Haïti Progrès
24 o 30  Janvye 2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Zenglendo dechennen nan ri Lama

Nan dènye jou sa yo, peyi Dayiti, espesyalman Pòtoprens, konnen yon seri zak asasinay. Se kòmsi lavi moun vin pa reprezante anyen. Gen kèk zòn nan kè kapital la, zenglendo bay lapolis defi. Yo opere lib e libè. Konsa, nan zòn ri Lama pou rive Kafou ri Bòjla/Fò nasyonal, gwoup gang nan Mouzen an ak gwoup gang nan Koton, zòn Sou teras, se sa yo bliye yo pa fè. Atake moun, dechèpiye moun, touye ou blese moun ak bal, vyol, batay ant gang...

Konsa jedi 18 janvye 2001 an, yo touye yon gwo zenglendo nan Koto, moun konnen sou non Kòbòy. Sa te pase bò zòn 6 zè diswa nan ri Lama, sou kote ti Seminè Kolèj Sen Masyal, toupre Mouzen. Yon lòt moun yo ta resevwa bal tou e ta blese grav. Responsab yo te leve kò a rapidman. Bri t ap kouri nan tout katye a ke se ta Kòbòy sa a ki ta touye lòt gwo zenglendo yo te rele Ti Robenson lan.

Gadkòt tounen 37 bòtpipòl

Madi 16 janvye a, gadkòt meriken mennen tounen nan Pòtoprens, 37 bòtpipòl li te kenbe sou lanmè lan samdi 13 janvye nan yon voilye, bò zil Inagua nan Bahamas. Pami moun sa yo, gen 26 fanm, 10 gason ak yon timoun.
 

Dosye Ronald Camille toujou «louvri»

Minis Lajistis la, Camille Leblanc, di lajistis toujou sou dosye manda ki dèyè Ronald Cadavre la: «Lapolis jiska prezan poko satsfè ak demann komisè gouvènman an fè a, pou yo mennen mesye a (Ronald Camille alyas Ronald Cadavre) ba li. Si yon moun deside pa kwè nan travay lajistis, m panse se yon chwa ke l fè, men, mwen panse nan dènye tan sa yo, lajistis tèlman jije moun, komisè lapolis, tout moun jije, pou montre gen yon efò k ap fèt la, pa gen okenn moun ki sou tèt lalwa», se deklarasyon minis Leblanc.
 

Kote «diri lapè» a?

Divès ti machan ap plenyen dèske yo pa ka jwenn «diri lapè» a, ki te vann pi bon mache nan Pòtoprens. Machan sa yo di diri a ki te vann 460 goud sak pase a 540 goud, e li vin trè ra sou mache a. Pou kounye a, machan yo di se plis diri Miyami an yo jwenn. Diri sa a ke yo rele «diri lapè» a, te sòti kòm yon don nan peyi Japon.
 

Plizyè viktim zenglendo nan mòn Lakrèt

Nan lannwit madi 16 pou rive mèkredi 17 janvye a, 8 zenglendo touye 4 moun, pami yo yon polisye, e blese plizyè lòt nan Gwo Mòn, toupre mòn Lakrèt. Daprè youn nan viktim yo, Alcina Célinord, anpil moun te pran kou. Francillon Fleurijean, ki te la, t ap di sa ki te pase: «Yo fizye 2 nan moun ki te nan pikòp la, kounye a polisye a fè yon fe bal, li tire youn nan yo. Kounye a, menm kote a tou, yo wè sa, yo fizye polisye a.» Bandi yo ki te yon valè 8 konsa te touye 4 moun e blese plizyè lezòt.

Yon ayisyen mouri nan prizon Dajabon

Te gen gwo tansyon nan Wanament, toupre fwontyè Ayiti ak Dominikani an, mèkredi 17 janvue 2001 an, alaswit moun Wanament te aprann lanmò yon ayisyen ki rele Alfred Beauvais nan kazèn Dajabon, apre sòlda dominiken te fin maspinen l. Pretèks dominiken yo te pran pou kenbe Alfred nan prizon depi madi 9 janvye a, se kòmkwa mouche ta nan zafè dwòg. Men, èske gen yon prensip dwa ak relasyon entènasyonal ki mande pou touye tout moun yo ta akize e menm kenbe nan dwòg? Sa plis sanble sòlda dominiken yo ap kontinye fè menm move zak yo konn abitye fè sou ayisyen yo. Ki di donk, touye yo, maspinen yo, vòlè zafè yo ou vyole yo jan yo pito. Kilè responsab konsène yo ann Ayiti ap di yon mo nan sitiyasyon sa a? Antouka, moun Wanament te kanpe pou denonse zak kriminèl sa a e mande kò viktim lan.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*Cette Semaine ~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm