Nan peyi DayitiHaïti Progrès
31 Janvye o Fevrye 2001
Nouvèl Kout Kreyòl
Plizyè victim nan yon eksplozyon
Nan lannwit 25 janvye a, yon bonm eklate bò pon Kwadèmisyon an. Sa te fè anpil blese, pami yo, yon fi ki ta blese grav e ke yo te transpòte nan lopital jeneral.
Konvejans lan pa t reyini Rex ankò
Responsab Rex Théâtre yo te di yo pap ka bay dirijan Konvèjans lan lokal Rex la ankò, pou te fè «eta jenero» yo a, kòm sa te prevwa. Dapre Evans K-Plim, ki se youn nan dirijan gwoup Konvèjans la, kontra a te anile paske responsab Rex yo te resevwa divès «menas». Men Konvèjans lan te al òganize bagay li a nan lokal OPL la, nan Bwavèna, anfas Teleko Pon Moren an.
Lanmò ansyen minis Delatour
Lesly Delatour, ansyen minis finans, ansyen gouvènè bank santral la e nèg konfyans Bank mondyal ak FMI mouri a laj 53 tan, nan yon lopital Miyami an Florid, suit yon kansè li t ap soufri depi kèk mwa. Mouche se te youn nan sèvo privatizasyon ak plan neyoliberal la ann Ayiti. Li te vin direktè gwoup Promobank lan. Antèman an te fèt nan samdi 27 janvye a nan Petyonvil.
Prezidan dominiken an ka vinn Ayiti
Yon delegasyon dominiken ki te gen nan tèt li anbasadè peyi sa a, M. Alberto Despradel Cabral, te rann yon vizit koutwazi nan palman ayisyen an, nan kad preparatif pou prezidan dominiken an, Mejia ki konnte vin patisipe ann Ayiti, nan envestiti Aristide la. Anbasadè a te konfye jounalis ke prezidan Mejia ta ka tou rankontre ak palmantè ayisyen yo.
Premye minis lan rankontre senatè yo
Premye minis Alexis, chèf lapolis la ak kèk responsab lapolis te rankontre 24 janvye a ak senatè yo nan palman an. Pandan rankont lan ki te fèt an prive, se zafè sekirite peyi a, sitou alapwòch dat 7 fevriye 2001 an, ki te diskite. Jacques Edouard Alexis te deklare apre: «Plan sekirite a, pou prepare 2 fevriye a li deja ap ekzekite, li deja ann aksyon. E n ap fè tout sa n kapab, tankou sa te pase pou eleksyon yo, tankou sa konn pase pou kanaval, pou 7 fevriye a, tout bagay yo byen pase, san pwoblèm.»
Palman an pale sou viktim sòlda dominiken yo
Senatè Yvon Feuillé ki fè pati komisyon afè etranje palman an, kondane krim militè dominiken yo fè, lè yo te touye e blese divès ayisyen nan yon machin ki t ap antre ilegal an Dominikani. Senatè a di komisyon afè etranfe a te gen pou reyini mèkredi 24 janvye a yon fason pou ta evalye sitiyasyon an. Senatè Feuillé di komisyon l fè pati a gen pou konvoke minis Afè etranjè a, pou l vin bay eksplikasyon sou zak sa a.
Fòmasyon yon «komisyon fasilitasyon»
Divès òganizasyon ak pèsonnay nan sa yo rele «sosyete sivil» la, fòme jedi 25 janvye a yon komisyon fasilitasyon pou rezoud kriz la pa dyalòg. Komisyon sa konpoze ak monseyè Serge Miot ki se prezidan komisyon episkopal Jistis e pè, pastè Seth Pierre-Louis ki alatèt federason pwotestan Ayiti, pwofesè Rosny Desroches ki se prezidan Fondasyon ensèyman prive, ansyen anbasadè Guy Alexandre ki li menm se kòdonatè òganizasyon inisyativ demokratik (ID) e vis prezidan chanm komès ak lendistri a ki se Maurice Lafortune.
Gwoup inisyativ sosyete sivil la envite tout pati yo, pou yo ta pran chimen dyalòg. Komisyon gran panpan sa a bay tèt li wòl, pou l ta sèvi kòm abit pou ta fasilite dyalòg ant Konvèjans lan ak Fanmi Lavalas.