Haïti Progrès
21 o 27 Fevriye 2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Delpé: «Gourgue rekonèt li pa konstitisyonèl»

Sekretè jeneral Pati nasyonal demokratik pwogresis Dayiti (PNDPH) la, Turneb Delpé te bay pozisyon l sou sitiyasyon peyi a ke li wè ki nesesite yon konferans nasyonal. Men sepandant, pawòl ki sot nan bouch Delpé yo, pa ale nan menm sans ak konferans l ap mande a. Dabò li te di: «Nan 2 prezidan sa yo ki genyen an, gen youn ki se Jean-Bertrand Aristide, ki refize admèt laverite, ki ap chache menm jan ak sa ki te la anvan l lan, misye René Préval, itilize sèlman kèk ansyen atik nan konstitisyon 29 mas 87 la, ki koresponn ak enterè Fanmi Lavalas...» Sa l vle di ojis? Answit Delpe te ajoute: «Kèlkelanswa youn nan 2 mwayen pasifik sa yo, kit se konferans nasyonal la, kit se eleksyon jeneral la ke pèp la ta gen pou li reponn, pou li ka rive met fen ak reyalite 2 prezidan sa a, fòk tou dabò, 2 prezidan sa yo aksepte pou yon bout tan jere peyi a ansanm, swa kòm ko-prezidan, swa fòme yon konsèy nasyonal gouvènman, swa fè yon gouvènman linyon nasyonal.» E Delpè te tèlman ap voye monte sans kalkile ke li te fini pa deklare: «Lòt prezidan an ki se mèt Gérard Gourgue rekonnèt li menm li pa yon prezidan konstitisyonnèl, e ke angajman li devan Konvèjans demokratik la, se fè peyi a tounen alòd konstitisyonnèl.»
 

Ansyen anplwaye Lameri Dèlma yo mande touche

Plizyè dizèn ti anplwaye ak responsab Lameri Dèlma yo te revoke, te pran beton an, pou te mande lajan yon ventèn mwa travay yo dwe yo: «Bi sitin sa a maten an la a, se paske nou konnen anndan peyi a, nan lemonn depi moun travay li merite touche. Kòm nou te ekri prezidan Préval, nou te ekri prezidan Aristide, nou te ekri tout moun deja. Prezidan Aristide te di nou pran yon ti pasyans pou li, tann li ann oktòb, jounen jodi a, kòm nou pran pasyans, nou te fè 21 me, nou te fè 26 novanm, nou te fè 7 fevriye, kounye a nou pa kapab ankò, nou vin la a pou n vin di prezidan Aristide, anvan kanaval la, antan lidè istorik pèp la, pou l vin di nou yon mo, paske nou pa kapab ankò», youn nan manifestan yo te deklare devan palè nasyonal. Manifestan sa yo ke Lameri Dèlma ta dwe jiska 26 mwa travay, te akize premye majistra a doktè Guerrier kòm moun ki pa vle yo touche: «Nou pa rekonnèt lòt moun, se Titide nou rekonnèt... Guerrier kòm yon vòlè, li pa janm vle peye nou», te di yon lòt ansyen anplwaye.
 

Lagonav: polisye yo kite Pwentarakèt!

Move kondisyon lavi, mank dlo, mank materyèl travay, blije polisye ki te kantonnen nan komisarya Pwentarakèt la yo, kite pòs la, pou y al rale yon ti souf nan komisarya Ansagalèt a, ki chaje ak pwoblèm pa l tou. Adedlar Joseph, enspektè lapolis Lagonav, fè konnen se 6 ak 8 kilomèt wout pou polisye yo ak moun nan popilasyon an mache, anvan pou yo ta jwenn yon ti gout dlo, e se prete y ap prete machin ak motosiklèt pou yo fè travay lapolis la. Devan sitiyasyon sa a, mesye dam polisye komisarya Pwentarakèt yo te oblije met vwal nan pye yo, pou y al tabli kò yo nan Ansagalèt. Pou kounye a, pa gen yon grenn polisye nan Pwentarakèt.
 

Nodwès: 8 moun pèdi lavi yo

Yo nouvo masak fèt nan komin Ansafolè ki chita nan depatman Nodwès la, kote 8 moun pèdi lavi yo anba kout manchèt ak lòt zam, san konte plizyè dega materyèl. Tribinal de pè a te boule rapyetè, lokal lameri a te sakaje, elatriye. Senatè depatman an Evallière Beauplan te eksplike: «Maten an, nan zòn Ansafolè, moun ap koupe tèt moun, donk gen anviwon 8 moun ki mouri nan koupe tèt. Donk m ta ka mande a kolèg senatè yo, èske yo pa ta ka fè yon delegasyon akonpaye senatè Nòdwès yo, pou nou wè si nou te ka ede n rezoud pwoblèm sa a, paske jiskaprezan nou di depi 21 me gen yon katèl majistra ki eli, li pa kapab antre nan vil la, pou l fonksyone nòmalman. Mesye yo ki se majistra yo ye, yo blije antre nan mawon. Yon lòt katèl ki te pèdi, ki anpeche yo rantre nan vil la. M ta mande soutyenl lòt senatè yo, pou omwens nou te ka rezoud pwoblèm sa a.»
 

Plato Santral: Konfizyon sou disparisyon timoun

Abitan nan Kanje, yon lokalite Plato Santral, akize misyonnè blan yo, kòm moun ki ta ap pwomennen nan yon machin Land Rover blan, e k ap mache ranmase timoun. Divès moun nan zòn lan gen kè yo sou biskèt pou fason sitiyasyon an ap devlope nan depatman an. Abitan yo ta gen tan pèdi divès timoun, e foul yo menase pou ta touye blan misyonnè, ki fè pati kongregasyon enkanasyon, ki travay nan divès domèn nan zòn lan, e ki yo menm gen yon machin Land Rover menm koulè a tou. Direktè kongregasyon an nan depatman an, frè Francklin Armand dematin akizasyon an, e trouve ke leta ta dwe di yon mo nan sa: «Mwen menm mwen panse ke se yon bagay, se leta ki pou regle li, savledi pou ta gen otorite ki ale lòtbò a, ki dyaloge avèk yo. Kounye a si genyen moun ki ap pran pitit moun yo, enben ou konprann moun yo kapab reyaji konsa. Men ta sipoze gen yon swivi ki fèt, yon akonpayman ki fèt pou moun, yo pa wè nenpòt machin k ap pase, epi yo di se machin sa a, nenpòt blan, yo di se blan sa a, donk yo vle fè jistis popilè.»

Misyonnè sa yo travay nan divès domèn kouwè lasante, alfa, devlopman, elatriye. Yo di yo resevwa anpil menas e moun voye anpil kout wòch sou machin yo lè y ap pase. N ap fè remake ke zak anlèvman timoun sa a, pa fèt sèlman nan lokalite Kanje, sa konn rive e nan Mibalè e nan anviwon Tomonn. Men sa otorite yo ap fè anvan sitiyasyon sa a dejenere?

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm