Haïti Progrès
Novanm  22 o 28   2000
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl
 

Lakwa wouj la fè yon kanpe

Nan lannwit 14 novanm lan, 2 machin bandi te atake yon anbilans lakwa wouj. Moun k ap travay nan sèvis sa a se volontè yo ye, toujou dapre lakwa wouj. Enstitisyon sa a di l ap fè yon kanpe sèvis anbilans 6 zè a pou yon ti bout tan.
 

MICAH satisfè

Misyon entènasyonal sivil pou apwi a Ayiti (MICAH) endike ke reyalizasyon pwosè Kafou Fèy ak Raboto a reprezante yon jefò aparèy jidisyè ayisyen an, pou l vin jwe wòl li nan pwosesis pou ta mete yon «eta de dwa» kanpe, yon sosyete jis e demokratik nan peyi a.

Responsab òganizasyon sa a wè se yon gwo pa ki fèt nan kad lit kont enpinite a ke pèp ayisyen an ap reklame. E sa montre kapasite sistèm jidisyè a pou l jije kòm sa dwa lotè krim selon lalwa ayisyen e trete entènasyonal Ayiti siyen. MICAH di gen pwogrè ki fèt nan pwosè masak Raboto a parapò ak pa masak Kafou Fèy la. «Pa gen pyès dout ke pwosè sa yo ap make listwa nan anal jidisyè ayisyen yo», te ekri misyon an ki envite otorite ayisyen yo, pou yo pouswiv «refòm» yo.
 

Blokaj lajan senatè Madistin

Senatè Latibonit la, Samuel Madistin, fè konnen ke biwo sena a bloke e lajan travay li e sa leta te konn ba l pou biwo l fonksyonne. Senatè a ki pa janm met pwent pye nan sena a, depi envestiti nouvo eli yo kalifye desizyon sa a kòm yon bagay gwo ponyèt. E li di li pral rele sena a lajistis. Bò kote pa l prezidan lachanm lan, Yvon Neptune deklare ke ayisyen yo pa ka ap peye taks ak enpo pou sipòte lajan fonksyonnman yon seri eli ki pap defann enterè l nan palman an e ki pa menm prezante yo.
 

Laboratwa a vle simen laterè

Depi zòn samdi 4 novanm lan, moun ak zam nan machin pikòp (gen youn ki koulè wouj) san plak ap simen laterè, nan Pòtoprens, alapwòch eleksyon 26 novanm 2000 yo. Endividi malentansyone sa yo te touye 5 moun deja e blese plizyè lòt anba Dèlma, bò ansyen aviyasyon. Yo simen panik nan kafou Ayewopò semenn ki sot pase a. Plizyè zòn kapital la kou sou Teras/Fò nasyonal, Pòs machan, Bèlè, Kwabosal, Kwadèmisyon, ri Nikola, elatriye; bandi yo fè plizyè rafal kout zam sou moun k ap tann tap-tap yo deja. Nan lannwit menm jan ak lajounen, machin pikòp ap simen latwoublay. Bri kouri nan tout lari, mache prese nan tout mache, lakoz leswa kou l vè zòn 6 zè diswa, lari a blanch kou koton. Se sèlman barikad jenn yo monte nan anpil kafou, pou limite dega machin ensekirite a. Gen moun ki di se ta 4 machin k ap fè aksyon sa yo, pami yo ta gen yon pikòp wouj.
 

Ensekirite pou opsyon zewo

Yon pwòch Fanmi Lavalas, agwonòm Serge Pierre Jérôme deklare lendi 13 novanm 2000 la, ke ensekirite k ap simaye nan peyi a se rezilta pwojè koudeta ke gouvènman Préval/Alexis a, te denonse a. Mouche Jérôme fè konnen ke plan ensekirite a, se pou rive asasinen Préval, Alexis ak Aristide. Agwonòm lan ki denonse sitiyasyon latwoublay la, ajoute: «Sitiyasyon sa a sipoze fè wout ak aplikasyon opsyon zewo ke depi kèk tan, lidè nan lopozisyon an ap reklame a». Serge Pierre Jérôme di ke gen yon seri reyinyon k ap fèt sou plaj prive, nan Ti Gwav ak Kenskòf, pou planifye aktivite briganday yo nan peyi a.
 

Deklarasyon Oganizasyon Tèt Ansanm Sen Jan Bosko

Jodi a, nou etone tande e wè yon ti gwoup politisyen rabi, ki pa janm grandi, kowonpi, kriminèl san manman machann peyi tyoul meriken, ki pa epaye pèsòn devan machin lanmò yo a. Granm maten, depi nan zòn 3zè, 4trè yo deyo pou simen panik, laterè nan klas popilè a. Pou mesye sa yo, lavi moun pa gen valè, yo etenn li, lè yo vle jan yo vle. Menm jan ak yon balèn se kòm si se bondye menm ki ba yo pouvwa pou detwi lavi kretyen vivan.

Yo touye moun tout lè, jan yo vle, kòm sèl mwayen estratejik yo genyen pou bòykote eleksyon yo. E byen n ap di yo sispann fè san pèp la koule. Pèp la pa ni kabrit, ni zwazo, ni okenn lòt bèt. Poutèt li montre volonte l pou al patisipe nan eleksyon 26 novanm 2000 yo pou ekzèse devwa sitwayen l tankou tout lòt pèp nan tout peyi, demokrasi ap fè chimen.

Nan sans sa a, nou mande prezidan Préval, ki se prezidan tout ayisyen san distenksyon, pou aplike pouvwa pèp la te ba li a, kont tout kriminèl san manman sa yo, ki vle bloke peyi a ki pa vle reyalizasyon eleksyon yo paske se nan chimen sa a menm ke pèp ayisyen an vle bay pouvwa. Se pou prezidan Préval fè respekte otorite leta a.

Mezanmi, granm maten, machin lanmò opozisyon an pran lari sou fòm yon pikup wouj k ap simen laterè tribò babò. Tire sou moun nan tout direksyon, yo pa menm epaye lakwa wouj ki se yon enstitisyon pou sove lavi tout moun. Yo anpeche malere ak malerèz chache lavi pou pitit yo e pou tèt yo nan peyi a. Yon peyi yo te finn dechèpiye. Fwa sa a nou di ase. Ase. Bay peyi a yon chans.

Nou mande pou responsab jistis anndan peyi a, pran responsabilite l, paske nou pa kapab konprann kijan opozisyon an te fè deklare ke l ap kontrekare eleksyon yo pa nenpòt mwayen e fason l ap kontrekare l la se moun l ap touye e chak fwa yo fè vyolans sou pèp la yo di se Fanmi Lavalas. N ap mande kilès ki pa vle eleksyon? e kilès ki di l ap boykote eleksyon yo?

N ap mande responsab fòs polis la mobilize tout ajan l yo pou bay bonjan sekirite pou mete kòd sou tout asasen, e n ap mande minis Enteryè a pou pwononse l prese prese sou kesyon peta k ap pete nan peyi a, paske pèp la paka distenge bri bal ak bri peta.

Swivan la fwa pèp ayisyen genyen nan Jezi, li konnen yon jou li va fè jou vrèman pou li.

Kote jistis va fleri, lapè va reye, sekirite va tabli 24/24, li va gen lapè nan vant ak lapè nan tèt. Se pou rezon sa a pèp ayisyen an deside yon fwa ankò pou l al pwouve a lemond antye ke li vle met demokrasi lakay li pandan l pral vote an mas depi bonè, bonè Jan Bètran Aristid prezidan, e rès tyè sena a nan Fanmi Lavalas tankou l fe tè 16 desanm 90 la, ak 21 me 2000.

Viv eleksyon lib e libè. Viv Ayiti libere anba kriminèl san manman. Viv jistis pou pèp la. Viv eleksyon 26 novanm 2000 yo.

Louis C. Médéus, kòdonatè,
Justi Neptune, sekretè jeneral
Adrien Janvier, kòdonatè adjwen


Deklarasyon Rasanbleman
militan Lavalas konsekan  (RAMILAK)

Nou menm ki nan Ramilak nou marye vwa n ak tout lòt OP k ap travay di nan peyi a pou flanbo libète ak demokrasi limen nan lespri pèp ayisyen an pou n di kominote entènasyonal la, nou gen vizyon pou demokrasi.

Demokrasi vle di pou nou, dwa pou nou chwazi prezidan nou vle, senatè nou vle, depite nou vle, majistra nou vle, Azèk, Kazèk nou vle.

Demokrasi vle di pou nou menm pèp ayisyen, nou gen dwa pou n genyen manje, pou n al lekòl, pou n jwenn bonjan sante, dwa pou n viv nan yon peyi ki pwòp, ki bèl, menm jan ak peyi pa yo.

Nan bon lespri zanmitay ak solidarite, RAMILAK ap lanse yon apèl fratènèl bay tout peyi ki di yo se zanmi pèp ayisyen an, pou yo pote kole nan gwo evènman ki pral ekri, an lèt dò nan listwa peyi nou Ayiti ki se eleksyon 26 novanm 2000 yo.

N ap pwofite pou n mande kominote entènasyonal la, pou l sispann mache dèyè yon opozisyon ki pa deside kole ak pèp la, ki pito pase tout tan yo nan planifye koudeta, masak pou mete twoub nan mitan pèp la.

Si kominote entènasyonal la pata deside mache nan tèt kole sa, nou menm jèn nan RAMILAK nou deside naje pou n sòti nan lamizè. Wè pa wè ak Titide pou 2001 ka bon tout bon.

Lè n di naje pou n sòti, sa vle di olye pou n manje nan lawont, nou pito travay di, pi plis toujou pou n ka pwodwi plis manje. Alfabetize plis moun toujou pou n fè 2zyèm revolisyon n, ki se 20004 ki pral fè 200 zan depi nou lib ak endepandan.

Nan plen 21èm syèk sa a, pa gen plas pou plan matchavelik ankò. Syèk sa a, se syèk kote kominikasyon politik la ap vini yon zouti syantifik pou yon lidè ou byen yon pati politik k ap vann pwogram li. Nouvo syèk sa a, pa syèk koudeta panzouyis, k ap vwayaje al nan peyi etranje al bay manti, fè konplo, achte zam pou maspinen pèp la.

Nou menm nan RAMILAK nou mande pèp la kontinye mobilize pou chavire nèt alkole tren koudeta a nou mande pèp la kòmanse rasanbleman an pou n kòmanse selebre viktwa a, nan eleksyon 26 novanm yo, nan lapè. Nou pral fè 26 novanm nan tèt kole ak zanmi peyi Ayiti yo pou n fini ak grangou, chomaj, ensekirite.

Si nou pale konsa se pa, paske nou lach ni flatè, se paske nou konn sa nou vle, je n kale, nou reyalis.
Ayisyen se lespwa Ayiti. Nou pral vote anpè, anba yon drapo lapè.
Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Lavalas

Laguerre Jean Rodmond,
secrétaire à l'information
Joseph Yves Berne,  trésorier
Joseph Frantz,  secrétaire général
www.haitiprogres.com ~ *~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm