Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout KreyòlSidès: Monseyè Poulard pa konprann
Nan deklarasyon li fè jounalis nan Jakmèl, evèk Sidès la, monseyè Guire Poulard te bay kontrandi rankont li te genyen ak prezidan Aristide nan vandredi premye me 2001 an. Monseyè a di se koze eleksyon 21 me yo ki te sou tab diskisyon yo, kote l te mande prezidan an, pou l te patisipe dirèkteman nan negosiyasyon yo. Prezidan, selon Poulard te ba li asirans li ta pral rezoud kriz la. Monseyè a di li pa «konprann, diskou nasyonalis ki ap fèt nan Pòtoprens» yo, lajounen jodi a. «M tande kèk diskou, diskou kolektivite teritoryal, asèk, kasèk, tout sa nou konnen yo, epi lè m tande sitou kèk lòt moun wo plase nan pati a (Fanmi Lavalas), pou sa y ap di e menm diskou nasyonalis. Mwen tande refleksyon yon gran pwofesè Hervé Denis ke nou tout konnen... m asiste anpil sa l ap di a...», te di monseyè Poulard ki pa dakò ak lojik kote dirijan Lavalas yo ta kwè «grès kochon an ka kwit kochon» an.
Konvèjans lan dakò...
Youn nan lidè Konvèjans lan, Victor Benoît nan Konakom di regwoupman politik sa a dakò ak òf rektè inivèsite a te fè a, pou Fanmi Lavalas ak Konvèjans lan te vin diskite zafè «kriz yo» nan lokal rektora inivèsite a, kòm yon teren netr. Benoit te deklare ke «se yon bon inisyativ rektè a pran, e nou menm, fò n di w depi yè nou fè yon lèt nou voye al jwenn rektè a».
Menas kont kòdonatè Kozepèp la
Sekretè jeneral Kozepèp la, Louis Joseph Evens, denonse atanta, menas asasina ki ap peze lou sou do kòdonatè Kozepèp la, Charles Suffrat, ki te blije «fè yon deplase ale aletranje», selon sekretè jeneral la, ki te fini pou di: «Bon, ou te konn moun ki te alabaz la, se te senatè Médard, ki te alabaz tout pèsekisyon sa yo, e sa te toujou kontinye nan Latibonit.»
Dega lapli a
Kèk jou apre seri lapli ki te tonbe sou divès depatman peyi a: Nò, Nòdès, Nòdwès, Latibonit, Lwès, Grandans, Biwo pwoteksyon sivil la toujou nan yon keksyon bilan an te deklare: «29 moun mouri ototal, pami yo 5 nan depatman Nò, 19 nan Lwès, youn nan Grandans, 2 nan Nòdwès, gen 6 moun ki disparèt, 2 nan depatman Nò, 3 nan Lwès ak youn nan Nòdwès... 118 kay kraze ak anpil lòt dlo bote al jete nan lanmè. Nan kay sa yo gen 14 pami yo ki nan depatman Nò ak 54 nan Lwès, san konte 184 kay domaje, 152 nan Nò epi 32 nan Lwès. Gwo lapli sa yo pote ale 525 bèt ti peyizan yo; nan Nò sèlman gen 495 ki mouri ak 30 lòt nan Lwès. Anplis 200 kawo tè ki gen tout kalite manje pèdi. Apre tout dega sa yo, biwo pwoteksyon sivil ap travay sou pwosesis pou dedomaje 1479 fanmi ki sinistre yo...» Sinistre yo ap tann!
Arestasyon eks-depite Fortuné a
Lendi 21 me vè 4 trè nan lapremidi lapolis ak lajistis Sid, nan Okay te arete ansyen depite antineyoliberal e ansyen kandida pèdan nan sena, Gabriel Fortuné, apre gwo deblozay ki te fin eklate ant manm Konvèjans demokratik la ak patizan Fanmi Lavalas nan depatman an. Yo te akize Fortuné ki twouve konyè a li se pòtvwa Konvèjans lan nan Sid kòm moun ki te fè tantativ asasina sou yon sèten Varnel ki se manm Fanmi Lavalas nan rejyon an. Hervé Denis t ap eksplike, kanm si li te la, nan fason pa l: «Nan Okay te gen yon reyinyon yon seri manm lopozisyon an, reyinyon an te dirije pa ansyen depi Okay la, ansyen kandida o sena, sa gen 1 nan, misye Gabriel Fortuné. Gen yon seri moun ki rantre kote yo t ap reyini an, yo gate reyinyon an. Te gen kèk blese. Msiey Gabriel Fortuné blije pran lyann epi, anfen, yo mennen l nan komisarya Okay la. E nou aprann jouk kounye a li nan komisarya a.»
Pou bò pa l Paul Denis, youn nan chef konvèjans/OPL t ap di: «Yè, apre Gabriel Fortuné yo arete Kalito. E yè apre midi gen yon machin blanch Cheroke san plak ki antre nan vil Okay, ki distribiye zam... Gen moun ki te nan machin lan k ap antrene yon seri chimè Lavalas nan zòn ki rele Latoutrèl la, nan pwent Lilèt (yon katye nan Okay)... Donk nou kontan travay yo te fè lendi a, paske yo te tire sou pwòp patizan yo...», se pawòl Paul Denis nan Konvèjans/OPL ki pa janm kite atè pawòl latwoublay li yo. L ap ankouraje vyolans yon bò, l ap bay manti pou lave Fortuné yon lòt bò e anfen li te mande pou «responsab sekirite piblik yo» panche sou dosye a. E ka Konvèjans k ap marinen gwo konplo ak ansyen militè yo? Paul Denis te kontinye pou «mande liberasyon imedyat Fortuné, liberasyon imedyat Kalipso e anilasyon tout manda ke yo fè gwo ponyètman kont manm Konvèjans demokratik la».
Lavalas ap voye flè sou pouvwa a, Konvèjans ap fè traktasyon politik, poutan pèp la pa wè enterè l nan pil lòbèy sa yo. Nouvo direktè lapolis depatman Sid la, Ralph Dominique, te rekonnèt «te gen neglijans bò kote lapolis lè akochay la te pete ant patizan 2 kan yo» (Metwopòl 24-05-01), ki fè lapolis pa t metrize sitiyasyon an? E direktè a te pwomèt pou l korije «erè» a. Eske dirijan sa yo gen sans responsabilite? De ki erè l ap pale? Antouka «sòt ki bay enbesil pa pran», si dirijan Lavalas yo te klè nan sa y ap fè, kouzen yo Konvèjans lan pa ta jwenn ajou sou yo. Malerèzman sa pa gade pèp la, ki pa retwouve l ni nan kan youn, ni nan kan lòt!
Moun Matisan toujou nan dlo
Apre gwo dega lapli a te fin fè nan Matisan, kote divès moun te viktim, kay kraze, dlo anvayi moun, wout la neye anba dlo, moun yo nan Matisan toujou anba dlo. Chofè machin se marèl y ap jwe nan wout la anba dlo, abitan zòn lan poko janm fin debarase lakay yo ki te anvayi ak dlo, fatra. Gen kay ki te domaje e mèt yo poko janm kapab rantre ladan yo. Kot plan «èd» biwo pwoteksyon sivil madan Suréna a pase?
Konvokasyon 2 manm Konvèjans lan
Jij ki ap mennen ankèt sou dosye asasina Jean Dominique lan, Claudy Gassant envite 2 manm nan Konvèjans la, Sauveur Pierre Etienne nan OPL/Konvèjans ak Evans Paul nan KID/Konvèjans, pou vin bay sa yo panse sou asasina direktè radyo Ayiti Entè a ak Jean-Claude Louissaint. Sauveur Pierre Etienne limenm chwazi moman sa a pou li pati aletranje. Konpanyèl li nan OPL, Paul Denis te di: «Nou jwenn yon sitasyon pou Sauveur Pierre Etienne ki kounye a aletranje, mwen telefone jij enstrisyon an mèt Claudy Gassant pou m fè l konnen sa, li te mande m pou m voye yon lèt, se sa m ap fè maten an menm.» Evans Paul bò kote pa li anvan li al kote jij la te deklare: «Men kounye a dosye a èske l politik? Keksyon anpil moun ap poze tèt yo, poukisa se plis pase yon lane yo tann pou envite yon moun tankou m vini temwaye... Te genyen anpil enfòmasyon ki te fè konnen òdonans lan t ap sòti depi 15 me, alòs manda pou moun parèt sa yo ekri 17 me...» Men jij la pa t janm di bagay konsa!
Abdoulaye te devan jij Gassant
Afriken/Ivwaryen ki rele Abdoulaye Guede Ouenge a, ke yo te kidnape 7 me pase a e ki te pran sou li 450 mil dola cach, te vini rankontre jij Claudy Gassant, sou afè ankèt asasina Jean Dominique la. Abdoulaye te deklare: «Sèlman yo bezwen limyè, anketè ki konvoke m nan pa vrèman gen mwayen pou l jwenn kèk moun, m se yon pwofesyonèl, m ka fè ankèt la pi byen pase l...». Men msye pa t fin kapab eksplike kouman li te fè ap transpòte 450 mil dola konsa ak li!
Re-Konvokasyon Dany Toussaint
25 me 2001 an senatè lwès la, Dany Toussaint te al reponn, pou 8tyèm fwa nan yon ane envitasyon jij Claudy Gassant, ki ap mennen ankèt sou dosye Jean Dominique lan. «Nou toujou ap pote kolaborasyon nou», te di senatè a ki te akonpaye ak 2 avoka, pami yo, mèt Jean Renel Sanon. Prezans avoka yo èske sa ta vle di yo ta enkilpe senatè a, kòm jounal Le Nouvelliste (25-27 me) te gen tan ap poze kestyon an? Antouka se pou premye fwa yon envite jij Gassant te blije mache ak avoka l. «Prezans avoka l yo nan kabinè enstriksyon an ta eksplike "jiridikman" enkilpasyon l, lè moun konnen jij Gassant te toujou refize keksyone envite l yo nan kad zafè sa a devan yon avoka» te ekri Le Nouvelliste. N ap tann pou wè si jij la ap mande sena a pou retire iminite li.