Ayiti Pwogre [HOME]
18 o 24 Avril   2001
Nan peyi Dayiti

Nouvèl Kout Kreyòl

Chirepit nan palman an

Yon gwo pale anpil eklate ant 2 palmantè Fanmi Lavalas nan palman an, akoz yon manifestasyon ki te fèt nan Sidès lendi 9 avril la, kote moun Jakmèl atravè òganizasyon popilè pwòch Lavalas yo, t ap voye toya kont liy pati a ak kèk palmantè Fanmi an pran. Nan okazyon sa a, anpil pawòl piman bouk te ekri nan mi kont senatè Fourèl Célestin pa ekzanp. Sa te vin pwovoke yon chirepit ant divès palmantè Sidès tankou depite Jakmèl la Wilner Content ki te kritike konpòtman senatè Sidès la, Prince Sonson Pierre, ki te pran pa nan seri mobilizasyon yo. Depite Content te di: «Gen senatè ki toujou rete saj e si yon moun konnen ke li pa ka rete saj paske mwen kwè nan tout peyi ki egziste, yon senatè se yon saj li ye, li la pou li tranche men li pa la pou li patisipe nan tapaj, nan batay e lè yon nèg antan ke senatè ou konpòte w konsa, enben, sosyete a li menm li ap jije w», te di depite Content ki te akize santè Sonson kòm moun k ap simaye divizyon nan Jakmèl.

Bò kote pa l, senatè Sonson te fè konnen: «Mwen pa okouran de moun ki ap mete grafiti e mwen kwè pandan ke mwen ap travay nan sena a, mwen pa kapab alafwa ap tranvay nan sena a e mete grafiti. Mwen konn mete grafiti wi, men fwa sa a mwen pa gen anyen pou mwen wè ak grafiti sa a. Te gen yon mach ke manm Fanmi Lavalas yo te fè nan lari Jakmèl pou yo te pale de fristrasyon yo, pou yo te pale de pwoblèm ke yo genyen ak yon seri liy ke Lavalas pou jounen jodi a. Mwen menm mwen te prezan Jakmèl tankou mwen te toujou fè l chak wikenn, mwen tande revandikasyon yo bay chef pati Fanmi Lavalas la, bon se vre mwen tande sou radyo gen yon seri moun ki atache ak yon seri ti gwoup kowonpi, ti gwoup ansyen poutchis ki ap eseye sal nom mwen, ki ap di ke mwen pran lajan nan men anbasad ameriken, donk mwen kwè ke pa gen okenn moun ki pran moun sa yo oserye, paske mwen mete yon moun an dout, mwen mete yon moun an defi fidelite mwen ak Lavalas, fidelite mwen ak ideyal 16 desanm 90 yo, mwen mete yon moun an defi tou pou mete an dout onètete mwen. E mwen ta swete ti gwoup moun sa yo ki voye moun al pale, si yo pa bèbè ke yo pale, ke yo fè yon deba piblik avèk mwen, pou mwen montre yo ke mwen pap pran nan presyon, mwen pap pran nan menas, mwen ap toujou fè menm travay ke mwen ap fè nan sena a, pou ke pèp la jwenn jistis, pou ke dilè dwòg kouri, pou ke kowonpi pati.»
 

Manifestasyon kont «vòl» nan Sèvis Plis

Nan jounen 10 avril 2001 an, plizyè dizèn manm òganizasyon pwòch Fanmi Lavalas te manifeste devan palè nasyonal, pou denonse direktè komite jesyon konpayi transpò Sèvis Plis la, Duclos Bénissoit, kòm moun ki ta enplike nan vòlò kòb konpayi a. Youn nan manifestan yo te di: «Poukisa depa a? Depi gen moun ki ap vòlè, nou egzije lapolis mete kòd nan men vòlè, paske li pa posib jounen jodi a ann Ayiti, pou ke 200 zan anviwon depi endepandans nou, pou gen moun ki kontinye ap vòlè toujou avivwa, ap foure men nan kòb leta, ap pran kòb leta. Nou te di ke li pa posib, fòk Duclos mare e fòk yo revoke l.» Konsa yo te mande arestasyon, jijman e revokasyon Duclos Bénissoit. Duclos bò kote pa l fè konnen ke li serye e fòk moun pa voye monte, fòk yo gen prèv.
 
 

Sèvolan mete katye popilè tèt anba

Nan peryòd fèt Pak la, kote zafè kap la pran tout katye popilè yo, anpil deblozay pete a chak fwa nan katye sa yo ant jenn yo. Chak kap yo koupe fil li, chak kap ki koke, se gwo tèt chaje. Souvan lè 2 kap ap fè koule, sa sèvolan li ale a toujou estomake. Se gwo batay ki toujou eklate ant moun ki jwenn li an ak sa ki pèdi l la. Lè batay sa yo, lapli kout wòch, kout boutèy, kout blòk konn tire ant 2 gwoup. Ata zam konn rale. Gen anpil kote nan kapital la, moun gentan viktim nan zafè monte kap la. Akote ti moun ki tonbe sou do kay nan rale bak, kot ponyèt, tèt, pye yo konn kase, divès timoun kou granmoun viktim nan zafè kout wòch, boutèy, blòk ak kout revolvè.

Depi gen diskisyon pou kap, deblozay pete, zam rale, gen viktim. Sa rive nan plizyè zòn kote omwens 2 moun pran bal. Kou gen yon deblozay nan zòn sa yo, premye lide ki pase nan tèt jenn yo se batay ant yo. Sa ki dwòl, chak gwoup jenn k ap monte kap sou do kay gen yon pil wòch, boutèy, blòk yo bò kote yo, lè se pa kèk nan yo ki ame ak kouto oubyen zam afe. Gè sa yo konn dire sòti 30 minit pou rive nenpòt 2 a 3zèd tan, san pèsonn pa fouti entèvni pou mete lapè. Okontrè tout moun konn blije al kache pou yo pa viktim. E sa k pi grav, lapolis pa janm entèvni pou mete yon ola!
 

Minis lan la pou 50 tan!

Apre minis Lenteryè a, Henry-Claude Ménard te fin deklare nan Jeremi lendi 9 avril la, ke «politik Lavalas ap mennen an pa gen pwoblèm, kit se 10, kit se 30 oubyen 50 tan», senatè Lwès Fanmi Lavalas la, Yvon Neptune te apiye deklarasyon minis lan e li te di: «Depi 1804 lè nou dekrete peyi a endepandan e nou menm nou chwazi nou rele Ayisyen. Fanmi Lavalas se yon òganizasyon politik ki pran angajman l, pou li travay ak pèp ayisyen an depi gen yon politik ki ap devlope kòtakòt, men nan men ak pèp ayisyen an, e pèp ayisyen an li dakò avè l, savledi se politik pèp ayisyen an. Si pèp ayisyen an deside pou yon politik kenbe anndan peyi a pandan 10, pandan 30 tan, pandan 50 tan, sa a se chwa pèp ayisyen an.» Poutan, chirepit ant palmantè Sidès yo se akòz manifestasyon kont liy ak oryantasyon Fanmi Lavalas pran an, ke manm pati sa a te fè nan Jakmèl, pou te denonse dirijan pati a.
 

Pa t gen kowòm nan palman an

Seyans ki te prevwa nan palman an, mèkredi 11 avril la te ranvoye akòz kowòm ki pa t genyen. Palmantè yo te sipoze gen pou «ratifye nominasyon» direktè jeneral lapolis nasyonal la, Neslie Lucien ki deja an pòs. Gen 2 rezon selon prezidan lachanm lan, Yvon Neptune ki fè seyans lan pa t rive fèt: premye a se paske «nou resevwa yon korespondans pa bò kote komisyon jistis la, ki te gen pou li te resevwa direktè jeneral la, e ki mande nou pou repòte rankont ki te gen pou te fèt jodi a yon dat ki pa fikse». Dezyèm rezon an se akoz yo di direktè a «panko depoze okenn dokiman...», prezidan sena a te ajoute. Men sa pa eksplike pou kisa pat gen kowòm jou sa a!

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm