Nan peyi DayitiHaïti Progrès
27 Desanm 2000 o 2 Janvye2001
Nouvèl Kout KreyòlLapolis arete kèk sispèk
Nan wikenn sòti 15 pou 18 desanm 2000 lan, brigad entèvansyon epi sèvis envestigasyon fè yon operasyon nan Kalfou, kote yo te sezi 6 zam e arete kèk bandi. Moun sa yo ta enplike nan divès asasina ak vòl. Pòtvwa lapolis la, Jean Dady Siméon t ap eksplike: «Nou genyen Alexis Mackenzy alyas Somoza, misye gen ti non l ki rele San kè, li rele tèt li tou Hougan Never Play. Se yon nèg ki pa nan jwèt ak moun ditou. N ap di tou, ke Somoza, lapolis arete li sou yon ansanm zak li fè nan Kafou, patikilyèman asasina jounalis Gérard Denauze dènyeman. E genyen yon lòt moun ki te ansanm avèk misye pou fè zak sa a, ke lapolis ap chache aktivman. Nou gen Evans Michel tou ki se bra dwat misye. Nou genyen tou 12 akolit, 12 moun ki mele nan asosyasyon malfektè sa a ke lapolis ap chache. Gen manda lajistis li mete dèyè endividi sa yo.»
Aid Taiwan pou kantin lekòl
Nan yon seremoni ki te dewoule an prezans kòdonatris pwogram kantin eskolè a, madan Evelyne Pereira ak plizyè direktè teknik nan ministè edikasyon nasyonal la, nouvo anbasadè Taywann lan te renmèt minis la, Paul Antoine Bien-Aimé, yon chèk 1 milyon dola nan kad pwogram kantin eskolè a. Anbasadè a te di: «Se valè 1 milyon dola us. Sa se katriyèm vèsman patisipasyon peyi m nan pwogram sa a, e kòm nou te deja pwomèt sa ap reyalize, n ap patisipe nan pwogram lan pandan 3 zan, sa ap fèt nan 6 vèsman.» Pwogram sa a, dapre minis Bien-Aimé, gen PAM, CARE ak CRS k ap finanse l tou.
Lanmò yon komèsan nan Petyonvil
Yon komèsan ki pote non Reynold Ambroise, ki te toujou estasyonnen machin li bò plas Boyer a, mouri ak 2 bal nan tèt mèkredi 20 desanm pase a, nan Petyonvil. Ta sanble se nèg nan machin ki ta touye mouche Ambroise, detan l ta pral nan biznis li.
Asasina Luc Simplice ak pitit li
Madi maten 26 desanm lan, jij sipleyan tribinal sivil Ti Gwav la, mèt Watson Brown te al fè konsta kadav 2 moun yo te dekouvri, sou plaj Les Palmes nan 10zyèm seksyon kominal Ti Gwav. Moun sa yo ki pèdi lavi yo a, se Luc Simplice ak pitit li François Simplice, ki li menm se yon elèv 24 lane nan lise Faustin Soulouque (Ti Gwav). Selon enfòmasyon, 2 moun sa yo ta sanble mouri, detan yo ta pral nan Pòtoprens a 4 trè dimaten. Jij Watson Brown ki te al fè konsta, te di kouman l te wè mò a: «Nou konstate nan kò Luc Simplice ki papa a, zye li pete, epi ak dan l ki rache. Pitit la menm, nou konstate li gen yon enflamasyon nan dèyè kou li. Sa vle di kou li gwo sa fè konprann se toufe yo toufe mouche.» Sa fè 2zyèm zak asasina ki repete nan espas yon mwa nan komin Ti Gwav.
Préval ap di adye
21 desanm lan, prezidan Préval te rankontre nan palè nasyonal ak responsab Leta yo, pou te swete yo bon finisman lane. Nan seremoni sa a, Préval te fè bilan li sou pouvwa a, malgre difikilte li di l te rankontre ak yon kriz politik, sosyal, ekonomik manch long. Prezidan an te pran kòm siksè li fè sou pouvwa a, pwosè masak Kafoufèy la ak sa Raboto a. Préval swete moun ki te touye Jean Dominique e sa yo ki te pwazonnen divès timoun nan zafè siwo Valodon ak Afebril yo va jije.
Yon lòt kote nan jou 22 a, prezidan te rankontre ak kò diplomatik la nan palè a. Nan rankont sa a, nons apostolik la Luigi Bonazi te swete yon pak pou linite pou devlopman peyi a. E li te raple ke kominote entènasyonal la kontinye ede pèp ayisyen an. Pou prezidan Préval li menm, mouche adrese yon mesaj «... lapè, lajistis sosyal, solidarite nan demokrasi...» ak diplomat yo e popilasyon an.
Diplomat franse a vin pote yon «mesaj»
«Lafrans swete ogmante efò l ap fè ann Ayiti, nan yon moman kote Ayiti ap viv yon sitiyasyon difisil. Patikilyèman lè pri gaz la ogmante e ki peze lou, nou konn sa, sou do moun ki pi ba nan popilasyon ayisyen an. Mwen ajoute ke nou te gen yon pwoblèm e yon grav pwoblèm... ke nou te di a divès moman, malgre rezèv nou gen ak Ayiti, Lafrans e, nou menm tou nan Linyon Ewopeyèn parapò a pwosesis elektoral lane 2000 la. Kèlkeswa se eleksyon me ou fen novanm yo. E ke nou swete pwoblèm ki te ekziste, ke òganizasyon Leta ameriken an te soulve yo, te dwe, selon sa n wè, jwenn yon solisyon pou penmèt èd Lafrans, ed Linyon ewopeyèn, èd ansanm kominote entènasyonal la plis prezan bò kot ayisyen yo...» Konsa Renaud Vignal, ki se direktè ministè afè Etranjè Lafrans pou zòn Amerik/Karayib la, te pale. Sa te di nan lokazyon ke mouche te pote yon mesaj prezidan franse a, Jacques Chirac, bay divès pati ki enplike nan kriz politik la ann Ayiti. Diplomat frase sa a, te tou pwofite mande otorite ayisyen yo pou yo fè yon revizyon nan zafè eleksyon me ak novanm pase yo.
Kounye a, se diplomat franse ki vin di sa ki pou fèt nan politik ann Ayiti. Kòm Lafrans wè li gen kèk koloni nan Karayib la anba men li, li toujou kwè Ayiti se youn ladan yo ak Serge Gilles kòm gouvènè?
Parad responsab lapolis yo
Premye minis Jacques Edouard Alexis, chèf lapolis la Pierre Denize, responsab CIMO a Clarel Alexandre ak alatèt Swat Team lan Etienne Saint-Gourdain, epi direktè ministè Lenteryè a, Lubrène Bien-Aimé te fè yon virewon nan sant vil Potoprens, pou te al pran pwa aktivite zenglendo yo nan zòn komèsyal yo. Delegasyon an te rankontre divès antrepriz kouwè Henry Deschamps, Libreri Aksyon Sosyal, Libreri Auguste, Libreri La Pléïade; ak divès lòt magazen.