon milye peyizan te patisipe. Menm jan nan Ennri te gen rasanbleman sou plas la e manm PPN ak lòt òganizasyon peyizan yo te pase fim «Kàn Anmè» (Canne amère) pou militan ak popilasyon an. Depatman Sidès te make dat 28 jiyè a tou. Konsa, sòti mèkredi 25 pou rive samdi 28 jiyè a, branch PPN nan Sidès la te deklannche yon seri gwo mobilizasyon pou te raple premye okipasyon 1915 lan. Depi mèkredi divès sikilè PPN t ap distribye nan vil Jakmèl pou te anonse aktivite sa yo. Nan jedi 26 la, responsab rejyonal PPN yo te bay yon konferans pou laprès kote Ginel Chéry te anonse aktivite yo e denonse okipasyon peyi a. Yon bann aktivite ki te kontinye atravè emisyon radyo. Nan jou samdi 28 jiyè a manm PPN yo te òganize yon konferans/deba ak plis pase yon santèn moun. Yo te mete aksan sou rezon premye e dezyèm okipasyon peyi a ak trayizon klas dominant yo atravè Lavalas ak Konvèjans la. Vè 1nè nan apremidi, manm PPN yo te pase fin «Kàn Anmè» a sou Tele EKsprès ak RTDJ toujou nan kad sansibilizasyon yo. Te gen tou yon gwo jounen refleksyon ki te òganize nan zòn Grandou sou komin Benè pa plizyè manm PPN.
Yon lòt bò, nan kad menm 28 jiyè a, divès lòt òganizasyon k ap feraye nan mitan mas yo te tanmen yon seri aktivite pou te make 86 ane apre premye okipasyon meriken an e 7 lane apre entèvansyon 19 sektanm 1994 la. Sou inisyativ Konbit ayisyen kont okipasyon (KAKO), plizyè seri mobilizasyon fèt nan divès rejyon depatman Lwès ak depatman Nòdès peyi a. Nan Fonvèrèt/Tè Fwad, manm Kako yo te òganize yon gwo jounen refleksyon ki te rasanble plis pase 150 moun. Kote menm jan ak nan tout lòt zòn Kako te fè aktivite nan jounen an yo te debat sijè sa yo: «Ki konsekans debakman militè 28 jiyè 1915 lan ak entèvansyon 19 sektanm 1994 la sou peyi a? Kisa ki dwe fèt reyèlman pou reprann flanbo batay popilè pou liberasyon mas yo lajounen jodi a?»
Anpil lide te twoke pou yon antant popilè. Nan Tè Fwad, François Marie-Anne ki se kòdonatris Kako te montre peyizan yo nesesite pou yo pote kole menm jan «ak ti machan, ouvriye, elèv lekòl, etidyan, chomè, pwofesè, jounalis... pou kwape pwojè makawon ni dirijan Lavalas yo ni Konvèjans la», kidonk li te repete apèl Kako te fè a popilasyon divès zòn peyi a atravè trak ak lòt dokiman li te distribiye.
Nan depatman Nòdès peyi a, zòn Valyè/Gwoswòch, manm Kako yo te fè yon gwo jounen refleksyon konferans/deba pou te chita pale sou 2 dat madichon okipasyon peyi a. Divès peyizan te entèvni e denonse politik lakoubèt dirijan Lavalas yo, refòm agrè pèpè tèt chaje rejim lan ak negosiyasyon/separasyon pouvwa 2 gwoup ipokrit yo, kidonk Fanmi Lavalas ak Konvèjans la. Nan okazyon an Harry Sténaord te deklare: «Nou menm nan Kako, nou denonse tout akò lawontèz granmanjè Lavalas yo ak reyaksyonè makout nan Konvèjans lan osèvis meriken kont popilasyon malere a, ki deja nan yon mizè vitam etènam.»
Nan zòn Lewogàn, pi espesyalman zòn Kafou Difò divès manm Kako, nan jou vandrèdi 27 jiyè a te distribiye divès trak ki te denonse «okipasyon-privatizasyon-lavichè-makout ak granmanjè tcoul meriken» e nan trak sa a yo te rele «viv lit mas pèp la pou yon pouvwa popilè».
Nan Pòtoprens, Kako ak Coordination pour le changement national (CCN) te fè divès aktivite ankò. Yo te distribiye trak, kole foto Chalmay Peral. Nan zòn Sen Michl (Masira), yo te oganize yon rankont ak patisipasyon anviwon 3 mil moun; malgre tansyon ki te ekziste nan peyi a jou samdi 28 jiyè a, moun yo te fè deplasman an. Près 2 mil moun te patisipe nan seri ekspozisyon foto a ki te koumanse depi 8tè nan maten olye 10zè yo te prevwa a, anviwon mil moun te patisipe nan pwojeksyon 2 fim ki se: «Defi Kastwo» ak yon pati nan fim «Rezistans» lan ki pale de okipasyon peyi a. Te gen tou yon konferans/deba ekspozisyon foto ki te rasanble près yon santèn moun nan sant vil Pòtoprens.
Konsa nan okazyon 28 jiyè 2001 an ki fè 86 lane apre premye okipasyon meriken ak konplisite tchoul li yo nan peyi a ki fè tou 7 lane ak dezyèm entèvansyon meriken an PPN ak Kako e lòt òganizasyon pwogresis yo nan 4 kwen peyi a, yo montre yo ap kenbe tennfas rezistans kont okipasyon, kont plan neyoliberal la, refòm agrè pèpè, enpinite, vòl leta... Nou ap kontinye kanpe pou pi rèd.