Haïti Progrès
7 o 13  Mas 2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Jiskilè Konvèjans lan ap finn konplote?

Plizyè politisyen nan Konvèjans demokratik la dekrete mwa mas la se mwa mobilizasyon jeneral kont pouvwa Lavalas la. Mesye sa yo toujou apiye yo sou chantay abityèl yo a, pou yo mande popilasyon an pote kole ak yo dèyè «prezidan» popetwèl yo a Gérard Gourgue.

Se konsa sektè makout nan Konvèjans lan atravè Hubert de Ronceray (MPSN), te bay yon konferans pou laprès jedi 1e mas la, kote mouche te di: «Konvèjans demokratik la dekrete mwa mas 2001 an mwa mobilizasyon jeneral. Modòd la se: viv Gérard Gourgue prezidan pwovizwa repiblik Dayiti».

E akolit li Ernst Colon nan MOKRENA/Konvèjans lan te envite: <<tout komèsan, biznismann, endistriyèl, sosyo pwofesyonnèl, chomè, peyizan ak tout sitwayen konsekan, ki pa vle diktati Lavalas tabli nan peyi a, pou yo sipòte Konvèjans demokratik la ak mèt Gérard Gourgue prezidan pwovizwa, nan tout aksyon ke nou genyen pou nou mennen nan jou k ap vini yo.» E Sauveur Pierre Etienne tou nan OPL-Konvèjans, limenm li te deklare: «Nou lanse yon ofansiv diplomatik Santo Domingo, Washington, Mexico, Paris, Bruxelles. Enben la a, nou wè li, Aristide chire sou plan diplomatik; se sa ki fè ke ou wè li fè yon operasyon chòv sourit, seyans pirat nan palman tèt chat ke nou konnen pou li di ke li chwazi misye Jean Marie Chérestal, ki se kouzen l, nèg Pòsali menm jan ak li, enben nou di l trè klèman, bagay sa a bwè lwil. E nan jou ki ap vini la yo, nou pral santi chanjman ki pral fèt sou plan diplomatik. Aristid se yon jiskoboutis menm jan ak Cedras ak Michel François. Enben nou kwense l nan yon dyagonal menm jan ak brigan sa yo.»

Etienne pa bezwen kritike moun li wè dapre li ki sanble ak Cedras e Michel François, pwiske nan kad konplo li ak Konvèjans lan ap marinen, li mare sosis li ak tout reyaksyonnè, tout makout, tout opòtinis. Kouman yon moun ta fè konprann OPL ki di l ap akonpaye «pèp k ap lite» pou demokrasi ta fè alyans ak makout pouchis patante kouwè Hubert de Ronceray, Reynold Georges, Serge Gilles, elatriye? Pretansyon makawon yo a parèt two aklè!

Pou fini, si de Ronceray, Etienne ak Ernst Colon kòm gwo kolon nèg te ap chache maske pretansyon yo ki se chache aval «kominote entènasyonal» la, pou yo ranplase Lavalas e vin aplike plan lanmò neyoliberal la pi byen, Micha Gaillard li menm nan Konakom/Espas/Konvèjans te kritike pozisyon li wè Lavalas la genyen ak kolon blan yo: «Mobilizasyon jounen jodi a nou ap fè l, paske nou konstate Lavalas la kwè nan blan. Yo senpman ap mete ajenou devan blan. 8 pwen sa yo (nan lèt Aristide te voye bay Clinton lan) patikilyèman 2 dènye yo, se yon seri pwen ki pa nan avantay konpratriyòt lavalasyen yo, e akote prezidan Gourgue, nou pral mobilize katye pa katye vil pa vil pou n pwopoze altènativ sa a kont sa lavalas jounen jodi a enpoze peyi a.» Konsa Micha te fè kòmsi l bliye si blan sa yo ke l ap pale a se patwon Konvèjans lan yo ye e ke Konvèjans lan nan tout plan konplotay pou destabilize peyi a.
 

Bazin ap bay eksplikasyon li

Ansyen Premye minis sou rejim defakto poutchis 91 yo, lidè MIDH lan Marc Louis Bazin, twouve li minis Planifikasyon pouvwa Aristide/Chérestal la. Yon prezans ki gen anpil siyifikasyon. Bazin ki te nan seremoni envestiti kabinè ministeryèl la nan palè nasyonal, vandredi 2 mas la, te eksplike prezans li nan gouvènman Lavalas la e Li te di: «Se ke peyi a ap vanse, gen yon kriz ki sòti nan iregilarite eleksyon 21 me a yo, nou panse sa ka pote yon solisyon espesyal a pwoblèm espesyal sa a. Nou pa t janm nan lojik ki te vle fè pran iregilarite eleksyon 21 me yo pou laverite... Pou nou, plis Aristide e gouvènman Lavalas la di nou vle negosye, nou vle yon akò sou eleksyon 21 me yo e ke yo angaje yo non sèlman devan prezidan Clinton e prezidan Bush, nou di ann atandan tout sa klarifye, nou panse se yon sèvis nou rann peyi a pou n ede l vanse, lè n patisipe nan yon gouvènman... Mwen fèm sou sa ta gen plis chans pou regle zafè 21 me a si lopozisyon an te patisipe nan gouvènman sa a. Mwen kwè silans izole ou e dyalòg rapwoche ou... Yon destabilizasyon pouvwa Lavalas la ta ka agrave sitiyasyon jeneral Ayisyen yo selon nou.» Men, tou sa, èske se vre rezon ki fè Bazin santi l alèz la a? Antouka, Bazin te vin klarifye kesyon an lè l te kontinye pou di: «Gen 5 ane deja m t ap di nou pral vini pi pòv, nou vin pi pòv. Donk jodi a, m ap di; an nou pa fè ajisteman striktirèl la ak yon pye andedan, yon pye deyò, yon jou oui, yon jou non. Paske rezilta final la se sakrifis san benefis.» Alòs, Bazin ap di: pa gen demi mezi! Yon kout dlo cho, yon kout dlo frèt. Se aplike plan neyoliberal la klèman.
 

Dominikani: Menas lanmò kont pè Rucquoy

Pè Pedro Rucquoy ki toujou ap denonse move sitiyasyon Ayisyen yo an Dominikani, di l ap sibi gwo menas lanmò. Misye ki se youn nan moun k ap pote byen wo nan komisyon entè ameriken dwa moun nan, sitiyasyon Ayisyen yo di ke li resevwa menas piblik nan lèt ki pa pote siyati pyès moun. Pè a t ap eksplike: «Jodi a nan maten, m te resevwa yon lèt yon moun te ekri depi Sen Domeng, depi kapital Dominikani kote li di mwen se yon ensipòtab, mwen se yon lennmi pèp dominiken, mwen se yon trèt... Yo pale kont Ayiti tou, yo di nou menm Dominiken, nou te toujou bon ak Ayisyen yo, men yo te anvayi nou, yo maltrete nou e yo kontinye anvayi n kounye a pasifikman. Lè fini yo di mwen vle di ou anpil Dominiken meprize w paske w se yon trèt.»

Mouche te site non kèk gran pwopriyete izin ak politisyen tankou Julio Racine e Despradel ki konn fè l menas sou chèn televizyon. Pè a te tou enfòme ke: «Isit nan zòn Barahona, yo pral koumanse zafra semenn pwochèn... jisteman yo bezwen anpil anpil brasewòs, yo bezwen 4 mil brasewòs, se sa administratè izin sik la te di n. Donk, se pou sa m kwè kounye a rapatriman an kanpe, paske yo bezwen moun; yo te voye buscan (demachè) ann Ayiti pou jwenn moun pou koupe kann. E jodi a, nou anonse zafra a pral koumanse jou 5 avril pwochen an».
 

Anivèsè asasina senatè Yvon Tousaint

Se jedi premye mas 2001 an ki te fè 3 lane depi senatè Yvon Toussaint te mouri anba bal, nan lakou lakay li, Dèlma 31. Nan lokazyon sa a, Paul Denis ki se dirijan OPL/Espas/Konvèjans lan te di: «lankèt la li pa avanse...», malgre lapolis te toujou ap chache yon sispèk yo rele Wilson Zéphir.

N ap raple ke senatè Yvon Toussaint te fèt Mibalè 22 fevriye 1952. Li te yon medsen ki t ap ekzèse pwofesyon li, anvan li te vin senatè Plato Santral sou bannyè Platfòm Lavalas an 1995. Li te vin prezidan komisyon afè sosyal nan palman an. E li te mouri asasinen anba bal, 1e mas 1998.
 

Edikasyon: sa k ap pase nan vil pwovens?

Konfederasyon nasyonal anseyan ayisyen (CNEH) denonse represyon elèv ak anseyan ap sibi nan divès vil pwovens kou Ansdeno, Jeremi, Mibalè. Jean Lavaud Frédérick ki se yon dirijan CNEH te rapòte: «Yo sèvi ak Daniel Compère, yon polisye ki swadizan pwofesè nan Lise Jeremi, e se nan lise Nò Aleksi nan Jeremi polisye sa a, Daniel Compère sa a ki kale elèv la ki fè elèv la bat pwofesè a ak men l. E se pou rezon sa a jounen jodi a, nou di pwofesè sa yo depi an novanm, yo kite madanm yo, yo kite pitit yo, yo nan mawon... Jounen jodi a, ti moun Ansdeno pa ka jwenn pen lenstriksyon an. E sa ki dwòl lan ministè edikasyon nasyonal pa di anyen, pandan elèv yo pa al lekòl, pandan pwofesè yo nan mawon. Yo pran kou, kay yo kraze, ministè a pa di anyen e leta pa fè okenn entèvansyon».

Nan menm sans lan, Jean Michelet Foucault, ki se yon elèv segond lan lise Bernard Pierre-Louis, di li te pase 14 jou nan prizon Jeremi: <<Mwen fè 14 jou prizon, mwen tounen nan pakè, yo pa janm di mwen anyen... mwen ale, yo pa di mwen pou kisa yo arete mwen, yo bat mwen, yo pa di mwen pou kisa yo bat mwen. Mwen mande èske pa gen otorite nan peyi. Depi lè a mwen kite zòn nan, mwen pa reprann klas mwen.»

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm