Ayiti Pwogre [HOME]
4 o 10  Jiyè  2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Gadkòt meriken retounen 183 bòtpipòl

Madi 26 jen la, gadkòt meriken mennen tounen 183 bòtpipòl ayisyen ki t ap eseye, nan wikenn anvan an, rantre an Florid. Youn nan yo te di: «Sou lanmè a mwen santi tèt an mwen te lou paske mwen pa manje, vant mwen vid, mwen pa bwè... Men kounye a mwen chita, se men mwen mete nan bouch la a, paske mwen kite 2 ti moun, mwen kite manman m, mwen pa gen papa, mwen pa gen èd, mwen pa gen moun ki ap ede mwen.» Bò pa yo, yon responsab ayisyen yo te di: «Se 200 goud... nou jis ba yo mwayen pou yo ale lakay yo, kòb nou ba yo a jis pou yo retounen lakay yo. Nou pa t gen posibilite pou nou resevwa yo, men jodi a nou gen posibilite a, nou sou plas pou nou ede...»

Anbasadè a mande rektifikasyon

Anbasadè meriken an Brian Dean Curran mande chèf leta peyi a, Jean Bertrand Aristide, pou li ta rektifye deklarasyon «zewo tolerans» prezidan an te fè a, piske selon diplomat la moun ka mal konprann sa ki te di a. Curran ki ale nan menm sans ak anbasadè franse ann Ayiti a te deklare ke «nou pa kapab korije yon bagay ilegal ak yon lòt zak ilegal» (Kiskeya 28/06/01). Poutan, lefèt menm anbasadè meriken an antre bouch li nan zafè peyi a konstitye yon zak ilegal, ki pa siye ak okenn règ sou relasyon entènasyonal ak sou diplomasi. Kidonk anbasadè a pase nan yon wout ilegal pou l mande korije yon deklarasyon li jije ki pa korèk!
 

Eksplikasyon Aristide sou «zewo tolerans» lan

«Lajistis gen pou l fè travay li lè lapolis remèt lajistis. Yon moun ki antò, lajistis gen pou l koute, pou selon lalwa li di men ki sanksyon li bay moun nan, e lè sa nou menm n ap twò kontan wè pa gen moun nan mitan nou k ap sitire ni vòlè, ni kriminèl, ni zenglendo», te deklare prezidan Jean-Bertrand Aristide nan plasman ansyen kòdijeni FADH la, nan Sen Maten. Prezidan an te tou fè jenn yo divès pwomès: «Donk se yon plas piblik... Sen Maten pral tounen... kote gen foutbòl, kote ki gen teren jwèt, se sa, pou nou genyen li gratis ti cheri.» Prezidan an te tou lanse apèl bay tout moun nan katye popilè yo pou yo pa ankouraje fè san koule.
 

Lapolis mete 2 kolombyen anba kòd 

Lendi 25 jen 2001 an, lapolis nan Gonayiv mete lapat sou 2 kolombyen ki te mele nan zafè transpò dwòg e sezi 10 sak ki te ranpli ak dwòg. Lapolis depatman te anonse tou ke gen yon pati nan dwòg la ki te nan 3 ti avyon ki te disparèt e ke se popilasyon an ki ta bwote li. Moun nan zòn yo te kraze vit 2 nan 3 ti avyon yo. Lòt la te gentan al fè wout li. Yon delegasyon nan direksyon jeneral PNH la te rann yo imedyatman nan Gonayiv.
 

41 lanmò nan yon aksidan

Nan yon aksidan machin ki fèt madi 26 jen an vè 2zè 30 nan maten nan Mòn Zoranje, nan komin Sen Lwi di Sid, 41 moun mouri, 8 lòt blese ak 4 ki sòti san yo pa gen anyen. Pami moun ki mouri yo gen 2 jij ki t ap vin nan yon reyinyon ak prezidan an nan palè nasyonal: Jean Luckner Bureau (Lilavach) e Robert Leis (Manich). Gen Pierre Sylvain Ricardi ki se chèf sikilasyon nan depatman sid la ki te chita bò chofè a nan moman aksidan an, ki jwenn lanmò li tou. Jij Pierre Paul Damas te nan yon eta kritik, jij Sony Placide pa t gen anyen. Kamyon/bis transpò piblik sa a ki pote non Vanesa, te rive chavire nan yon falèz, se detan l te fin double yon lòt ak tout vitès e ke l te al frape ak yon trelè ki te an pàn sou wout la, nan yon koub anba mòn Zoranje a. Antou, te gen 53 moun nan bis Vanesa a.

Aksidan mòn Tapyon

5 moun mouri, 44 lòt blese grav nan yon aksidan, jedi 28 jen an, ke otobis «Oke Jhonny» fè nan mòn Tapyon. Otobis sa a ki asire transpò Pòtoprens/Okay te chavire. Ajan lapolis yo te mennen laplipa moun yo al mete lopital.
 

Leyogàn: 13 sispèk anba kòd

Nan jou 28 jen an, lapolis Leyogàn anonse li mete lapat sou 4 akize zenglendo nan zòn Makonb (dezyèm seksyon Tirivyè Lewogàn), se sa komisè polis vil sa a, Michel-Ange Jean-Baptiste te anonse, e di tou ke sa fè 13 sispèk antou ki anba kòd pou mwa jen an.
 

Grandans: PNH la ranmase 4 zenglendo

Direktè depatmantal PNH la nan Grandans, Jean-Robert Faveur anonse ke lapolis arete 4 prezime zenglendo, mèkredi 27 jen 2001 an. 2 nan Zabriko ak 2 lòt nan Fon Wouj. Bandi yo ki sanble te vini kache nan Grandans la te gen telefòn celilè ak anviwon 60 dola ameriken sou yo. 2 dènye yo te di yo se kawoutchouman, se sa k fè yo ta gen lajan sa a. 
 

NCHR demanti minis lan e fè l ekzijans

Nan yon nòt pou laprès ministè Lajistis pibliye, minis Lissade ta vle montre fè m detèminasyon l pou l kontinye pouswiv pou pi devan ankèt sou dosye asasina Jean Dominique ak Jean Claude Louissaint an. Minis la di nan dat 29 jen 2001 an li te rankontre ak NCHR, POHDH, AJH, Fondasyon 30 sektanm, Eko vwa Jean Dominique ki se yon ansanm òganis dwa moun, e li te fè konnen ke rankont sa a te chita sou sanksyon li ap pran kont jij de pè Jean Gabriel Ambroise, sekirite k ap kontinye mete anplas pou jij Gassant ak kolaborasyon ki dwe ekziste ant òganizasyon dwa moun yo ak ministè Lajistis, pou rive fè limye sou dosye asasina sa a. Nan menm jou minis Lissade te mete nòt la deyò a, Pierre Espérance nan NCHR te demanti minis la ki te di nan nòt li a, ke òganizasyon dwa moun yo pa tèlman konsidere prezans jij Gassant kòm sèl kondisyon pou dosye a ta rapouswiv, okontrè, Pierre Espérance te montre ke òganizasyon dwa moun yo krenn anpil pou demisyon jij Gassant pa ta lakoz dosye a paralize e kanpe nan wout: «Kominike ki soti pa ministè Lajistis, ki di òganizasyon ki te patisipe nan rankont sa di yo pa atache avèk jij enstriksyon an, nou pa janm di sa. Nou se yon seri òganizasyon dwa moun k ap batay kont enpinite anndan peyi a, k ap goumen pou genyen yon leta de dwa, nou menm nou te pran pozisyon, nou fè yon seri mobilizasyon pou fè ankèt sa a kapab rive, pou limye fèt sou asasina Jean Dominique avèk yon seri lòt moun ki viktim anndan peyi sa a. Men nan okenn moman nou pa t pale sou keksyon nou pa atache avèk okenn moun, sa pa t sijè diskisyon nou yo, m panse fòk klarifikasyon fèt sou sa!», te di responsab NCHR la, ki te ajoute ke pandan rankont lan «Minis la montre nou yon lèt li siyen, li voye bay jij de pè a Gabriel Ambroise, kote li sanksyone li pou 6 mwa. Bon nou panse sanksyon sa a te dwe rann piblik... Dayè se menm minis Jistis la revoye yon jij enstriksyon avèk yon sibstiti komisè gouvènman, sa fè yon pakèt tole, li rann li piblik...» konsa Espérance te mande minis Lissade pou l enfòme popilasyon an sanksyon li pran kont jij de pè Ambroise la.
 

16 milyon pou 800 milyon

Youn nan paran viktim masak Kafou Fèy la, Muray Lustin Jr anonse nan yon konferans pou laprès ke jijman pwosè sivil masak sa a poko janm siyifye a paran yo, ki pa menm gen lajan, ap bezwen «16 milyon goud pou yo peye direksyon jeneral enpo (DGI), selon lwa òganizk 1987 la, jis pou yo ka benefisye 800 milyon goud domaj ak enterè leta ayisyen ak kondane yo ap gen pou bay la». Si paran viktim yo pa janm jwenn 16 milyon goud sa a y ap tou pèdi 800 milyon goud yo ta dwe benefisye nan men asasen yo?
 

Sa chèf lame dominiken an ap regle?

Chèf lame dominiken lan majò jeneral Manuel Ernesto Polanco Salvador anonse ke lame l ap dirije a achte 10 milyon dola ekipman elektwonik modèn, pou l enstale sou fwontyè a, sou pretèks pou l siveye fwontye a lajounen kou lannwit. Pami ekipman sa yo li di gen: rada elektronik, òdinatè, limyè enfrawouj, etc. Men li pa t di konbyen gwo zam fannfwa li aliyen tou, li ka koze yon menas grav sou tèt peyi Dayiti. Majò jeneral la te kontinye pou di gen 4 elikoptè, plizyè machin tout teren ki pral penmèt lame a siveye fwontwyè a. Materyèl elektronik yo, toujou daprè majò jeneral la, ap ka kontwole 380 kilomèt fwontyè a. E enstalasyon ekipman sa yo ap fini nan 6 mwa.
 

Minis lan satisfè li menm sèl

Minis edikasyon nasyonal la, Georges Gaston Mérisier di li satisfè de òganizasyon bakaloreya premye pati a. Li di gen dispozisyon ki te pran pa kad ministè a ki pote fwi, e minis lan anonse piblikasyon rezilta ekzamen yo pou fen mwa jiyè a. Petèt se senpman minis Georges ak moun ki t ap vann tèks ekzamen filo yo nan lari a ki satisfè, puiske toupatou nan ekzamen yo, se gagòt moun t ap obsève!
 

Ench: jij yo solidè

Jounen jedi 28 jen 2001 an, tout jij nan Ench yo kanpe travay pou yo mobilize, pou montre kouman yo solidè ak jij Cénat Fleury e sibstiti Elcot St Armand ke minis Lissade te akize nan zafè dwòg e abi sou moun, kote 2 responsab lajistis sa yo te jwenn revokasyon yo anba men minis lan. Yo mande minis la plis eksplikasyon sou revokasyon sa a e yo te soulve sa atik 380 kòd enstriksyon kriminèl pa preskri, e ke yo wè minis la k ap pale de leta de dwa, pa respekte, selon yo.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm