Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl
Lèt tou louvri pou Minis Kilti
ak Kominikasyon an Mouche
Guy PaulNan dat 5 mas 2001
KODINASYON OGANIZASYON KILTIREL AK ATIS POPILE
(KOKAP)
Mouche Minis,
KOKAP pran plezi salye w patriyotikman e pwofite okazyon lèt tou louvri sa pou mande w yon ti tan pou tande ak reflechi sou kalite pwoblèm kilti lakay e òganizasyon kiltirèl, atis ak atizan yo ap andire.Apre anpil lit òganizasyon kiltirèl, atis ak atizan yo mennen andedan peyi a tankou lòtbòdlo responsab yo andedan Leta mete kanpe ministè Lakilti yon fason daprè sa k te di pou ranfòse enstitisyon kiltirèl nou yo e pèmèt atis, atizan ak òganizasyon kiltirèl yo jwenn bonjan ankadreman pou kilti a vanse.
Soti nan lane 86 rive jouk jouk jounen jodi a gouvènman monte desann nan peyi a, gwo deklarasyon fèt pasi pala men konsta ki fèt mouche minis Guy Paul montre aklè òganizasyon kiltirèl, atis ak atizan yo nan 4 kwen peyi pa janm gen lavwa ochapit. Yon senp kout je mouche minis sou eta enstitisyon kiltirèl nou yo fè wè ki kalite dirijan iresponsab, enkonpetan k ap mennen bak zafè kilti peyi a:
1) Kòmanse pa Ministè Kilti ou pral dirije a kèlkeswa gwoup kiltirèl, atis ak atizan ki nan peyi a nan kèlkeswa kouch sosyal li ye a pa retwouve yo nan bwat sa, kesyon yo toujou ap poze tèt yo se ki wòl Ministè sa e gen menm ki rive mande ki rezon dèt li.
2) N ap pran Enarts (Ecole Nationale des Arts) ki la pou bay bonjan fòmasyon akademik a jèn talan nou yo nan domèn mizik, teyat, penti, skilti elatriye ki jounen jodia pa vrèman fonksyonèl kote etidyan yo paka jwenn kou, pa gen materyèl, pwofesè ki vini yo paka touche, lekòl la san pwogram, curriculum li ap degrade de jou an jou, pa gen disiplin elatriye.
3) Teyat nasyonal li menm egziste nan non sèlman pa gen anyen k ap fèt ladan.
Mouche Minis Guy Paul si nou pran 3 ti egzanp sa yo sèlman sa pa vle di lòt yo ap byen mache pase sa, nan yon peyi kote òganizasyon kiltirèl, atis ak atizan yo pa gen posibilite pou jwenn bonjan fòmasyon ak mwayen pou yo fè tande, pibliye ak fè wè sa yo rive kreye li nesesè e ijan Mouche Minis pou bonjan mezi kòrèk pran pou chanje sitiyasyon sa ki pa bon ni pou òganizasyon kiltirèl, atis ak atizan nou yo ni pou peyi a an jeneral.
Konsa Kòdinasyon òganizsyon kiltirèl ak atis popilè (KOKAP) mande w mouche Minis Guy Paul pou ansanm ak lòt responsab yo andedan Leta pou:
a) Mete nouvo dirijan konpetan nan tèt enstitisyon kiltirèl nou yo.
b) Mete bonjan estrikti ki pou pèmèt òganizasyon kiltirèl, atis ak atizan yo patisipe komsadwa nan zafè kilti peyi a.
c) Travay pou bonjan relasyon kiltirèl tabli ak lòt pèp yo sitou pèp Karayib ak Amerik latin yo.
Nou menm andedan KOKAP nou espere w ap pran an konsiderasyon sijesyon sa yo mouche Minis pandan n ap mande w pou resevwa salitasyon patriyotik nou nan non tout òganizasyon kiltirèl, atis ak atizan yo ki nan 4 kwen peyi a.
Jean Joseph Donald
Pòt pawòl KOKAP*~
![]()