Haïti Progrès
20 o 26  Desanm   2000
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Tigwav: Komèsan yo aplodi

Jedi 14 desanm 2000 la, nan yon konferans près, komèsan Ti Gwav yo aplodi inisyativ pou fè reprezante sektè prive a, nan komisyon tranzisyon an. Konsa, reprezantan komèsan sa yo mande pou sa yo rele opozisyon an debloke peyi a, ki twouve l nan yon enpas danjere. Luc François ki t ap pale, te di: «Nou aplodi anpil inisyativ sa a, se yon mwayen pou peyi a soti kote li ye a. Nou menm, nou di fòk legliz katolik, legliz pwotestan, vodouyizan, aktè politik yo, fè yon sakrifis, soutni pwosesis sa a, chita ansanm, pou peyi a ka debloke, paske goumen pou pouvwa, pap mennen nou okenn kote.» Menm jan an tou, konferansye yo mande ekip ki pral pran pouvwa a, pou voye je gade Ti Gwav, ki chaje ak pwoblèm tout kalte, kouwè pwoblèm dlo, inondasyon, pwoblèm wout, pwoblèm kouran, elatriye.
 

Lewogàn: moun yo kite zòn yo bay bandi

Bandi nan Lewogàn ap feraye san kè sote, depi yon bon bout tan. Nan Laferone, nan zòn Bòyon, nan zòn izin Dabòn lan, se sa zenglendo yo bliye yo pa fè. Chak aswè yo ap tire rafal kout zam pou entimide popilasyon an, ki blije ap fin kite zòn sa yo bay bandi yo. Malgre divès kri popilasyon yo, lajistis ak lapolis pa janm entèvni, e plizyè moun deja viktim. Nan zòn Chatelye ak nan Kafou Dabòn, Simon Julsaint yon peyizan 69 lane te resevwa plizyè bal anndan lakay li, e Abellard Mérizier te blese nan yon eta grav, kote kounye a l ap pran laswenyay nan yon lopital.

Chevalye denwi sa yo k ap piye moun, fè kadejak sou fi, tire moun lan, yo sèvi ak zam kreyòl ke yo fè ak swa fè tiyo, swa kad bekàn, oswa sipò vantilatè, mete kouvrefe nan zòn sa yo chak swa.

Sa lapolis ap tann pou l entèvni?
 

Plis avyon ant Ayiti ak Kiba

Sou inisyativ konpayi avyon ayewo karayibeyen avèk kolaborasyon Siret Tours, 2 vòl avyon koumanse chak semenn ant Ayiti ak Kiba. Voyaj sa yo ap fèt sot Ayiti pou ale LaHavàn ak eskal Sanntyago.
 

Fòmasyon kont trafik dwòg

Sòti 18 pou rive 22 desanm 2000, yon gwoyup polisye, jij ak ajan dwanye ta al Matinik pou swiv yon seyans fòmasyon ak yon estaj sou lit kont trafik dwòg e blanchiman lajan. Sa antre nan kad jefò gouvènman an pou lite kont trafik dwòg e blanchiman lajan ann Ayiti.
 

Deklarasyon MOPEP

Libète pou pèp ki vanyan

Pèp ayisyen an simen grenn demokrasi pou l rekòlte lapè. Lapè pou ouvriye, pou peyizan, pou chomè, pou etidyan, pou komèsan, endistriyèl ak òganizasyon sosyo pwofesyonèl yo.

Nan okazyon 10e anivèse premye eleksyon demokratik ki te fèt anndan peyi a nan dat 16 desanm 90 lan, MOPEP ap pwofite di yon gwo kout ayibobo pou pèp ayisyen an ki pa janm sispann goumen pandan 10 zan sa a «au prix du sang et de sacrifices» pou l te reyalize bèl jou sa ki se: 16 desanm 90, 15 oktòb 94, 21 me ak 26 novanm 2000. Pèp ayisyen an fè mèvèy pou kalte konba li mennen ak bilten vòt li pou li di non a vyolans wi pou lapè ak solidarite nan peyi nou an.

MOPEP ki se mouvman pèp la rete makonnen ak ideyal 16 desanm 90 la ki chita sou twa wòch dife kise: transparans, militans ak patisipasyon. MOPEP mande mas pèp la pou rete kanpe tennfas dèyè revandikasyon nou yo pandan n ap selebre 10e anivèse eleksyon 16 desanm 90 yo. Bare anwo bare anba tout woulibè, gran manjè pandan n ap kontinye mobilize jiska 7 fevriye 2001.

MOPEP ki se mouvman pèp la ap mande ak òganizasyon dwa moun yo kit nasyonal ak entènasyonal pou yo travay ak objektivite pou moun k ap tande yo konprann, byen konprann sa k ap pase sou tout teritwa peyi a. Kidonk, yo pa dwe travay pou fè plezi a yon pati nan kominote entènasyonal la nan fè sansasyon, difamasyon sou do peyi a nan keksyon zafè dwa moun.

Daprè konsta nou menm anndan MOPEP nou fè, amerik la se sèl kote libète pou moun pale, reyini respekte a 99%

MOPEP sezi tande deklarasyon 3 senatè rasis anti-pèp ayisyen sitou Jesse Helms lè yo deklare pou yo pran sanksyon kont peyi a paske daprè sa yo di: Ayiti tounen kafou kote pou dwòg pase. MOPEP ap di Jesse Helms, gouvènman ayisyen an te siyen kontra ak gouvènman ameriken pou kontwole espas maritim ak espas aeryen li, sa ta vle di kounye a se nou menm ayisyen ki dwe mande eksplikasyon kouman dwòg sa yo fè pase nan peyi a.

MOPEP ap di konplotè sa yo aklè, yo twonpe yo paske 1991 pa 2000 pa gen koudeta ankò «le peuple a déjà dit son mot: Adieu les conservateurs, car le peuple haïtien entre dans une ère démocratique». Halte! les faiseurs de coup d'état, le peuple haïtien, uni sous un seul drapeau... symbole de l'unité, du dialogue et de la participation.

MOPEP ap voye yon gwo kout chapo pou senatè «Black Caucus» yo ki konprann byen reyalite politik ayisyen an.

MOPEP ap di ak kominote entènasyonal la pèp ayisyen an genyen yon gwo defi pou l leve se mizè k ap fin depafini peyi a.

MOPEP mande kominote entènasyonal la bonjan kowoperasyon ak solidarite pou ede n sòti nan kalamite nou ye a paske nou gen volonte ak detèminasyon pou ane 2004 genyen yon Ayiti nouvèl.

Pou n fini, MOPEP ap pwofite fè laprès ak tout òganizasyon popilè yo ki nan kat kwen peyi a konnen 16 desanm 2000 lan ap fete devan kay Sò An ki nan Dèlma 16 e n voye yon gwo kout chapo pou majistra Aròl ki kòmanse ranmase fatra nan Pòtoprens.

Vle pa vle viktwa se pou pèp k ap goumen

Luckner Jabour
André Fadot

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME**~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm