Ayiti Pwogre [HOME]
11 o 17  Jiyè  2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl
 

Lewogàn: zenglendo lage sou wout nèf la

Nan lasware madi 3 jiyè 2001 an, yon gwoup bandi ame te kidnape lakay li, yon jenn gason yo rele Clifford Decayette, kote yo te mete l nan machin e te al eseye asasinen l sou wout nèf la, nan lokalite Dampus ki chita nan vil Lewogàn. Jenn gason sa a ki rete nan 2zyèm seksyon Lewogàn, lokalite Biren, te resevwa yon latriye katouch anba men bandi yo. Misye ki te kouche nan yon eta grav nan lopital Sent Kwa (Lewogàn) te eksplike: «Se pandan mwen kouche lakay mwen, mwen wè 3 nèg parèt, yo di m se ou menm wi nou vin chache la a, mwen di yo poukisa nou vin chache m la, yo di m paske yo bezwen m. Nèg yo pran m yo tepe bouch mwen, yo mete m nan machin, lè m rive sou wout nèf la yo di m ou pap tounen isit la ankò, ou mèt tou gade wout la, nèg yo mete m kanpe nan bouch twou a...», yo tire l ak plizyè katouch.
 

TKL apiye Aristide

Manm TKL Sen Jan Bosko yo te rankontre laprès nan jou 4 jiyè 2001 an kote yo te reyafime atachman yo ak prezidan Aristide e deklarasyon li te fè ki konsènen «zewo tolerans» lan. TKL yo te lage echèk negosiyasyon yo sou sa yo rele «opozisyon» an.
 

18 milion goud ta fè wout kwochi nan lachanm

Kèk semenn pase depi rimè ap kouri kòmkidire ta gen 18 milyon goud ki fè wout kwochi nan lachanm depite a. Lajan sa a ta disparèt nan kont maltaye biwo a, ki poko janm bay rapò sou fason yo t ap jere lajan an. Depite Simon Libérus te di: «Atik 12 lan (lachanm lan) ki te di fòk mesye yo te bay yon bilan; bilan sou tout depans ke yo fè, sou tout sa yo antreprann, acha ekipman, yon ansanm bagay konsa, sa se atik 12 la k ap pale. Jiskaprezan mesye yo poko bay li, e kòm n ap vote yon bidjè la, se moman sa a nou ka tann bidjè a fin vote epi kounye a n ap ret tann mesye yo lè yo fin bay bilan an... pou n konnen èske mesye yo mennen bagay yo byen oubyen non. Pou konye a mwen menm m pa ka di w si gen kòb ki pase kwochi, non m pa ka di l, paske n ap tann bilan an.», te di depite Simon nan Fanmi Lavalas la. Sanble se yon devenn kòde ki tonbe sou palmantè 47tyèm yo, piske pa twò lontan la a, non kèk nan senatè yo ak polise te nonmen nan yon afè vòl 700 mil dola yo te sezi sou kèk trafikan dwòg nan ayewopò Pòtoprens lan.
 

Aken: majistra a prè pou obeyi

«N ap pale de eleksyon 21 me, men eleksyon 26 novanm pa ladan l... Mwen menm chèf kleta a ta pase m lòd, li di majistra: pou kriz la rezoud, se ou ki pou bay demisyon w, mwen menm m pre...», te deklare majistra Aken an, Montelus Constant. An reyalite, majistra a sanble pa pran tan l pou l reflechi si konpwomi e menm konpwomisyon Fanmi Lavalas ap fè ak Konvèjans lan, se kont enterè pèp la li prale?
 

