Nan peyi DayitiHaïti Progrès
Novanm 15 o 21 2000
PPN ap pale sou menas lanmò kont
Ben Dupuy, koudeta elektoral
Ozetazini ak ensekirite anndan peyi a10 novanm ki sot pase a, sekretè jeneral PPN nan ak sekretè adjwen pati a, Benjamin Dupuy ak Harry Numa, te rele yon konferans pou laprès, nan lobjektif pou fikse pozisyon pati a sou 3 pwen esansyèl, k ap boulvèse aktyalite a. Premyèman, se zafè menas, atravè apèl telefonik anonim e yon lèt menas lanmò ki pa siyen ke dirijan PPN lan e ko-direktè Ayiti Pwogrè, Benjamin Dupuy resevwa. Dezyèman, se sou keksyon ensekirite k ap vale teren anndan peyi a. Twazyèmman, se sou keksyon eleksyon ki te fèt 7 novanm pase a Ozetazini.
Lèt enkoni te poste voye bay ko-direktè Ayiti Pwogrè a, te rive nan biwo jounal la nan dat 6 novanm pase a kote li te ekri alamen. Malveyan an te poste lèt la nan Petyonvil, nan dat 30 oktòb 2000 la. Se yon lèt ki te ekri nan yon franse tèt chaje ak yon seri menas an kreyòl tou, ki pa kòdyòm. Sa vle di ki pat respektè prensipl òtograf, gramatikal ak estilistik 2 lang yo. Pa egzanp lè moun nan di: «... Vous, Ben Dupuy je predis que vous aurez le sort de Jean Dominique qui a été assassiné par Aristide. et tout le monde le sait y compris la veuve de Dominique. L'âme de Mireille Bertin, Max Mayard, Michel Gonzalez, colonel Lamy, père Ti Jean etc. crie justice. Bientôt votre nom sera ajouté à la liste des victimes. Salopard. Veillé zo ou, tour pa ou derrière...» (gade suit atik paj 1).
Se tout kalte menas sa yo lèt la te gen ladan l, ke alatèt Pati Popilè Nasyonal (PPN) lan, Ben, te denonse, pandan l te konsidere tèks la kòm yon: «... powèm lanmò. Se sèl bagay ke moun sa yo (sektè makout la) konnen...». Menas sa yo ap fèt sou Ben Dupuy, nan yon moman kote ensekirite ap fè lapli e lebo tan nan peyi a. Opòtinis ak makout yo ap fè menas tribò babò, nan radyo ak nan reyinyon piblik yo. Lè konplo koudeta ap marinen anndan peyi a. Tout deblozay ak entimidasyon sa yo ap fèt, selon Ben, nan moman kote dat ki fikse pou eleksyon yo pwòch. «... Fòs fè nwa yo avèk alye etranje yo, bezwen kreye latwoublay nan peyi a. Yo òganize tout kalte aksyon, tout kalte bagay pou destabilize peyi a, e lè opozisyon an, sa k rele tèt li Konvèjans lan, se bravo ke y ap bat, pandan y ap frape lestomak yo, pou pran pretèks yo pouryen nan keksyon an...» Pandan Ben te pwofite mete an gad yon tandans anachi kèk majistra ap fèt parèt, pou ta swiv pratik ansyen majistra Pòtoprens yo. E Ben te di: «... Nou panse fò yon moun pa mete jile Lafanmi sou do yo, pou yo pèmèt lènmi pèp la enfiltre, vin fè lòbèy, vin fè dezòd. Donk, mwen kwè Premye minis la trè klè sou keksyon an, zafè majistra monte pwòp gwoup ame yo, se yon bagay moun pa ka aksepte.» Se yon fason pou lidè PPN lan bay yon mizangad kont tout move pratik, ki lakoz simaye ensekirite yo maske yo anba yon kouvèti legal. Sa vle di, lè gen yon bagay ki òganize nan anachi, nan dezòd, kòm tout voum se do, tout destabilizatè ka fofile, pou vin fè travay makout yo, MPSN yo, Konvèjans yo, OPL yo ak tout lòt lennmi peyi a».
Menm jan an tou, pandan konferans pou laprès sa a, PPN te pale sou sa k ap devlope Ozetazini aktyèlman an, kote apre eleksyon 7 novanm yo, kèk medya pwopagandis pa t menm tann vòt la fini nan eta Florid e nan nivo moun k ap vote pa korespondans yo, medya sa yo te gentan deklare Bush prezidan. Nòmalman, sa sanble yon kou ki te byen monte, pou repibliken yo ki deja genyen yon majorite nan sena a, pran pouvwa prezidans lan tou. Ben fè wè gen yon kont mal taye k ap fèt ak rezilta eleksyon yo Ozetazini. Yon kriz ki se monnen pyès Lèzetazini jwenn, lè l ap simen latwoublay nan lòt peyi. «... Lèzetazini rantre nan pwòp kriz elektoral pa l, e jan bagay la pati a, sanble se yon koudeta elektoral ki te pral pati. Donk, jan Malcom X te di Ozetazini, lè yo te voye prezidan Kennedy nan peyi san chapo «The chicken are coming home to roost». Si n di l yon lòt jan; lè w òganize koudeta elektoral nan lòt peyi, lè w voye IFES pou fè koudeta elektoral pou ou, lè w ap simen tout kalte lòbèy nan pwosesis demokratik elektoral nan lòt peyi, finalman, ajan ke w fòme yo vin fè menm bagay lakay ou...» Konsa sekretè jeneral PPN lan te pale, pou montre ke Lèzetazini ap sibi konsekans pwòp traktasyon politik ak kriz elektoral, li konn voye kreye lakay lòt moun.
Sekretè PPN lan deklare nan konferans lan, ke sa k pase nan Florid la, kote 19 mil 120 vòt anile, se magouy ki fèt ak bilten sa yo. Se yon kou ki te pare pou «... yon koudeta elektoral... kont demokrat yo...». Li te ajoute ke magouy sa yo ke yo fè ak bilten vòt yo gen men CIA dèyè li. E sa pi grav lè bilten potko menm fin konte nan eta Florid, lè vòt ameriken k ap viv aletranje oswa ki nan twoup militè yo potko rive, enpi sekretè laprès reyaksyonè pwòch repibliken yo, deklare Bush prezidan. Devan briganday elektoral sa a, Ben di: «Nèg yo refize OEA vin wè kijan ke li ka ranje bagay yo, nèg yo te di ayisyen gen yon kwomozòn anmwens... Nou, n ap di, gen lè yo menm yo gen yon kwomozòm anplis, ki fè yo oblije fè magouy pou eleksyon. E nou ta mande pou OEA, CNO e tout obsèvatè ki abitye vin nan ti peyi yo, pou bay benediksyon; se yo ki pou di si eleksyon an byen fèt ou si l mal fèt. Enben nou ta priye angras kounye a, yo pèmèt ti peyi kou nou, pou nou voye tou obsèvatè, pou n al wè kijan eleksyon, pou n al obsève.»
E Ben te fini pou di li kwè gwo peyi yo ta dwe aksepte ti peyi al gade eleksyon lakay yo, kouman l ap pase, pou ti peyi yo, yo menm ta aksepte gwo peyi sa yo vin obsève eleksyon lakay yo.
~*15 Novembre 2000*~