Nan peyi DayitiHaïti Progrès
17 o 23 Janvye 2001
Nouvèl Kout Kreyòl2 asasina nan riyèl Silvya
Maten samdi 13 janvye a, abitan zòn riyèl Silvya te leve jwen 2 moun mouri nan zòn, yon fi ak yon gason. Bandi yo te mare figi fi a e nèg la, yo te mare bra yo dèyè do yo ak kòd e ak yo chemiz. Fason viktim yo te abiye ta fè konnen se moun ki te soti nan fèt. Lapolis, jij de pè te vin fè konsta kadav yo, ki te leve vè zòn 8 tè nan maten. Moun nan blòk Silvya, Estime, Souchè, Avni Poupla, Sen Michèl, pa janm bouke rele osekou ak yon gwoup zenglendo, kriminèl ki ap touye pasan, dechèpiye moun nan zòn lan. Men, responsab lapolis yo sanble toujou soud!
PLB pa nan pwojè Konvèjans lan
Jedi 11 janvye a, sekretè jeneral Pati louvri baryè (PLB) a, Renaud Bernardin, te kalifye de imajinasyon pwojè Konvèjans lan genyen pou l enstale yon gouvènman nan palè nasyonal la, 7 fevriye 2001 an. Li wè demach Konvèjans lan pap rive pyès kote e li estime se yon pwovokasyon, ki gen pou bi pou fòse pouvwa lavalas la reyaji, jis pou l jwenn yon jistifikasyon ak kèk akizasyon yo pote kont otorite yo. Senatè Bernadin konseye pouvwa an plas la, pou l pa pran nan pyèj sa a e pou l travay pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an.
Anbasadè ameriken an remèt lèt kreyans li
Nouvo anbasadè Etazini ann Ayiti a Bryan Dean Curran, te renmèt lèt kreyans li bay prezidan Préval, vandredi 12 janvye a, nan palè nasyonal, an prezans minis Planifikasyon an ak kèk lòt pèsonalite. Nan lokazyon an, diplomat la te di li regrèt eleksyon 21 me yo te lakoz gen pwoblèm ant Ayiti ak Etazini e «kominote entènasyonal» la, pandan mouche espere sitiyasyon an va amelyore pa dyalòg ant tout sektè konsène yo. Diplomat Curran te mete aksan sou 8 pwen ki te nan lèt prezidan eli a, Aristide, te ekri Clinton lan, kòm mwayen ki ta sèvi pou rezoud kriz elektoral la ak lòt pati yo. Anbasadè meriken an te pale tou sou danje trafik dwòg ann Ayiti reprezante pou sekirite nasyonal peyi Etazini. E li wè jefò ki ta dwe fèt pou anpeche sa fini.
Anbasadè a gen lè bliye ke se pa lakay lòt peyi pou Etazini al pran pretèks konbat dwòg k ap rantre lakay li, si l vle konbat sa toutbon.
Bilan lapolis
9 moun mouri, 2 gang demantele, 3 vyol, 7 moun arete, sa se bilan pòtvwa lapolis la, Jean Dady Siméon drese pou semenn sòti jedi 4 pou rive jedi 11 janvye 2001 an. Lapolis ki wè ensekirite a fè yon bese parapò ak semenn anvan an, di li travay 51 dosye jidisyè, kote 48 moun enplike ladan e gen 12 lòt ka ki konsène vòl li travay sou yo tou semenn sa a.
Sid: Teleko privatize
Kòm sa fèt nan divès komin peyi Dayiti, plizyè sant dapèl Teleko nan diferan zòn depatman Sid la privatize. Pretèks responsab Teleko depatman sa a Yvon Bufet pran, se ta swadizan chache Teleko ak chache kalite sèvis l ap bay popilasyon pwovens yo ak defisi li te konn fè l ap epaye. Apre privatizasyon sant dapèl sa yo, moun pap ka sèvi ak ni kat ni benefisye apèl «kolèk» ankò, y ap rele moun lwen aletranje ou nan lòt vil yo, kidonk, y ap blije vin ak lajan yo kach pou yo fè apèl la ki ap peye davans.
Koze privatizasyon sa a, lage anpil pwoblèm nan depatman Sid la. Yon bò, privatizasyon sa a ke sendika Teleko a SOETEL te denonse kòm yon bagay ki fèt an moun pa, lakoz patikilye ki vin «achte» sant dapèl yo revoke tout ansyen anplwaye yo. Yon lòt bò, moun ki pa gen mwayen pou ta peye kach pou rele moun yo aletranje, lè yo gen yon ijans, pa fouti vin fè apèl. E anfen, kalite sèvis la angiz li amelyore ta sanble ap vin pi konplike, paske lè yon moun yon lòt vil fè yon apèl Okay, pa ekzanp, pou tyeke moun yo, apèl la pa ale dirèkteman ankò kay moun l ap rele Okay la, se sant dapèl la ki pran mesaj, apre sa li rele moun lan ki Okay la, si moun lan enterese pale ak sa ki te rele l la, li vin ak lajan l kach pou peye sant dapèl la, ki fasilite l retounen rele moun ki te rele l oparavan an.
Bagay sa a vin lage gwo tèt chaje nan divès vil peyi a e nan depatman Sid la, pou moun ki ta bezwen rele moun yo an dilijans. Olye kalite sèvis la amelyore lè sant dapèl yo privatize a, se pi mal l ap vin pi mal.
Konfli tè nan Maryani
Yon konfli tè eklate nan Maryani ant fanmi Jean-Baptiste ak fanmi Mondésir pou plis pase yon trantèn kawo tè. Pandan deblozay ki te pete a, plizyè moun blese, divès kay detwi. Abitan zòn lan ki viktim 3 fwa deja de sitiyasyon sa a, mande konkou lajistis pou rezoud pwoblèm lan. E yo pè pou bagay la pa vin pi grav. Pou kouwè l ye la a, moun yo ki te resevwa gwo zòbòy nèg ak manchèt e ak revolvè, ap dòmi yon je louvri, yon je fèmen.