Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout KreyòlKomemorasyon masak Guayubin lan
Nan yon konferans pou laprès, GARR, NCHR ak Sant Pon Ayiti te bay lendi 18 jen 2001 an, yo mande «kote rezilta komisyon ankèt sou masak Guayubin lan», ki te fèt 18 jen 2000 la, lè lame dominikèn te touye 6 ayisyen ak yon dominiken, ki t ap rantre an Dominikani, kote 20 lòt moun te blese. Nan okazyon sa a, òganizasyon sa yo te fè leta ayisyen anpil rekòmandasyon yon fason pou paran viktim yo ta jwenn jistis e pou zafè bouskong ki ap vin chache ayisyen yo ann Ayiti, fè yo peye pou yo travèse Dominikani, apre pou voye yo tounen 2 men vid la, pou sa ta fini.
Medam Sen Michèl yo te pran lari
Lendi 18 jen 2001 an, divès fanm, jenn kou gran moun, ki sòti nan Masira (nan Sen Michèl), te pran lari ak anpil chante manbre nan bouch yo kont zenglendo. Medam yo ki te santi yo pran yon souf ak zenglendo Rony Pierre Paul alyas Djonponp ki te jwenn lanmò l nan lasware t ap chante: «Rony w ap sispann pran nou atò...» Fanm sa yo ki t ap chante, danse te pase tout Solino, Ti Cheri, Fò nasyonal, koridò Basya, pou kontinye denonse enjistis yo t ap sibi anba men zenglendo e bay yon mizangad ak tout sa ki ta vle tounen nan zòn lan!
Vyolans nan Solèy 7
3 moun mouri ak plizyè lòt blese grav, se bilan yon seri sèn vyolans ki eklate nan Solèy 7 ant patizan yon sèten ti Ameriken (ke lapolis te arete nan Solèy 9) ak popilasyon an, ki blije ap fin kite zòn lan. Patizan ti Ameriken yo ki te reyaji touswit aprè arestasyon an, te akize moun Solèy 7 kòmkwa yo ta konplis nan arestasyon an.
Eske y ap bay jij Gassant sekirite?
«Jodi a ki samdi 16 jen 2001 lan, mwen ap vwayaje pase m pral wè fanmi mwen. M ap raple nou tou dat nesans mwen se lendi 18 jen, sa pral fè m 36 zan. Donk mwen ta renmen fete anivèsè m avèk fanmi mwen paske mwen pa genyen bò isit. Sa pa vle di mwen kite peyi a pou otan m te toujou konn vwayaje, donk se yon vwayaj òdinè tankou nenpòt ki vwayaj, m ap retounen ann Ayiti. Pou sa ki konsènen dosye Jean Lépold Dominique e jeran l Jean Claude Louissaint, nan kad doub asasina a, jiskaprezan balon an nan pye minis Lajistis la, nou ap rete toujou an kontak avè l si li pran mezi pou pran yo. Li gen sanksyon pou l pran kont jij de pè a, Jean Gabriel Ambroise, nou pale avè l 2 fwa sou sa, li gen yon seri sanksyon pou l pran kont komisè Evens Sainturné ki plizyè fwa fè yon bann atak sou nou e ki menm kanpe yon sibstiti komisè gouvènman ki sezi lisans li, ki bal kontravansyon... e maten an ankò, sou radyo Karayib, m tande l ap pale de jij vòlè, jij ki arete moun pou lajan. Donk m panse jan de konpòtman sa yo, seri atitid sa yo, yo ta dwe sispann».
Revandikasyon jij Gassant fè minis Lajistis la. E komisè gouvènman an, Josué Pierre Louis te kwè pap gen danje pou dosye a kontinye. «Non, pa ditou paske lawla retabli otonomi jiridiksyon ankèt ak enstriksyon yo. Bon, jiska prezan, nan kad demisyon jij Claudy Gassant, mwen poko konnen ki desizyon ki pran, men li sanble gen posibilite pou jij la ta retounen...», te souliye komisè Pierre Louis. Antouka, demisyon sanzatann jij Gassant riske andikape pwosesis pou fè limyè sou dosye asasina Jean Dominique ak Jean-Claude Louissaint an. N ap souliye, nan dat 13 jen 2001 an, nan yon kominike minis Lajistis la, mèt Garry Lissade pat aksepte demisyon mèt Gassant an. E nan yon konferans pou laprès lendi 18 jen an responsab lajistis yo te bay nan ministè a, minis Garry Lissade te pwomèt ke li pral chita ak kabinè l pou al analize ki sanksyon li pral pran kont jij de pè a (Jean Gabriel Ambroise). Li potko pran l toujou? Yon lòt pa, minis lan te di sou keksyon komisè Sainturné a, sa pa revyen ak konpetans li, se responsab lapolis yo ki pou ta sanksyone komisè a. Administrativman, sa pa enplike l dirèkteman ou an premye lye, piske fòk direksyon PNH la ta pran yon premye desizyon, se vre. Men minis lan dwe bliye si ministè li a se titèl PNH la? Antouka, kòm minis Lissad rekonnèt ke Dany Toussaint te depoze yon dosye nan kabinè l, byen ke l vle wete tèt li, fòk minis lan fè atansyon pou l pa konfon wòl minis li a ak pwofesyon avoka l la. Kidonk, pou l pa nan patipri!
Konfli yon tè lakoz anpil lanmò nan Fò Mèkredi
«Men apati ankèt nou fè jiskaprezan, nou konte près 150 kay ki boule... prè yon ventèn moun ki mouri, gen moun tou n ap di ki disparèt, nou pa wè yo...» Se bilan dega ki te fèt nan Fò Mèkredi ak Gran Ravin pandan anviwon 3 jou nan batay ant gwoup ame Fò Mèkredi ak sa yo ki tabli nan Gran Ravin, ki se 2 zòn kole ak Kafoufèy. Oganizasyon ki sòti Gran Ravin, Sou dal, 5 kyèm Avni Bòlòs, Teren Eman PAP, Lafwa, Mòn Jan Pyè, Jasmen, Site Chal, Enpas Rawoul, Syon, Ti Bwa, Enpas Vaskès, Site Kwakou, Site Lyonèl te ekspoze rezon ki ta lakòz dega a: «Se yon bout tè ki ant Fò mèkredi ak Gran Ravin, pafwa se moun Fò Mèkredi ki vle touche lajan tè sa a, pafwa se kèk endividi nan Gran Ravin ki vle pran kontwòl tè sa a», yon tè ki an reyalite se tè Leta. Yon lòt abitan zòn nan te rakonte: «Kounye a la a vin gen yon pwoblèm ki poze apre yon 200 goud pou afè tè. Lè y al mande dam nan touche, li di li pap peye, kounye a, vin gen echanj ant 2 kan yo.» Sa vle di olye se leta, se nèg sa yo ki al touche lajan nan men popilasyon an. Minis Enteryè a Henry Claude Ménard ak depite Fanmi Lavalas la, Sympson Libérus, te al pale ak mesye k ap goumen nan zòn lan, ki te fè yon ti kanpe sou batay sanglan sa a, ki te non sèlman fè anpil moun viktim nan popilsayon an, men tou ki lakòz moun yo fin kite Fò Mèkredi ak Gran Ravin. Minis lan te anonse ke prezidan Aristide ap gen pou kontre moun ame ki t ap goumen yo, pandan minis lan te fè kwè ke « Lajistis dwe fè travay li pandan nou menm nan kominote a n ap pran responsabilite nou, paske chak moun gen responsabilite yo.» Men popilasyon an pa t ezite denonse mank responsabilite lapolis ki te kale zòn sa yo bèl vag, nan moman chirepit la. Pou kouwè l ye la a pifò moun yo kite zòn yo, e sa ki rete yo ap dòmi, yon je louvri, yon je fèmen!