Nan peyi DayitiHaïti Progrès
13 o 19 Desanm 2000
Nouvèl Kout KreyòlPalmantè Sid yo fas a inondasyon yo
7 desanm lan, 10 depite e 2 senatè ki sot nan depatman sid peyi a mande ann ijans pou manm gouvènman an ta fè yon kout pye nan depatman sa a ki fini anba inondasyon. Palmantè yo ki te bay konferans pou laprès la nan lokal sena a, pa vwa depite Joseph Placide, mande «pou prezidan an deklare zòn sid la kòm zòn dijans...» Senatè Victoire Magloire ki te kontinye pale pou gwoup 12 palmantè yo deklare: «... Zòn kotyè a se yon sitiyasyon gravman grav, kote yo jwenn yon seri dega materyèl konsiderab. Genyen moun ki mouri... donk nou kapab di gen yon dezas. Fas ak yon sitiyasyon konsa, m pa kwè ministè a ka tann bilan oubyen evalyasyon, paske fòk yo ale vit, pou yo kapab sove sa k ka sove. Moun ki pa gen kote pou yo rete, moun ki sinistre yo. Yon sitiyasyon konsa, enben m kwè ou pa bezwen li okenn liv, ni anyen, se yon entèvasyon nan limedya sou teren an...»
Inondasyon: ministè a di l ap pote sekou
Direktè jeneral ministè enteryè a, Lubrène Bien-Aimé, di gentan gen 250 mil goud materyèl tout sòt ki al nan zòn sinistre Grandans ak Sid la yo. Direktè ministè a kwè ke 4 komin ki pi touche, se Anikè, Ilavach, Okay ak Kanperen. Jiska prezan toujou dapre Lubrène, gen zòn machin pa ka rive, tankou zòn Okoto li di ke se sèl motosiklèt ki ka al la.
Grèv la pirèd nan fakilte agwonomi
Depi 24 novanm pase a, 350 etidyan fakilte agwonomi ak medsin veterinè yo antre nan grèv pou denonse grav pwoblem y ap konfwonte. Etidyan yo di ke yo blije fè grèv manch long sa a, akoz divès demach yo mennen bò kote fakilte a, ki pa janm rive a anyen. Grevis yo denonse estrikti administratif e akademik fakilte a, ki ta dwe remanye jous pou enstitisyon sa a ta byen fonksyonnen. Pwotestatè yo di lokal Damyen an konfwonte ak divès pwoblèm, laboratwa a pa kòdyòm, kot etidyan rezidan yo ye a pa bon, kalite ansèyman y ap bay nan fakilte a pa reponn ak ekzijans modèn yo.
Siméon fè bilan semenn lan
Plizyè moun mouri, 2 gang demantle, 27 moun arete, 5 zam sezi, se bilan semenn lan, sòti samdi 2 pou rive jedi 7 desanm lan. Polisye Jean Dady Siméon, ki se pòt pawòl lapolis la, te pale plis sou sa. «Nou genyen 74 afè ki trete pou semenn lan, se yon chif ki bese parapò ak semenn pase a. Nou raple nou ki se te 114 e 87 moun ki entèpele pa lapolis, chif sa a bese toujou parapò ak semenn pase a ki se te 121 moun. Nou gen 28% nan krim ak deli ki konstate ki anrejistre nan zòn metwopolitèn lan. Se yon pousantaj ki totalman bese parapò ak semenn pase a ki se te 39. Nan zafè asasina, touye moun e tantativ pou fè sa, nou anrejistre sèlman 3 ka asasina pou semenn sa a e 6 semenn ki sot pase a... Nou gen 35 ka moun ki menase lòt, nou konstate pou semenn sa a se yon chif ki bese toujou, parapò ak semenn pase a ki se te 39 ka. Nou jwenn ka kote yo dekouvri 2 kadav pou semenn sa a. Zafè dwòg la, se yon ka ki trete pou semenn sa a e ki antrene 3 arestasyon. Vòl a men ame, mete dife, nou genyen 20 ka... yon chif ki ankò bese parapò ak semenn pase a ki sete 35 ka.»
N ap ajoute sou bilan Siméon an, ke madi 5 desanm pase a te gen 2 moun ki te mouri anba bal youn nan Dèlma 48-B e lòt la nan Dèlma 33 pou debouche zòn ayewopò. Mèkredi 6 la, 2 bòs mason te mouri fizye nan Dèlma 2, kote, menm jan ak ka Dèlma yo, popilasyon yo te mete barikad, bloke wout pou pwoteste. Nan menm jou sa yo, yon jenn gason te pèdi lavi li anba bal nan ri Lama, zòn ti seminè Kolèj Senmasyal.
Grandans: Dega lapli ak inondasyon
Apre gwo lapli ki fè 4 jou ap tonbe nan depatman Grandans lan, plis pase 12 moun mouri, 40 kay kraze nan komin Lèziwa, anviwon 1200 fanmi nan Abriko lage 2 men balan, divès wout koupe, plizyè bèt ak jaden bannan detwi. Tout sa, se bilan pwovizwa delege depatmantal Grandans lan, Lucien Brière Nazaire drese.
Nò: kay mal bati kontinye ap demoli
Touswit apre inondasyon ki te fèt nan depatman Nò a, espesyalman nan vil Okap, kote 9 moun te mouri, bèt, jaden te detwi, elatriye, responsab gouvènman nan tèt kole ak zotobre lokal yo kontinye ap demoli kay mal konstwi yo. Plis pase yon santèn kay gen pou kraze nan katye popilè kouwè Site Lesko, Petitans, etc. Tout kay ki bò kannal, bò lanmè, bò wout nasyonal yo ap kraze. Malgre otorite yo di sa ap fèt nan tèt kole ak pwopriyetè kay sa yo, anpil moun ki te gen kay ke y ap kraze yo ap plenyen ke yo pa gen kote pou yo dòmi.
Rangel felisite Aristide
Kongresman ameriken, Charles Rangel ki te patisipe kòm obsèvatè nan eleksyon 21 me yo, konfime ke l te pale ak prezidan eli a, Jean Bertrand Aristide, pou felisite l dèske l te genyen eleksyon 26 novanm yo. Mouche di ke l te di Aristide ke gouvènman ameriken ak manm Blak Kokis yo nan kongrè a ap prese travay avèk li, pou amelyore kalite lavi popilation an ann Ayiti. Rangel te kontinye pou di ke Etazini gen pwòp pwoblèm pa l nan eleksyon lakay li, li pa ka nan fouche bouch nan sa k ap fèt lakay lòt moun. Kongressman lan kwè konstitisyon ayisyen an vle eleksyon e ke eleksyon sa yo fèt.
Zenglendo pote ale lajan Western Union
Lendi 11 desanm lan, zenglendo ame sou motosiklèt ak machin pote ale, nan zòn ri Channmas, prèske 98 mil dola us, nan yon machin anplwaye chofè ak kesye Western Union, ki te sot tire kòb sa a nan yon Promobank sou Lali a. Youn nan anplwaye antrepriz transfè sa a t ap eksplike kouman sa te pas: «Bon, nou menm nou se anplwaye Western Union. Se yon tranzaksyon nou sot fè labank, pandanstan nou nan yon blokis, nou t ap desann nan ri Channmas la e ke nou gen yon motosiklèt ki pase devan nou, 2 moun desann motosiklèt la, e gen yon valè ki te desann yon machin, men m pa t ka idantifye ki machin li ye, se nan moman an gen youn ki parèt bò volan an, li rale 2, nèf milimèt ki pwente sou mwen epi li desann..., epi se moman an mwen desann epi lòt mesye yo pwente zam sou mwen, yo di m pa bouje, kounye a menm anbreye m pa t gen tan anbreye machin lan,... Lòt mesye yo, yo pran sak la, epi gen yon machin ki te devan an, yo kouri al nan sa ki te devan an. Yo vire yo ale. Mwen pa gen tan idantifye ekzakteman ki motosiklèt oubyen ki machin.»
Imigrasyon bloke senatè Madistin
Ajan imigrasyon nan aewopò Mayi Gate bloke senatè Madistin ki ta pral pran avyon, pou l al patisipe nan yon rankont ak òganizasyon MOUDA an Repiblik dominikèn. Ajan yo te di ke yo resevwa lòd nan men sena repiblik la, pou bloke tout senatè ki pa vin nan seyans sena a e ki kontinye ap itilize paspò diplomatic yo jan yo pi pito. Ajan imigrasyon yo te rive sezi paspò senatè a ki di sa se yon bagay ki choke l. Madistin kalifye sa kòm yon pèsekisyon politik e li di l ap pote sa rive kote pou l ale. Madistin te fè kwè ke ajan yo di l ke sena a pase lòd, pou tout palmantè k ap pati ak yon paspò diplomatik, ta al pran yon otorizasyon spesyal nan men kestè sena a. Yon bagay ke senatè Madistin wè ki pa siye ak lwa sou regleman sena a. Madistin menm egzajere, paske li pa al nan sena a, epi li ap sèvi ak paspò diplomatic san li pa an misyon.
Sen Mak: Tanpèt ak Baltimò te nan tribinal
Zafè jwè Hugrène Murat ki te jwe nan Tanpèt e ki vle al nan Baltimò a te al devan tribinal Sen Mak, vandredi 8 desanm pase a. Dirijan Tanpèt yo ta peye Hugrène Murat yon bon valè lajan.
Nòdès: 37 nouvo antrenè
Sou inisyativ sekreteri Deta jenès ak espò, 37 jenn sot patisipe nan yon seminè, sòti 4 pou rive 8 desanm 2000 la, pou yo ka vin antrenè ekip foutbòl. 37 jenn sa yo ki sòti nan 13 komin depatman Nòdès la te, yo chak, jwenn yon sètifika ki otorize yo kalifye pou antrene ekip foutbòl.
Kafou: yon tounwa 4 ekip
Lig kominal Kafou a ap òganize yon ti tounwa anvan sezon chanpyona nasyonal la k ap gen 4 ekip ki se: Eg nwa, Vyolèt, Donn Bosko ak seleksyon Kafou a. Ti tounwa sa a ki ap koumanse anvan chanpyona nasyonal la t ap demare lendi 11 desanm 2000 la.
Chanpyona nasyonal la ranvwaye
Vandredi 8 desanm 2000 la, yon delegasyon Federasyon ayisyen foutbòl ki te gen alatèt li prezidan li, doktè Yves Jean Bart te vizite lavil Sen Mak, pou wè kouman foutbòl la ap bouje nan zòn sa a. Pandan vizit li e nan rankont li ak dirijan klib Baltimò ak Tanpèt, prezidan federasyon an te tou pwofite anonse ke dat ki te fikse pou louvèti chanpyona nasyonal la ann Ayiti a, 17 desanm 2000 la, li ranvwaye pou premye semenn mwa janvye a. Prezidan an te fè konnen ke se nan avantaj klib yo ke sa ap fèt.