Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout KreyòlNOUVÈLJAKMÈL
Oganizasyon Gwoup 22, OG22 fete 6zyèm anivèse li
Oganizasyon OG22, yon òganizasyon pwòch Lavalas ki pran nesans nan vil Jakmèl jou 10 mas 1995, fete 6zyèm anivèsè li. Nan okazyon an nan aswè vandredi 9 mas la, yo te fè chante yon mès aksyon de gras nan katedral Sen Jak ak Sen Filip nan vil Jakmèl. Se jounen samdi ki te 10 mas, jou anivèsè OG22, te gen yon gran rasanbleman ki te reyini plizyè milye moun ki te sòti nan kèlke nan depatman Sidès la, nan lakou Samba Night Club pou te brase lide sou avni òganizasyon an. Responsab OG22 yo te fè yon bilan pozitif sou 6 lane egzistans yo. Nan kèk pankat ki te ekspoze sou lakou a ki te pote siyati OG22 te gen slogan sa yo: «OG22 di aba la mizè aba ensekirite», «san jistis ak sekirite pa ka gen lapè tout bon vre». Nou te remake prezans plizyè eli depatman nan rasanbleman sa a; pami moun ki te pran la pawòl yo, te genyen depite Lavale a Edner Valentin, depite Benè a Duranvil Saint Gladys ki mande pou òganizasyon popilè yo ki se Flanbo rezistans mouvman Lavalas pou yo toujou rete mobilize e òganize yo pi byen. Aprè rasanbleman an, nan yon pwen de près, responsab OG22 yo te bay nan otèl Florida ki nan Jakmèl, Linè Jean Marie manm fondatè Og22 ki t ap reponn kesyon jounalis pwopoze gouvènman douvèti an ki gen makout ki entegre ladan l, pou moun sa yo ki entegre ak KEP a kòm makout pa ta gen akizasyon ki peze sou do yo, se sa Linè Jean Marie fè konnen. Antouka fòk OG22 konnen trè byen ke akizasyon ki poze sou do makout yo pap janm fini paske pa genyen yon grenn makout nan peyi a ki jije. Eske ka gen rekonsilyasyon san jistis? Poukisa pèp la te goumen, se pa pou te kaba ak koze makout sa a? Eske se bourik travay pou chwal galonnen?
Premye anivèsè Kako
Yon lòt òganizasyon popilè ki pote non KAKO (Kowalisyon ayisyen konsekan òganize) fete jounen dimanch 11 mas 2001 an premye rekolt kafe li. Dirijan Kako yo, aprè yo te fini fè yon pale sou istorik Kako, te pale de vizyon ak objektif yo. Responsab yo te pwofite pou denonse gouvènman douvèti Lavalas lan. Selon Wilner Laurent, pòt pawòl Kako, se pa nan retire trip mete pay pwoblèm pèp la pral rive rezoud tout bon vre. Pèp la fè twòp sakrifis jounen jodi a pou yon bann konpwomi ap fè fèt dèyè pòt. Fòk dirijan Lavalas yo kòmanse ranmase karaktè yo selon Falèz François yon manm fondatè òganizasyon an. Kako di: Kako se pa yon òganizasyon popilè ki fonn andedan pati Fanmi Lavalas; se pito yon gwoup presyon ki la pou rele lè revandikasyon pèp la pa ka pase. Kako fè konnen ke l ap sipòte tout pati politik konsekan ki ap batay andedan peyi a pou yon demen miyò e ki wè enterè peyi a avan tout bagay.
Afè deplasman mache benè a
Depi anviwon yon mwa, genyen yon tòchon ki ap boule ant majistra komin Benè a Jean Marquel Frederick ak delege depatmantal Sidès la Ronald Pierre sou dosye deplasman mache komin Benè a. Majistra a pran desizyon leve mache a sou plas piblik la pou mete li nan zòn Kan Panyòl; delege Sidès la limenm te vle pou mache a rete nan yon premye tan. Te genyen yon rankont ki te fèt ant delege komisè gouvènman Jakmèl la, la polis ak majistra Jean Marquel Frederick kote ke sanble ke genyen yon akò ki te sòti ki te di pou mache a rete sou plas piblik la jiska 7 mas 2001 an. Sanble majistra a ta fini dakò. Ebyen se konsa jou ki te madi 5 mas 2001 delege Sidès la Ronald Pierre te fè sòti yon kominike ki di pou mache a pa fè yon pa kita yon pa nago, kidonk pou li toujou rete sou plas piblik la. Brid sou kou yon gwo manifestasyon te tanmen menm madi maten 5 mas lan kont desizyon delege Ronald Pierre sou dosye sila. Dezyèm senatè Sidès la Prince Pierre Sonson te reyaji kote li di li pap aksepte okenn moun vini sal imaj Fanmi Lavalas nan Sidès la.
Konvèjans lan ap fè manèv
Lendi 5 mas pase a gwo tansyon te blayi nan Otorite pòtyè nasyonal vil Okap la apre kèk endividi te prezante devan enstitisyon sa pou mande depa direktè a Rosemond Fabien. Plizyè kout zam te tire. Oganizatè mouvman an te sanble ap kreye konfizyon lè yo ta vle fè kwè se kèk otorite lavalas nan depatman an ki ta kont Rosemond Fabien kise yon manm Fanmi lavalas. Wilner Georges yon manm òganizayon pwòch Fanmi lavalas deklare: ni delege Bel Angelot, ni depite James Desrosin, ni senatè yo pa mele nan dosye sa. Wilner fè konnen li te rankontre ak Elisca Charles pòt pawòl OPL-Konvèjans la ki t ap fè anpil mannèv akote lokal APN nan pandan mouvman lendi sa.
Pèp la pa vle tande afè lame tòsyonè Gourgue la
Majistra komin Ba Lenbe a Pierre Teucheler nan yon deklarasyon nan yon estasyon nan vil Okap fè konnen li konsidere zak Konvèjans la tankou zak moun fou lè Gérard Gourgue pran desizyon pou nome majistra. Sou zafè manifestasyon pou retou lame, majistra Teucheler deklare li pa gen pwoblèm pou lame ta retounen, men li mande ki lame, èske se lame ki konn maspinen pèp la? Dapre majistra a, bagay sa inadmisib paske tout moun nan mas pèp la menm ti bebe te viktim anba men ansyen lame tòsyonè a.
Antèman Fritz Alisma nan Okap
Mèkredi 17 mas la antèman dirijan Sendika Chofè Nò a (STN) Fritz Alisma chante nan vil Okap, e anpil kolèg li ak senpatizan te patisipe nan seremoni sa pou rann yon dènye omaj a militan sa a. Fritz Alisma te pèdi lavi l pandan yon operasyon yon semèn anvan an, e fanmiy li ta lage responsabilite lanmò a sou dirijan seksyon chirijikal yo kite deja fann vant Alisma pandan yo poko te menm fè analiz ni menm reyini tout materyèl pou operasyon an. Daprè pòt pawòl Sendika pèsonèl enfimyè a Claude Hilaire, lanmò sa se youn pami lòt ki montre lese grennnen ki genyen nan Lopital Justinien Okap, pi spesyalman nan sèvis chirijikal la.
Milot: Espesyalis ap analize aki yo
Apre 38 moun te mouri yo lè yo te fin manje fwi yo rele Aki a nan semenn lendi 5 mas la, 17 lòt moun te vin mouri tou nan pou menm rezon an. Majistra Milo a, Moïse Jean-Charles, anonse ke plizyè espesyalis ki ap soti Kiba ak Etazini pral analize aki sa yo pou konnen kouman fè sa alòske popilasyon an abitye itilize yo kòm legim pou manje.