Nan peyi DayitiHaïti Progrès
18 o 24 Oktòb 2000
Nouvèl Kout KreyòlManda dèyè Ronald Cadavre
Apre ensidan ki te pase 2 oktòb la, devan lokal KEP la, kote komisè lapolis Dèlma a, Jacky Nau te viktim anba men kèk moun nan foul ki te rasanble ap tann Aristide vini fè depo kandidati li, divès responsab te lonje dwèt sou Ronald Cadavre kòm moun ki ta agrese komisè Nau. Men senatè Dany Toussaint te bay yon lòt vèsyon evènman an, kote l te di, Ronald Cadavre se pwoteje li t ap chache pwoteje komisè a, pou move je woulibè nan foul la pa t frape responsab la. Minis Lajistis la, mèt Camille Leblanc deklare: «Komisè gouvènman an te enfòme m ke l mete yon manda deyò kont M. Cadavre, donk li te envite l, donk li pa t prezante, donk li mete yon manda darè, yon manda damne kont li.»
TiGwav: KOZEPEP manifeste
Komite Zafè Elektoral pou eleksyon pwòp (KOZEPEP) te òganize jedi 12 oktòb la, yon manifestasyon nan Tigwav ak plizyè santèn peyizan. Objektif mouvman sa a se te pou ankouraje moun Tigwav, Grangwav al patisipe nan eleksyon ki ta sipoze fèt 26 novanm 2000 yo.
Nan okazyon an, peyizan yo te tou ise kèk nan revandikasyon yo, tankou yo te mande pou yo jwenn bank zouti, semans, manje, medikaman pou bèt anndan chak seksyon kominal.
Espas la lanse yon «pinga»
Dirijan Espas konsètasyon yo te voye yon mesaj bay prezidan Taiwan nan pou di li: «Espas konsètasyon pwofite opòtinite sa a, pou anonse w nou lanse yon pinga kont tout demach prezidan ayisyen an ki Taiwan kounye a, ta tante fè, pou prete lajan nan men gouvènman chinwa a», se sa mesaj Espas la te di. Micha Gaillard te tou pwofite pou fè woy woy pa l ak sa. Men, dirijan Espas la yo sanble se mouchavè, yo pa ka manje manje a, yo sòti pou yo gate l? Pou bò pa l, pòtvwa Fanmi Lavalas la e prezidan lachanm sena a, Yvon Neptune te voye jete byen lwen demach Espas la, kote l te di: «Gen yon seri betiz kèk politisyen ap di nan zòrèy pèp ayisyen an, e pèp ayisyen an pa janm okipe yo.»
Sen Mak: Makout yo kritike Evans Nicolas
Makout nan Sen Mak kritike Evans Nicolas nan URN, pati defen Roger Lafontant an, dèske li deside ale alaprezidans nan eleksyon 26 novanm 2000 yo. Franck René ki prezante tèt li kòm makout deklare ke okenn makout divalyeris pap aksepte ak lide Evans Nicolas yo, ke li wè ki pa fè lonè ak lide rejim makout la abitye respekte. Ki lonè? Ki lide atò? Kraze brize peyi a, touye pèp la ak tout opozan yo!
Plato Santral:Opozisyon an ap pèdi manm
Apre depatman Sid, kote pòt pawòl Mokrena/Gwoup konvèjans lan te al enskri kòm kandida pou sena, se nan Plato Santral, madan Gladys Danter ki se yon manm Konakom/Gwoup konvèjans ki te al enskri tou kòm kandida pou pòs senatè a.
Nan yon konferans pou laprès madanm lan te bay jou mèkredi 11 oktòb la, li fè konnen: «Mwen menm, mwen se manm Konakom mwen te ye, piske m nan Espas konsètasyon an, mesye yo bòykote Konakom, mwen ekate m de Konakom, mwen al enskri endepandan, paske m santi kouraj mwen, mwen gen tout moun, tout reprezantan ke m genyen nan tout 12 komin nan, ki fòme delegasyon, vin pote m, di m Gladys, fwa sa a nou pap bay piyay, nou pap bay legen, fòk ou ale nan eleksyon an...» Konsa kandida Gladys Danter ki di l toujou nan opozisyon te pale.
