Nan peyi DayitiHaïti Progrès
Novanm 1 o 7 2000
Nouvèl Kout KreyòlRezolisyon kont destabilizasyon
Jedi 26 oktòb la, senatè yo vote yon rezolisyon kont mannèv destabilizasyon k ap fèt nan peyi a. Se senatè Sidès la, Prince Pierre Sonson ki te pwopoze li. Nan seyans lan, senatè Dany Toussaint te swete kolèg li yo pral fè nasyon an konprann vrèman te gen mannèv konplo pou destabilize peyi a. Bò kote pa l, prezidan lachanm nan, Yvon Neptune felisite vòt sa a ke l di ki reyafime volonte lavalasyen yo pou mennen yon lit pou retire mo «koudeta» a nan vokabilè ayisyen an.
Adama Dieng ap denonse...
Yon «ekspè» endepandan Nasyon zini, Adama Dieng denonse sa li rele politizasyon lapolis nasyonal la, nan yon rapò l te rpezante devan Loni. Mouche raple ke PNH la te enplike nan divès ka vyolasyon dwa moun pandan e apre peryòd eleksyon 21 me yo. Adama di li lè li tan pou Ayiti gen lapolis ki nan sèvis nasyon an.
Lapolis ap fè rekritman
Depi anviwon yon mwa, nan divès zòn peyi a, lapolis ap kontinye enskripsyon, pou ta rekrite divès jenn nan kò polis la, malgre anpil senatè te gen dout, sou fason y ap fè enskripsyon yo. Divès nan jenn sa yo ki te kanpe nan yon seri liy byen long, anba yon solèy cho, te di se plis sitiyasyon ekonomik la, ki pouse yo fè chwa sa a. Anpil lòt te fè kwè yo ta gen volonte pou ta vin kontribye, pou ranfòse pwoteksyon popilasyon an.
Carlos Andrez Perez pwopoze tèt li kòm medyatè
Ansyen prezidan venezuelyen an, Carlos Andrez Perez pwopoze tèt li pou l ta vin medyate nan kriz Ayiti a. Mouche te montre nesesite pou ta gen yon akò ki siyen, yon fason pou eleksyon ta fèt efektivman 26 novanm, yon mannyè pou dat 7 fevriye a, ki dwe make monte yon lòt prezidan sou pouvwa a, ta respekte. Bò kote pa l Ernst Colon ki se pòt pawòl Mokrena/Konvèjans lan, voye jete lide pou Andres Perez ta vin medyatè nan kriz la: «Mwen pa kwè se yon medyatè valab pou nou menm...»
Préval ankouraje pwosesis la
Prezidan repiblik la, René Préval ki te sot patisipe nan 3zyèm sesyon travay komisyon miks ayisyano-kibèn an, ankouraje bon mach pwosesis elektoral la. Mouche di pwosesis elektoral la pa ka rete kanpe ap tann yon akò. Prezidan raple ke l ret 3 mwa pou kite pouvwa a, e li dwe respekte dat 7 fevriye a, pou yon nouvo prezidan monte.
Yon nouvo anbasadè dominiken
Yon nouvo anbasadè dominiken Alfredo Despradel Cabral remèt lèt kreyans li bay prezidan Préval nan palè nasyonal. Nouvo anbasadè a fè konnen, objektif li se travay kou mèt Janjak pou kenbe e amelyore relasyon Ayiti ak Dominikani. Mouche di ke «sa ki pi fondamantal, sa ki pi nesesè se konsolide demokrasi ayisyen an...»
Anbasadè Cabral di pèp dominiken an ki te solidè ak demokrasi a ann Ayiti, ap toujou rete solidè ak peyi a. Sou keksyon komisè ki te akize nan konplo koudeta a, Cabral di pa gen pyès nan komisè an Dominikani yo ki jwenn azil politik. Anplis, 2 polisye ki refijye nan anbasad Dominikani ann Ayiti yo, Cabral di se pwoteksyon y al chache, se pa azil politik yo ba yo. Mouche espere sa pap wete yon plimay sou relasyon 2 peyi yo.
PNH pap reponn komisè yo
Pòt pawòl lapolis la, Dady Siméon fè konnen lapolis nasyonal la pa gen anyen l ap di sou pawòl komisè ki nan kanpe lwen yo: «Nou annafè avèk yon seri polisye ki sove, e yo y ap fè ankèt sou yo. E nan sans sa a nou menm anndan lapolis la, se dwa nou pou nou pa gen okenn reyaksyon parapò ak sa yo menm yo di. E fò n pa bliye ke se yon dwa yo genyen pou yo pale, pou yo di nenpòt bagay.» Anplis, pòt vwa lapolis la te tou pwofite pou enfòme ke gen lòt moun ki jwenn arestasyon yo.
Préval rantre sot Kiba
Apre l te fin fè 3 jou Kiba ansanm ak prezidan Fidel Castro ki t ap prezide 3zyèm sesyon komisyon miks ayisyano-kiben an, se mèkredi 25 oktòb la, prezidan René Préval rantre nan peyi a. Prezidan Préval te di nan ayewopò a: «Donk, evalyasyon koperasyon ayisyano-kiben an, e degaje lòt pèspektiv pou ranfòse koperasyon sa a. Tankou kou konnen l, se yon koperasyon ki pote sou plizyè domèn, domèn lasante, kote gen 452 teknisyen e medsen Kiben ann Ayiti, ki nan diferan kwen nan peyi a. K ap bay sèvis. Genyen 90 ki pou rantre ankò, e lobjektif la se rive anvan fevriye a 600, pou bay sèvis lasante a. E an menm tan tou, nou diskite pou mete sou pye yon pwogram vaksinasyon konplè pou timoun."
Préval te fini pou di: «Mwen rete 3 mwa. Nou pa kapab kondisyone eleksyon yo ak yon akò politik. Eleksyon an l ap mache, si pandanstan gen yon akò politik ki jwenn, n ap teni kont de li, si li pa mete an danje lefèt ke mwen prale 7 fevriye.»
Tigwav: manifestasyon kont direktè APN
Divès manm òganizasyon popilè ki di yo pwòch Fanmi Lavalas nan Tigwav te pwoteste, madi 24 oktòb la kont enstalasyon Germain Alexandre alatèt APN ke yo akize kòm moun ki te nan koudeta 30 septanm lan. Nan moman sa a, pòt Otorite pòtyè nasyonal (APN) lan te fèmen, pòt ladwann, afè sosyal, OFATMA, OAVCT, EDH, lapòs te fèmen tou. Yon moun blese anba bal, yon ajan ladwann pran anpil brimad, yon zam pèdi. Manifestan an yo te akize kèk moun pwòch Lavalas, kòm moun ki ap fè kont mal taye, pou mete Germain Alexandre nan tèt APN Tigwav la.
Komisè yo "poko jwenn azil politik"
Pandan l t ap prezante lèt kreyans li bay prezidan Préval jedi 26 oktòb la, nouvo anbasadè dominiken an, Alberto Despradel Cabral, di 6 manm PNH ki an Dominikani yo pa pral yon antrav pou relasyon 2 peyi yo. «Se yon bagay ki frajil, men se pa yon pwoblèm», anbasadè Cabral te di, e ke polisye yo pa gen estati azile politik, men se pwoteksyon yo te al chache an Dominikani. Anbasadè a pwopoze pou l ta rankontre minis Afè etranjè ayisyen an, pou l diskite sou dosye a.
Pierre-Charles fè yon «chwa»
Gérard Pierre-Charles ki se dirijan OPL/Konvèjans denonse Konsèy elektoral la. Li fè divès akizasyon e li fè yon lòt chwa. «Sèl bagay ki enterese yo se kontwole konsèy elektoral la, chwazi yon seri moun pa yo, pou eseye achte moun ki te kapab swadizan endepandan, kraponnen yo, fè yo kado machin, fè yo tout kalte pwomès, pwomès ke yo pral nommen yo anbasadè aletranje oubyen senpman kraponnen yo. Pa ekzanp, konsèy elektoral kounye a, se yon konsèy elektoral prizonye, okenn manm konsèy elektoral la pa kapab ale aletranje, paske yo pè si nèg la ale aletranje li pa tou rete. Kidonk, pou nou fòk nou rive ak yon nouvo konsèy elektoral...». Gen kèk bagay Pierre Charles konnen ke lòt moun pa okouran? Antouka, mouche te bay ak li laj pou yon moun vin manm nouvo konsèy elektoral li a: «Yon seri pèsonaj ki gen 30 tan, 40 tan nan lavi pwofesyonèl yo, nan lavi sitwayen yo, e ke se pati politik yo ki te prezante plis kandida nan eleksyon 21 me yo, ki prezante yo.»
Kisa Gérard Pierre-Charles vle?
Gérard Pierre-Charles nan OPL/Konvèjans, mande yon refòm apwofondi nan fòs polis la. Mouche wè fòk ta gen yon ankadreman teknik pou oryante lapolis la, pou l travay nan tèt kole ak popilasyon an, yon mannyè, selon Pierre Charles pou lapolis la ta sòti anba grif yon sektè politik. Men Pierre-Charles kite kabrit fin pase, se kounye a l ap rele fèmen baryè. Tann dat mouche ap banbile nan gouvènman OPL yo, pouki se kounye a li wè refòm te dwe fèt nan lapolis? Li vle pran lapolis daso tou? Apa koudeta elektoral la, apa plan «opsyon zewo» a, èske Pierre-Charles ak akolit li yo gen yon lòt kou anba men yo?
Ernst Colon pa vle responsab echèk la
«Nou ka di si negosyasyon yo pa abouti, se akoz movèz fwa Fanmi Lavals ki pa montre okenn volonte, pou sòti peyi a nan enpas difisil ke li ye la a. Pou nou reprann fraz Premye minis la e prezidan Préval ki di fòk nou peze sou akseleratè a, pou nou rive nan 7 fevriye, nou menm nan Mokrena, nou deklare ke okenn eleksyon pa posib san opozisyon an», se konsa Ernst Colon nan Mokrena/Espas/Konvèjans, te reyaji pou lage fado echèk negosiyasyon yo sou do Fanmi Lavals.
Entegrasyon dyaspora a...
Plizyè santèn pèsonalite nan sektè piblik la tankou nan sektè prive a te reyini pandan 2 jou nan Pòtoprens, pou diskite wout ak mwayen pou favorize entegrasyon ak itilizasyon resous zimèn dyaspora a, nan devlopman nasyonal la. Minis ayisyen k ap viv lòt bò dlo yo, Jean Généus, nan okazyon ouvèti seyans travay yo, fè kwè seri travay sa yo ap fasilite ministè l la jwenn pwopozisyon ak rekòmandasyon k ap pèmèt ranfòse koperasyon ak moun nan dyaspora a. Minis lan te envite moun nan dyaspora yo vin kontribye nan pwogram echanj fòmasyon avèk inivèsite yo, lekòl teknik yo.
Sena a vote yon rezolisyon
Jedi 26 oktòb la, sena a vote yon rezolisyon lwa, kote prezidan lachanm lan Yvon Neptune di, se pou «nou kontinye kontrekare koudeta nan peyi a.» Rezolisyon sa a fè ekzijans pou otorite lajistis ak lapolis yo chache e trennen nan jijman, lotè tantativ koudeta ki t ap pale a. Li ekzije tou pou responsab yo garanti sekirite ak pwoteksyon anndan peyi a.
Etazini pa sou bit «ede» Ayiti
«Nou gen yon politik trè klè, ke Etazini pa pral bay okenn èd, ni li pa pral obsève eleksyon yo di k a pral fèt yo. Sèl si yon seri mezi ta pran pou korije iregilarite grav, konsènan eleksyon 21 me yo.» S Konsa pòt pawòl anbasad meriken ann Ayiti a, Daniel Whitman, te pale pou montre ke Etazini pa pral finanse eleksyon 26 novanm yo. Men, Whitman di peyi l ap gen pou bay ONG k ap travay ann Ayiti yo lajan. Kòm dabitid, Etazini pral kontinye finanse koripsyon!
Federasyon ap kalblende
Federasyon pwotestan Ayiti, nan yon nòt pou laprès, mande pou pwosesis elektoral la ta kanpe, jis pou negosiyasyon yo ta kontinye. Federasyon an di fòk chirepit sou eleksyon 21 me yo ta jwenn yon solisyon. Federasyon an te tou pwofite kritike yon sektè, nan kriz politik la li wè k ap fè kòd rèd. Nan sans pou ta jwenn yon solisyon nan kriz peyi a, Federasyon an prevwa divès aktivite espirityèl.
Selebrasyon jounen entènasyonal kreyòl
Nan okazyon jounen entènasyonal lang kreyòl la, divès òganizasyon ann Ayiti ki ap travay nan domèn lan, kouwè Saks, Bannzil kreyòl Ayiti, Sant kreyolololo, jounal Bòn Nouvèl, te fè santi nesesite pou moun sispann sèvi ak bayè lang e pou yo kite wout pou lang kreyòl la fè chimen l. Oganizasyon sa yo te plede pou otorite yo valorize lang kreyòl la reyèlman, nan tout peyi ki pale kreyòl yo. Anplis, lang kreyòl la se 2zyèm lang ki pale nan tout Karayib la, toujou daprè òganizasyon yo. Nan Kwadèboukè, Fwaye rechèch ak edikasyon mati yo (FREM) te òganize yon seminè fòmasyon sou lang kreyòl la, ki te dire 2 jou (samdi 28 ak dimanch 29 la), nan bi pou te fòme 12 monitè alfa, pou al travay nan 3 lòt sant alfa ak edikasyon enfòmel ke gwoup sa a vle mete sou pye, nan zòn Tè Blanch, Sen Michèl ak Ti Plas Kazo.
Jean Claude Fignolé ap fè mannigèt?
Apre ke lidè Pati Popilè Nasyonal (PPN) nan, Benjamin Dupuy, te fin bay yon konferans pou laprès, mèkredi 25 oktòb la, kote li te bay plis eksplikasyon sou koudeta a ak moun ki te enplike yo, Jean Claude Fignolé ke Ben Dupuy te di ki ta pral fè pati gouvènman ki ta pral pran pouvwa a, nan koudeta a, te reyaji pou di li pa t konn keksyon koudeta a. Malgre mouche pa nye ke l se pwòch Guy Philippe, mouche di ansyen komisè Philippe se ti moun ki te leve lakay Bòpè l ak bèlmè l, men li di l pa t nan okenn konplo koudeta. Kòm koudeta a echwe, mouche ap rale kò l dèyè. De tout fason, senatè Gilles fè konnen: se pa Ben dupuy ki envante anyen, non Fignolé parèt nan dokiman an.
143 moun omwens blese
Bilan sòti dimanch 22 oktòb pou rive samdi 28 oktòb la, lopital jeneral bay ke gen omwens 143 moun ki blese: 12 blese anba bal, 101 blese anba kout kouto, pik elatriye, 30 lezòt blese nan aksidan machin. Pou moun aksidante yo, se plis nan Pòtoprens, sou wout Nò ak Sid peyi a ka sa yo rive.
Kadav Jean Wilner Lalane disparèt
Jounalis Jean Wilner Lalane ke lapolis te arete nan kad ankèt sou lanmò Jean Dominique, direktè radyo Ayiti Entè a, te mouri kèk jou apre, nan kondisyon moun pa t janm fin konprann. Kò jounalis la te sipoze toujou nan mòg pou otopsi, pou te ka wè klè sikonstans lanmò mouche. Men, byen etonan, nan dènye jou sa yo, moun te aprann ke kadav la disparèt nan mòg lopital jeneral.
Fanmi Lavalas reponn Guy Philippe
Apre ke youn nan komisè ki sove yo Guy Philippe te fin akize Jean Bertrand Aristide kòm moun ki te ba l lòd pou tire sou moun ki pral vote nan eleksyon 21 me yo, pòt pawòl Fanmi Lavalas la Yvon Neptine, voye jete byen lwen akizasyon sa a: «Kòm koudeta a li manke fòk yo jwenn yon rezon pou yo jistifye l. Kòm tout... plan koudeta yo, yo toujou vize prezidan Jean Bertrand Aristide, paske prezidan Aristide li menm li makònen avèk pèp la, pèp la genyen l konfyans. Li sanble ke prezidan Aristide ansanm ak pèp la, li reprezante sanble yon menas pou kèk pouvwa tradisyonèl, ki ta swete pou yo ta kontinye menm bagay yo abitye fè anndan peyi a. Men pèp la kounye a, li wè klè nan tout bagay sa yo e prezidan Jean Bertrand Aristide l ap toujou rete fidèl, l ap toujou rete avèk menm angajman pou l kontinye travay kòtakòt avèk pèp la, pou pèp la, pou peyi Dayiti.»
Evans Paul te al pote plent pou Ayiti
Evans Paul alias K-Plim ki se dirijan KID/Espas/Konvèjans, te al an repiblik dominikèn, nan kad demach li di l ap fè pou defann pozisyon konvèjans lan. Mouche te rankontre ak minis Lenteryè ak lapolis dominikani an, li te kontre ak divès palmantè dominiken, li te rankontre ak kèk moun nan sektè prive dominikani an. E mouche ki t ap vasiye pou al pote plent bay akolit li ak patwon l pou peyi Dayiti, te di l te rankontre ak responsab adjwen biwo afè Latino ameriken an Peter Romeo, ki te twouve l nan Santo Domingo. Men sa Paul di Roméo te di l: «Msye fè yon deklarasyon ekstrawòdinè, ki parèt nan jounal El Caribe, vandredi 27 oktòb la, kote li di Lèzetazini pap aksepte yon gouvènman Aristide, ki soti nan eleksyon 26 novanm yo. Mesye Romeo kontinye pou l di, rezilta eleksyon 21 me yo, se yon rezilta ki te fabrike pa Fanmi Lavalas, pou l gen majorite nan palman an.»
Pou fini, konpè Plim te di ke Lèzetazini, toujou selon sa Romeo te di, pap dakò ak okenn eleksyon 26 novanm ke «opozisyon» an pa patisipe ladann «pou demokrasi a gen yon ekilib». Si pati ki rele tèt yo opozisyon an te popilè!
Plato Santral: pwoblèm nan lise Mibalè a
Lise nasyonal Mibalè a gen plis pase yon semèn depi l pa travay, akòz pwoblèm pwofesè matematik, fizik pou klas reto ak filo e pwofesè kominikasyon kreyòl, pou klas fondamantal 4e, 5e, 6e ki pa genyen. Apre leve kanpe komite ak elèv lise a, direktris depatmantal ministè a pou zòn Plato Santral la, te fè yon kout pye pou vin chita pale ak elèv yo, nan lise a. Men, madanm nan bay yon delè 13 jou pou li ka panche sou pwoblèm nan. Poutan, elèv yo fenk kare pa gen kou matematik, fizik ak kreyòl.
Nòdès: lapli fè anpil dega
Gwo lapli ki te fè plis pase 5 jou ap tonbe sou depatman Nòdès, semenn pase anwo a, fè gwo dega nan depatman sa a. Plizyè bèt ak plantasyon detwi. Divès kay nan Site Maks, Site Akanj (Fò Libète) resevwa gwo zòbòy anba dlo ki anvayi yo. Nan Twou di Nò, kout loray ki pase touye Jean Baptiste Alex ki se yon papa 3 pitit, pandan l te chita anba yon pye kenèp ap kale yon bout kann. Menm kout loray sa a blese yon misye ki pote non Pradel. Madanm Jean Baptiste ki pa konn ki vèvè pou l trase, ap mande sekou otorite yo ak gwo chay ki sou do l la.
Pawòl koudeta bay Machioch kè sote
Prezidan chanm komès Nò a Machioch, nan yon deklarasyon pou laprès sou kesyon tantativ koudeta a fè konnen ke malgre li pa gen tout enfòmasyon yo, men sektè prive genyen kè sou biskèt depi pawòl koudeta pale. Selon Machioch, sektè prive a pa kapab refè menm eksperyans 3 lane koudeta anbago ak enstabilite sivil ki ruine li, moman sa a se pou dyalòg, la pè, envestisman pou pwogrè ak devlopman ekonomik se sa nimewo 1 chanm komès Nò a te vle.
Anbasad meriken te vle mete baboukèt
Nan yon delegasyon 25 fanm depatman Nò Nòdwès ki te al mande viza pou patisipe nan mach mondyal fanm nan vil Nouyòk soti 15 pou rive 17 oktòb, se sèlman kèk ki te rive patisipe pou tout peyi a poutèt pwoblèm viza ameriken. Mme Elvire Eugeune yon reprezantan fanm Nò ki te patisipe deklare: se paske yon fanm Dayiti se fanm pòv ki fè yo pa bay yon chans viza an kantite. Sepandan Mme Elvire Eugeune fè konnen delegasyon ayisyèn nan te fè wè yo nan mitan 5 mil gwoup fanm ki te al patisipe e tout laprès te branche sou Ayiti paske yo t ap kriye byen fò devan lemond antye rive fanm ayisyèn kontinye ap viv jouk jounen jodi a fanm ayisyèn yo te mete rad ki fèt ak sak kòlèt yo te pote chodyè ak ganmèl sou tèt yo epi kalbas anba bra yo. Daprè madanm Elvire Eugene se yon jès siyifikativ pou montre sitiyasyon eksplwatasyon ak depandans peyi Dayiti kontinye sibi anba FMI bank mondyal epi grangou, majinalizasyon ki ap sakaje fanm ayisyèn yo. Anvan mach mondyal la òganizasyon fanm Nò-Nòdès te òganize divès mobilizasyon pou fè tande revandikasyon yo.
Yon nouvo komisè polis
Lendi 25 oktòb nan aprè midi direktè jeneral polis nasyonal la Pierre Denize enstale yon nouvo komisè polis nan vil Okap. Jean Gaelle Menelas ranplase Guy Phillipe ki sove ale an dominikani aprè echèk tantativ koudeta a. Seremoni sa a pat ofisyèl ni okenn otorite ni okenn manm laprès pat envite pou patisipe, Nicol Levi yon kowòdonatè ti Fanmi nan Okap te denonse enstalasyon klandesten sa a kote pèsonn otorite sivil, la jistis pa okouran pa menm delege depatmantal la Bell Angelot. Nicol Levi fè konnen li pa rekonèt enstalasyon sa a.
Koripsyon nan lopital Jistinyen
Madi 24 oktòb la, nan yon stasyon radyo vil Okap, pòt pawòl sendika pèsonèl enfimyè lopital Jistinyen an Claude Muller denonse koripsyon nan enstitisyon sa a. Claude Hilaire deklare ke nan sal operasyon gen medsen ki ap itilize byen leta, kay leta, gaz leta kabann leta, materyèl leta pou fè ka operasyon prive pou 5, 6 mil dola. Administrasyon an pa gen yon goud ladan l e menm ti malere ki ap bourike pa gen yon goud ladan yo, answit lajan anestezi 5, 600 dola se nan pòch pèsonèl moun sa yo yo antre. Doktè Vernes Charlumeau responsab lopital la ki santi li konsène t ap chache defann doktè yo, e li fè konnen ke li pa pale pèsonèl li mal, li pap reponn voye monte. Claude Hilaire te retounen pou l di ke dosye yo trè klè. Claude Hilaire mande ministè sante a yon ankèt prese prese sou fonksyonman lopital la pandan li atire atansyon otorite sou yon seri kadav ki gen plis pase 4 mwa nan mòg. Yon sitiyasyon ki lakòz move lodè nan lopital sa a.
Kanpay kont Sida
SHI ki se yon ONG ameriken ki ap travay kont maladi sida nan mitan fanmi yo te òganize ak kowoperasyon ministè sante piblik. Atis chantè te patisipe tankou Beethova Obas ak chantè gwoup Waga mòfin, Brothers Posse, Don Cato. 2 vedèt sa yo te fè konnen rezon ki mennen yo Okap se pa pou vini chante men se pou motive jèn kont Sida ak lòt maladi moun ka pran e ki ap detwi lavi. Doktè Max L. Joseph yon reprezantan òganizasyon sa a te mande pou jèn yo pa pran plizyè patnè epi sèvi ak kapòt. Madanm Moline Doriska ki responsab pwopagann kanpay la fè konnen se nan Okap kanpay sa a kòmanse yon fason pou montre enpòtans desantralizasyon an, Mme Clesca te pwofite anonse yon konkou sou tèm Ayiti san Sida pou elèv klas avanse nan Okap.
Ansyen sekirite lameri Okap la ap reklame
Mèkredi 25 oktòb plizyè ansyen sekirite lameri sou administrasyon Claude Pean te debake nan meri a pou reklam 5 mwa aryere salè ke enstitisyon an ta dwe yo. Konsa yon diskisyon te pete ant ansyen sekirite yo ak nouvo sekirite ki pat bay aksè pou yo rankontre ak otorite meri a. Men yon antant te fini pa fèt.
Yon nouvo bato rive Labadi
Explorer of the Sea, youn nan pi gwo bato touris nan lemond lan rive touche lanmè Labadi pou premye fwa jou lendi 30 oktòb la. Bato sa a pote 2 mil pasaje ak 1600 manm ekipaj. Nan okazyon an, majistra Wilma te remèt kle vil la bay kapitèn bato a pandan li te fè konnen ke li se majistra ki eli nan eleksyon 21 me ki se eleksyon ki te onèt lib e kredib. Plizyè lòt otorite te prezan tankou: direktè depatmantal la polis Antoine Fleury ak nouvo komisè polis la Jean Gaelle Menelas, yon delegasyon Pòtoprens ki te gen nan tèt li minis Afè sosyal la Mathilde Flambert ki te vini inogire yon seri pwojè.
Pozisyon RAMIG sou 17 oktòb
17 oktòb 1806, 17 oktòb 2000 sa fè 194 lane depi gason vanyan an Jan Jak Desalin tonbe anba bal asasen grandon ak boujwazi pyajè yo. Aprè lamò jal Desalin pyajè yo fè dappiyanp sou tout richès peyi a jis rive nan pouvwa fewodal mesye Divalye yo. Aprè 30 lane Duvalier nan tèt pouvwa a kote koripsyon, lamizè, lenjistis, represyon lame ak makout la t ap toupizi pèp ayisyen an e se konsa mas yo leve kanpe bat chalbari dèyè rejim sanginè a nan dat 7 fevriye 1986. Depi lè sa a divès òganizasyon popilè militan konsekan yo kontinye makonnen fòs yo ansanm pou yon lavi miyò. Se konsa 16 desanm 90 pèp la vote Aristid prezidan nan tèt peyi a ak kaye revandikasyon anba bra l ki se fini ak makout, retire peyi a anba dominasyon enperyalis meriken, fini ak leta pyajè elatriye. 30 septanm 91 makout ak boujwazi patripòch la, sou lòd meriken, bay pèp la yon panzou nan vòlè pouvwa 16 desanm 90 la, voye prezidan Aristide an egzil, lage 30 mil moun nan mawon e touye plis pase 5 mil moun. Yo kraze tout bèl bagay Lavalas te kòmanse fè, men ak rezistans pèp la Ariside retounen nan peyi a 15 oktòb 94. Pèp la leve kanpe yon lòt fwa ankò ak revandikasyon 16 desanm yo, se pou sa RAMI ki se rasanbleman militan Granrivyè di: 1, pou 2001 ka bon tout bon fòk pa gen divizyon. 2, kore viktwa 21 me 2000. 3, vote tab la nan eleksyon 26 novanm ki pral rive la a. 4, aba makout aba lavi chè, viv lit pèp la, pou Ramig se Maxime Ebdou.
Monseyè Guyre Poulard pap di vre verite a
Pa rapò ak konpòtman monseyè Guyre Poulard depi aprè koudeta septanm 91 yo pou jouk jounen jodi a, anpil moun nan popilasyon an ap poze kesyon pou mande ki wòl monseyè a nan depatman Sidès la? Kote zafè legliz monseyè a abandone yo pou mennen politik dyòl bòkyè opozisyon kokobe a; yon politik ke tout pèp Ayisyen an deja vomi. Konsa avèk anpil tristès moun ap tande nan semèn ki sot pase a monseyè Guyre Poulard k ap fè konnen ke li pap ankouraje fidèl legliz li yo nan depatman Sidès la al patisipe nan eleksyon novanm 2000 yo. Monseyè a ki t ap pale sou Radio Express Continental nan Jakmèl te fè deklare: «Konferans episkopal yo pat ko reyaji sou sijè sa a; pou mwen menm nan Sidès la pa genyen yon vrè mobilizasyon pou eleksyon, pèp la plis ap okipe l de zafè lamizè k ap agrave chak jou pi plis, se pou rezon sa yo mwen menm mwen pap kite fidèl yo al patisipe nan eleksyon.» Antouka si monseyè Guyre Poulard te gen konsyans pou pèp la li pata dwe demisyone de sèvis relijye li pou konvèti tèt li kont pèp la epi li ta rezoud pwoblèm twaka pòv k ap mande devan legliz li a paske tout moun konnen trè byen si genyen yon paradi sou tè a se lakay monseyè Guyre Poulard li ye nan Jakmèl.
Eleksyon: kòman sa ye nan Sidès?
Pwosesis pou abouti ak eleksyon 26 novanm 2000 yo ap vanse trè byen nan depatman Sidès la selon sa sekretè BED la Louiner Jean Mary fè konnen nan yon entèvyou ekskliziv li te bay jounal Ayiti Pwogrè maten vandredi ki te 27 oktòb 2000 lan. Louiner Jean Mary te deklare ke pou kounye a yo deja achemine dosye manm BI ak BV yo devan KEP la, rete sèlman repons KEP la pou yo rantre nan kad fòmasyon manm ki pral fè pati biwo yo. Konsènan enskripsyon pou elektè yo Louiner fè konnen se sèlman moun ki pat ankò gen 18 tan nan epòk eleksyon mwa me pase yo k ap gen pou fè kat elektoral yo. Sou kesyon opozisyon an ki pap patisipe nan eleksyon novanm 2000 yo sekretè BED Sidès la Louiner Jean Mary te di: «Nou kwè te genyen yon kaye enskripsyon kite ouvè pou tout moun al enskri; si yon moun pat fè sa KEP la pa responsab. Dayè nan depatman Sidès la nou deja genyen 3 kandida e nan plizyè lòt depatman genyen lòt kandida ki enskri, sa montre ke eleksyon an li posib.»
Paran Anel Lambert viktim 2 fwa
Dosye Anel Lambert, yon jèn gason apeprè 23 lane ki te mouri nan kouran jou kite dimanch 15 oktòb 2000 lan nan zòn Monchil toujou la, paske paran viktim nan kite pran chemen lajistis avèk biwo santral EDH Jakmèl la fè konnen se pa de monte desann responsab EDH yo ap fè yo fè pou granmesi. Paran Anel Lambert yo di mò a deja genyen pase 15 jou nan mòg, responsab EDH yo pa janm mande yo kisa enfòmasyon ke responsab ajans de près bwat la mesye Lesly Ambroise ta demanti. Lesly Ambroise fè konnen yo deja planifye avèk paran Anel Lambert kote EDH responsab pou bay paran viktim nan 30 mil goud pou fè fineray Anel. Ambroise ki di li pa kwè ke se kouran ki touye Anel fè konnen se aprè otopsi kadav la ya konnen si yo ap dedomaje paran Anel Lambert. Konsa, jounen vandredi ki te 27 oktòb 2000 lan nou aprann , pwiske viktim nan se moun Dekouze li ye, popilasyon Dekouze ak paran viktim nan te bloke wout la pou te montre kòman yo pa dakò ak konpòtman EDH la. Yon mouvman nou aprann ke lapolis nan Jakmèl pat pran tan pou te al fè kraze brize kote gen moun kise paran viktim nan ki t ap fè revandikasayon ke lapolis rive frape anba kout baton, yon sitiyasyon kite montre byen klè ke paran Anel Lambert yon lòt fwa viktim malgre yo te deja anonse lapolis sou mouvman 27 oktòb la.
Benè: Lekòl nasyonal la an movez zeta
Elèv lekòl nasyonal Bwa Gòch, kise 5e seksyon kominal komin Benè, gen anpil difikilte akoz movèz eta sant edikasyon sa twouve li jounen jodi a. Daprè Enel Saint Hilaire yon manm Kazèk zòn nan, lekòl nasyonal Bwa Gòch la ap fonksyone depi lontan san li pa janm konstwi. Saint Hilaire fè konnen pa gen ban pou elèv yo chita alewè pou ta gen biwo. Kazèk la mande ministè Edikasyon nasyonal pou ta konstwi lekòl la yon fason pou plis elèv nan 5e seksyon kominal Bwa gòch la kapab aprann li ak ekri.
** 1 Novembre 2000 **