Haïti Progrès
10 o 16  Janvye 2001
Nan peyi Dayiti


Dlo ak fatra nan bidonvil yo

Koze dlo ak fatra a se 2 gwo pwoblèm ki vin mete yon douk sou douk sou pwoblèm ki deja ekziste nan bidonvil Pòtoprens yo. Nou konn kisa moun yo ap pase anba traka kouwè ensekirite, lavichè, chomaj, pwoblèm manke dlo pwòp, EDH ki pa bay elektrisite oubyen anplwaye ki responsab jesyon sikwi EDH se filalang y ap fè popilasyon an chak 2 ou 3 segond ak jwe y ap jwe nan kouran. Pèsonn pa konn si se pou yo ka sote aparèy moun nan katye popilè yo. Vinn jwenn, katye sa yo mal bati, pa gen mwayen kominikasyon, kouwè wout, telefòn; zòn yo debwaze, kay youn sou lòt, watè yo pa ase e sa ki genyen yo pa bon, moun yo ap mal viv, yo pa nan lijyèn... Mete sou sa zafè analfabetis, mank estrikti ak enfrastrikti tout kalte. Men, gwo pwoblèm nou chita sou li semenn sa a, se zafè fatra ak dlo ki dòmi ou k ap ravaje zòn yo. 2 danje ki louvri wout pou lòt traka kou maladi tout sòt, tankou malarya, tifoyid, ak lòt ankò.

Atout tèt chaje sa yo prezante nan zòn popilè yo, sa pa vle di jenn yo pa fè gwo jefò. Se chak okazyon yo fè pwòpte nan zòn yo. Men, fatra ak dlo dòmi an tèlman tounen yon pratik, sa rann menm lè moun yo fè yon ti pwòpte okazyonèl, sa pa siyifi anyen devan sa ki ta dwe fèt yo. Dayè, moun yo tèlman pòv, fò w ta di tout sa k lakay yo se fatra.

Nan okazyon fèt nwèl la nou te pase nan divès zòn piblik ak katye popilè, pou wè sa k fèt, sa ki chanje, sa ki rete menmman parèyman nan zafè fatra ak dlo dòmi yo.

Si nan limit Channmas, palè nasyonal, nan kafou Kanapevè, nan kafou Bwavèna anfas santral Teleko gen gwo travay reparasyon ak restorasyon plas piblik yo k ap fèt, gen kèk kote ki toujou rete nan menm eta yo te toujou ye a. Pa egzanp, nan zòn San Fil, wout la toujou rete nan eta li te ye a, dlo sal, fatra, twou debouche toupatou, twou egou, twou nan tout wout la, blokis pasipala, gwo tèt chaje. Nan Avni Poupla, toupre mache moun Miragwàn yo, se menm penpenp lan, fatra moun jete nan wout la, mete sou fatra machann yo chak jou, vin bare wout dlo a, mete anpil fwa blokis nan lari a. Fatra sa yo soti swa nan mache a, swa dlo ki pote yo vin sanble, oswa se moun ki vin depoze yo. Lè nou presize moun ki vin depoze yo, nou vle pale de moun ki ret nan zòn anviwonnan yo oswa moun k ap fè djòb ranmase fatra kay moun pou 2 ou 3 goud, ki vin lage yo pou fè pil.

Gen anpil lòt kote fatra ak dlo konble. Tankou zòn Pòtay Lewogàn, dlo, fatra, ap layite yo, menm lè lapli pa tonbe. Dlo sa yo sòti nan kannal ozanviwon yo, swa nan twou egou yo ki bouche ak po jina, bout mamit, tout vye kakas, oswa dlo yo konn sòti tou sal nan wobinèt ki sot kay moun ki abite sou lari a, ki anpil fwa pa al tonbe nan kannal yo.

Pou zafè fatra a ki sou Pòtay la, se menm jan sa ye nan pifò ti kwen kapital la, kote sèvis responsab yo kouwè Lameri, SMCRS, Travo piblik, CNE pa fè travay yo genyen nan koze mete vil la pwòp la. Anpil fwa, moun yo blije lage fatra a toupatou, kote debri sa yo konn fè plizyè semenn yon sèl kote. Vin jwenn zafè edikasyon sivik moun yo pa fèt, pou yo konnen ke yo pa dwe jete fatra nenpòt kote. Men tou edikasyon sivik la, menm lè l ta fèt, sa pa t ap efikas, lè pa gen yon lye fiks ak poubèl pou moun yo jete fatra yo. Menm jan an tou zòn wout Matisan pa janm pa gen yon dlo k ap dòmi nan wout la, ki pwovoke yon blokis etènèl nan zòn lan. Toupre a, sou Granri anfas Site Louvèti dlo a ki jwenn ak sa k Matisan I an bay gwo traka, moun pa fouti janbe lari a, blokis souvan, machin ap voye dlo sou moun k ap pase, elatriye.

Antouka, zafè dlo a ak fatra nan bidonvil Pòtoprens yo se gwo tèt chaje. Sa kale tout kalte vye bèt, moustik, ki ka bay tout vye maladi. Anpil katye popilè tankou kèk katye nodès touche pa fenomèn sa a. Li ret pou moun konnen ki solisyon responsab yo ap resi pran, pou dechouke fatra ak dlo sa yo. Li lè li tan pou otorite yo fè yon dilijans!

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME**~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm