Haïti Progrès
Novanm  8 o 14   2000
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Anpil lanmò ak blese

Bilan lopital jeneral sòti samdi 28 oktòb pou rive samdi 4 novanm lan, bay 7 moun mouri anba bal, kote 5 nan yo te tonbe nan tire nan Kafou aviyasyon an. 80 lòt blese yo, se 30 blese anba bal e 50 lòt nan aksidan machin.
 

Yon delegasyon pral rankontre minis Lajistis la

Yon delegasyon ki konpoze ak jounalis radyo Ayiti Entè, lòt jounalis lòt medya, manm asosiyasyon Eko Vwa Jean Dominique, reprezantan asosiyasyon Kozepèp, Fondasyon 30 septanm, ki te ranmase 11 mil 250 siyati nan yon petisyon, ki mande jistis pou Jean Dominique, te rankontre Premye minis peyi a, Jacques Edouard Alexis. Yo te renmèt li petisyon an. E kopi tèks la te al jwenn minis Lajistis la, mèt Camille Leblanc. Jounalis yo espere demach sa a ap pote otorite lajistis bay yon repons pozitif a moun ki pa janm bouke mande jistis pou Jean Dominique ak Jean-Claude Louissaint an.
 

Brigad vijilans nan Pòtoprens

Dezyèm majistra Pòtoprens lan, Luckner Monplaisir anonse mezi lameri a pran pou mete kanpe brigad nan Pòtoprens, pou toke kòn ak zenglendo k ap dechepiye ti machann ak komèsan anba lavil la. Brigad sekirite sa a k ap ame ap gen pou voye je sou anpil zòn anviwonnan mache sa yo. Youn nan brigad sa yo gen tan mete men nan kòlèt 9 moun yo di ki te genyen fo kat, e ki t ap dechèpiye machann lavil yo. Majistra Monplaisir te tou pale sou travay reparasyon ki te fèt nan simityè Pòtoprens lan.
 

Kanpay elektoral la louvri

Se jou 31 oktòb 2000 la, ke manm Konsèy elektoral pwovizwa a te mete deyò yon nòt pou di ke kanpay elektoral pou kandida ki pral patisipe nan eleksyon 26 novanm 2000 la yo, louvri ofisyèlman. Kote tout kandida osena ou alaprezidans yo kapab koumanse mennen kanpay elektoral yo.

N ap raple gen 7 ou 8 kandida ki te depoze pyès yo, ki pral pou pòs prezidan. Non yo se: Evans Nicolas (URN), Paul Arthur Fleurival (MADIDH), Jean-Bertrand Aristide (Fanmi Lavalas), Calixte Dorisca, Jacques Philippe Dorcé, Serges Sylvain ak pastè Jean Arnold Dumas. Plis yon trantèn kandida osena pou 9 depatman peyi a.
 

Lafalaise prevwa rantre 8 milya goud

Sekretè deta finans lan, Sylvain Lafalaise deklare ke DGI (Direksyon jeneral enpò), prevwa rantre nan kès li 8 milya goud, pou lane fiskal 2000 - 20001 an. Lajan sa a ap gen pou rantre apati taks sitwayen yo ak lajan antrepriz yo dwe peye Leta: «Lane sa a nou pral fè menm ekzèsis la, nou anvizaje pou 2000 - 2001, 8 milya, se 8 milya nou prevwa. Resèt ladwan pou 1,8 milya e resèt entèn yo pou 6,3 milya.»
 

Yvon Neptune sou eleksyon ameriken yo

«Kèlkelanswa rezilta eleksyon yo, se rezilta eleksyon Ozetazini, e se pèp ameriken an ki ap deside nan eleksyon sa yo. E nou menm antanke pèp, antake peyi, nou ap tabli politik ki ekzije pou nou tabli avè l, apati enterè peyi Dayiti.» Se konsa pòt pawòl Fanmi Lavalas la e prezidan chanm sena a, Yvon Neptune te pale, pou l fè wè ke pèp ayisyen pa gen kòd lonbrit li mare ak rezilta eleksyon Ozetazini.
 

Nouvèl 
 

Inondasyon nan Nò

Pou premye fwa depi apre inondasyon 15 novanm 1963 yon lòt katastwòf konsa tonbe sou depatman Nò a. Mèkredi 1e novanm vè minwi vil Okap te tèt anba. Plizyè milye moun nan katye popilè tankou Chada, Fò Sen Michel, Ba aviyasyon, nan Bannan, nan Ranblè, Site di Pèp, Chanpin, Blouyil, Vilaj Istorik Charye te blije kite kay yo pou chape anba gwo dlo ki sòti nan larivyè Wodikap e ki kontre ak lanmè Okap.

