Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl
Yon entèvansyon demezire
Nan zòn Dèlma 4 la, jou 4 avril la, lapolis ta touye ak plizyè bal yon jenn gason ki t ap eseye met me sou yon jenn elèv lekòl. Endividi sa a ta sanble li te fou. Yon temwen te rankonte: «Mwen menm se pandan m ap soti anba m ap monte, mwen blè blan an ap soti anwo toutouni, jan manman l te fè l la, menm kote a, gen yon ti elèv lekòl fi k ap pase, menm kote a li bap, li kenbe tifi a la anba gòje. Konsa kounye a machin lapolis la ap soti anwo a, li wè jan l kenbe ti pitit la, l ap toufe l, kounye a lage yo di l lage tifi a, li pa vle, kounye a nèg ki an sivil la li bla w! li tire misye a...» Men, pouki yo pa eseye metrize l fisikman, an pwofesyonnèl, pou te fòse l lage elèv lekòl la? Polisye sa yo tire two vit tou.
Zenglendo fin pran mache yo
Plizyè komèsan ak machann nan divès mache piblik, tankou mache Salomon, Kwabosal, mache Peyan, macheIpolit, mache Tèt Bèf ak blòk ri di Pèp, ri dè Mirak, ap plenyen anba zak zenglendo. Se kom si, selon yo, se yon kontra yo te genyen ak zenglendo yo, pou yo vin dechèpiye yo chak maten, chak aprè midi. Anpil moun di machin polisye yo konn pa twò lwen, men yo pa entèvni.
Zenglendo fin pran peyi a
Dènye bilan lopital jeneral (HUEH) jiska 5 avril la, bay 4 moun mouri, 18 lòt blese, ak bal. Tout sa se aksyon zenglendo ap fè sou moun nan divès kote. Anpil nan moun sa yo ta viktim sou wout nèf la (Site Solèy) sitou nan zòn Kafou Milyon an. Youn nan viktim yo di: «Yon machin trafik ke mwen te ye nan yon gwo bis, kounye a la a gen yon kafou ke yo rele kafou Milyon, sou wout nèf la, se nan kafou sa a vòlè yo toujou kache pou yo fouye pasaje yo. Machin lan rive nan kafou sa a, 8 kokorat, chak gen 2 zam nan men yo, gwo zam, yo fè machin lan kanpe, yo di y ap fouye nou, youn tire yon bal anndan machin lan, bal la menm vin pran nou...»
Fondasyon 30 septanm kont retou lame a
«Fondasyon 30 septanm koumanse depi 14 mas ki sot pase la a, yon seri aktivite mobilizasyon atravè tout peyi a, pou kapab kwape ansyen militè yo, savledi anpeche retou ansyen militè yo...», te di Lovinsky Pierre Antoine ki se kòdonatè Fondasyon an.
Bazin nan tèt jwèt li
Minis Planifikasyon gouvènman Aristide/Chérestal la, Marc Bazin, anonse divès negosiyasyon li deja koumanse ak Fon monetè entènasyonal (FMI), nan bi pou redrese sistèm ekonomik Ayiti a. Yon seri chita pale selon Bazin ki pral antrene «refòm» nan administrasyon piblik yo, nan tarif yo, nan estrikti leta a, elatriye. Kidonk privatizasyon antrepriz leta yo, plan neyoliberal la, ap kontinye aplike pou lapibèl sou gouvènman Lavalas la. E fwa sa a, se ak «mistè Klin» ki te ak defen Delatou pi gwo demachè politik lanmò FMI/Bank mondyal la ann Ayiti.
Nò: Nouvo direktè depatman lapolis
Ansyen direktè depatmantal Paul Antoine Sauvignon jwenn transfè li pou l ale nan direksyon jeneral PNH. Se komisè Jean Gaël Ménélas ki vin nouvo direktè depatmantal Nò.
Sidès: chanjman direktè depatmantal PNH la
Se ofisye polis Jean Nesly Elie ki vin direktè depatmantal lapolis nasyonal (PNH). Li ranplase nan pòs sa a, Nesly Phell.
Miragwàn: DGI a boule
Soti lendi 2 pou rive madi 3 avril la, malfektè mete dife nan biwo DGI Miragwàn nan ak tout sa li te gen ladann, kòm dosye, achiv, materyèl, elatriye. Biwo sa a plase a kèk mèt komisarya polis Miragwàn nan. Lapolis di ke li pral fè tout sa l kapab pou mete men sou kriminèl yo.
Yon lòt bò, nan jounen lendi 2 avril la, te gen anpil twoub nan Miragwàn, kote yon gwoup moun ki t ap pwoteste te fèmen divès pòt plizyè enstitisyon leta tankou Ladwann ak APN e yo te fè dega ladan yo.
Miragwàn: Senatè yo te al konstate...
Apre biwo DGi Miragwàn nan te fin boule a, yon delegasyon ki te gen 7 senatè: Gérald Gilles, Lans Clonès, Evallière Beauplan, Norma Fortin Jean-Claude, Prince Sonson Pierre, Martineau Guerrier ak Jean Claude Délicé, te rann yo sou lèlye, pou te konstate dega e rekeyi «enfòmasyon». Senatè Gérald Gilles te di: «N ap konbat vyolans kèlkeswa kote vyolans la soti, e kòm se pou lapè n ap batay jounen jodi a... n ap sèlman di nou kondane l e nou panse lajistis pral ranpli wòl li nòmalman apre bagay ki pase la a pou mete kòd nan kou moun ki fè dezòd sa a.»
Bò kote pa l, majistra Miragwàn lan, Serge Delma Gaspard, rekonnèt gen yon tansyon nan vil la depi 29 mas 2001 ant patizan Fanmi Lavalas ak patizan Konvèjans lan. E li di sa ta pral lakòz yon leve kanpe patizan Lafanmi yo, pou yo bat chalbari dèyè manm Konvèjans ki anndan biwo leta yo, se sitiyasyon sa a, toujou dapre majistra a, ki abouti ak koze DGI a. Depite Fanmi Lavalas pou Miragwàn/Nip lan, Jean Noël Nicolas, lonje dwèt sou manm Konvèjans la, ki ta lotè dife sa a nan biwo DGI Miragwàn lan.