Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout KreyòlSenatè a mande sekou
Senatè Fourel Célestin ki te ranplase pwovizwaman Yvon Neptune kòm prezidan Sena a, nan seyans madi 5 jen an, mande ke «palmantè tout pati nan lemonn, pa yon aksyon tèt ansanm pou ede nou desere boulon sanksyon yo ke zanmi ayè nou yo ap menase nou an, ...47èm lejislati ayisyen an pwomèt ou bò pa l, pi gwo kolaborasyon e li di w li prese pou l enskri l nan gwo rezo fanmi inivèsèl eli nan lemonn yo».
Kriz nan INAGHEI
Apre etidyan preparatwa nan Enstiti nasyonal jesyon ak Ot etid entènasyonal (INAGHEI) te fin leve kanpe pou pwoteste kont konsèy direksyon ki te sòti nan eleksyon 11 me pase a, dirijan fakilte a te deside mete 4 etidyan deyò. Lòt etidyan nan fakilte a te kontinye mobilize kont eleksyon bouyi vide 11 me a e pou yo reprann 4 etidyan yo nan INAGHEI. Yon etidyan te pale sou agresyon y ap sibi nan men kèk pwofes: «Donk kèk pwofesè, an patikilye misye Alexis te rezijen l pèdi moral li. Antanke pwofesè, pou afwonte dirèkteman ou fizikman kèk nan nou. Poutan nou te kontinye ap manifeste respè nou pou pwofesè sa yo e malgre divès mannèv pou bloke seleksyon 11 me a. Nou pran menm pou n pa agrese yo... Malgre tout bagay, yo se pwofesè.»
Senatè Toussaint pa prezante li
Jij Gassant k ap mennen ankèt sou lanmò Jean Dominique ak Jean-Claude Louissaint te konvoke senatè Dany Toussaint ak zanmi li ansyen militè Richard Salomon alias «Chacha» pou yon nevyèm fwa jou madi 5 jen ki an. Senatè a pa t met pwent pye l sou pretèks ke li pa te okouran konvokasyon an. Men nan tout deklarasyon apre konvokasyon anvan yo, senatè Toussaint te toujou di li aladispozisyon lajistis nenpòt ki lè. Kòmdebyenantandi Richard «Chacha» Salomon pa t prezante tou.
Senatè Gérald Gilles ap dedi tèt li
Prezidan Aristide te rankontre mèkredi 6 jen an ak 6 nan 7 palmantè «demisyonnè» Fanmi Lavalas yo, kote senatè Gérald Gilles limenm te rapòte ke «yo aksepte demisyonne pou yo debloke sitiyasyon politik peyi Dayiti». Poutan lè yo t ap rapòte afè konsesyon prezidan Aristide voye ale nan 5 pwen nan Asanble OEA a, se menm senatè Gilles sa a ki t ap rele ke opozisyon an pa gen baz popilè e l ap itilize mwayen kominikasyon pou enpoze opinyon li...» Men ki lès ki kite li enpoze opinyon li si se pa dirijan Fanmi Lavalas la yo menm e pami yo senatè Gerald Gilles?
Nominasyon Boniface Alexandre prezidan kou kasasyon
Yon arete prezidansyèl nan dat lendi 4 jen 2001 «nonmen sitwayen Boniface Alexandre kòm prezidan, sitwayen Charles Danastor, Menan Pierre Louis, Arthur Gérard Delbot, Pierre Reynold Jean-Baptiste, Jacques Armand Charles avèk Michèl Donatien kòm jij lakou kasasyon». Boniface ranplase ansyen prezidan lakou a, defen jij Clausel Débrosse. Arete sa a pote siyati prezidan Jean-Bertrand Aristide, premye Minis Jean-Marie Chérestal ak minis Lajistis la, Gary Lissade.
7 milyon pou resansman
Minis ekonomi ak finans lan, Faubert Gustave siyen jedi 7 jen an, yon akò yon valè 7 milyon dola ak reprezantan FNUAP ann Ayiti a, nan kad yon pwojè pou fè resansman popilasyon an yon katriyèm fwa. Minis lan te montre li apresye jès la, byenke lajan an poko nan men l. Direktè IHSI (Enstiti ayisyen estatistik ak enfòmatik), Joseph Evens te fè kwè gen 18 mil ajan anketè ak plis pase 4 mil sipèvizè ki pral deplwaye nan 9 depatman an pou konte popilasyon an. Reprezantan FNUAP la li te di: «Yon operasyon prèske militè m ta di. Ki pral dire 18 mwa; ant avril 2002 ak desanm 2003... e ki pral mobilize prèske 9 milyon dola...» Sou 7 milyon dola FNUAP pwomèt la, ap gen yon milyon dola gouvènman ayisyen ap ajoute, anplis responsab yo di gen yon milyon ki gen tan pase nan preparasyon.
Liberasyon eks-depite Fortuné
Plizyè mouvman pwòch Fanmi Lavalas te manifeste nan vil Okay kont liberasyon manm Konvèjans lan, ansyen palmantè e kandida Gabriel Fortuné, ki te fèt madi 5 jen an. Polisye UDMO yo te rive fè 4 arestasyon pami moun ki t ap pwoteste liberasyon sa a. Yon lòt bò manm OP yo te fèmen pòt tribinal la apre desizyon sa a yo te wè ki pa t lojik.
Delege Sid la devwale yon plan kont vi li
Delege Sid la Jacques Mathelier ki te bay yon konferans mèkredi 6 jen an deklare ke gen yon plan k ap mannen pou asasinen l depi 2 semenn pa Konvèjans demokratik la. «Sa ki enpòtan, delege Mathelier se yon obstak a Konvèjans anndan depatman Sid. Yo planifye, yo mete yo dakò pou yo etenn souf delege depatmantal la», t ap di Mathelier limenm. Delege a lonje dwèt li sou «kèk eleman anndan lapolis nasyonal la e sètènman tankou mwen aprann, ki nan direksyon depatmantal lapolis la», se sa li te di e li te mande yo leve aktyèl direktè depatmantal lapolis la Ralph Dominique, ki pa gen plis pase 2 mwa depi li nan pòs la nan Sid.