Nan peyi DayitiHaïti Progrès
25 o 31 Oktòb 2000
Nouvèl Kout KreyòlRaboto: kouman pwosè a ap dewoule?
Divès òganizasyon ki di y ap defann dwa moun kouwè POHDH, NCHR, JILAP, mete deyò yon lòt rapò, ki fè eta, selon yo, dewoulman pwosè a. Oganizasyon sa yo ki gen 7 obsèvatè k ap founi je gade dewoulman pwosè a, pale nan rapò a, de kouman yo wè dosye a, dwayen an, manm jiri yo, ministè piblik la, avoka k ap defann viktim yo, viktim yo, temwen yo, avoka k ap defann akize yo, akize yo, asistans lan, elatriye.
Rapò sa a te plis poze keksyon, olye li te prezante fè yo (nan espas presize a), fè jijman valab dewoulman pwosè a e bay pwopozisyon òganizasyon dwa moun yo. Gen yon pridans nou te remake òganizasyon yo t ap fè, menm lè yo t ap poze keksyon sou atitid ou konpòtman divès pati, divès sektè ki te la yo. Pa egzanp lè òganizasyon yo t ap pale de dwayen an, yo te lese kwè: «Malgre tout bagay, li jwe wòl li, li rete endepandan. Poutan, gen kèk siy enpasyans, kòlè ki te parèt klèman lakay li, pandan l t ap dirije pwosè a. Yon konpòtman konsa, èske l pa pral fè wout pou yon seri eleman nuizib ki ka anpeche pwosè a dewoule byen?» Men òganizasyon yo te la ap obsève, yo ka wè si sa fèt ou pa. Pouki tout pridans sa yo?
Yon lòt bò, lè yo t ap pale de manm jire yo, yo di: «Manm jire yo sanble toujou djanm nan travay yo, e kòmanse ap rantre nan jwèt la, paske yo poze yon seri keksyon valab ki ka ede yo rive ak sa yo vle a. Pandanstan, yo dwe fè prèv vijilans lè y ap idantifye chak akize pou yo ka sòti ak yon desizyon kòrèk nan sal liberasyon an». Poutan, youn nan temwen yo, Colin Granderson te fè wè: «Manm jiri a, dapre enfòmasyon, te aji bridsoukou, pou tout rezon...» Men li t ap pi kòrèk si nan chak rapò yo, òganizasyon dwa moun yo te prezante fè yo, apati obsèvasyon yo fè, analize fè yo, pote jijman pa yo, e fè lòt pwopozisyon, pou omwen jijman sa a pa ta pase menm jan ak pwosè masak Kafou Fèy la.
N ap raple ke ap gen 77 temwen ki pou pase. Kote pami yo Colin Granderson, antwopològ Karen Burn, jenetisyen Michel Harvey, te fè depozisyon yo. Pwosè a toujou ap kontinye. Men moun Gonayiv, Raboto pa deside pou sa pase menm jan ak pwosè masak Kafou Fèy la.
Préval konfime afè koudeta a
Touswit lè l te sot siyen akò Karakas la, prezidan Préval te konfime ke te gen konplo pa divès komisè lapolis, pou te fè yon koudeta. «Efektivman gen yon seri komisè, patikilyèman, nan zòn metwopolitèn lan avèk komisè nan yon depatman ki te gen lentansyon fè yon koudeta. Yon fwa ke ransèyman rive jwenn nou, nou pran dispozisyon. Pandanstan, kèk nan yo pati e patikilyèman gen 7 ladan yo ke yo arete an repiblik dominikèn. Donk kounye a la a, se negosiyasyon avèk repiblik dominikèn pou voye yo tounen, swivan yon seri fòm atravè diplomasi e lajistis», se konsa prezidan an te pale, pou te di bagay la pa rete nan yon kad rimè. E prezidan Préval te tou di se pa tout lapolis la, e se pa tout sektè nan lapolis la ki te nan konplo sa a. E prezidan an te mande pou popilasyon an ak manm òganizasyon popilè yo rete tèt frèt.
Alexis sou keksyon koudeta a
Chèf gouvènman, Premye minis Jacques Edouard Alexis te konfime li menm tou zafè konplo koudeta a, ki t ap manniganse pa yon seri sivil, polisye, ansyen polisye ak ansyen militè defen FADH. «Nan moman n ap pale la a, nou konnen non moun ki te reyini yo, gen polisye, genyen sivil gen ansyen polisye tou, menm jan gen ansyen manm lame Dayiti. Men, nan moman n ap pale avè w la, m pa konnen si onivo repiblik dominkèn, nan moun yo arete yo, genyen... sivil. N ap tann pou gen lòt enfòmasyon».
Vèsyon OPL sou koudeta a…
Konsènan keksyon konplo koudeta a, pòt pawòl Fanmi Lavalas la e prezidan sena a Yvon Neptune di se menm jan ak tout moun li tande sa ap pale. Li deklare: «Sa konsène egzekitif la e li konsène lapolis... Nou menm tou nan Fanmi Lavalas, yo dwe pou yo pwoteje nou, pwoteje lavi nou, pwoteje byen nou menm jan yo dwe pwoteje lavi, pwoteje byen tout sitwayen.»
Bò kote pa li poutan, pòtvwa OPL/Konvèjans lan Sauveur Pierre Etienne di: «Te gen yon oto koudeta... e oto koudeta sa a, se pouvwa lavalas la ki ap òganize li pou kreye yon katchouboumbe, kote se li menm ki vini sèl moun ki ka pale ak kominote entènasyonal la.» Tèm «oto koudeta» a, Sauveur Pierre Etienne sanble fenk pantan sou li, nan kaye nòt ak diksyonnè destabilizasyon an? Oubyen, li konn yon bagay pyès lòt moun pa konnen.
Komisè yo ap eseye defann yo
Komisè lapolis ki te akize nan konplo koudeta a e ki te al Sen Domeng mèkredi 18 oktob la, ap eseye defann tèt yo. Komisè sa yo ki se Mélisor Lemé, Fritz Gaspard Junior, Marie Jude Jean Jacques, Didier Séïde, Groodrock Noël, ak ansyen komisè Petyonvil la Jacques Patrick Dornevil, te pase swa pa Dajabon swa pa Copei. Guy Philippe li menm te rive anvan tout lòt komisè yo.
Komisè sa yo ki yo tout te fòme nan peyi Equatè, nan peryòd defen lame Dayiti a, te defann tèt yo pou di yo pa t nan konplo koudeta vreman. Guy Philippe li menm ki te ansyen komisè Okap, te di se yon kou monte Dany Toussaint fè, yon fason pou l ka vin kontwole tèt lapolis la. E mouche te ajoute ke se paske yo te pè, ki fè ke yo tout te al travèse fwontyè a. Yon seri deklarasyon ke senatè Joseph Médard te demanti. Kote l te di komisè yo te nan konplo a tout bon vre.
Médard demanti ansyen komisè yo
Nan yon deklarasyon yo te bay yon jounal dominiken, komisè ki pran lyann yo di se senatè Dany Toussaint ak Joseph Médard ki ta lage rimè koudeta a, nan lari, akize yo (komisè yo), yon mannyè pou ta elimine yo. Se yon fason pou komisè sa yo, ki toujou an Dominikani, ta demanti zafè konplo koudeta a. Bò kote pa l, senatè Médard, ki reponn komisè yo, pou rejte akizasyon sa yo, komisè yo lage sou do l ak sou do senatè Dany. E senatè Médard rete kwè: «Se byen malere sa ki pase a. Yon seri jenn komisè ki sanse ta enplike ladan li (koudeta a), men sepandan, nou k ap di se yon pèt pou peyi a, paske yon kote Leta depanse anpil kòb pou l fòme yon seri polisye e menm yon seri komisè; epi pou l wè se nan yon sitiyasyon konsa komisè yo mete tèt yo, pou pèdi benefis ekspètiz ke yo genyen onivo lapolis la». Konsa senatè Joseph Médard te pale, pou l defann tèt li ak senatè Dany Toussaint, epitou pou l te reyafime ke komisè yo te nan konplo koudeta.
Sa ki te sòti nan negosiyasyon yo?
Seri negosiyasyon yo, ki te mete bab pou bab reprezantan ekzekitif la, reprezantan Fanmi Lavalas ak gwoup konvèjans lan, sou abitraj sekretè adjwen òganizasyon leta ameriken yo (OEA) a Luigi Enaudi, te dwe bout e jwenn yon akò jedi 19 oktòb pase a. Malgre chak pati yo te fè pwopozisyon pa yo, apre diskisyon, okenn akò pat rivejwenn. Reprezantan OEA te deklare anvan l pati: «Mwen pral pati tout menm, kounye a m nan yon sitiyasyon pèsonèl e pwofesyonèl difisil...» Malgre Premye minis Alexis te swete diferan pati yo jwenn yon akò: «Gouvènman di depi 2 pati yo jwenn rezilta yo, yo dakò sou rezilta yo, e rezilta ki (yo) respekte konstitisyon an e lalwa, li menm li pre pou li aplike sa yo jwenn lan. Epi dezyèmman, gouvènman an di tou, li pap kite l antrene nan yon dilatwa ki ka fè 7 fevriye, yon nouvo prezidan pa monte sou pouvwa a».
Poutan Sauveur Pierre Etienne nan OPL/Konvejans lan konstate «avèk anpil dlo nan je negosiyasyon yo echwe. Aprè midi a lidè konvèjans yo te vini pou yo rankontre avèk mesye Aristide jan mesye anbasadè Enaudi te angaje li, mesye Aristide pa t deside vini nan rankont la. Yo menm yo te blije ale kite nou, e nou konstate Fanmi Lavalas pa chanje pozisyon li. E sa ki enterese yo se eleksyon 26 novanm, e nou di pa gen kondisyon ki reyini pou eleksyon fèt».
Yon move plan Sauveur Pierre Etienne ke senatè Yvon Neptune ki se prezidan sena a e pòt pawòl Fanmi Lavalas, te voye jete byen lwen, lè li deklare: «Pou sa ki konsènen nou, nou pa pale de echèk, nou ap pale pito de yon eksperyans ke nou te chwazi pou n fè, e nou angaje n pou n kontinye fè».
Atanta sou kay Suffrard
Jedi 10 oktòb la vè 11 zè edmi nan lasware, anpil endividi, ki te repati an plizyè gwoup, tire sou kay kòdonatè Kozepèp la, Charles Suffrard, nan Lestè. Selon Suffrard, se gras a entèvansyon popilasyon an ak lapolis ki fè bandi ame yo pa fè plis. Chèf Kozepèp la lage chay atak sa a sou do moun ki pa vle wè demokrasi tabli nan peyi a. E li di li gen enkyetid pou sekirite l.
Direktè lopital la demanti rimè
Direktè medikal lopital jeneral (HUEH) la Carl Dénerville demanti sa li rele rimè, ki t ap kouri nan sant ospitalye leta a, ki te fè kwè gen yon lòt ti bebe ki te pèdi, apre pa Nanoune Myrthil la, ke yo pa janm rejwenn. Koze disparisyon bebe sa a, se sendika pèsonèl enfimyè a ki te mete l deyò. Dénerville te di: «Bon m kapab di w se pa yon tantativ vòlè ti bebe ki te genyen, se petèt yon neglijans ki te genyen nan nivo sal operasyon matènite a. Se te nan maten 5 oktòb la ke gen yon dam ki akouche pa sezaryèn, lè l fin akouche nòmalman, jan nou fè l kounye a, nou mete braslè e nan bra manman an e nan bra ti moun lan. Kòm dam nan te sot fè yon sezaryen, donk li te sou anestezi. Yo mennen l nan sal, yo kite ti bebe a nan sal operasyon an, bon petèt te kapab genyen yon ti panik akoz evènman ki te gen anvan yo, epi kèk tan apre yo jwenn ti bebe a, yo renmèt manman li.»
Kote ti bebe a te gentan fè? Enben gen yon jwèt kach kach liben sere liben ak ti pitit moun nan lopital la? Antouka, direktè a ki di li ak lapolis pral met sekirite anplis nan lopital la, e sere boulon rakète anndan an.
Preval soti Venezuela
Prezidan ayisyen an René Préval te al Venezuela jou 18 oktòb la, pou te al siyen «Akò Karakas» la ki konsène prensipalman pri avantaje pou petwòl pou Ayiti ak lòt peyi nan zòn lan. Akò sa a ki garanti yon kredi Venezuela ap bay pou achte gaz, ki ap renmèt sou yon espas 15 zan, te siyen pa 11 peyi Karayib la, kouwè Jamayik, Kostarika, Dominikani, Belize, etc. Men malgre sa lè prezidan an te soti Karakas (Venezuela) jedi 19 oktòb la, li te di pri gaz la pap desann.
Akò Kararas la
Akò Karakas la enplike siyati anviwon 11 peyi Karayib ak Amerik di Sid. Se yon akò ki prevwa pou peyi Hugo Chavez la, Venezuela vide 80 mil baril petwòl, a pi piti pri, chaj jou sou peyi sa yo. Anplis ap gen kèk lòt pwodwi tankou asfalt ak siman. Akò a prevwa yon kredi jiska 30% sou pwodwi peyi yo achte nan men Venezuela ak yon ti enterè 2%, e ke y ap fin renmèt lajan sa a sou 15 zan. Venezuela, selon akò a, ap kapab vann a pri avantaje chak jou Sen Domeng 20 mil baril petwòl; Guatemala 10 mil; Kosta Rika ak Panama yo chak 8 mil, Salvadò 8 mil tou, Jamayik 7 mil 400, Ayiti 6 mil 500, Hondiras 5 mil, Nikaragua 4 mil 900, Babad mil 100, Beliz 600.
Jesse Helms ap kritike
Prezidan komisyon eksteryè sena meriken an, repibliken Jesse Helms, kritike politik administrasyon Clinton lan vizavi Ayiti. Senatè a kalifye de dezas politik gouvènman meriken an ann Ayiti. Mouche di Aristide pa t janm zanmi Etazini, sa vle di blan meriken pa ka avanse sou yon plan demokratik ak Aristide kòm garanti. Mouche di pi devan: «Administrasyon Clinton lan te plis mete politik kanpe ann Ayiti, sou yon baz retou Aristide sou pouvwa a, e non sou remete kanpe demokrasi a (ann Ayiti)." Helms di pi lwen, administrasyon Clinton nan bay «opozisyon» an do pandan l aksepte Lavalas ap fè e defè. Mouche ki bay mizangad kont retou Aristide sou pouvwa a, denonse plizyè dizèn milyon dola ke gouvènman peyi l te bay Ayiti nan kad eleksyon 21 me 2000 yo, li wè ki te fèt ak magouy.
Enben, piske Jesse Helms konprann tout moun Etazini pa ka fè sa l pito ak li pa merite ekziste sou pouvwa, se sa k fè l ap pote swadizan opozisyon an anlè konsa a? Sa pa kontinye konsa, sitou lè bri koudeta ap kouri ann Ayiti.
Peleren: vòlè dechouke kay ansyen komisè a
Vandredi 20 oktòb la, plizyè moun enkoni te vin ak machin, pou te vin dechouke kay ansyen komisè Guy Philippe, ki twouve l kounye a Sen Domeng. Moun yo te piye tout sa k nan kay, ki chita nan Peleren 6. Yon ajan sekirite te di sa l te wè: «... jodi a pandan m sou pòs la, m tande yon bann moun, m tande tire anlè, kounye a, lè mwen mande sa k genyen, yo di m konsa se kay Guy Philippe. Epi moun ap bwote, moun antre anndan kay misye, bwote televizyon, bwote tout bagay nèt». Moun nan zòn di se pa t moun katye a, ki te fè travay sa a. Se yon seri enkoni ki te sot nan lòt zòn. Enfòmasyon te fè kwè, dechoukè yo te frete 2 kamyonnèt anvan, ke lè chofè yo te vin wè se yon aksyon dechoukay, yo te al fè wout yo. E ke apre, yon lòt chofè te vin deside al fè djòb la. Tout kay la te debarase pa dechoukè yo, ki sanble ak vòlè pito. Pou kouwè l ye la a, kay la sou kontwòl lapolis.
KEP la kontinye ap travay
«Ann atandan negosiyasyon yo bout, Konsèy elektoral la kenbe dat eleksyon yo pou 26 novanm 2000...». Se konsa pòt pawòl KEP la, Samuel Louis Jean te pale, pou te montre ke anyen pa chanje nan kad dat eleksyon yo, jiskaske ta gen yon lòt desizyon ki pran nan kad negosiyasyon yo. Pòt pawòl la te tou di ke enstitisyon elektoral la ap kontinye travay, nan kad pwosesis elektoral la.