Haïti Progrès
29  Novanm o  5 Desanm   2000
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl
 

Ba Plato: Mobilizasyon pou 26 novanm

19 novanm 2000 ki sot pase a, yon gwo reyinyon te fèt nan sant sosyal Laskawobas la kote plizyè òganizayon popilè te reyini pou deside sou yon seri de bagay ki ap pase anndan Laskawobas, sitou kesyon eleksyon, òganizasyon yo te deside fòk dimanch 26 novanm nan pase byen pou okenn pozè bonm pa vin dechèpiye pèp la. Oganizasyon yo te tou pwojte pou yo te fè yon manifestasyon lan vandredi 24 novanm. Lavèy manif la nan jedi 23 novanm te gen yon ti avyon ki t ap simaye trak vè zòn midi pou di: «26 novanm pou pèp la al vote».

24 novanm, vè 8 tè nan maten manif la te koumanse ap balanse: santènn moun te reyini e yo te koumanse pran lari. Ant midi e 2 zè foul la te vini plis ankò. Plizyè moun te soti Bèladè, Mibalè, Savanèt, tout ba plato santral te gen anpil reprezantan nan manif la. Lapolis te bay anpil sekirite. Senatè Desras ak depite Barbeau Villier te la nan manifestasyon an tou. Anpil slogan t ap monte pou mande: pou kisa mesye ameriken pa regle zafè lakay yo.

Jou 26 novanm nan, kontrèman a sa opozisyon an ap di: moun te vote anpil. Se pa ti gwoup moun te vote pandan tout lajounen nèt, pou evite atanta, e kontrèman a 21 me kote te gen depite, senatè, majistra elt, e près tout moun yo t al vote nan maten. Se te strateji a pou moun t al vote pa 5, 6.Lapolis te bay anpil sekirite, pat gen pyès ensidan nan biwo yo. Yon ti pwoblèm ki te anrejistre nan yon zòn, se te yon manm OPL ki te gen kay sou kont li pou li te bay pou moun yo te vote li pat bay li; sete anba yon pye bwa nan zòn Gwo Moulen ke moun yo te arive vote, men yo te vote kanmèm. Tout biwo leta te ouvè.

Tout bagay fini byen. Opozisyon an bwè luil jou ki te 26 novanm 2000 la. Pou n fini, n ap fè konnen ke popilasyon an voye yon kout chapo pou EDH ki te di l ap bay kouran pandan 16 zè d tan. Choz di, choz fèt.
 
 

Nouvèl Kout 
 

Inondasyon an lage maladi

2 semèn aprè inondasyon premye ak 2 novanm nan, popilasyon depatman Nò kontinye sibi konsekans katastwòf la. Dapre responsab sante depatman an doktè Myrto Julien, lopital Justinyen anrejistre 920 ka maladi e se yon seri mikwòb nan dlo ki bay yo. Responsab lopital la te ouvri yon sèvis espesyal.
 

Volè nan Lenbe

Nan lannwit jedi 16 novanm nan pou rive vandredi 17 novanm 2000 la, zenglendo piye boutik Germaine Michel e pote ale yon kantite lajan ke li di li pa kapab evalye pou kounye a. Toujou nan menm jou jedi 16 novanm lan, vè 5 kè nan aprè midi 4 polisye ki kantone nan komisarya Lenbe debake kay Myrlande Sainfleur. Se te 2 polisye an inifòm ki rele Jude Bellevue alias Barcelo ak Papito Aristide epi ak 2 polisye an sivil ki se yon sèten Vanel Jan Baptiste ak Odieu Thomas. Daprè Myrlande Sainfleur li pèdi 50 mil goud, yon lajan pou l te konstri yon kay; se sèlman kòb yon kamyon sab ak 5 sak siman ki te rive gentan chape. Nan yon deklarasyon nan tribinal la, jij de pè Lenbe a Garry Desir deklare ke daprè komisè polis la Evans Marcellus, li pat o kouran de operasyon fouy; li deja drese yon rapò bay siperyè yerachik li nan depatman Kapayisyen.
 

Konvèjans ap tann Bush!

Nan yon nòt pou laprès semèn anvan 26 novanm lan, pòt pawòl Konvèjans lan pou depatman Nò a Steve Louis swete pou pati repibliken ranpòte eleksyon Etazini. Daprè Steve Louis repibliken ka trete dosye Ayiti pi byen ke demokrat. Steve Louis pat ka swete lòt bagay paske li soufri maladi koudeta.
 

Okap: Popilasyon an bare yon misyonè

Madi 21 novanm popilasyon Vaudrèy mete men sou yon sèten misyonè evanjelik ki pote non Gerson ki t ap antreprann yon operasyon chire foto kandida Jean-Bertrand Aristide. Gerson se yon misyonè ameriken ki afekte nan misyon 4VEH, e se gras a entèvansyon kèk lòt misyonè ki chape Gerson anba men popilasyon an. Selon ansyen majistra komin Plèn di Nò mesye Jean Pierre, se menm ajan CIA sa yo ki ap konplote ak opozisyon an pou kreye ensekirite nan peyi a e ki lakoz moun ap mouri konsa nan Pòtoprens ak kèk lòt kote.
 

Nò: Eleksyon an se yon reyisit total

Efò manm BED Nò a t ap fè ak kolaborasyon KEP a nan kèk semèn sèlman pou konkretize eleksyon 26 novanm nan tounen yon veritab reyalite. Tout 1422 biwo vòt ki te prevwa pou depatman an te rive fonksyone nòmalman jou dimanch sa a, sepandan kèk biwo nan vil Okap te kòmanse travay vè 7 tè e demi, 8 tè akoz machin ki te gen mateyèl Okap yo e ki te al transpòte materyèl Obòy te kole nan larivyè Baye nan aswè samdi 25 novanm nan. Otorite yo te blije al chache yon baskil CNE ki limenm tou te kole: popilasyon an te rive debloke machin yo, a pa sa tout komin nan depatman nan te kòmanse ak pwosesis vòt la alè. Odonel Maximé pòt pawòl Espas Konsètasyon Konvèjans nan Nò t ap pase nan diferan stasyon radyo nan vil Okap pou mande pèp la pa al vote. Pèp la pat tande plenyen Odonel, plizyè milye moun youn aprè lòt te al ranpli devwa yo. Okenn ensidan pat anrejistre pou depatman Nò; Lakwawouj, kò ponpye ak lopital Jistinyen te rete mobilize. Lapolis te deplwaye tout fòs li pou bay yon kouvèti total. Plizyè obsèvatè nasyonal ak entènasyonal t ap sipèvize dewoulman vòt la nan Nò peyi a aprè femti biwo vòt la. Vè 6 zè nan aswè, plizyè milye patizan ak senpatizan Fanmi lavalas ki te fini vote nan Okap te pran lari pou reklame viktwa Aristide kòm prezidan ak Harry Desir kòm senatè Nò. Divès otorite ki te prezan tankou: Martineau Guerrier, madanm Bell Angelot, delege Bell Angelot, depite Okap James Derozen, depite Grand Rivyè Nahoum Marcelus, majistra Okap Wilma Innocent majistra Milo Jean Moise. Youn nan manifestan yo deklare: prezans li se pou bay yon repons ak konvèjans lan, prensipalman Evans Paul ki ta vle fè konnen ke popilasyon an pa t al vote. Harry Desir te pwofite remèsye popilasyon an poutèt li te al vote an mas. Antouka mobilizasyon sa a bay yon repons kòrèk a moun ki ta vle fè konprann popilasyon an pa t al vote.
 

Eleksyon an Ayiti se yon egzanp pou Amerik Latin

Francisco Udjira se youn nan obsèvatè entènasyonal ki sòti nan peyi dominikani pou l sipèvize eleksyon 26 novanm an Ayiti. Francisco Udjira ki fè pati fòs revolisyonè repiblik dominikèn SRRT te vizite plizyè biwo vòt nan diferan komin tankou Milo, Okap, e nan yon deklarasyon li fè nan radyo Vizyon 2000, Francisco rekonèt anpil moun te vote pou Jean Bertrand Aristide. Francisco Udjira deklare eleksyon peyi Dayiti a se yon eleksyon espesyal, malgre kominote entènasyonal la pat bay okenn èd, gouvènman ayisyen an te reyalize eleksyon an ak pwòp mwayen li ak patisipasyon mas pèp la. Daprè Francisco, eleksyon sa a se yon egzanp pou Amerik Latin, sa montre aklè se pa gwo peyi yo ki ka deside pou peyi Amerik Latin yo. Francisco Udjura te pwofite kondane anbasad Etazini ki toujou fè menmiz sou pwosesis elektoral nan repiblik dominikèn pandan li mande pou tout peyi enterese ak pwosesis demokratik sa a nan peyi Dayiti.
 

Jounen eleksyon nan Sidès

Pou depatman Sidès la a travè tout 10 komin yo ak 49 seksyon kominal, eleksyon yo dewoule san okenn ensidan. E kanpay entimidasyon sektè anti chanjman yo ak legliz katolik nan depatman Sidès la sa pat anpeche ke depi 6 zè nan maten tout moun te pran lari pou te al ranpli devwa sivik yo. Konsènan patisipasyon elektè yo, nou ka di pi fò nan popilasyon Sidès la te vote. Fòk nou di nou konstate te genyen yon plan sekirite ki te djanm, sou menm aspè sekirite a direktè polis Sidès la Lesly Phelps di li satisfè anpil pou jan polisye te asire sekirite pandan jounen eleksyon yo e li bat bravo pou popilasyon jakmelyèn ki kolabore ak la polis pou vanse pou pi devan. Bòkote pa BED Sidès la se yon reyisit total kapital fason eleksyon yo dewoule selon Lwinè Jean Mari, yon manm BED la. Pou Prince Pierre Sonçon, dezyèm senatè Sidès la, nan yon konferans pou laprès aprè femti biwo yo, li te fè konnen ke pèp ayisyen bay oposizyon ak kèk sektè nan kominote entènasyonal la kanè lè li chwazi aprè 16 desanm 90 fè Lavalas la desann yon lòt fwa ankò jounen dimanch 26 novanm 2000 lan. Bòkote kèk patizan ak senpatizan ansyen prezidan Aristide, vè 6 zè konsa nan aswè yo te pran lari pou manifeste kontantman kote yo te ap reklame Aristide prezidan.
 

Eleksyon nan Latibonit

Nan eleksyon dimanch 26 novanm 2000 lan, depi 6 zè fè beng nan maten anpil moun nan wo Atibonit lan te pran lari pou te al vote. Majorite biwo vòt yo te kòmanse a lè. Se konsa tou gen biwo ki pat resevwa materyèl alè, gen sa ki te kòmanse 9 vè e genyen tou ki te kòmanse 10 zè konsa. Se nòmal paske KEP a pat vle zenglendo vin sote materyèl la. Fò n di w tou la polis nasyonal te bay sekirite nan tout biwo vòt elektoral yo e Cimo t ap fè patwouy nan ri yo, nan maten vòt la te mache enpe timid pask gen anpil elektè ki te al legliz se aprè legliz pwosesis vòt la te kòmanse mache trè byen, nan laprè midi anpil moun te deplase an mas pou te al vote. Plizyè obsèvatè entènasyonal e nasyonal te nan plizyè biwo vòt. Nan yon mikwo twotwa Ayiti Pwogrè te rive reyalize konsènan patisipasyon yo nan eleksyon prezidansyèl yo ak senatoryal, elektè sa yo fè konnen patisipasyon yo se yon pasaj oblije pou peyi Dayiti paske yo bezwen pou gen chanjman nan peyi Dayiti pou ensekirite a kaba sou tout teritwa peyi a lè sa va gen lapè nan tèt ak lapè nan vant pou tout pitit peyi a. Anpil nan elektè sa yo kontinye pou kririke opozisyon ki ap simen fòs fè nwa nan peyi a, e ki konsidere opozisyon an kòm yon opozisyon tèt chat, moun sa yo pwofite mande gouvènman Lavalas la arestasyon plizyè manm ki nan opozisyon an. Depi vè 2 zè konsa gen biwo vòt ki te gen tan fini, kote plizyè moun ki pat gen tan vote te rele anmwe devan biwo vòt. Se konsa responsab elektoral yo te oblije fèmen biwo vòt yo vè 4 trè konsa pou rezon sekirite. Touswit manm biwo vòt yo te pase nan kontaj bilten kote ke senpatizan ak patizan Fanmi Lavalas t ap kriye viktwa an favè Jean Bertrand ak kandida pou pòs senatè Jean Claude Delice. San pèdi tan, yon kokennchenn bann manifestasyon te pran lari. Nan manifestasyon sa a te gen plizyè moun ladan l ki t ap di Aristide ou lanmò kidonk yo pap negosye vòt 26 novanm nan. Moun yo t ap rele viv Aristide.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME**~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm