Ayiti Pwogre [HOME]
16 au 22  Mai 2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Lakwawouj an pàn san

Lakwawouj ayisyen pou anivèsè li jou 8 me a te bay yon konferans pou laprès nan fakilte dwa ak syans ekonomik Pòtoprens, kote responsab li yo te debat sou tèm «jenès ak Lakwawouj osèvis sosyete a». Aktivite sa a se te pou sansibilize popilasyon an sou enpòtans ak wòl Lakwawouj. Reprezantan òganism lan Periclès Jean-Baptiste ak Yanick Bell te plenyen anpil lefèt sèjousi moun neglije pou vin bay san yo nan «divès pòs transfizyon san». Yon pasyan te di ke «difikilte pou bay san an se pwoblèm afè sida a, paske lontan Lakwawouj omwen te konn genyen pasyan ki konn vin bay, lè ou gen yon pwoblèm, li ede malad la, kounye a Lakwawouj ekzije w fòk ou vini avèk donè a pou bay li, alèkile pou l kapab bay lòt malad la». Lòt pwoblèm ki fè moun yo pa al bay san sou menm rit la ankò, se keksyon moun pa ka manje. Eske yon moun k ap mal manje ap an sante e jous li jwenn san pou l al bay pou moun ki malad? Sa pa fasil.
 

Minis lan pran desepsyon

Minis Lakilti ak Kominikasyon an Guy Paul di lefèt pati politik nan gwoup Konvèjans lan te refize al rankontre gouvènman e Fanmi Lavalas nan Mupanah mèkredi 9 me a, kote prezidan Aristide t ap prezan, se yon gwo desepsyon pou «kan gouvènman an, paske franchman yo te konprann ke sa te ka fè bagay yo avanse e nou wè bagay yo rete anplas menm kote a».
 

Lapolis ta mete lapat sou yon kidnapè

«Polis nasyonal Dayiti te enfòme yè madi a vè 5 ke de yon tantativ kidnaping ki ta pral opere sou yon endistriyèl ayisyen tout moun konnen, ki pote non Frantz Charlo... Li te remake yon ansanm endividi abò yon machin ki t ap eseye bloke sikilasyon li menm, e li menm entelijan l ye li te refijye li nan yon kay nan vwazinay la, sou wout Taba a. Epi rapidman, li enfòme lapolis sitiyasyon ke l tap viv la, e lapolis pa t pran tan pou te mobilize yon ansanm inite otou sitiyasyon sa a e te fè yon entèvansyon rapid, ki ta pral pèmèt nou met men nan kòlèt yon endividi ki reponn sou non Joanis Beaulieu, ki te gen inifòm lapolis sou li, alòs li pa t polisye. Nan men l nou te jwenn yon kalib 38 e n ap di li te monte yon wonnda sivik 2 pòt, vit fimen...», te deklare pòt pawòl lapolis la, Jean Dady Siméon, ki pa t di kot lòt konplis yo pase. Antouka, achak sitiyasyon k ap boulvèse peyi a, lapolis toujou prezante moun li arete, men sa pa janm al pi lwen. 
 

Gouvènman an mande leve sanksyon yo

Pa vwa minis Lakilti a Guy Paul, gouvènman ayisyen an mande pou Inyon Ewòpeyen (EU) ta leve sanksyon l pran pou pa bay Ayiti «èd» la. Minis lan te di sa nan yon diskou li te fè nan yon resepsyon ann lonnè delege EU a ann Ayiti.
 
 
 

Mitrayad fè anpil blese Fònasyonal

Madi 8 me a vè 6 zè 30 nan aswè, lari ri Estime (Sou Fò) te blanch kou koton, apre yon gwo djip Pathfinder vit fimen te fin simen bal sou yon latriye moun, ki te estannbay kote divès jenn gason konn reyini. 7 moun anviwon te blese, pami yo youn te vin pèdi lavi l pa laswit. 
 

Dra po m

Drapo pa m
Kouvri kò m
Vlope mò m
Kadav mwen
Tout kò m anwoule
Lè san m ap koule
Nan dra po m
Zo ak po m
Anpile nan dra po m
Pil sou pil
Kou branch fil
Fil mele
K ape file
Tache ak san
San nan venn mwen
San lonnè mwen
San diyite mwen
San fòs kouraj mwen
K ap reziste
Ak san k ap koule
San rete
San kè mwen
San mizè mwen
Layite, simaye
Sou dra po m
K ap pote zo m
Doulè mwen
Kite peyi m
Lese zanmi m
Bay patri m do
Bay fanmi m do
Jou fo zanmi m yo
Vrè lenmi m yo
Pilonnen m
Pyetine m
Ak tout dra po m
Ki fè kò ak zo m
Lè se ti ma m ki rete
Lespwa m k ap flote
Ak dra po m

Altiné Wilkens

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm