Ayiti Pwogre [HOME]
6 o 12  Jen  2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Fò Libète: sibtiti a denonse...

Sibtiti komisè gouvènman an nan Fò Libète (Nòdès), mèt Pierre Janet, lonje dwèt pou denonse kantite prizonye k ap jemi nan prizon san janmè parèt devan jij natirèl yo. «Komisè gouvènman ki te la a, ki sanse revoke e dosye nou t ap trete, tout rete fèmen jiskaprezan. Donk, sa ta fè genyen yon ogmantasyon nan kantite moun ki genyen nan detansyon prevantiv» te di sibtiti a ki te demanti pawòl ke prizonye ki di jij nan depatman an ta ap vann jistis la kou pate cho. Men sibtiti a pa t di kouman li pral fè pou ede chanje sitiyasyon l ap denonse a.
 

EDH ap anonse kouran 24/24

Premye minis ayisyen an, Jean-Marie Chérestal te vizite santral elektrik Vare a, kote konpayi prive Haitian Tractor ap gen pou founi bay EDH 20 megawat kouran. Pandan vizit sa a, premye minis lan, ki te akonpaye direktè EDH la, François Syldor, te kontinye ofri ke kouran ap ogmante e pap janm bese pi ba pase 60 megawat. E li te di tou kouran an «depi plis pase 2 semenn, 3 semenn anviwon a 42, 45 jiska 47 megawat nan Pelig...» Konsa responsab EDH la tou, Syldor te anonse kouran an 24/24 apati 15 jen k ap pwente a. Poutan, enjenyè EDH la Jean Gardy Ligondé te fè konnen konpayi leta a dwe dispoze «apeprè 140 megawat» pou li alimante Pòtoprens.
 

800 milyon goud pou fanmi viktim Kafou Fèy yo

Dwayen tribinal sivil Pòtoprens lan, Lise Pierre-Pierre pwononse madi 29 me 2001 lan vèdik 4 polisye ki te kondane nan pwosè masak Kafou Fèy la, pou yo peye 400 milyon goud bay paran 11 jenn ki te viktim yo e ke leta ayisyen tou ap bay 400 milyon goud, sa fè antou 800 milyon goud kòm domaj enterè. Prizonye ki gen pou peye kòb sa a se: eks-komisè Coles Rameau, Laura Jean Frito, Yvens François ak Lajeunesse Pierre Kenel. Jij Pierre-Pierre di ke li pran desizyon jistis sa a selon «atik 1168, 1169 kòd sivil la, 27-1 konstitisyon an...» Konyè a paran viktim yo ap tann jijman sa a ekzekite.
 

Nòdès: pòtpawòl Fanmi Lavalas la denonse koripsyon

Pòt pawòl Fanmi Lavalas depatman Nòdès la, Augustin Chenet ki se tou kòdonatè Asosiyasyon Ini Nòdès (AZON) denonse koripsyon li konstate ki genyen nan tout administrasyon kominal peyi a e an patikilye nan Nòdès la kote, selon li «gen konsèy administrasyon kominal yo ki ap fonksyonne, ki pa gen vrèman yon veritab pouvwa kontwòl asanble ki pou kontwole sa y ap fè, paske nou wè gen anpil gabji k ap fèt... Men nou pa santi okenn volonte bò pouvwa a pou ka fè bagay yo bouje».
 

DGI: Ajan sekirite ap malmennen kontribyab

Madi 29 me 2001 an gen 2 ensidan ki pase nan Direksyon jeneral enpo (DGI). Premye a se yon ajan sekirite ki te malmennen anba baton yon elèv lekòl; dezyèm lan se yon lòt ajan sekirite ki te matirize yon jenn gason. Manman elèv viktim lan te rankonte: «Men pitit mwen an te anba a, li rankontre avèk yon kondisip li ki anndan an, epi... li mennen l vin fè konesans avèk mwen, pandan m ap pale avèk mesye a epi li di se entèl ou bezwen, ann ale non... epi konsa pandan l ap rantre li pral kot moun lan, sekirite a di l ke moun pap rantre anndan an. Li pop! li pran l nan kòlèt, li frape l nan baryè an fè a epi li tonbe vide kou sou li. Bon kòm te gen anpil moun ki te la ki te viv ensidan an, finalman m twouve sa se yon biwo leta... Si DGI plase pou l bay tout moun sèvis e m ale nan DGI, pou al fè yon kat idantite avèk kòb mwen, pou sekirite twouve ap frape m, frape pitit mwen. Mwen menm m kwè yo mete yon sekirite yo pa mete l pou l kale moun...»

Nan menm jou madi 29 me a, yon lòt sekirite te maspinen yon jenn gason ki t ap chache biwo nan DGI pou ba l enfòmasyon. Fwa sa a jenn viktim lan te al chache polisye CIMO yo ki toupre a, ki te debake nan DGI, men moun pa konn sa k t ap pase si sekirite DGI a ki te bat ti eleman an, pa t gentan jete l. Se konsa Ayiti ap mache la a, zafè respè pou moun, sa ap deteryore, se lafòs ki konte.
 

Kwadèboukè: menas kont ansyen kontab lameri a

Ansyen kontab lameri Kwadèboukè a, Collin Jean Junior denonse menas lanmò li di majistra prensipal Jean Claude Pierre-Louis ap fè li sibi. Collin di tout menas sa yo vini lefèt l ap denonse koripsyon nan administrasyon kominal la.
 

Grèv «opsyon zewo»

Ansyen chef yon branch CATH la Jean Auguste Mesyeux ak manm Etwal popilè a Alexis Clérius te pale nan non sa yo rele «divès òganizasyon ki pwòch Konvèjans lan», pou lanse yon modòd grèv madi 8 jen an, nan bi pou mande depa gouvènman Aristide/Chérestal la. Jean Auguste Mesyeux te tou pwofite pou ap lanse akizasyon tankou: «Kominote entènasyonal la di li bay plis pase 3 milya dola US depi Aristide tounen an 1994, pou devlope peyi a; rezilta: mizè ògmante, chomaj, blakawout, peyi a fèmen. Aristide pou kont li li pran 800 milyon dola US nan non demokrasi, kèk soubreka Aristide, Gladys Lauture pran 300 milyon dola US, Fred Joseph, 192 milyon US, Leslie Voltaire 110 milyon dola US, François Séverin, 80 milyon US, Jacques Edouard Alexis, 70 milyon dola US, Fritz Longchamp, 15 milyon dola US, elatriye. Apre tout vòl sa yo, Lavalas 2zyèm, 3zyèm vèsyon vann preske tout patwimwàn peyi a...«, se byen malere, kwak se yon seri akizasyon san prèv, men se sèl Mezyeux ki pat gen tan jwennn pa li?
 

Eske gen brouyaj dèyè «operasyon transparans» lan?

Nan tèt atèt ak lameri a, komisè sikilasyon an, Evens Pierre Sainturne mete sou pye 2 operasyon, yo bay pote non «operasyon transparans» ak «operasyon sovtaj», ki gen pou objektif bare lawout a tout machin vit fimen ki pa gen otorizasyon e tout lòt k ap franchi wout yon sèl sans, eksetera. Komisè a ki te akonpaye youn nan majistra yo te deklare: «Mouvman sa a antre nan kad 2 operasyon yon sèl kou, yon operasyon nou rele "operasyon transparans» ki se machin ki pa otorize mache ak vit fimen, pou nou detente yo sou wout Kafou. E dezyèm operasyon an nou rele l "operasyon sovtaj" pou wout Kafou, kote se moun k ap itilize wout Kafou, pyeton yo ki toujou ap plenyen e lòt moun ki itilize wout la... E gen yon seri aksidan trè grav ki konn rive sou wout Kafou... pou n detente vite machin ki pa otorize tente e sanksyonnen machin k ap pran sans kontrè... E se nan sans sa a lajounen jodi ou kapab wè kèk machin ki kanpe la a. Tankou gen yon machin ki se 0792 ke w kapab konstate li, ki gen jij Gassant ladan l, donk ou kapab fè konsta e machin lan rete la, misye deside olye pou l ret pale ak polisye yo, polisye yo rete li, li prefere desann apye pou l pran lari a. Donk sa vle di polisye ap fè travay li, jij Gassant santi li an sekirite, li pran apye, li kite machin lan. Donk sa vle di lari a efektivman, n ap bay sekirite e tout moun gen dwa mache libreman». Deklarasyon ensanse sa yo fè moun poze keksyon: èske gen yon men dèyè doub operasyon sa yo? Piske yon jij tankou Claudy Gassant ki sou yon dosye lou tankou ankèt sou lanmò Jean Dominique ak Jean Claude Louissaint an, menm lè li ta an kòlè, li ta aji pa emosyon, komisè polis la kòm moun ki la pou pwotejè e sèvi ta dwe aji an responsab e non ap ridikilize moun.
 

APPM leve vwa l

Nan yon nòt pou laprès ki pote dat 28 me 2001 ak siyati Kénel Bélizaire kòm kòdonatè jeneral, Asosiyasyon pou pwogrè Laplenn Moustik (APPM) leve lavwa «pou fè otorite Pòtoprens yo tande vwa nou. Nou menm nan Nòdwès, nou monte chodyè a, manje a kwit, yo drese l, yo pa janm ban nou goute...» APPM te prezante yon lis revandikasyon an 13 pwen, pami yo: «Pon sou Twa Rivyè pou dezanklave Fawès, irigasyon ak Twa Rivyè pou Plenn Moustik, lopital, dispansè...» Kote APPM espere zotobre yo pral tande vwa li si li pa mobilize sou anpil lòt kestyon?
 

Yon nouvo konsèy nan fakilte medsin

Se 1e jen 2001 an yo te enstale yon nouvo konsèy direksyon nan tèt fakilte medsin ak famasi. Pandan seremoni an ki te fèt an prezans minis Edikasyon nasyonal la ak rektè inivèsite a, yo te prezante tout yon pwogram «modènizasyon» estrikti fakilte a. Nan konsèy direksyon sa a genyen doktè Mario Alvarez ki eli dwayen pou yon twazyèm fwa, doktè Gladys Prosper ki vin vis dwayen pou seksyon medsin lan ak doktè Géralda St Eloi, vis dwayen pou seksyon famasi a.