Malgre abitan Vilaj Istorik Charye t ap alète otorite yo atravè yon estasyon radyo depi vè 11 zè nan maten, okenn mezi prevantiv pa t pran. Se laprès pale Okap ki te jwe yon wòl premye plan nan soutni popilasyon an. Ponpye, proteksyon sivil, lakwawouj Okap te pase tout lannwit nan transpòte endijan yo nan plizyè sant dakèy pou sikonstans la tankou: lise Filip Gèrye, lise Boukman, lokal ponpye, elt. Sepandan sèten otorite t ap chache redwi wòl ponpye a. Depi plizyè jou gen diskisyon k ap fèt pou redwi kantite pèsònèl enstitisyon sa men vi wòl ponpye a jwe nan katastwòf sa, dosye a panko ka manyen.

Nan yon maraton ki te òganize anba kontwòl yon estasyon radyo nan vil la, popilasyon Okap ak kèk enstitisyon te bay plis pase 175.000 goud, plis pase 500 sak diri, pwa, lwil. Siy solidarite sa a montre aklè kòman pèp ayisyen an prè pou patisipe nan konstriksyon ak devlopman peyi a.

Nan Granrivyè ak Limonad dlo larivyè kraze plis pase 50 kay. Jedi 2 novanm lan yon delegasyon gouvènman an ki te gen nan tèt li direktè Sant nasyonal ekipman (CNE), Jose Ulysse te rive nan depatman an. Vandredi 3 novanm, se chèf gouvènman an Jacques Edouard Alexis ki te rantre. Premye minis lan fè konnen li ap debloke 5 000 000 goud pou viktim katastwòf sa a. Nan yon reyinyon ant chèf gouvènman ak otorite lokal yo, senatè Youseline Bell pat dakò pou kazek yo patisipe. Nan yon rasanbleman ak Premye minis Jacques Edouard Alexis plizyè moun nan popilasyon an te mande pou otorite yo pwofite pran kèk mezi pou fini ak konstriksyon anachik bò lanmè a ak nan mòn yo ki lakoz gwo dega ak viktim nan peryòd lapli.
 
 

Rale Pati Popilè Nasyonal sou konjonkti a

Vandredi 3 novanm 2000 la, sekretè jeneral Pati Popilè Nasyonal la, Benjamin Dupuy, se te envite jounal 7 è Televizyon Nasyonal (TNH) la. Li te pwofite bay plis eksplikasyon sou yon seri fè politik k ap pase nan peyi a. Tankou li te pale yon fwa ankò, sou zafè koudeta a, ke l te redi komisè yo te patisipe nan konplo a tout bon vre. Ben te pale tou sou keksyon eleksyon nan peyi a, kote l te fè eta depi eleksyon 29 novanm 87, ke lame Namphy/Regala a ak konplisite kèk politisyen rat do kale te kraze e fè fini nan san pèp la. Sekretè jeneral PPN lan te pale tou an patikilye sou eleksyon 90 yo ki te voye Lavalas nan pouvwa e ke Cedras ak Michel François te konplote ak kèk politisyen pou bay Aristide yon koudeta.

Dupuy te fè radyografi divès politisyen «gòg magòg» ayisyen ki gen kòd lonbrik yo mare ak koudeta ak destabilizasyon, kouwè Leslie François St Rock Manigat ki di l nan opozisyon e ki te patisipe nan pran pouvwa nan men jeneral Namphy, an janvye 1988, apre ke san pèp la te fin koule nan eleksyon 29 novanm 87 yo, ki te kraze anba masak lame ak brasawouj. Li te pale de kèk nèg nan Konvèjans lan kouwè De Ronceray, Serge Gilles, Claude Roumain, ki yo tout te nan tete lang ak gouvènman anti-demokratik e lame Dayiti ki t ap fè represyon sou pèp la. E li te eksplike ke sitiyasyon k ap devlope ann Ayiti a, moun pa ka pran pretèks pou konpare l ak pyès lòt kriz nan okenn lòt peyi: «Pa gen okenn konparezon...»

Lidè PPN lan te, yon lòt fwa ankò, voye jete jwèt Konvèjans lan k ap mande anile rezilta eleksyon yo, e li kwè ke: «Alò, achak fwa yo pèdi, yo pral mande yon lòt KEP? Nèg yo te byen konnen yo al nan eleksyon, anba lwa elektoral la, e lwa elektoral la klè, se KEP la ki dènye kontansye, dènye jij nan sa ki konsène eleksyon yo. Se pa kominote entènasyonal la, ke yo bay dwa pou deside.»

Pou menas kèk peyi ap fè pou pa ta rekonnèt rezilta eleksyon 26 novanm yo e menm pou yo pa ta voye obsèvatè, responsab PPN lan di: «Jou Lafrans, Lalmay, Lèzetazini, Langletè, dakò pou nou voye obsèvatè wè eleksyon yo, enben, na dakò pou yo obsève eleksyon yo, nou pa timoun, yo trete nou kòmsi nou se yon seri peyi minè.» Pratik ak pawòl, eleman kouwè De Ronceray, Reynold Georges nan Konvèjans lan, klase pami moun ki ap fè pwopagann pou kreye latwoublay nan peyi a: «Mwen panse laboratwa a pap chome.»
 
 

Nòdwès: popilasyon yo nan dlo

Depi maten 31 oktòb la vè zòn 9 vè, tout lekòl nan anpil vil Nòdwès te blije fèmen pòt yo akoz dlo ki t ap desann e anvayi klas yo. Divès zòn frape pa gwo lapli sa a ki t ap tonbe, tankou nan zòn Pòdpe, Sen Lwi di Nò, Jan Rabèl, Chansòlm, Basen Ble, elatrie. Plizyè kay, jaden, lari inonde nan Pòdpè sitou. Pa ekzanp, zòn ri Jefra, ri Dimasè, ri Estime, ri Lazèt, ri Richa Brison, site Maks, tout zòn sa yo te anba dlo. Anpil moun nan rejyon Fawès la ki deja pòv pèdi anpil nan dega dlo a.
 

Nò: gwo dega inondasyon

Lapli ki fè plizyè jou ap tonbe nan Nò peyi a fè gwo dega. 8 moun pou pi piti pèdi lavi yo, plizyè milye kay kraze, san konte lavi bèt ak plantasyon. Nan Okap plizyè katye popilè viktim inondasyon an. Dlo te anvayi tout wout yo. Moun se sou tèt kay ki pa rive kraze yo te pran refij yo pou plizyè jou, nan kèk zòn. Nan Gran Rivyè di Nò, plis pase 1783 moun pa gen kote pou yo rete. Nan Limonad, 50 kay kraze, san konte bèt, jaden ak lòt zefè moun yo ki disparèt. Nan Milo, menm jan ak divès lòt rejyon Nò a, se sa dlo a pa ka fè, li pa fè moun yo.

Premye minis Jacques Edouard Alexis ki te al konstate dega te di gen anviwon 35 mil moun ki sinistre nan tout depatman an. Mouche te pwomèt divès mezi ki pral pran ansanm ak biwo pwoteksyon sivil la, komite ki fòme pou sekouri moun yo, yon mannyè pou nan yon premye tan, moun yo jwenn manje, dlo pwòp, savon, bwòs dan, pat, rad pou yo sèvi. E nan yon dezyèm tan, pou yo jwenn pèl ak pikwa pou yo al netwaye zòn ki te evakye yo, yon jan pou yo ka tounen lakay yo. Malgre tout asistans sa yo, divès moun, jiska 4 novanm 2000 la, potkò sou wout tounen lakay yo. Kèk lòt te kritike lantè otorite yo, ki ap pran twòp tan pou vini «sekouri» yo.

Gen kèk ti kote moun yo te genyen pou yo dòmi annatandan. E ke yo te anvizaje fè kòlèt 165 mil goud pou te sekouri viktim inondasyon yo. Nan Savanèt, Rivyè Fè a cheval te tèlman desann ak fòs, kote divès kay kraze, jaden ak bèt detwi, yon pati nan mache piblik la kraze e yon moun pèdi lavi l.

Antou, nan bilan lanmò inondasyon Nò a, sou 8 moun ki te disparèt, yo rive jwenn 4 kadav.
 
 

Association nationale des étudiants haïtiens (ANEH)

«Yo pa kapab janm touye yon jenès ki òganize. Men jenès ki pa òganize se tankou yon bann ti kabrit k ap pran wout labwatwa.»

Nan sans sa a, ANEH ap mande tout etidyan nan kelkeswa inivèsite li ye, Leta tankou prive, nan vil pwovens yo tankou nan kapital peyi a, pou òganize yo. Nou dwe monte selil refleksyon pou reflechi sou mòd fonksyonman fakilte ou ye a, osnon inivèsite ou ye a, san nou pap janm sispann reflechi, twoke lide, sou gwo pwoblèm: grangou, lavichè, chomaj, ensekirite, salibrite, sanitè, edikasyon, politik elatriye. Epi gade kijan nou ka pote soutyen nou nan batay pou jistis sosyal tabli sou tè peyi Dayiti.

ANEH ap pwofite okazyon sa a pou l kòmanse mobilize etidyan yo pou patisipe nan yon pwojeksyon yon fim ki prevwa pou 18 novanm a 3 zè pm. Fim nan se: «Defi Castro». Nan yon tan ki pa twò lwen n ap di nan ki fakilte fim nan ap pase.

Viv batay etidyan
Viv yon Ayiti san fòs kote
Viv yon mouvman etidyan konsekan nan peyi a.

www.haitiprogres.com ** 8 Novanm 2000** http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm