Haïti Progrès
6 o 12  Desanm   2000
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Inyon ewopeyen vle bay eleksyon yo vèni

Inyon ewopeyen (UE) di li regrèt negosiyasyon ki te fèt sou abitraj Oganizasyon eta ameriken (OEA) yo pa t rive mete yon antant ant Fanmi Lavalas ak Gwoup konvèjans lan. Li deplore zak vyolans ki t ap fèt nan semenn anvan eleksyon 26 novanm yo e li di ankò ke li ankourake pou dyalòg yo ta reprann ant ayisyen yo. Inyon ewopeyen te fini pou fè remake ke obsèvatè entènasyonal ki pa t prezan nan eleksyon yo, sa konstitiye yon gwo mank. Eske lè prezidan Chirac te magistra ak ranplasan li a konyè a, lè yo t ap fè zonbi vote, te gen obsèvatè?
 

Reyisit eleksyon yo ap trakase tèt Evans Paul

«Espas konsètasyon an pa rekonèt eleksyon 26 novanm yo. Espas konsètasyon an bat bravo pou pèp ayisyen an, ki te vire do bay Lavalas lè pifò moun nan peyi a, te chwazi chita lakay yo, jou dimanch 26 novanm lan, pou di non, nou pa dakò ak maskarad eleksyon-nominasyon», se byen si pawòl Evans Paul (K-Plim) ki t ap di Espas la toujou pa rekonèt eleksyon 26 novanm yo.
 

Bajeux reparèt!

Dirijan sa yo rele Sant ekimenik dwa moun lan, Jean Claude Bajeux di li apiye sekretè jeneral Nasyonzini an ki te di Ayiti ap neye nan yon klima tansyon. Bajeux di li konstate vyolans ak krim nan ap ogmante nan peyi a. Mouche reyafime angajman Sant li a, pou kontinye «batay» kont krim politik ak banditis nan peyi Dayiti. Pi lwen dirijan sant lan deklare, sou zafè vyolans ak krim lan: «Yo mare, yo mare youn nan lòt, e te gen yon konplisite, yon tolerans ki fè lè Leta pa defini l egzakteman, yon fason klè yo pap tolere kèk bagay, ebyen sa k rive, se ke anpil bagay fèt». Yon bagay Bajeux fini pa fè remake, sè ke sant bidon ekimenik li a pran lapawòl sèlman lè pou li atake Fanmi Lavalas.
 

Kèk responsab Fifa te ann Ayiti

3 responsab Fifa, Joseph Blatter, Michel Platini ak Jack Warner te ann Ayiti pandan yon jounen semenn pase a. Prezidan Fifa a Blatter ak konseye li Platini te bay yon konferans pou laprès nan otèl Montana, kote yo montre nesesite pou Fifa ta ede Ayiti modènize foutbòl li e ankouraje devlopman jenn yo. Pou bò pa l Platini te wè nesesite pou Ayiti ta bati yon kalandriye foutbòl chak ane, ki pa diferan ak kalandriye entènasyonal la. Yon mannyè, selon li, pou Federasyon foutbòl ayisyen an pa ta toutan nan hing hang ak klib etranje, ki achte jwè ayisyen yo, lè li ta nesesè pou jwè a al diskite yon match entènasyonal pou Ayiti. Platini wè bati yon kaladriye konsa pa bagay ki fasil, men li te di: «Fòk yo jwenn yon antant ant klib yo ak asosiyasyon nasyonal yo, donk pou sa, fòk yo separe dat ant match seleksyon nasonal la ak match klib yo.»

Apre vizit dirijan Fifa yo, dirijan klib ayisyen yo te montre yo trè satisfè. E Claude Henry Albert ki se prezidan Racing Club ayisyen te di: «Se yon bob bagay pou foutbòl ayisyen an, lè nou kòmanse amelyore relasyon nou avèk lemonn entènasyonal foutbòl la... sitou lè prezidan Fifa a li rankontre otorite politik peyi a...» Pou prezidan Vyolèt la, Max Lélian Joseph: «Kounye a la se swivi a pou nou fè, se pou nou menm pou nou prepare nou isit, pou nou kapab estriktire tèt nou pou si toutfwa vin genyen yon ankadreman Fifa...» Bò pa li Raymond Adam ki se delege Cavaly fè wè: «Blatter se yon moun ki trè ouvè e li kite pòt louvri pou biwo federasyon an. Se biwo federal la ki pou pran avantaj li ofri li.»
 

Mgr Miot mande fidèl yo akonpaye pèp la

Nan okazyon kongrè ekaristik nasyonal legliz katolik te òganize nan Jivena Maryani an, plis pase 2 mil fidèl ki sòti nan 9 dyosèz 9 depatman peyi a te rasanble, pou vin bay temwayay yo. Nan kongrè sa a, monseyè Serge Miot te di legliz katolik detèmine pou akonpaye popilasyon ayisyen an, nan moman difisil l ap travèse a. Achevèk Pòtoprens lan te di di: «Malgre tout pwoblèm ki genyen, pwoblèm politik, pwoblèm sosyal, ekonomik... tout bagay. Men gen lavi, se yon pèp ki vle viv. Nou ta mande ba l chans pou l viv tou, ede l viv.»
 

Monseyè Miot wè kriz la gen lòt dimansyon

Dirijan katolik la, monseyè Serge Miot estime ke kriz peyi a pa yon pwoblèm eleksyon senpman, men li gen divès aspè. Nan sans sa a, ko-adjitè Pòtoprens la kwè se sèl chimen dyalòg la ki ka wete peyi a, nan kriz manch long sa a. E li te di: «Pwoblèm lan se pa sèlman pwoblèm elektoral, se yon kriz ki anbrase plizyè dimansyon, sosyal, ekonomik, politik.»
 

Jounen mondyal sida

Divès òganizasyon ak enstitisyon, tankou Onu/Sida, ministè sante piblik, te òganize divès aktivite pou te make jounen entènasyonal sida a ann Ayiti. Divès pèsonalite te sansibilize anviwon 2 mil jenn, sou maladi a nan lemonn e ann Ayiti. Minis sante piblik la, Michaëlle Amédée Gédéon te fè konnen ke plis pase 300 mil moun fè sida ann Ayiti, 75 mil se ti òfelen paran yo mouri nan sida. Sa bay yon mwayen 4,5% sideyen ak 5,5% moun ki sifilis.

Minis la te di ankò ke gen sòti 9 pou rive 10 lanne ki soti sou nonm lanne mwayen ayisyen ta espere viv. Madan Bernard Adjaj ki se prezidan Onu/Sida a, fè konnen ke Ayiti, se peyi Karayib ki pi touche pa maladi pongongon sa a. 13% fanm ansent pran, 8% jenn lavil yo atake, 4% granmoun andeyò yo se sideyen. Sa ki pi grav, se lè gwo peyi mafya nan lemonn yo kontinye ap poze sele sou tout medikaman, ki te ka soulaje maladi sa a, pou yon bon bout tan, yon fason pou yo kontinye fè gwo mache nwa. N ap souliye, yon moun ki ta bezwen pran medikaman soulajman lè l gen sida, li bezwen depanse 12 mil dola ameriken chak lanne.

Antouka, chak ane lè 1e desanm rive, yo toujou selebre jounen mondyal sida, fè bèl diskou. Poutan bagay yo toujou ap make pa sou plas, moun pòv yo toujou rete nan risk pou pran pi vit maladi a, akòz pwoblèm ekonomik. Se toujou menman parèyman.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME**~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm