Haïti Progrès
14 o 20 Fevriye 2001
Nan peyi Dayiti


7 fevriye 2001:
yon fè istorik e konstitisyonnèl akonpli

«Mwen jire devan Bondye e devan nasyon an pou m obsève e pou m fè obsève fidèlman konstitisyon an e lwa repiblik la yo; pou m respekte e pou m fè respekte dwa pèp ayisyen an; pou m travay nan grandè peyi a, pou m kenbe dwa granmoun peyi a ak pou l rele n chè mèt, chè mètrès.»

Se ak sèman tradisyonnèl sa a prezidan Jean-Bertrand Aristide, ki gen 47 tan, te resevwa e pase nan kou l echap prezidansyèl la, mèkredi 7 fevriye 2001 an, nan palman ayisyen an, an prezans divès pèsonalite ayisyen kou etranje. Pami moun sa yo ki te asiste pasasyon pouvwa sa a nan palman an, te gen ansyen prezidan Venezuela a Carlos Andres Perez, palmantè ameriken an, Joe Kennedy, sekretè adjwen OEA a Luigi Einaudi, reprezantan Gwatemala, Belize, Dominikani, Jamayik ak Taywann.

Seremoni an ki te kòmanse an prezans plizyè milye moun andedan kou deyò palman a, te fini ak rankont salitasyon prezidan Aristide ak diplomat yo. Jounen pasasyon pouvwa a te al kontinue nan katedral Pòtoprens lan, kote prezidan an akonpaye de madanm li Mildred Trouillot, ak ansyen prezidan René Garcia Préval e madanm li. Nan Tedeyòm lan ki te selebre pa monseyè Hubert Constant, prezidan konferans episkopal, 6 lòt evèk selebran ak yon latriye pè, monseyè a te deklare: «Ou sot pran pouvwa a kòm chèf leta, savledi w gen kapasite pou sèvi pèp ayisyen jisko bou. Nan kad konvansyon bilateral ant Sensyèj la ak leta Ayiti, nou akeyi w isit la maten an... Ekselans, M. prezidan, nou espere manda ou pran maten an, ap penmèt ou pote sekou ak frè e sè w yo, sitou sa ki pi pòv yo, pou yo ka fè fas ak grav e gran defi peyi a ap sibi yo. E pou w ankouraje nasyon an batay ak ou sou gwo dosye k ap tann nou yo»...

Rès seremoni an te al fini nan palè nasyonal ak diskou prezidan Aristide te fè devan plizyè milye patizan l, atis, fanfa, pèsonnalite etranje, dyaspora ayisyen. Nan mesaj ala nasyon, prezidan an mande «opozisyon» an pou gen lapè ant li ak Fanmi Lavalas. Diskou sa a ki te an franse, angle, panyol, kreyòl te mete aksan sou dyalòg, deblokay politik, ekonomik, kòm pwomès pou 5 lane li pral pase nan tèt leta a. Prezidan an te di tou ke l pral fini ak zafè ensekirite a, refòme lajistis e bese kantite chomaj ak analfabetis la. Prezidan Arsitide te pwomèt linite ak garanti libète lapawòl. Chèf leta a te di: «Mwen se prezidan tout ayisyen - m ap toujou prezidan tout ayisyen», e li te pwomèt li pral kreye anviwon 500 mil djòb pou bese chomaj ak lamizè a.

Diskou prezidan an ki te chita sou pwen prensipal, kouwè: enfrastrikti, pwodiksyon nasyonal, ledikasyon, lasante, sekirite e lajistis - vize plis jefò nan zafè devlopman, enèji, touris, atizana, zòn franch, telekominikasyon, etsetera. Men prezidan an di sa pral posib nan tèt kole ant sektè piblik ak sektè prive a, kote li di li pral kontinye ak privatizason antrepriz leta yo. Prezidan Aristide te di li pral konbat koripsyon nan leta a e konbat trafik dwòg nan peyi a. Chèf leta a, nan diskou li a te fini pou pwomèt li pral redwi enflasyon an ak 10% e penmèt yon pwodiksyon 348 megawat kouran anplis.

Seremoni 7 fevriye a te tonbe jou pou jou ak 173zyèm sitin fondasyon 30 sektanm lan, sou plas Mati yo, kote dirijan Fondasyon an te tou pwofite pou te al prezante kaye chaj yo bay nouvo prezidan an. Nan moman rankont lan, Lovinsky Pierre Antoine te mande prezidan Aristide pou l pa pèdi tan ak yon seri masak ki te fèt nan peyi a, kouwè: masak Site Solèy la, masak Basen Kayiman (Obòy), viktim Pòdpè yo, viktim Okap yo, viktim Latibonit yo. Fondasyon an te soulve tou dosye lanmò pè Ti Jean Pierre Louis, pè Jean-Marie Vincent, Jean Dominique.

Peryòd envestiti prezidan Jean Bertrand Aristide, pou yon dezyèm manda alatèt peyi a, te make ak yon ansanm aktivite kiltirèl e netwayaj, pandan tout semenn lan, pou te rive jouk 7 fevriye 2001 an. Nan palè nasyonal divès atis, chantè, mizisyen ann Ayiti kou nan dyaspora a te evolye. Menm jan an tou nan lari a te gen anpil dj, bann apye ki t ap anime moun yo. Konsa tou, nan zòn pwovens kouwè Ench, Okap, plizyè gwoup mizikal te anime pou jounen 7 fevriye 2001 an.

Nan menm mèkredi 7 fevriye a, dirijan Konfèjans yo bò pa yo te fin anraje e yo deside mete yon «prezidan» popetwèl yo a, Gérard Gourgue ke yo konnen kòm bòfrè Pierre-Charles, chèf OPL la. Gourgue la koni tou kòm yon veritab boufon e diskou li te fè nan lokal OPL la, nan Pon Moren, alòske li ap patisipe nan yon vagabondaj, li te twouve li ap di ke dabò li ap mete lòd nan leta ak dwa moun.

Antouka, malgre tout traktasyon Konvèjans lan, yo pa reyisi mete dezòd nan peyi a, e jou 7 vriye sa a Jean-Bertrand Aristide enstale kòm prezidan konstitisyonèl kòm sa dwa. Pou konplete sa, li make yon lòt gwo pa lè li deziye ansyen minis planifikasyon an, Jean-Marie Chérestal, kòm nouvo Premye minis peyi Dayiti, k ap gen pou al prezante li devan palman an.

Pou fini, pasasyon pouvwa a ant Préval ak Aristide se te yon fè istorik e konstitisyonnèl akonpli.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm