Nan peyi DayitiHaïti Progrès
7 o 13 Fevrye 2001
Nouvèl Kout KreyòlAsasina yon chofè bis
Joseph Raymond, ki te gen 37 an, yon chofè konpayi transpò Sèvis Plis, mouri anba bal yon «pasaje» samdi ki te 27 janvye 2001 an, bò 6zè nan aswè nan Delma 48. Se apre ke Raymond te refize pasaje twòp moun lan bis la ki te plen, ke kriminèl la touye li.
Berlanger te ale nan kabinè enstriksyon
Direktè radyo Vizyon 2000 la e ansyen majò jon CNO a, Léopold Berlanger, akonpaye pa avoka l yo, mèt Rigaud Duplan, Guerdi Lissade, Lionel Jean Bart, pou te ale reponn envitasyon jij enstriksyon Claudy Garçant nan kad ankèt sou lanmò Jean Dominique la. Misye Berlanger te di l toujou aladispozisyon lajistis e li te refize mele l ak yon zafè politik.
Senatè Toussaint pa t prezante
Jij Claudy Garçant te envite senatè Dany Toussaint, pou l te rann li nan kabinè enstriksyon an, nan kad lankèt k ap mennen sou asasina Jean Dominique lan. Men, senatè Dany pa t prezante. E senatè a te sitou jwenn apwui lòt senatè nan lachanm lan ki te reyaji pou di nan ka sa a e tou sou pwosedi yo, ke jij la pa t respekte. Senatè kouwè Deras Dieuseul Simon, Hercule Marcelin Casséus te reyaji e senatè Prince Pierre Sonson te fè konprann: «Mwen refere mwen nan konstitisyon an, atik 114 e lòt yo, e nou refere nou ak règleman anndan sena a, atik 25 e lòt yo. Nou pre pou nou travay an kolaborasyon ak lajistis, nan mezi nou respekte pwosedi yo... Nou pa rele senatè lajistis konsa, fòk ou tabli yon seri prèv kote l koupab, fè leve iminite li...»
Simantri a relouvri
Simantri nasyonal la ki te rele Siman Dayiti, relouvri ak 120 anplwaye e 50 tanporè. Seremoni an te fèt an prezans Premye minis lan, Jacques Edouard Alexis ki te akonpaye chèf leta a René Préval ak kèk envestisè etranje. Simantri a ap gen pou pwodwi 350 mil tòn siman chak ane. E leta deja depanse ladan l 24 milyon dola ameriken, malgre li gen sektè prive mele ladann. Moun ap tann rezilta.
Grandans: Sa k ap pase nan Ansdeno?
Plis pase 4 moun ta jwenn arestasyon yo, divès lòt antre nan mawon pandan dènye jou sa yo nan depatman Grandans, komin Ansdeno. Pami moun lapolis arete yo, genyen Pierre Marcelin ki se korespondan radyo Ayiti Entè nan zòn lan e tou li se direktè yon koperativ pèch yo rele Pwojè pèch Ansdeno-DamMari-Lèziwa (PADI). Manm Korega/Eskanp yo denonse yon sitiyasyon malouk yo di ki kontinye ap devlope nan Grandans lan e sitou nan Ansdeno. Manm Korega/Eskanp yo te denonse entèvansyon lapolis, jou 17 janvye a, nan lise nasyonal Ansdeno a, kote kèk pwofesè te jwenn arestasyon yo.
Anseyan Jean Harry denonse sa li rele vyolasyon dwa moun k ap fè nan zòn lan, kote li di: «Jounen jodi a nan Ansdeno, tout moun bwaze, tout moun nan mawon, mwen menm aktyèlman mwen nan mawon e mwen se yon pwofesè nan lise nasyonal Ansdeno a, akonpaye ak anpil lòt pwofesè ki deja nan mawon. Dayè, pandan n ap pale avèk ou la, jan sitiyasyon an ye, lekòl pa fonksyonne, an patikilye lise nasyonal la pa fonksyonne.» Konsa misye Jean Harry te pale pou di prèske tout aktivite nan komin lan kanpe akòz devlopman sitiyasyon an.
Yon lòt dirijan Korega, ki te swete gen yon tèt ansanm ant divès sektè ki opoze nan Ansdeno, te di bagay sa a pa yon senp konfli elektoral: «Katye sa yo, istorikman toujou nan yon batay. Ki se nan kesyon foutbòl, kit se nan keksyon kanaval, kit se nan kesyon rara. Donk, konfli sa a transpire an tout aktivite sosyal nan zòn lan. Donk nou rekonèt lè bagay la vini, gen dimansyon politik, elektoral, vin genyen plis, li vin pi di, pi difisil.» Josué Daniel ki se yon dirijan Eskanp/Korega kwè limenm ke mòd konfli sa yo deklanche pou yo ka disparèt yon seri òganizasyon kouwè Kodeka nan Ansdeno, Eskanp/Korega.
Chèf lapolis Jeremi an li menm, Gaspard Hypolite, malgre li afime ke gen 4 moun ki nan prizon, demanti dirijan Korega/Eskanp yo ki di lapolis ap pèsekite yo e fè represyon nan zòn lan. Komisè a di, se lè li gen manda lajistis, li voye arete moun. Mouche te tou enfòme ke depi mwa jiye, 2 mwa aprè eleksyon 21 me yo, li gen yon valè 28 manda nan men l, pou l ekzekite. Manda sa yo, se ta zotobre lajistis Grandans yo, ki ta mete yo deyò.
Antouka, sitiyasyon an ap vin pi grav chak jou nan Ansdeno an patikilye, e moun yo, ki te toujou nan prizon, te gen pou al parèt devan jij. Men, moun pa rive konprann kouman lapolis te fè kenbe korespondan radyo Ayiti Entè a nan prizon, alòs komisè polis Jeremi an, Gaspard Hypplite, te rekonèt ke se te yon erè polisye ki te arete misye yo te fè.