Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout KreyòlLatibonit: OP yo mande arete Gourgue
Jedi 22 mas la plis ke mil moun te pran lari nan Gonayiv pou mande arestasyon plizyè dirijan Konvèjans lan, e an patikilye mèt Gérard Gourgue. Depi nan maten byen bonè jedi sa a, kawoutchou t ap boule nan divès katye. Lavil la te kòm prèske pa gen okenn aktivite. «Minis Enteryè, Ladefans lan, nou mande pou yo mete laksyon piblik an mouvman, pou yo arete Gérard Gourgue, Gérard Pierre-Charles, Hubert de Ronceray, K-Plim, Ernst Colon ak tout akolit yo. Si nou pa jwenn (rezilta) revandikasyon sa yo, nou pap janm kanpe», t ap di yon manifestan. Foul la te vle al pase devan kay Mesadieu ki se youn nan lidè Mokrena/Konvèjans la, men lapolis te anpeche sa fèt. Menm sitiyasyon mobilizasyon sa a an te prezante tou nan Lestè.
Sena a mande arestasyon Gourgue
Jou 22 mas 2001 an nan lapre midi, senatè 47e lejislati yo vote yon rezolisyon, kote yo mande minis Lajistis la ak minis Enteryè a, pou yo arete «prezidan» fantoch Konvèjans lan, mèt Gérard Gourgue nan yon delè 24 trè, kidonk le 23 mas. Sou sa, senatè Latibonit la, Jean Claude Delice te di: «Prezidan an pale, mwen kwè apre 24 trè prezidan yon peyi pale, fòk gen reyaksyon ki fèt, nèg yo te dwe nan kòd deja.», te di senatè a ki te konsidere zak Konvèjans lan kòm yon zak anti konstitisyonnèl.
Aristide envite nan somè Amerik la
Sòti 20 pou rive 22 avril k ap pwente a, prezidan Aristide ap gen pou patisipe nan somè Amerik yo k ap fèt nan vil Québec, nan Kanada, dapre minis Afè etranjè a, Philippe Antonio Joseph, ki te di: «Prezidan Aristide envite tankou tout lòt chèf leta yo, li envite pou pran lapawòl tankout tout lòt chèf leta yo, donk, nòmalman nou pral fè pati delegasyon an.» Minis lan ki te fè konnen delegasyon an ap gen divès sektè nan sosyete a ki «prale, k ap enspire yo de pwogram Fanmi Lavalas la "Investir dans l'humain".»
ACP/CEE mande UE reprann dyalòg ak Ayiti
Palmantè peyi ACP/CEE yo vote e mande Inyon eropeyèn (EU) pou l reprann dyalòg ak dirijan ayisyen yo nan seyans jedi 22 mas pase a ki t ap fèt nan peyi Gabon an Afrik. Palmantè sa yo mande UE la pou li fè yon ti kanpe sou sanksyon li te pran kont Ayiti, apre eleksyon 21 me ak 26 novanm yo, kote li te di li bloke 44,4 milyon ewo ke l ta pral bay Ayiti kòm «èd».