Gouvènè labank konvoke nan palman an

Nan jou ki te 4 jiyè 2001 an, gouvènè bank santral la, Fritz Jean te konvoke nan sena a pou l te bay dekiprevyen sou zafè Sogebank k ap achte BUH la. Senatè Prince Sonson Pierre ki se prezidan komisyon finans sena a, te fè yon rale sou sa: «Rankont lan te dewoule sou sitiyasyon jeneral sistèm bankè a, e nan yon dezyèm tan, nou te pale de sitiyasyon BUH avèk Sogebank. Nou konnen gen yon akizisyon ki sou tèt Sogebank, acha BUH. Donk, nou te poze ansanm pwoblèm ke acha sa a kapab poze, pa egzanp pwoblèm konsantrasyon. Règ komisyon te genyen se ke yon fwa Sogebank vin fè acha BUH, li ka vin gen yon pa twò enpòtan nan mache a, ki ka mete nou nan yon sitiyasyon monopòl. Nou te pataje enkyetid sa a avèk gouvènè bank santral la, li te eseye eksplike nou kouman sitiyasyon an ye. Dezyèm enkyetid nou te pataje ankò, se ijans ki genyen pou ke BUH la rantre anndan yon sistèm kote li ta sispann gen yon eta sante ki prekè. Lòt enkyetid ke nou te pataje ankò se te lefèt ke acha sa a k ap fèt la, li ta dwe fèt ansanm avèk aksyonnè yo nan transparans e ansanm avèk tout moun k ap frekante, k ap fè aktivite, k ap fè tranzaksyon onivo BUH. Rankont lan te byen dewoule, genyen yon seri eksplikasyon gouvènè a te ba nou e annatandan dosye acha sa a, nou mande gouvènè a pou li fè yon ti kanpe jis nou gen tout enfòmasyon yo nan men. Nou gen règ dosye yo nan men nou, pou nou ka analize yo ankò, yon lòt fwa. Epi lè sa a nou menm onivo sena a n ap ka genyen yon desizyon final», te konprann senatè Sonson ki te fini pou di: «... Responsab BRH yo dakò avèk nou, n ap kontinye fouye dosye a, analize dosye a, wè pwoblèm ki genyen yo. E n ap gen yon lòt envitasyon BRH anvan desizyon final la pran nan dosye sa a.»
 
 

Edikasyon: pwoblèm yo ap anpile

Kèk semenn apre fèmti lekòl la e de mwa anvan rewouvèti yo, zafè edikasyon ann Ayiti ap mache de pwoblèm an pwoblèm. Apre «egzamen ofisyèl gagòt», kote ekzamen ap vann kou pate cho, se sendika pwofesè, paran, boukinis k ap rele anmwe.

Dènye egzamen leta yo te fèt 4 jiyè 2001. Dapre direktè Bunexe la, Hérard Louis, «97 mil 819 kandida» pou klas filozofi, te al konpoze nan 9 direksyon depatmantal yo. Nan menm moman ekzamen yo t ap dewoule a, prezidan repiblik la, Jean Bertrand Aristide te reyini ak yon seri pwofesè nan palè nasyonal la, kote l te fè anpil pwomès. Yon ti tan apre rankont lan, òganizasyon pwofesè yo te koumanse kritike rankont la. Pépé Jean Gétro nan Gwoup inisyativ anseyan lise yo (GIEL) te di: «Nou tande prezidan repiblik la rankontre yon seri anseyan, san òganizasyon anseyan yo, sa se yon bagay ki deja, nou kalifye l antidemokratik. Se yon mechanste bò kote prezidan an. Si n ap eseye fè listwa, n ap sonje sa, se avèk anpil difikilte òganizasyon anseyan yo rive rache yon seri bagay nan men pouvwa a, kote pouvwa a te konn toujou ap mete pyèj pou yo. Nou raple nou prezidan Préval avèk yon minis ki vin Premye minis apre, Alexis te sou pouvwa a, se pa dè mizè yo pa fè anseyan pase. Anseyan moute maswife, yo fè nou fè yon pakèt grèv, yo fè nou goumen tout jounen, e finalman tout moun konnen kouman bagay yo pase. Nou siyen yon akò avèk yo, jiskaprezan akò sa a pa respekte... Nou sonje prezidan Arsitide alòs nan moman sa a li te mesye Aristide, kounye a se prezidan Aristide, li te mete yon asosiyasyon anseyan paralèl kanpe pou te kapab efase ansanm òganizasyon anseyan ki te ekziste yo», se konsa responsab GIEL la te analize bagay yo.

Pou bò pa l, dirijan Inyon nòmalyen ayisyen yo (UNOH), Josué Mérilien ki ta kapab prezante de vre revandikasyon, men li te pito ap fè demagoji pou li deklare: «Aristide kòm prezidan an pè reyini avèk sendika pwofesè yo... Eske se paske Aristide estime lit pwofesè konsekan ap oblije l poze san plon veritab pwoblèm edikasyon yo, epitou ekzije l pran responsabilite l pou rezoud pwoblèm yo nan enterè tout moun anndan peyi a. E se poutèt sa Aristide te refize e pè reyini avèk sendika anseyan... Poukisa Aristide kòm prezidan mande pou pwofesè lekòl pa poze pwoblèm salè... Eske se sèl Aristide kòm prezidan ki gen rèv, ki gen rèv pou tèt pa l, ki gen rèv pou pitit li, pwofesè yo menm pa gen rèv pou tèt pa yo, yo pa gen rèv pou pitit pa yo? Se sa k fè li estime pwofesè yo kapab viv ak salè mizè l ap peye yo la a, kontinye viv nan mizè, nan malsite, nan grangou. Poukisa li mande yo pou yo fè koperativ alòs li pa menm peye yo pou yo rive manje, bwè, peye kay?»

Apre rankont prezidan Aristide ak «pwofesè» yo, li te rankontre ak divès enprimri ki fè liv, kote l te siyen yon akò ak yo pou yo ta vann liv meyè mache, kote leta ap gen pou peye 55% nan pri liv sa yo sou mache a. Men moun konn menm denonse emprimi sa yo kòmkwa yo ta ap sere e retire so sibvansyon sou liv yo oubyen bay raketè al vann yo byen chè. Yon lòt pa se machann liv nan lari a k ap plenyen dèske chèf leta a ap boule ak enprimi yo (pami yo Henry Deschamps, Bòn nouvèl, elatriye) san l pa t kontakte yo. Kidonk yo di yo dakò ak desizyon an men fòk gen yon chita pale pou se pa yo ki fè defisi.
 

Konvokasyon minis Lajistis la

Prezidan komisyon jistis chanm depite a, Richel Lafaille anonse lachanm depite a ap gen pou konvoke minis Lajistis la, Garry Lissade nan semenn k ap koumanse 9 jiyè 2001 an. Rezon an, se pou minis lan bay eksplikasyon sou revokasyon jij enstriksyon Jean Sénat Fleury a.
 

Depite Content mande «komisyon»

Depite Fanmi Lavalas Wilner Content ki se prezidan komisyon Afè etranje chanm depite a, mande fòmasyon yon komisyon ankèt sou disparisyon 700 mil yo sezi sou trafikan dwòg, kote divès gwo grad nan lapolis te mele nan bagay sa a ki te rive nan ayewopò a e tou menm non kèk palmantè te site. Malerezman se toutan moun ap wè komisyon ap fèt sou yon seri zak briganday e ke pa janm gen pyès rapò «komisyon» sa yo soti sou sa.
 

Lameri a vle fini ak ti machann yo

Ajan meri Pòtoprens yo sou lòd chèf yo kontinye ap ratibwaze ti machann nan lari a. Vandredi 6 jiyè 2001 an, yo te nan kò ti machann k ap vann bò katedral Pòtoprens lan, kote yo te kraze brize, pote ale ti zefè machann yo. Yon ti detayan t ap eksplike: «Vè midi a la a, pandan nou rete, se kouri moun ki gentan sove de pè machandiz kouri, apre sa traktè monte sou nou, kraze tout afè nou.» Bò kote pa yo, responsab òganizasyon nasyonal machann etalajis Ayiti yo (ONAMED) kritike aksyon responsab lameri yo, kòdonatè a te lese konprann ke responsab yo te ekri komite santral ONAMED la yon lèt, «lèt sa a yo te ekri nou an nou te rantre nan yon negosiyasyon avèk lameri, pi presizeman, nou kapab di majistra Harold Sévère. Nan negosiyasyon yo li te di konsa, se ansanm avèk li nou bak rezoud pwoblèm bò isit la. Apre yon premye e yon dezyèm rankont li te di nou konsa, al motive machann yo yon fason pou twazyèm rankont nou pral fè a pou l kapab yon rankont ki desizif». Poutan, pandan majistra lameri Pòtoprens louvri negosiyasyon ak òganizasyon ONAMED, yo pase anba, pou bay ajan sekirite lameri a lòd pou al kraze ti machann yo nan lari a.
 

Prezidan Aristide nan Nòdwès

Se jounen lendi 9 jiyè a prezidan Aristide te koumanse vizit 2 jou li a nan depatman Nòdwès la, ak madanm li ak kèk manm nan gouvènman an. Plizyè milye moun te al akeyi delegasyon prezidansyèl la nan vil prensipal depatman an, Pòdpè. Pandan vizit sa a te gen yon mès espesyal ki te chante. Prezidan Aristide te tou pwofite pou fè anpil pwomès. Li te di gen yon anvlop 23 milyon 314 mil dola ki disponib pou relanse agrikilti nan depatman an. Chèf leta a te eksplike ke ekipman pral deplwaye nan lopital Imakile Konsepsyon ak lopital Nòtredam Lapè nan Jan Rabèl. Aristide te anonse konstriksyon divès lekòl leta nan depatman ak 10 bis Diyite ki deja rive deja. Prezidan te tou fè konnen nan mwa oktòb k ap vini la a pwofesè Nòdwès yo ap gen pou touche aryere salè yo. Pou fini, prezidan Aristide te anonse nominasyon yon lòt komisè gouvènman nan pakè tribinal sivil Pòdpè a.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm