Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout KreyòlPetisyon Radyo Pipirite pou mande jistis
Yon petisyon ki siyen pa 160 moun ak Radio Pipirit (Anse D'Hainault) «rele anmwe byen fò kont asasen ki touye Jean Dominique ak Jean Claude Louissaint yo nan jou 3 avril 2000 la». Nan petisyon sa a, yo mande «otorite konsène yo, pou yo fè prèv ke yo gen bon jan volonte pou jwenn asasen yo» e yo tou fè byen konprann ke responsabilite maspinay direktè Radyo Pipirit e korespondan radyo Ayiti Entè a, Pierre Marcelin Lamarre, se lefèt poko gen jistis pou Jean Dominique, ki te ka trase yon ekzanp pou bannn polisye makout yo.
Anlèvman yon ti moun
Ant samdi 31 mas e dimanch 1e avril, 2 ka anlèvman te konstate e youn te rive nan asasina viktim lan. Premye anlèvman an, selon temwen, se te yon jennonm ki ta sanble manm òganizasyon popilè, ki pote non Germain, ke yon pikòp koulè wouj ta vin touye sou wout Sat la, samdi nan aswè ak plizyè katouch. E bandi yo te sanble fè tantativ pou boule kò a ak gazolin apre yo te fin touye l. Kò a te abandone sou wout la, e se jis nan dimanch a 4 trè apre midi, paran yo te fè demach pou anbilans lopital jeneral (HUEH) te vin leve kò a, ki te gentan ap dekonpoze.
Lòt ka anlèvman an, se nan dimanch 1e avril la, nan ri Pave toupre Mikwosiwon ke yon dam ki te ak yon ti pitit te wè plizyè moun desann yon bèl machin, kote yo te pran ti pitit la nan men li, foure l nan machin lan e ale ak li. Madanm sa a ki te ak gwo rèl dlo nan je pa t fouti bay plis eksplikasyon. Moun nan zòn lan ta fè konnen ke madanm sa a ki pèdi pitit la, se ti komès li konn ap fè nan zòn ang Ri Montalè ak ri Pave.
Pwogram KEP makouto/boujwa a
Prezidan konsèy elektoral pwovizwa (KEP) la Alix Lamarque anonse fòmasyon 7 komisyon ak refòmasyon BED, BEK e BKED yo. «Nou gen kòm premye komisyon, komisyon pou n bay moun djòb la ki gen nan tèt li prezidan KEP la e ki gen 5 manm. Nou gen komisyon zafè jiridik la ki gen kòm prezidan doktè Volvick Rémy Joseph e li gen 5 manm tou, komisyon administrativ la gen doktè Marie Yves nan tèt li...» te fè konnen Lamarque, ki te di l ap kontinye mete estrikti nan KEP la.
«Aba enpinite, aba ensekirite»
Selon youn nan responsab radyo Ayiti Entè yo, Pierre Emmanuel, prèske 3 mil moun te reyini sou yon teren foutbòl nan Tomasen, dimanch premye avril pou yon spektak, e yo tap kriye: «Aba enpinite, aba ensekirite». Kèk atis kouwè Syto Cavé, Barbara Guillaume, Eperè Abnor nan sosyete Grandra, atis sosyete Djakata, te patisipe nan mande jistis pou PDG Ayiti Entè a. Tout aktivite sa yo fèt nan lokazyon 1e anivèsè lanmò Jean Dominique la ki te tonbe madi 3 avril la, e ki te make pa divès aktivite.
2zyèm kongrè PLB
Sòti 31 mas pou bout 1e avril 2001 an, Pati louvri baryè (PLB) te fè dezyèm kongrè nasyonal li nan otèl Kristofè. Nan louvèti kongrè a, chèf pati a ansyen senatè Renaud Bernardin te pran yon minit rekèyman nan memwa Jean Dominique. Bernardin te deklare: «Nou menm nan PLB, nou revandike idantite nou kòm manm gran mouvman Lavalas la. Nou se Lavalas, men nou diferan lòt branch mouvman sa a...» Konsa chèf PLB a te fini pou di gen 3 dat ki make mouvman Lavalas la: 7 fevriye 86, 16 desanm 90, e 15 oktòb 1994.
Sa Einaudi te vini regle?
Evèk Jakmèl la Monseyè Guy Poulard di rezolisyon te di: «Mwen kwè solisyon kriz nan peyi Dayiti a pa depann dabò de mesye Einaudi e de mèm de l'OEA, se vre ke kominote entènasyonal la trè konsène de pwoblèm peyi a, mesye Einaudi pa montre lespri pasyalite li, li pa bay bagay enpòtans li ta dwe genyen.» Pi lwen Monseyè Poulard ki pa janm sispann defann opozisyon an nan depatman Sidès la di: «Chak fwa Einaudi antre nan peyi a pou ta pèmèt yo jwenn yon solisyon nan kriz la se toujou ak echèk li soti.»
Aksidan sou wout Meyè
Nan zòn Meyè yon ti lokalite bò vil Jakmèl, jounen lendi ki te 2 avril 2001 an Gérome Jean Erick, yon jèn gason 23 zan pèdi lavi l aprè yon machin te frape l pandan li te sou yon bisiklèt. Li te sou wout pou li te vini lekòl. Pou kèk temwen aksidan sa a rive fèt paske chofè a ki pote non Fritz Fero te genyen yon fi sou kote li, li t ap bay blag, li pat ka kontwole ki kote ke li te prale. Viktim nan te abite nan zòn Lamandou, li te lekòl nan kolèj Sen Lwi nan vil Jakmèl, li t ap fè reto. Aprè aksidan an moun nan lokalite Meyè te vle boule machin nan ak tout chofè a. Se gras ak konkou la polis ki fè pat genyen 2 kadav.
Benè: Lekòl Flanbo Diven menase fèmen pòt li
Lekòl Flanbo Diven, ki sitiye nan 4triyem seksyon kominal Wo Grandou nan komin Benè menase fèmen pòt li akoz mwayen finansman yo pa genyen. Selon direktè lekòl la, Innoncent Pierre Pierre Sully, kominote a te deja fè plizyè demand bò kote responsab edikasyon nasyonal yo yon fason pou te ka genyen yon kontinite nan lekòl sila a k ap desèvi plizyè santèn timoun. Selon direktè Innocent lekòl la, se FAES ki te konstri li nan lane 1996 pou rive 1998. Lekòl Flanbo Diven genyen 6 sal klas, 6 pwofesè ak plizyè lòt bagay ladan l. Direktè a di ke akoz mwayen paran timoun yo pa genyen pou peye pwofesè, sa fè, jounen jodi a lekòl la ap konfwonte gwo pwoblèm, e direktè Innocent lanse apèl bay ministè edikasyon nasyonal pou pote apwi l a lekòl la ki se yon gwo nesesite pou seksyon an.
Asasina nan Gran Gosye
Nan Kare, yon lokalite komin Gran Gosye, popilasyon an lapide jounen jedi ki te 29 mas 2001 an yon madanm ki pote Gerselu Philippe sou pretèks li se lougarou. Sa ki pi grav yo antere granmoun nan san ke jij de pè zòn nan pa rive fè okenn konsta legal. Pou kounyè a, kote yo grate tè pou antere mò a, moun nan zòn nan pa ka rale yon souf ak odè ki ap degaje. Sou dosye sa a jij de pè zòn nan mèt Presaj te ale sou lè lye kote ke li rive fè 4 arestasyon.