Ayiti Pwogre [HOME]
27  Jen  au 3 Jiyè  2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl
 

DGI ap fè peye l

Direksyon jeneral enpo (DGI), pa vwa pòt pawòl li, Muray Lustin anonse ke sou 13 antrepriz li te envite pou vin peye dèt enpo yo, gen 5 ki pa t janm vini. Li pa t site non antrepriz sa yo ki dwe leta pou pi pitit «100 mil goud», li te anonse ke demanch gentan ap fè pa DGI bò kote bank ke antrepriz sa yo gen lajan yo, yon mannye pou ta bloke lajan antrepriz ki dwe yo.
 

«Zewo tolerans» nan jistis la

«Si tolewans zewo pou vòlè nan lari a, se bèl bagay, men fòk tolerans zewo sa a tou antre anndan leta a, pou l derasinen vòlè, pou l derasinen enpinite. Si tolerans zewo pou vòlè, se pou torelans zewo a fèt pou li antre anndan lajistis, donk fò Faval kondane, tolerans zewo, fò l kondane tout moun ki responsab gwo dosye sa yo: lanmò Jean Dominique, tolerans zewo, fò yo kenbe kriminèl la! Fò yo kenbe Boulos ki touye plis pase 200 ti moun e domaje 11 lòt. Tolerans zewo anndan leta a», te deklare youn nan responsab Asosiyasyon paran ti moun viktim medikaman pwazonnen yo, ki te pwofite «mande sekou a tout òganizasyon entènasyonal, a tout òganizasyon k ap defann dwa timoun: Unicef, OMS, OPS, pou yo di yon mo. Paske 11 ti moun sa yo... se pa viv ke yo ap viv, mezanmi, se soufri y ap soufri pi plis. Se chak jou yon kwa lou sou do yo». Konsa Sheila Gerome ki se yon lòt manm responsab òganizasyon paran timoun viktim yo te pale.
 

Mini kongrè «Sosyete sivil majoritè» a

Yon òganizasyon tounèf ki bay tèt li non «sosyete sivil majoritè» te òganize yon mini kongrè, ki te kòmanse 20 jen an, ak patisipasyon anviwon 200 moun. Premye mini kongrè sa a, selon responsab yo se pou «premyeman nou inisye deba sosyete sivil la anndan peyi a, pou nou ranfòse òganizasyon nou yo, epi pou n pozisyone n pa rapò a kriz sosyo-politik la... Kongrè a se yon kongrè ke nou fè piske nou inisye yon mouvman ki rele mouvman sosyete sivil majoritè, nou lage l nan popilasyon an pou l fè sa l vle avèk lide a. Se limenm ki pral devlope lide a. Se li menm ki pral di nou kisa l panse de lide a, kouman li wè l e kouman li pral itilize l. Donk, se popilasyon an ki konnen», te deklare Carlisle Jean-Jacques.
 

Ankèt la ap rapousuiv?

Olye yon rekizitwa definitif, komisè gouvènman an, mèt Josué Pierre Louis remèt nan jou 22 jen 2001 an, yon rekizitwa sipletif bay dwayen tribinal premye enstans Pòtoprens lan, pou l ka transmèt li bay jij enstriksyon an mèt Claudy Gassant ki sanse tounen soti letranje. Rekizitwa a ki sòti apre anviwon 2 semenn ke komisè a t ap travay sou li, se yon mannyè pou jij enstriksyon an ta konplete li ak lòt enfòmasyon ki konsène doub asasina Jean Dominique ak Jean-Claude Louissaint an.
 

«Zewo tolerans» ou abi?

Polisye an sivil kou abiye ta ap kale ak kout rigwaz, nan lari a, ti jenn fi ki ap abiye ak ti rad ou ti jip kout, ke moun rele «kale kò» yo. Anpil ti medam ta pran kout fwèt pou yo pa chape anba men polisye sa yo. Yon lòt kote, se jenn gason sitou ki fè «dwèd» nan tèt yo, rasta kou sa ki pa rasta k ap pase pa yo anba polisye nan lari a, ki kenbe yo e koupe cheve yo ra tèt ak sizo e jilèt. Aksyon polisye yo lakoz valè fi k ap met jip kout la totalman diminye nan Pòtoprens e tou kantite «dwèd» ki konn ap mache ak tèt yo toutouni (san bonèt) an diminye nèt. Moun pa preske wè «dwèd» nan lari a depi koumansman operasyon lapolis la. Petèt, sof sa ki fè pati klas boujwa a!

Antouka, aksyon bat medam yo poutèt yo mete ti bout jip la, zafè kale tèt moun ki «dwèd» yo se yon vyolasyon dwa moun, piske deklarasyon inivèsèl dwa moun nan bay dwa pou tout moun abiye jan yo pito, fè sa yo vle sou kò yo, depi yo pa deranje lòt moun nan sosyete a. E sa pa koresponn ak aksyon polisye ak ajan lameri a ap fè nan lari a, kote y ap bat ak kout rigwaz, baton, ti machann yo, san lameri ak lòt responsab konsène yo pa menm etidye yon solisyon dirab pou afè vann nan lari a. Piske tout moun t ap dakò ak yon seri sanksyon kont ti machan yo, si lameri ak responsab yo te fè kèk lòt mache pou yo inikman. Moun pa ta imajine sa ta toujou nan kad «zewo tolerans» lan? Sa plis sanble ak eksè ou tou senpleman abi polisye yo ap fè moun!
 

Agresyon kont yon jounalis Ayiti Entè

Nèg ame an sivil ki te sou yon machin mak «jeep tracker» Nº 0I-5142 te malmennen nan lasware 20 jen an, yon jounalis radyo Ayiti Entè, ki rele Fritson Oréus. Sa te fèt nan ponp gazolin Dèlma 37 la, nan moman jounalis la te al pale ak mesye yo ki te estasyone machin yo a dèyè machin pa li a; apre kèk echanj pawòl pou mesye yo te fè bak, yo te pito rale zam sou Fritson e fè l ekri yon seri koze nan yon papye, pou di se li ki te antò. Yo te pran tou nimewo kat idantite ak nimewo kòd kat jounalis li ke yo te fè l enskri sou papye a. Mesye yo ki te fè yon seri mannèv pou moun ki te koumanse rasanble yo evakye, te mache pòs yo kèpòpòz. Sa Fritson te note «se ke mesye yo konn machin li te ye a trè byen e yo te idantifye l kòm machin radio Ayiti, machin Jean Dominique».
 

Jiskibò «zewo tolerans» lan ap rive?

Apre deklarasyon prezidan Aristide te fin fè nan direksyon jeneral lapolisl a, kote li te di si polisye yo kenbe yon bandi, yon zenglendo ap flagran deli, fòk yo pwosede san yo pa tann manda lajistis, se «zewo tolerans», anpil moun te gen tan leve lavwa, pou bay sa yo panse sou deklarasyon sa a. Oganizasyon dwa moun yo te di «se ensite l ap ensite moun fè vyolans», opòtinis nan Konvèjans yo bò pa yo e pou rezon pa yo te kriye «iresponsabilite». Pastè Sylvio Dieudonné nan Mochrena te di: «Paske zenglendo a se respè li pa gen pou lavi moun ki fè l ap touye moun. Yon moun ki mande pou touye zenglendo a san yo pa jije l se yon moun tou ki pa gen respè pou lavi moun tou.» Poutan, Aristide di tolerans zewo, li pa janm di ke lapolis la gen dwa touye bandi yo fret konsa. Se vre ke dewklarasyon li an yon ti jan maladwa anpil.

Akote deklarasyon sektè nou sot site yo, kèk palmantè ak manm òganizasyon popilè te bay pwennvi pa yo sou deklarasyon Aristide la tou. Depite Diogène Marc André te di: «Nan entèpretasyon chak moun ap fè y ap avanse yon seri mo prezidan Aristide pa di. Prezidan Arsitide pa t pale de touye, prezidan Aristide te pale de travay lapolis. M panse travay lapolis tout moun konnen l, si yon moun ou vle mete touye se ou ki mete l, sa se keksyon ki gade moun lan, selon refleksyon pa l... Prezidan Aristide t ap pale avèk lapolis ki dwe travay sere ansanm avèk popilasyon an, nan kad garanti sekirite lavi avèk byen moun, men prezidan Aristdie pa t janm di pou popilasyon an te touye moun.» Depite sa a te jwenn apui lòt depite parèy li Toussaint Clotaire ki te di limenm: «se sèl prezidan Aristide li menm ki se prezidan peyi a, se prezidan l ye, li te di "zewo tolerans" 7 fevriye, li di "zewo tolerans" kounye a nan keksyon ensekirite savledi... enstitisyon leta yo, lapolis, lajistis ki pou pran responsabilite yo pou mate fenomèn zenglendo a nan lari a; arete, voye tribinal, jije yo, kondane yo kòrèkteman.»

Alatèt JPP (Jenès pouvwa popilè) a, René Civil te deklare: «Nan non sektè popilè ayisyen an mwen mele vwa m avèk vwa tout ti machan, tout komèsan, tout peyizan ki t ap sibi anba zak zenglenday, ki t ap sibi anpil pèt, menm moun ki t ap mouri anba bal zam, pou n felisite prezidan an pou deklarasyon l lan.».

Antouka, tout moun konprann zafè zenglendo a bay anpil pwoblèm nan tout zòn peyi a, sitou katye popilè yo, se vre. Se byen lapolis fèt pou fè travay li, ki se pwoteje lavi ak byen. Men, si moun opouvwa yo ap pale de demokrasi, yo sipoze fè sa lalwa ak konstitisyon an mande, sa vle di se lajistis ki pou ta deside si yon moun koupab ou non. Jès touye moun devan tout lòt moun, granmoun kou ti moun, se yon move bagay, ki pap gen lòt konsekans ke fè moun yo abitye pi plis toujou ak zafè fè krim lan, fè lapolis ak enfòmatè lapolis yo vin tou pisan, yo fè sa yo vle... Akote tout remak sa yo, moun konstate se ti zenglendo piti yo lapolis ap touye, poutan gwo zenglendo kidnapè, vòlè machin yo, menm lè lapolis kenbe yo se byen bwè y al byen bwè byen manje nan gadavi, jouk magouy fèt pou lage yo. E moun konnen trè byen zam ti zenglendo yo konn ap opere yo, anpil fwa se gwo zenglendo yo ki ba yo li pou fonksyonne. E sa ki pi grav se lè otorite yo ap mache ekzekite ti zenglendo poutan gen gwo badin ki nan tout kalte vòl nan gouvènman, pa egzanp aktyèl minis komès la Stanley Théard ke Ayiti Pwogrè e PPN te parèt ak yon seri dokiman, lèt, otorizasyon, chèk, kote misye Théard te vòlè sou rejim kanson fè Jean-Claude Duvalier a, 4 milyon dola US ak konplisite akolit li Frantz Merceron. Kidonk, zafè «zewo tolerans» lan se pou yon kategori zenglendo oubyen se cho biz? Sa ap toujou mete dlo nan moulen opòtinis nan Konvèjans lan piske Lavalas sanse ap fè konpetisyon ak yo!

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm