Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl
Kidnaping Jonas Guillaume
Selon responsab òganizasyon «Chanje lavi l» la, atis Barbara Guillaume, bandi ta kidnape kouzen li Jonas Guillaume, pitit defen doktè Luc Guillaume, madi 1e me a, nan ri Panamerikèn nan Petyonvil. Bandi sa yo ki fè dapppiyanp sou Jonas la, toujou dapre Barbara, mande 1 milyon dola pou yo lage l. Barbara te eksplike ke «yo kidnape l nan zòn Panamerikèn bò biznis li Computer World. Yo pran l depi madi premye me, nan zòn 11 zè nan maten... Nou ap mande moun yo pitye pou yon fwa, gras lamizèrikòd pou yon moun k ap envesti nan peyi a».
Ensekirite:pou pòtpawòl lapolis la se «règleman kont»
Nan yon kontrendi pou laprès, pòt pawòl lapolis la Jean Dady Siméon note divès ka PNH la t ap okipe jiska lendi 2 me a. Li te site: «Nou anrejistre 146 afè kont 130 semenn pase a. Gen 128 moun lapolis te entèpele kont 116 semenn pase. Nou (wè) 50% nan krim ak deli ki anrejistre yo se sou zòn metwopolitèn lan... Nou anrejistre 7 ka asasina pou semenn sa e genyen 3 sou 5 ka asasina ke nou anrejistre yo ki genyen 3 lòtè ou konplis lapolis nasyonal Dayiti pran, 4 ka tantativ asasina pou semenn sa a ki pwovoke yon arestasyon; genyen 38 ka agresyon ke nou anrejistre, yon chif ki bese toupiti parapò ak semenn pase ki se te 29; gen 35 moun ki blese pou semenn sa a, genyen 42 lòtè ou konplis ki rele pa lapolis nasyonal Dayiti; nou anrejistre 2 ka dekouvèt kadav, pou semenn sa a pat gen zafè dwòg; nou sezi semenn sa a 4 zam...» E li te kontinye konsa: «Onivo lapolis nasyonal Dayiti, genyen yon ansanm done nou deja jwenn ki montre ke ka sa yo pa anrejistre nan rejis zak banditis ou ensekirite. Done sa yo montre ke se yon seri sitiyasyon a karaktè pèsonnèl si ou pa rele yo regleman kont. E genyen yon bagay ki atire atansyon nou, se ke anpil ka moun ki viktim sitiyasyon sa yo deja, yo pa rapòte sitiyasyon sa yo bay lapolis, se pa vwa laprès menm jan ak nou, nou menm onivo lapolis nasyonal Dayiti nou ap enfòme sou tèl sitiyasyon, malgre tou genyen yons eri entèvansyon yon fwa nou enfòme...» Sou ki baz pòtpawòl la detèmine oubyen fè diferans lan ant zak zenglendo ak sa Siméon li rele «regleman kont»?
Lapolis pral fè rekritman
Pòtvwa lapolis (PNH) la, Jean Dady Siméon enfòme ke enstitisyon polisyè a pral bay 470 jenn fi ak jenn gason fòmasyon nan akademi an, pandan 9 mwa, pou yo vin ranfòse nomb polisye PNH la deja genyen. Moun sa yo pral resevwa yon fòmasyon teworik e pratik e y ap pase yon peryòd estaj tou.
Okap: Polisye menase yon jounalis
Plizyè polisye nan Okap ta menase lavi yon jounalis radyo Maksima a, Wilner Altidor ki t ap swiv yon maspinay polisye yo t ap fè, lendi 30 avril pase a nan vil sa a, sou yon jenn gason 27 tan, machann pantalon, ki pote non Rolex Zamir. Polisye yo t ap fòse machann lan ranmase yon seri barikad nan zòn Vètyè. Jounalis la ki resevwa menas lanmò nan men polisye yo ta ap swiv yo ki te bat machann nan jous li endispoze, pou l te ranmase ak men l kawoutchou ki t ap boule, lè polisye yo te parèt sou li mande l yon swadizan fim li t ap fè foto yo. Jounalis Altidor te eksplike: «Se erèzman popilasyon an te la siman polisye sa yo la ta ka ale ak mwen, paske sa ki fè ke mwen di sa, yo parèt sou mwen, yo di mwen ba yo kodak la ke mwen t ap fè foto yo Vètyè lan, mwen di yo ki kodak mwen t ap fè foto nou, «wi ou te gen yon kodak pandan ke nou t ap mennen yon operasyon». Apre yo fini sakaje tout materyèl mwen, epi yo pwomèt pou fizye mwen, yon fwa foto yo ta parèt sou jounal la.» Poutan, devan tout moun polisye malveyan yo pa t jwenn ni fim, ni kodak nan valiz jounalis la. E menm lè yo te jwenn sa, jounalis la t ap ekzèse metye li, pou enfòme moun sou yon maspinay polisye yo ap fè!
Menas lanmò polisye sou jounalis Altidor a te endiye jounalis Nò yo ki te mobilize yo. E yon deklarasyon Asosiyasyon jounalis ayisyen (AJH) te al kontre enspektè jeneral PNH la, misye Avel Victor Jean Baptiste kote selon Guyler C. Delva, sekretè jeneral AJH, enspekte jeneral la te pwomèt ke «li pral pran tout dispozisyon nesesè pou polisye koupab yo pini». Jounalis yo ap tann pou wè si Jean-Baptiste ap kenbe pawòl.
Pyès drapo pa t boule
«Pyès drapo pa t boule», se tit yon rapò envestigasyon ke Mouvman fanm dominiken e ayisyen (MUDHA) e Komite dominiken dwa moun (CIDH) te reyalize nan Romana konsènan bri kèk rasis dominiken, kouwè jounalis Julio Perello, t ap fè kouri, kòmkwa 2 gwoup rara ta boule yon drapo dominiken. Rapò sa a ki te reyalize nan batey Higueral, Guaimate, Batey 62, nan biwo pwokirè distri jidisyè Romana a, nan biwo detachman lapolis nasyonal ki nan Higueral la, kote swadizan aksyon an ta fèt la, kèk kabinè avoka, elatriye.
Nan chak batey, lanketè yo te keksyone 5 moun, pami yo dominiken orijin, dominiken ki gen paran yo ayisyen, yon seri ayisyen, kèk relijye, travayè, etidyan, avoka, polisye, jij... Tout moun sa yo te demanti rimè ki te fè kwè nan afwontman rara yo ta boule drapo dominikèn lan, vandredi 13 avril la, vè 5 kè nan lapremidi. Lè lanketè yo te konsilte pwokirè Romana a, doktè Elpidio Peguero li te di antanke ministè piblik, li te resevwa 2 dosye: youn te konsène 28 moun nan San Pedro de Macoris, lòt la te konsène 59 moun ki te sot Womana, sa vle di nan gwoup rara yon sèten Federico t ap mennen an; kote lòt gwoup rara a ki te soti nan batey 62 a te gen alatèt li yon moun yo rele Willy. Pwokirè a te admèt, apre bonjan ankèt, ke moun sa yo ki te inosan, te merite lage. Ankèt la te rapòte ke «se te jounalis la li menm, Julio Perello, ki te pati pawò l la. Sa te fè wout ak yon dividal arestasyon san rezon kont moun rara yo oubyen ki t ap sot nan travay, kit se dominiken nwa, kit se ayisyen. Yo te bat moun sa yo e sa ki pa t gen papye sou yo te depòte ann Ayiti
Rapò sa a ki te pibliye mèkredi 3 me a pa GARR, montre yon lòt fwa ankò aklè, kouman sa rezon rasis dominiken ak otorite san refleksyon ap aji mal ak dominiken nwa e travayè ayisyen an Dominikani, pou ti krik ti krak e san rezon valab. Jounalis an Dominikani ap bay manti san yo pa sanksyone yo, zotobre dominiken ap maspinen moun san gade dèyè e sa k pi grav, gouvènman ayisyen lage moun yo pou kont yo. E nan keksyon manti sa a rasis dominikn yo fè a, asavwa yon swadizan drapo dominiken ta boule pa 2 gwoup rara yo, gouvènman ayisyen te gentan al kondane, san li pa t menm pran tan pou mennen ankèt pou verifye sa, ki te yon manti.
Lydie Parent reprann drapo pentad nwa e wouj la
Alatèt kèk manm PADEMH (Pati pou demokrasi ann Ayiti) ak yon latriye ansyen militè, ansyen majistra Petyonvil la, Claire Lydie Parent te mennen yon mach sòti sou plas Bwaye pou ale devan lokal OEA nan Petyonvil. Pandan mach sa a, manm PADEMH/Konvèjans yo te distribiye anpil foto Gérard Gourgue, yo te pote pankat kont Lavalas; e sa k te pi sal, Lydie ak pil makout konvèjans li yo te leve byen wo drapo nwa e wouj la, ki senbolize nan je pèp la diktati Divalye yo. Sa montre kouman politisyen sa yo san koutya. Si gato a pa t mal separe ant Fanmi Lavalas ak Konvèjans lan, moun pa t ap wè fasil konsa, longè Lydie Parent ak Ernst Colon ki te fyè, yo ise drapo nwa e wouj yo nan mach la. Sa montre ke ekip opòtinis sa yo pa t kont diktati Divalye yo paske l pa t bon pou pèp la, men se senpman paske l te anpeche yo jwenn moso gato pouvwa pa yo!
Kidnaping ap ogmante
Nan bout mwa avril pou rive mwa me a, plizyè zak kidnaping repete nan peyi a. Tanto se te yon sitwayen ameriken, tanto se ka Jonas Guillaume yo te kidnape Petyonvil e te mande pou fanmi l bay yon milyon dola pou yo lage l, e anfen yo te rive bay 60 mil dola us (dapre Nouvelis 7 me 2001), pou yo te lage msye vandredi 4 m a. E Jonas te demanti pòtpawòl PNH la, Siméon ki di zak ensekirite yo se regleman kont. Paske li di li pa t annafè ak pyès moun. Men yo sanble kenbe machin li. E anfen, se yon afriken Abdoulaye yo ta kidnape dimanch 6 me a lè l te soti aewopò.
Sou zafè kidnaping lan, sa minis Lenteryè a, Henry Claude Ménard di a, se komsi se blag li t ap bay: «Fòk lapolis adrese pwoblèm sa a pi rapidman posib pou fenomèn nouvo sa a disparèt...», bay ki enstans lapolis pral adrese pwoblèm lan, sinon limenm minis enteryè a, Ménard ak minis Lajistis la, ki pou ta pran responsabilite yo!
Yon lòt kote pòtvwa lapolis la Jean Dady Siméon ki t ap pale de kout filè lapolis te fè bilan resèt li: «Gang sa a espesyalize nan dezabiye moun ki ap soti labank, lajan y ap sot touche labank e yon seri moun ki vin achte... nan sans sa a polisye te arete 5 endividi ki rele Smith Antoine, alyas Kanno, Benis Robuste alyas Zaka, Marie Laurence Mathurin alyas Ti Nanòt, Fausienne Thermozi e nou genyen tou Gérôme Crispin alias Wawèl. 5 moun sa yo patikilyèman, te fè yon aksyon sou yon moun nan sant vil la, ki evalye ak 14 mil 640 dola ayisyen (73 200 goud)...» Siméon te di tou gen 2 nan zenglendo gang lan ki te pèdi lavi yo pandan operasyon lapolis la e PNH te jwenn nan men bandi yo: yon revolvè 38, yon 22 ak chajè li, 2 katouch 38, 4 dwouy bal 38. Poutant lè vòl kidnaping ap fèt, Siméon ap kalifye zak ensekirite yo kòm «regleman kont»?
Konferans Pati popilè nasyonal
Maten madi 8 me 2001 an, Pati popilè nasyonal (PPN) te bay yon konferans pou laprès kote li te denonse antant ki vle fèt ant Fanmi Lavalas ak Konvèjans lan, kont enterè pèp la. Benjamin Dupuy ki se sekretè jeneral PPN te kalifye seri rankont ant pouvwa Lavalas la, CLED e Konvèjans lan kòm yon seri epizòd nan «yon roman feyton oubyen nou ta ka di se yon fim...», puiske pou li se yon fo kriz aktè politik yo ap prezante nan figi moun. «Mwen di w se yon fo kriz, ke yo rive ak yon antant, ke yo vle likide milye eli 21 me yo, ke yo vle bay yo pou satisfè kominote entènasyonal la. Sa se bagay pa yo, men nou menm sa k enterese nou se kontinye lit pèp ayisyen pou n ka rive ak reyèl reyalizasyon 3 wòch dife yo: jistis, patisipasyon e transparans», e Dupuy te kontinye: «Gwo pwoblèm fondamantal pèp ayisyen an ap konfwonte, blakawout gratis ti cheri, ensekirite gratis ti cheri; donk mwen m pa kwè se nan chirepit pou pataje pouvwa ke solisyon peyi a ye». Konsa, sekretè jeneral Pati popilè nasyonal (PPN) nan kwè ke «2 belijeran» yo pa gen diferans fondamantal, puiske yo tou 2 se koutye ki gen yon sèl patwon: «Kriz ki ekziste ann Ayiti a, reyèl kriz la se yon kriz sosyal, se yon kriz estriktirèl ki la nou ka di depi 200 zan. Kote yon ti elit ap eksplwate grann majorite pèp la e mennen peyi a nan yon veritab sitiyasyon katastwòf. Jounen jodi a donk, m pa kwè se keksyon sa yo ki pral poze.» Konsa, PPN denonse fason pouvwa anplas la chak jou pi plis ap bafre ideyal 16 desanm 90 yo e li rete kwè vrè opozisyon ki ta genyen an ta dwe mache ak pèp la, kòtakòt!
Asasina nan komin Gran Gozye
Nan semèn ki sot pase a, madi premye me 2001 an, yon jèn gason ki pote non Franckel Esteyis mouri asasine. Daprè yon abitan nan zòn Bodari, komin Grangozye, mesye Saint Luc Louis ta akize jij de pè zòn nan mesye Antwann Presya ak majistra Dyedino Jeudi kòm moun ki ta konplote pou touye Franckel Esteyis. Toujou daprè Saint Luc, ensidan sa a rive aprè yon gran diskisyon ki te eklate nan zòn nan ant manm MOKRENA ak Lafanmi jounen lendi ki te 30 avril 2001; kote te gen anpil kout wòch ki t ap tire sou kay moun. Sanble aprè dezòd sila a, yon manm asèk Fanmi Lavalas te menm rive pèdi la vi li e sanble seta Esteyis Franckel ki ta touye l! jij de pè zòn nan mèt Antwann ki te rann li sou lè lye pou te fè konsta te pwosede a divès arestasyon. Yon lòt kote, jij de pè a ta rejte akizasyon Saint Luc Louis ta lage sou do li nan asasina Franckel Esteyis. Jij de pè a fè konnen ke se aprè Franckel te fini touye yon manm ASEC zòn nan ki rele Pelicier Remy ke popilasyon an ta touye Franckel Esteyis. Selon jij de pè a ni limenm ansanm ak majistra Jeudinord Jeudi pa gen anyen pou wè nan asasina Franckel Esteyis...
Reouvèti Tele Express Continental
Tout moun sonje nan dat dimanch 15 pou louvri lendi 16 avril 2001 an kòman vòlè te sakaje radyo Tele Express Continental ki te pèmèt stasyon sila a pase apeprè 22 jou ak pòt li fèmen. Ebyen se jounen madi premye me 2001 an, radyo a te reouvè pòt li timidman; men se jounen lendi 7 me 2001 an yo rekòmanse ak tout emisyon nouvèl yo. Nan sikonstans lan, nan yon editoryal li te mete deyò direktè radyo a, pwofesè Jacques Jean Pierre, remèsye tout moun ki te sipòte radyo a ki pèmèt reouvèti rive fèt. Nan menm sikonstans lan responsab kèk lòt medya nan vil la tankou RDDJ, EFATA elatriye mande la polis pou pran desizyon pou kontwole vil la, ak chevalye de nwi yo ki sanble jwenn kat blanch pou fonksyone lib e libè, e pemèt yon zak konsa pa repete nan vil la.