Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl
Mèt Dalvius nan mètdam?
Apre, sou demanm Lòd avoka Pòtoprens lan, daprè komisè gouvènman an mèt Josué Pierre Louis, mèt Gérald Dalvius te fin jwenn liberasyon l ak kondisyon pou l te reparèt devan jij li. Mèt Dalvius ki se dirijan Pati altènativ pou devlopman Ayiti (PADH) te refize respekte mo l. E anplis, li te nan mawon. Alaswit de sa, komisè Pierre Louis te rive jiska mete yon avi rechèch dèyè li. Depi lè sa a moun pa janm wè pwent tèt Dalvius, ki nan dat 6 mas pase a te alatèt yon seri ansyen militè parèy li, pwòch Konvèjans lan, pou te mande retou lame Dayiti e ranvèsman rejim Lavalas la. Nan jou 15 me 2001 an, madan Dalvius, Margareth Bazile Dalvius te pran vwa laprès pou denonse pèsekisyon li wè mari li ap sibi. Li te di mari li blije antre nan mawon paske l pè pou komisè a pa met lapat sou li. Madan Dalvius te di: «Bon, mwen pap ka eksplike ki kote li ye, li blije mete li anba pay, e mwen menm pèsonèlman mwen pa konnen ki kote li ye a... Mwen aprann komisè gouvènman an mete yon avi rechèch pou li, kote yo jwenn li pou yo mennen li vini, paske komisè a deside si mèt Gérald Dalvius pa prezante l devan li l ap arete l, e ke mèt Gérald Dalvius deside li pap prezante ankò devan li...» Alòs, se te tou pa Micha Gaillard pou te di: «Nou ka rive jouk la pou n di se yon pèsekisyon» arestasyon mèt Dalvius la ye. Byen etonnan Joseph Jasmin nan Eskanp/Korega te swiv Micha nan Konakom/Konvèjans pou di: «Se sèten li genyen... yon pa pèsekisyon nan sitiyasyon k ap devlope kont li jounen jodi a.» Pozisyon ke senatè Fanmi Lavalas, Gérald Gilles te voye jete: «Nou pa wè kouman pou Fanmi Lavalas ta gen yon pwoblèm avèk prezans Gérald Dalvius nan peyi a. Sepandan, nou di e nou redi l ankò, gen yon seri endividi k ap livre yo nan yon seri zak pou ankouraje leve kanpe, pou ankouraje lagè sivil, pou ankouraje lavyolans, nou menm nou di non, n ap toujou konbat zak banditis, tout zak vyolans. Si mesye Dalvius gen pwoblèm avèk lajistis ayisyen, se pou li al reponn lajistis», te di senatè Gilles ki sanble bliye si se politik dwategòch Fanmi Lavalas la ki lakòz, makout, ansyen militè, atache kriminèl sòti pou remete pye sou do peyi a e kont enterè pèp la. Si Lavalas ap tete lang ak makout, ansyen militè, atache boujwa patripòch pa l yo, moun tou konnen Dalvius ap vle resisite lame kriminèl li a.
Gouvènman an ap kominike
Nan yon kominike ki gen siyati 3 minis gouvènman Aristide/Chérestal la, asavwa minis Komès ak endistri a Stanley Théard, minis Lajistis ak sekirite piblik la, Gary Lissade, minis enteryè ak kolektivite teritoryal la, Henry Claude Ménard, gouvènman entèdi moun vann gaz ak lòt pwodwi petwòl, nan nenpòt nan veso kouwè dwoum, bidon, galon ak tout sa ki ka fasilite dife pran. Gouvènman pran mezi sa a ak apui lwa ki te parèt nan dat 7 sektanm 1949 la. 3 ministè sa yo bay yon delè 8 jou pou yo voye lajistis ak lapolis sezi tout pwodwi k ap vann konsa e sanksyonnen mèt yo.
Aristide ap bay garanti
«Nou menm nou se eli, fòk tout lòt moun sonje sa pou yo pa janm pèmèt chanje sa mas pèp la ak bilten vòt li deside... Youn nan pi gwo fristrasyon yon eli kapab genyen, se lè nan yon kanpay elektoral, li te pwomèt l ap fè wout, li pwomèt l ap fè lopital, l ap fè lekòl, li pwomèt l ap fè bèl travay epi apre eleksyon, li pa genyen kòb pou l fè yo e lè sa a li kòmanse santi l jennen pa rapò ak moun ke l te fè pwomès yo», se deklarasyon prezidan Jean-Bertrand Aristide ki t ap rankonte manm kolektivite teritoryal yo.
Inondasyon: vitikm yo ap tann sekou
Plis pase yon ventèn moun pèdi lavi yo, 20 blese e 6 disparèt nan seri lapli ak inondasyon ki pase sou peyi a pandan 3 jou, kote divès depatman te touche. Pou depatman lwès la ki plis frape, 12 moun pèdi lavi yo nan Petyonvil, 3 nan Lewogàn, 3 ti moun tonbe nan kannal Ofelen an. Lapli sou depatman Lwès la te frape zòn Solino, Ti Cheri, pon Wouj, anba Dèlma, Site Limyè, Matisan, anpil dega te fèt nan zòn sa yo. Dega te fèt tou nan Petyonvil, Pegivil, Jalouzi, Mòn Kalvè, Dèlma 95, Karade, Mòn Lopital, elatriye. Anpil kay kraze, bèt ale, plantasyon kraze, wout nan lòt zòn depatman Lwès la. Menm dega sa yo fèt tou nan depatman Nodwès, depatman Nò, kote divès katye popilè Okap viktim. Nan Lenbe anviwon 2 moun pèdi lavi yo. Nan Latibonit, zòn Gonayiv, Pestèl, Machan, Jan Deni, Gwo Mòn anpil dega materyèl fèt: bèt ale, wout ak plantasyon, kay kraze e anpil fanmi nan lari.
Nan depatman Grandans, zòn Abriko, Bonbon, Baradè, dega yo lou tou. Jiska samdi 19 me 2001 an vè midi, responsab biwo pwoteksyon sivil ministè lenteryè a, madan Yolène Suréna te fè eta de divès dega yo: 1082 moun sinistre, 267 kay andomaje, 101 kay kraze, 6 moun disparèt, 20 lòt blese e 22 moun pèdi lavi yo. Nan sèl Sen Michèl Latalay 18 fanmi sinistre. San konte madanm lan pat bay valè jaden, wout, bèt ki disparèt. Madan Suréna rekoumanse ak menm seri pwomès li yo, pou li di ke «gouvènman an pral pote sekou pou viktim yo».
Ratifikasyon direktè PNH la
Mèkredi 16 me a, sena a vote près alinanimite ratifikasyon nouvo direktè jeneral lapolis la, ki te deja enstale san l pa t ko ratifye. Direktè a, Jean Nesly Lucien te deklare alò: «Nou pral travay trè seryezman pou ni prezidan an, ni pèp ayisyen an an jeneral pa pran desepsyon de chwa yo fè de nou; donk ou kapab wè l, se yon nouvo ekip, se yon ekip ki trè jèn..., peyi a pa kab ale nan wout devlopman si fenomèn ensekirite a pa rezoud.» Pawòl nan bouch sa yo popilasyon an bouke tande yo!
«Sosyete sivil» la jwenn yon lòt dat limit!
Sa ki bay tèt li non «Sosyete sivil» la e ki enfliyanse pa ti klik makouto-boujwa patripòch ann Ayiti a, pa vwa Pierre Emile Rouzier, enkouraje Fanmi Lavalas ak Konvèjans lan, pou ta chita «negosye» pou jwenn yon «solisyon» anvan dat 3 jen 2001 an, ki ap make dat pwochen asanble jeneral OEA a ki ap fèt nan peyi Kosta Rika. Rouzier te fè kwè sa enpòtan paske dosye Ayiti a pral sou tab diskisyon òganizasyon leta OEA yo. «Jisteman, negosiyasyon yo ta fèt pou l ta koumanse ant Ayisyen...», te di Rouzier.
Anseyan yo mande voye je gade yo
17 me a ki te make fèt anseyan yo pa t pase inapèsi ann Ayiti, akote divès lekòl ki te fete. Plizyè òganizasyon te bay konferans près. Nan sans sa a, kò nasyonal anseyan Dayiti (CONEH), Federasyon nasyonal travayè nan edikasyon ak kilti (FENATEC) ak Gwoup inisyativ anseyan lise yo (GIEL) te konstate: «Malgre 10 zan goumen san pran souf anseyan yo rive mennen nan peyi a, anseyan yo kontinye ap viv pi mal pase pòv... Anseyan yo ap fòme moun, alòs yo menm yo pap viv tankou moun», te lanse òganizasyon anseyan yo ki te pwopoze: «Nou mande anseyan òganize yo, konstwi yon fòs pou n fòse leta dekrete eta dijans nan edikasyon. Wè pa wè akò 97 yo dwe respekte.»
Lapolis bay zenglendo yo legen?
Moun Pòs Machan ap rele anmwe kont zak vyolans, vòl, vyòl zenglendo divès moun ap sibi nan zòn lan depi kèk mwa. Zenglendo yo opere nan Pòs Machan lajounen kou lannwit. Yo kase famasi, boutik, ti depo, kay, yo fè vyol, matirize moun, esèye zam yo nan zòn lan tout lasent jounen. Se kòmkwa yo se sèl kòk chante. Yon madanm yo te kase biznis li nan zòn lan, te fè konnen ke «yo rantre dechèpiye m, malgre plent m te vle pote, men mwen pè. Paske nan lapolis chaje polisye ki pa dwat e bò isit la menm, 2 je polisye yo kale ap gade zak zenglendo yo».
Efektivman, se toutan moun ki ap pase nan kalfou ant Lali e Pòs Machan an, ou ka wè kèk polisye kanpe, men «se nad marinad». «Zenglendo yo opere jan yo pito e lè yo vle» te ajoute yon jenn gason ke yo te bay yon bal nan pye, yon jou swa ke zenglendo sa yo, dapre jenn gason an te «kache kò yo nan zòn sou Teras, nan Koton, Ravin Cherilòm, Dèyè legliz Sentantwàn lan». Leswa yo mete kouvrefe pou pyès moun pa pase nan zòn Pòs Machan, ri Bòjla, Avni Poupla. Eske lapolis bay zenglendo yo gany? Eske PNH lage keksyon an nan men popilasyon an, ki ap fin kite zòn lan? Pou kouwè l ye la a, pifò pòt biznis fin fèmen nan Pòs Machan akòz laterè zenglendo.