Ayiti Pwogre [HOME]
25 o 31  Jiyè  2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl
 
 

Fondasyon 30 septanm denonse dilatwa

Responsab Fondasyon 30 sektanm lan Lovinsky Pierre Antoine denonse demach avoka senatè Dany Toussaint kòm bagay ki ilegal. Responsab Fondasyon an ki te de pasay jan Gwomòn (Latibonit) e ki t ap ekspoze foto viktim koudeta yo t ap keksyone tèt li konsènan atitid senatè Dany Toussaint ki kontinye ap bare lawout lajistis lè l deside pa reponn konvokasyon jij Claudy Gassant yo. Lovinsky te kalifye demach avoka Dany Toussaint yo kòm dilatwa. 
 

Senatè Dany Toussaint pa t prezante ankò

Pou yon dezyèm fwa nan mwa jiyè 2001 an senatè lwès la Dany Toussaint pa t prezante nan konvokasyon jij enstriksyon an Claudy Gassant nan dat 16 jiyè a. Avoka Toussaint yo te di deja lendi 16 jiyè a ke senatè a pap janm prezante ankò devan jij ki gen kapasite pou kontinye mennen ankèt la. 
 

Lantèman Magloire te fèt

Nan jou jiyè 2001 an, lantèman ansyen prezidan jeneral Paul Eugène Magloire te chante nan legliz Sen Pyè nan Petyonvil, kote divès pèsonnalite te patisipe. Nan okazyon an gouvènman an te obsève yon jounen dèy nasyonal ki pa t respekte totalman. Magloire mouri kite plizyè pitit li ki gen anpil laj tou. Pami yo nou jwenn Raymond, Elsie, Myrtha, Yola ak Pierre Louis Arsène Magloire. Mouche te mouri a laj 94 zan, nan dat 12 jiyè pase a. Se te yon lantèman nasyonal toutmenm.
 

«Sosyete sivil» la prese...

Inisyativ sosyete sivil la koumanse montre yo enpasyan nan rete tann Fanmi Lavalas ak Konvèjans lan antann yo sou yon dat pou reprann «negosiyasyon» yo. «Nou te swete reprann diskisyon yo yon fason fòmèl, paske tan ap pase», te di Edouard Paultre. «Sosyete sivil» la prese pou bouyi vide a koumanse.
 
 
 

Otorite dominiken ap kontinye rapatriman yo 

Jedi 12 jiyè 2001 an otorite dominiken yo te voye tounen ann Ayiti 7 ayisyen nan move kondisyon. Ayisyen sa yo te rapatriye nan zòn Sèka Lasous, toupre fwontye a. Majistra zòn lan Pierre Francklyn te denonse fason responsab dominiken yo voye moun yo tounen an. «Yo vini ak 2 men yo 2 pye yo, ak sèl ti rad yo te gen sou kò yo», te di majistra adjwen Sèka Lasous la ki te mande pou ministè Enteryè ak ministè lajistis mete yon seri biwo kontwòl pou voye je sou rantre sòti nan zòn lan.
 
 

28 jiyè 1915 - 28 jiyè 2001

Sa fè 86 lane depi meriken ak koutye l yo ap sapata lespwa demokrasi, lavi miyò ak liberasyon mas pèp ayisyen an.
19 septanm 1994: nouvo konze yo montre yo pi koutye nan sèvi enterè meriken ak boujwa patripòch kont enterè popilasyon malere a.

Nan okazyon 28 jiyè 2001 an, divès òganizasyon popilè kouwè: Kako, Kodena, CCN, AMAP, MLA ap tanmen yon moman refleksyon sou 2 dat madichon sa yo, k ap akonpaye yon ekspozisyon foto ak yon pwojeksyon fim.
        Aktivite sa yo ap fè nan ri Timas Pwolonje, lokal legliz Sen Michèl la, sòti 10zè nan maten pou rive 6zè nan lapre midi.
        Kanmarad, patisipasyon w enpòtan!
 
 
 

Nouvèl kout Sidès
 

Jakmèl: Asiz kriminèl

Se jounen lendi 23 jiyè 2001 an, asiz pou jije prezime kriminèl yo ap kòmanse. Pandan asiz sa yo, daprè komisè gouvènman Jakmèl la mèt Lionel Constant Beaubrun, tribinal la ap genyen pou li tande 11 ka. 10 ka ak asistans jiri ak yon ka san asistans jiri. Toujou selon komisè gouvènman an, si moun yo chwazi kòm manm jiri yo pa ta reponn prezan, tribinal la ap sanksyone moun sa yo. Yon lòt kote malgre gen anpil rimè ki ta fè kwè ke moun ki akize nan lanmò 2 resòtisan fransè yo ak ayisyen an nan lane 2000 la ap genyen pou li jije nan asiz sa yo, komisè Bougrain fè konnen: yo panko ap tande ka sa yo paske dosye a panko konplè. Asiz yo ap dire plis pase 3 semèn nan Jakmèl.
 

Tyòt: agresyon kont yon jounalis

Jounen madi ki te 17 jiyè 2001 nan komin Tyòt, yon jounalis ki pote non Confident Edner ki ap travay nan radyo kominotè Bèlans e ki se korespondan radyo Tele Express Continental nan vil Jakmel denonse agresyon li sibi nan men yon endividi ki rele Michel Mardi ki ta swadizan se yon polis riral. Jounalis la di li sibi agresyon sa yo sanble paske li te ale nan Komin Tyòt pou li te al ankete sou yon arestasyon la polis te fè ilegal. Confident di tou: se tout la jounen Michel Mardi ap mache ak yon fizi 12 nan men li pouli ka entimide popilasyon an. Selon Confident toujou: Michel Mardi ki konpòte kòm yon kòbòy nan zòn di li genyen yon tas kafe anmè pou li bwè ak tout jounalis nan zòn nan paske se yo menm ki enpoze l fè travay li. Devan sitiyasyon makaron sa yo Confident Edner mande tout asosyasyon jounalis Sidès tankou nan Kapital ak peyi etranje answit gouvènman peyi a pou di yon mo sou fason y ap trete jounalis yo anndan peyi a sitou lè nou sonje kòman yon konfrè nou Jean Dominique sot disparèt tankou yon kout zèklè e jouk jounen jodi a se tolalito y ap fè ak dosye sila a.
 

Benè: Yon nouvo Jij de pè

Nan wikenn ki sot pase a, nou vle pale de vandredi ki te 20 jiyè a, komisè gouvènman Jakmèl la mèt Lionel Constant Bourgain avèk kèk responsab polis jidisyè te rann yo nan komin Benè pou te enstale mèt Michel Simplice kòm nouvo jij de pè nan komin Benè. Nan yon diskou tou kout li te fè, nouvo jij la mèt Michel Simplice di li pral travay pou li fè aplike la lwa kòmsadwa e bay jistis tout moun ki merite jistis. Antouka nou ta swete sa, fòk nou di tou nouvo jij de pè sila ranplase ansyen jij de pè Benè Jij Henry Georges ki te mouri nan mwa desanm 2000 ki sot pase a.
 

Lavale: depite Etzer Valentin dakò pou eleksyon antisipe yo

Desizyon prezidan Aristide pran pou koupe nan manda eli ki te soti nan eleksyon 21 me 2000 yo soulve anpil enkyetid bòkote depite Valentin ki di: desizyon pou fè eleksyon antisipe an novanm 2002 se vre li pa nan konstitisyon an; paske se pèp la ki te vote l se limenm tou ki ta dwe bay dizon li. Selon depite a, kòm enterè peyi a dwe pase avan se sa ki fè li pa gen twòp pwoblèm avek demach sa yo; sepandan depite Valentin di li pa ka konprann atitid kominote entènasyonal la li ki montre li ap jwe yon wòl ipokrit. Antouka tout moun konnen jwèt la trè byen ke dirijan la Fanmi Lavalas ap jwe lè yo bezwen pouvwa yo itilize do pèp la pou chwal papa men se lè pou fè tout vye konpromi ak ekip Konze parèy yo ki nan Konvèjans, yo pa bezwen pèp la.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm