Ayiti Pwogre [HOME]
2 o  Me  2001
Nan peyi Dayiti


Ouvriye ak peyizan yo bouke!

Premye me a, ki se fèt agrikilti ak travay, divès aktivite atistik, kiltirèl e politik te rive fèt ann Ayiti, pa divès sektè. Sou Channmas la, nan kapital la, ministè agrikilti ak Afè sosyal te òganize yon fwa agrikòl ak atistik ki te koumanse depi samdi 28 avril la pou rive madi 1e me a. Menm jan an tou nan Jakmèl, kot prezidan Aristide te rann li premye me a, nan Okap ekspozisyon pwodwi ak fwa te òganize nan okazyon sa a. Sa ki te pi remakab, se aspè politik e revandikatif ki te eksprime klè nan yon seri inisyativ mouvman popilè a, òganizasyon sendikal, peyizan, ouvriye te fè tanto kont lamizè, tanto kont chomaj ak politik privatizasyon antrepriz leta yo, tanto se kont koripsyon anndan ODVA, ak pou refòm agrè al pi lwen, tanto se pou ogmantasyon salè minimòn lan.

Yon bò, divès òganizasyon sendikal te lanse yon rasanbleman sou Channmas la, yon lòt, divès manifestasyon ti ouvriye nan faktori te reyalize. Pa ekzanp Oganizasyon travayè revolisyonè (OTR) nan tèt kole ak UCI (Inyon kominis entènasyonal) te akonpaye kèk dizèn moun k ap bourike nan faktori pou rele: nou vle 2000 goud pa mwa pou pi piti. Nan menm rit la, manm sendika FOSREF yo te an siy revandikasyon kont blakawout, mete nan divès kote e bò pale a, plizyè bwat pentire an nwa ki make «Aba blakawout». Ansyen anplwaye ak chofè konpayi Sèvi Plis yo te pran lari tou pou rele kont koripsyon nan konpayi a.

Yon lòt bò se divès òganizasyon k ap feraye nan milye peyizàn an ki te fè yon mobilizasyon nan jou 1e me a, pou di yo «bouke anba lamizè», koripsyon anndan ODVA, pou mande pouse refòm agrè a ale pi lwen, pou mande lakou dèkont fè odit nan ODVA, pou mande netwayay tout makout nan gouvènman Aristide/Chérestal la. Oganizasyon sa yo ki se RPL, ROPD, MPBA, UJPN, IPGM, OPM, APMR, OPP, OPPF, Rasin Alada, Rasin Kanga, Dantò, te fikse pozisyon yo trè klè kont plan neyoliberal la e mande jistis pou tout san peyizan grandon te fè koule nan peyi a.

Nan okazyon sa a, Pati popilè nasyonal (PPN) te delivre yon mesaj solidarite ak tout peyizan Latibonit yo ke nou repwodui.

Mesaj solidarite Pati popilè nasyonal (PPN)
pou tout peyizan Latibonit nan okazyon premye me

Peyi Dayiti nan yon kafou danjere!

Lènmi anndan tankou deyò ap mare sosis pou madichonnen lavi mas pèp peyi d Ayiti. Pèp ayisyen, pèp vanyan, pèp rebèl leve kanpe! Pèp rebèl pa janm pedi lagè. Libète se pou pèp ki vanyan.

Nan okazyon premye 2001 ane sa, peyizan rebèl vale latibonit leve kanpe nan yon kòkenn chenn mobilizasyon pou:

1)- mande gouvènman Aristid/Cherestal la tè, semans, angrè, zouti e pou pouse refòm agrè a ale pi lwen.
2)- mande gouvènman Aristid/Cherestal la pou sispann kraze prodiksyon nasyonal peyi a, paske plan lanmò neyo liberal la ak prodiksyon nasyonal la se lèt ak sitron.
3)- Fini ak kòripsyon anndan ODVA, paske kòripsyon nan ODVA egal kraze vale Latibonit la.
4)- Di gouvènman Aristide/Cherestal nou pa dakò ak politik tete lang ak makout, dechèpiye kès leta ak poutchis.
Pati Popilè Nasyonal (PPN), nan okzazyon sa a deklare: nou solidè ak mouvman mobilizasyon peyizan latibonit yo e nou apiye tout batay k ap fèt nan Vale a pou fòse gouvènman Arsitide/Cherestal la satisfè revandikasyon sa yo. Si nou pa leve kanpe! gouvènman Aristide/Cherestal la, ki jounen jodi a mare makòn li ak enperyalis meriken, reyaksyonè rat do kale, makout ak machann peyi, ap pase revandikasyon nou yo anba pye. Se grandon vòlè tè, piyajè kès leta k ap gen lavwa ochapit. Mobilize, Mobilize pou pita pa pi tris!

Pati Popilè Nasyonal (PPN) solidè ak tout travayè ayisyen alawonnbadè nan okazyon premye me ane sa a. Tout travayè, peyizan gen yon sèl lennmi: ?plan lanmò? a. Si nou makònen fòs nou ansanm anyen pa pakab mete do nou atè. Lennmi nou yo ap sètoblije fè bèk atè!

Pati Popilè Nasyonal (PPN) ap fè peyizan Vale Latibonit konnen: politik koripsyon ak moun pa nan ODVA, politik fèmen je ak zòrèy otorite lavalas yo pou pa tande rèl peyizan Vale Latibonit yo, politik voye chen sou chat pou simaye divizyon nan mitan peyizan yo, montre ke zafè jistis, transparans, patisipasyon ke gouvènman lavalas la t ap pale ayè se te pawòl van. Nan kontèks jounen jodi a, tab lavalas la pa gen plas pou ti peyizan ak travayè men pito se makout, piyajè nan kès leta, poutchis ak alye yo grandon vòlè tè k ap detaye kòpyèz sou do mas pèp la.

5000 kadav koudeta a, viktim ensekrite yo, sasinay Antoine Izmery, pè Jean Marie Vincent, pè ti Jean Pierre Louis elatriye. Sasinay jounalis Jean Dominique ki te pran defans ti peyizan kont makout/grandon vòlè tè ak dechèpiyè kès leta pa di otorite lavalas yo jounen jodi a anyen. Lankèt yo toujou ap rapousib e kriminèl yo ap paweze pandan pèp ayisyen kontinye ap konte kadav.

Pati Popilè Nasyonal (PPN) ap mande peyizan ak travayè ayisyen alawonnbadè, sitou sa yo ki nan Vale Latibonit la pou limen flanbo mobilizasyon ak rezistans kont tout lòt pwojè lanmò ki pral anglouti peyi d Ayiti nan pye tab gwo peyi lòtbò dlo. Reyinyon gwo chabrak peyi kontinan lamerik yo soti fè nan peyi Canada, lan Quebec, semenn pase a, se yon gwo konplo meriken ap mare pou l kontinye dominen tout pèp nan kontinan an epi chèche genyen plis otorite pou itilize tout kalite menas ak presyon sou lòt peyi ki pa deside mache nan plan lanmò nouvèl fòmil la.

Pèp ayisyen se yon pèp rebèl, nou sèmante 77 fwa 7 fwa nou pap mache! madichon pou tout poltisyen ki vann tèt yo pou po patat! peyi Dessalines ak Charlemagne Peralte la pa pou vann!

Peyizan, ouvriye, travayè, atizan, chomè, fanm vanyan! òganizasyon se sèl fòs nou! mobilizasyon djanm san pran souf se sèl altènativ k ap mennen peyi d Ayiti nan yon chanjman total kapital.

Refòm agrè a dwe ale pi lwen nan enterè ti peyizan!
Refòm agrè = jistis pou tout peyizan!
Aba plan lanmò ?neyo liberal?!
Aba rekonsilyasyon ak makout!

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm