Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout KreyòlPremye minis lan fè mwayèn li?
Premye minis lan, Jean-Marie Chérestal bat bravo lakontantman apre piblikasyon rapò mondyal Pwogram nasyonzini pou devlopman (PNUD) mete deyò sou devlopman moun nan, kote Ayiti vin okipe 134triyèm plas sou 174 plas, alòs li te nan 150tyèm plas oparavan. Premye minis lan ki satisfè anpil te tonbe pale: «Anvan m m al chache konn rapò a m prese kòm ou ka imajine l, al gade tablo klasman peyi yo, pou m konnen si nouvèl yo bon ou move, ni nou te pwogrese ou rekile nan siksè eskpè PNUD yo. Enfòmasyon yo rete enkwayab, Ayiti ta fè yon gwo pa, sòti nan 150e ran sou 174 pou tonbe 134e... elas, sou 162 peyi gen 12 ki pa janm klase, sa ki fè an reyalite nou genyen 4 pwen.» Men reyalite pa montre kondisyon lavi a pyès change ann Ayiti. Chak jou pi plis valè chomaj, pri lavi a ap ogmante nan peyi a. De ki siksè Chérestal ak «ekspè» PNUD yo ap pale la a? Nan kout kat sa a se sèl Premye minis lan ki fè «siksè» a!
Pwogram ranmase fatra nan komin yo
Majistra Pòtoprens lan Marie Yves Duperval te chita koze 10 jiyè pase a ak minis anviwonnman an, Webster Pierre pou te pale «otou 2 pwen, selon majistra a, jesyon fatra yo epi mache yo...». Konsènan fatra yo majistra a te di lameri Pòtoprens, ministè a nan tèt kole ak SMCRS e òganizasyon popilè yo pral fè yon seri travay lapwòpte nan komin Pòtoprens e lòt komin yo ap nan pwogran nan tou. Kote yo pral mete poubèl, pou lè fatra yo fin ranmase, pou yo jwenn kote pou mete yo, annatandan kamyon fatra yo vin ranmase yo.
Ki krim De Ronceray te fè?
Lidè MDN/Konvèjans lan, ansyen divalyeris e poutchis Hubert de Ronceray ta vle demanti prezidan Aristide li di ki lage responsabilite kriz la sou do Konvèjans lan. Hubert de Ronceray ki di se pa li ki te fè 10 zan opouvwa ap kraze peyi fè konnen: « Nou estime lè laverite a rive, pèp ayisyen aksepte sibi pandan 10 lane pwòp erè l yo. Bon moun yo te wè nan misye Aristide yon Bondye epi yo vin wè lekontrè. Enben nou ta vle pa respè pou peyi sa a pa respè pou laverite, pa respè pou gran nasyon ki vle ede nou yo, ki ta swete nou gen yon ti bagay, nou menm nan Konvèjans lan nou di misye Aristide se pa nou ki te fè krim elektoral 21 me 2000 la, se pa nou ki te reyalize koudeta elektoral 26 novanm lan...» De Ronceray di li pa t fè «krim elektoral», men valè kantite krim li te fè, yo pi enpòtan ke sa l di l pa fè yo. Pa ekzanp De Ronceray te konn koupe rache kòm minis Afè sosyal nan lane 79 yo sou Jean-Claude Duvalier e se misye ki te parèt ak arete pou te mete baboukèt nan bouch laprès la. E moun pa bezwen mande konben jounalis ki te pèsekite, ekzile e jwenn lanmò yo. Menm De Ronceray sa a se te bon kolaboratè rejim kriminèl poutchis Cédras/Michel François a. Ki lòt krim De Ronceray anvi fè?
Bahamas voye 457 ayisyen tounen
Zotoe Bahamas yo voye tounen nan peyi Dayiti 457 rejifye ant lendi 9 e mèkredi 11 jiyè 2001 an, kote gen nan yo ki te gen plizyè lane ap viv nan peyi Bahamas. 274 nan yo te rantre nan peyi a mèkedi a e rès yo te rantre anvan sa. Depòte sa yo, ki nan yo gen 5 kan Bahamas, denonse fason yo te maltrete yo anvan yo rantre. Anvan yo te pimpe yo tounen nan ayewopò Pòtoprens lan, anpil nan yo te pran prizon Bahamas. Otorite isit yo te di yo te ba yo 200 goud pou yo te peye machin retounen lakay yo.
Minis la satisfè
Minis edikasyon nasyonal la, Georges Gaston Mérisier ki t ap patisipe nan seremoni piblikasyon rapò mondyal PNUD te fè sou devlopman moun lan, te felisite tèt li dèske ekzamen yo te dewoule byen sou tout teritwa peyi a san gwo ensidan. Minis lan te tou pwofite anonse ke nan pa twò lontan rezilta ekzamen yo ap pibliye nan fen mwa a, piske koreksyon «sanble ap avanse trè byen».
Gwomòn: Yon ansyen Militè maltrete yon peyizan
Tankou plizyè fwa nou relate sa nan Ayiti Pwogrè; komin Gwomòn, se yon zòn ki rich ak mango fransik. Sepandan, kilti mango sa a pa janm itil peyizan yo anyen. Se toujou gwo zouzoun nan Pòtoprens ki toujou benefisye mango Fransik la. Kouman yo fè transaksyon mango a? yo lote mango, yo pran yon ti ponyen ki nan lide yo, aprè sa yo konte yo pa douzèn. Yo deside 18 mango pou yon douzèn, yo fikse pri douzen nan 15 goud. Nan lane 98 kèk atoufè ki t ap favorize yon sètèn Jan Jak ki se yon ekspòtatè mango, te lakòz plizyè kay peyizan boule nan zòn Moulen, 7èm seksyon Gwomòn. Ane sa a, bagay yo kòmanse pi mangonmen nan komin lan. Jou ki te 3 jiyè 2001 an,Colbert, yon ansyen milité, fè yon peyizan ki rele Examène Etienne monte le syèl pa do. Yon sèten Mathieu, abitan 4èm seksyon Lakil, zòn Mwenvil, ki se yon gran achtè mango fransik (founisè) te bay Antoine Cetoute 3000 goud pou l achte 200 douzèn mango fransik. Antoine achte 110 douzèn mango, transpòte l bay Mathieu. Mathieu chwazi 29 douzèn nan mango a, li kite 81 douzèn atè. Apre sa, Mathieu akonpaye ak Colbert a, rive lakay Antoine. Colbert poze lapat sou Examène ki se madam Antoine. Colbert kòmanse trennen Examène soti 3èm seksyon Rivyè-blanch rive 4èm seksyon lakil zòn Mwenvil. Colbert kenbe Examène lakay li soti 7 tè di maten pou rive 7 tè di swa. Se aprè plizyè entèvansyon fanmiy Examène lè yo aksepte peye 2240 goud la, kidonk rès kòb Mathieu a, yo rive lage Examène. N ap mande ki kote sa prale? Jounen jodi a gran nèg ak tonton makout fè mango tounen frèt pou kale peyizan. Ki kote Colbert etanke yon ansyen gad jwenn pouvwa sa pou kontinye ap fè peyizan wè 7 koulè lakansyèl? Kilè makout ak ansyen militè yo fini pa konnen pèp Ayisyen an pa janm manje manje bliye.
Plato Santral: loray boule 3 moun nan Mibalè
Seri kout loray san lapli ki sot pase pandan 3 jou sou Mibalè (Plato Santral) lakoz lanmò 3 moun, 2 frè ak yon lòt moun. 2 frè yo te mouri nan zòn Gilbè Kiskeya, (2 kilomèt) vil Mibalè. Lòt jenn gason ki mouri a se nan lokalite Bayas,(3 kilomèt Mibalè).
Kilè ki tan minis Chérestal ap sòti nan fè nwa?
Yon lòt fwa ankò, Premye minis Chérestal anonse pral gen kouran agogo nan Pòtoprens. Minis la di, li deja angaje yon konpayi prive, Haitian Tractor Energy International pou ta founi EDH 20 megawat kouran anplis, 33 megawat yon santral ki an reparasyon. Premye minis Jean Marie Chérestal di 20 megawat sa a gen pou l koumanse woule nan 3 pwochen mwa k ap vini yo. Poutan lajounen jodi blakawout la vin pi grav nan Pòtoprens kòm nan divès zòn peyi a. E nou konnen se toutan premye minis lan konn ap pwomèt sa tankou se yon bagay li t ap pral fè bridsoukou.
Dominikani: depòtasyon 20 ti Ayisyen
Lendi 9 jiyè 2001 an, otorite imigrasyon Dominikani yo al depoze sou fwontyè Ayisyano-Dominiken an (sou bò Ayiti) nan rejyon Malpas, 20 ti moun ki gen ant 6 a 13 zan. Gen nan timoun sa yo ki t ap lave vit machin, osnon ki t ap mande, nan divès kote nan kapital la. Se sa 8 nan yo te deklare bay Colette Lespinasse ki se manm (GARR), Gwoup apwi ak refijye rapatriye yo (GARR). Jouk nan dimanch ki swiv la, timoun yo te sou fwontyè a toujou, anvan responsab GARR la te rive ede yo tounen jwenn kèk fanmi yo nan zòn Pilboro.
Yon nouvo komisyon kominal nan lameri Kwadèboukè
Nan yon arete prezidansyèl ki swiv preskripsyon konstitisyon 87 la ak dekrè lwa 22 oktòb 82 a, responsab yo deside nonmen yon nouvo komisyon kominal nan tèt lameri Kwadèboukè. Nouvo komisyon sa a genyen Macilien Jhonny kòm prezidan, Jean-Baptiste Musselit ak Nelson Georges kòm manm. Arete sa a pote siyati Premye minis lan, Jean Marie Chérestal, minis lenteryè a, Henry Claude Ménard ak minis lajistis lan Gary Lissade.
Kafou: 13 katèl regwoupe yo e fè pwopozisyon...
Jounen 12 jiyè a, 13 katèl nan komin Kafou mete tèt yo ansanm pou fòme yon kòdinasyon Asèk ak delege vil. Nan yon konferans pou laprès, kòdinasyon sa a te prezante divès doleyans sou kesyon fonksyonnman kolektivite teritoryal yo. Katèl regwoupe sa yo te ekzije pou palman ayisyen an ta pran desizyon pou pase men nan lwa 4 avril 1994 la ki pale sou kolektivite teritoryal yo, e ki, dapre yo chaje ak pwoblèm.
Ansyen prezidan Magloire mouri
Ansyen prezidan Paul Eugène Magloire (1950-1956) mouri lakay li nan Pétion-Ville, jou ki te 12 jiyè pase a. Li te gen 94 zan. Eugène Magloire ki te fè karyè nan lame jiska grad jeneral te pwofesè tou nan Lise Philippe Guerrier Okap anvan l te al nan akademi militè.
Gwo koze nan lameri Dèlma
Minis lenteryè a Henry Claude Ménard pran dispozisyon pou peye anplwaye lameri Dèlma yo plizyè mwa aryere salè. Se menm jès la k ap fèt nan administrasyon kominal Kafou a. Si sa ta rive fèt se t ap yon gwo ouf soulajman li t ap ye pou anplwaye sa yo ki bouke leve vwa yo pou mande lajan travay yo. Anplwaye yo te toujou konn denonse fason majistra yo ap jere administrasyon kominal la. Konsa tou, depite Dèlma a Yves Christalin te mande pou gen yon odit ki fèt nan lameri a. «Li vin pou ministè lenteryè menm lakou dèkont e kontansye administratif pou ki ta fè yon odit, apati odit la, si efektivman gen vòl, gen koripsyon, gen magouy nan lajan an, lè sa lalwa di ekzakteman kisa ki gen pou fèt tou senpman». Poutan majistra Pierre Sully, nan deklarasyon l te fè (Kiskeya 12 jiyè 2001) te pito defann ti enterè l oubyen po li, olye li te pale sou sa k ap devlope nan lameri l ap dirije a.