Kandida a te tou pwofite di jan l wè machin elektoral la: «Mwen fè machin elektoral la kredi, paske machin elektoral la pa gen okenn rapò nan keksyon moun ki pral vote, dayè vòt la fèt an sekrè. Si tout moun leve y al vote an mas, y al vote Gladys senatè avèk anblèm milèt, depo yo vote yon moun, yo renmen, yo wè k ap mache sou li pa yo kòm prezidan, donk mwen menm, m pa ka di ki moun pou yo vote, men lesansyèl mwen fè machin elektoral la konfyans. Mwen fè l twòp konfyans, paske se yon seri ayisyen k ap defann dwa peyi yo».
Apa kandida Gladys Danter, BED Plato a resevwa depo kandidati 2 lòt kandida pou eleksyon 26 novanm yo. Se Prosper Theusme pou pòs senatè (endepandan) ak Michel Renand (Fanmi Lavalas).
Dola a ap monte desann
Vandredi 13 oktòb la dola ameriken an te a 25 goud pou yon dola. Samdi 14 la, dola a te a 21 goud. Moun, ka wè dola desann parapò ak semenn pase anwo yo, kote li te rive jiska 35 goud pou yon dola alavant. Sa montre to dola ap monte desann. Men, pri pwodwi premye nesesite yo toujou rete menmman parèyman.
Ti machann ak kliyan ap rele
Moun ki renmen fè mache nwa nan monte san gade dèyè pri pwodui yo, toujou pran kòm pretèks monte dola meriken an. Pa ekzanp, nan semenn ki sot pase a, yon dola ameriken te vann jiska 32 goud, sa te lakoz pri prodwi yo miltipliye. Pa ekzanp, yon gwo kola ki te vann 5 goud pase a 10 goud, yon ti kola ki te vann 3 goud, pase a 5 goud, yon sak diri (18 gwo mamit) ki te vann 540 goud pase a 750 goud. E malgre dola ameriken an desann, kote moun te ka achte yon dola (12/10/00) ak 23 goud, pri pwodwi yo pa desann. Devan sitiyasyon lavichè sa a, divès ti machann, ak kliyan kritike responsab yo, ki pa fè yon jenfò pou regilarize pri yo. Lavi chè a fè lavant lan diminye tou: «Nou pa janm vann, se ranje, ranmase...», yon lòt ajoute: «Lavant lan diminye, a plis pase 50%, e si sa kontinye konsa dapre mwen, tout komèsan ap blije fèmen.» Ti machan ap fèmen, men gwo komèsan k ap sere pwodui yo nan depo an kachèt, pou lè pa genyen, yo monte pri a jan yo vle a, y ap kontinye nan tèt jwèt yo.
Fwa gastonomik sou Channmas
Gen yon Fwa Gastronomi, kidonk sou zafè manje, ki te louvri depi samdi 14 oktòb la pou rive madi 17 oktòb la, kote divès pwodui pou moun manje ak manje tou kwit te ekspoze tribò babò, sou Channmas la. Pami pwodui ki te ekspoze yo, moun te remake pwa nwa, pwa blan, pitimi, tyaka, pwason, tonmtonm, doukounou, elatriye. Men, sa k ap pase konsa ki fè latriye pwodui pèpè fin anvayi moun nan peyi a epi divès responsab leta ap pale de pwodiksyon nasyonal? Kote pwoblèm nan ye? Pa egzanp gen machann ki vin ak pwodui yo ki fè konnen: se plizyè èd tan yo pran pou rantre Pòtoprens alòske si te wout segondè ki te fèt menm an tè sa pa t ap pwoblèm pou yo rantre vin vann pwodui natif natal. Gen lòt machann tou ki di: anpil fwa, mango ak lòt pwodui rete nan mòn yo ap gaspiye akoz wout. Alòs men youn nan pwoblèm. Kidonk, sa fwa sa ap sèvi? Nou panse se pou ekspoze bonjan pwodui ki gen andedan peyi a. Ki desizyon fèm k ap pran pou pran dispozisyon sou kesyon wout segondè yo ki ka fèt an tè bati pou le moman e antreteni yo ak patisipasyon pèp la, peyizan ki ta twò kontan travay. Gen lòt aspè tou nan kesyon an: afè ouvè vant peyi a pou tout djanni rantre a dwe koumanse pran yon kanpo.
Kote Vladimir Jeanty te ye?
Chèf pati politik bidon yo rele Paradis a, kidonk poutchis Vladimir Jeanty, reparèt tèt li kou yon move kout zèklè, nan yon konferans pou laprès, jedi 12 oktòb 2000 la. Mouche ki te disparèt sou sèn politik la, sa gen 6 zan, sa vle di depi an 1994, lè akolit li yo nan pouvwa defakto yo te tonbe a, ap eksplike sa k te fè l koud bouch li: «Paradis a di ke kriz la se yon kriz ke n te wè deja. Nou te di se konsa l pral dewoule. Wi nou fèmen bouch nou pou nou te pèmèt ke kriz la dewoule pou kò li, pou pèsonn pa konprann se nou ki ap pouse bagay yo. Nou fèmen bouch, men jounen jodi a tout moun klè ke... moman an rive pou nou ouvè bouch nou, pou nou di ase, se ase!» pawòl pastè Jeanty ki sanble fèk sot jwenn kalandriye pa li nan men «laboratwa» a, nan kad misyon pou destabilize peyi a.
Kandida URN nan vle resisite makout yo
Nan yon rankont alatèt URN lan Evans Nicolas te fè, mouche te prezante tèt li ak karyè li. Mouche te toujou kenbe kandidati li alaprezidans, malgre tout pawòl anpil. Evans Nicolas ki vle ranplase Roger Lafontant kòm lidè makout yo di li gen 8 pwen nan pwogram li an, ki rezime konsa: 1) refòme lame Dayiti, 2) sekirite piblik, 3) defans teritwa a, 4) pwodiksyon nasyonal, 5) ledikasyon, 6) lasante, 7) kreyasyon travay, 8) touris.
Malgre li di pwosesis elektoral la gen anpil konfizyon, li kwè ke «tout makout yo resisite e yo ranje yo toutoutou mwen pou yo vanse». Pawòl koudeta ap pale; tout makout, tout poutchis, tout atache ap rasanble!
Siman Dayiti: privatizasyon an ap fè chimen l
Siman Dayiti ki chanje non, ki vin rele Simantri nasyonal SA (CINA) ap gen pou relouvri pòt li, ofisyèlman dimanch 26 novanm k ap pwente la a. Se sa direktè operasyon antrepriz la ki vin privatize anonse. Pou kounye a, simantri a, a 65% pou yon gwoup konpayi konlonbyen/Laswis ak Lespay. Se sèlman 35% aksyon antrepriz sa a ki nan men leta ayisyen. Kidonk privatizasyon an ap fè chimen l. Pou kouwè l ye la a, izin lan pral pran premye etap fonksyonnman l, ki se estoke siman e mete yo nan sak. Etap pwodiksyon an, direktè operasyon an, Carlos de Léon espere l ap koumanse bò zòn mwa «... janvye, fevriye lane pwochen».
Chèf yo nan CINA bay garanti ke siman yo pral pwodwi a, pap pè menm sa ki fèt Ozetazini an. Men, yo pa di kouman yo pral travay pou bese pri sak siman an sou mache a. Tout moun konnen , privatizasyon pa janm pwofitab pou enterè yon peyi, yon pèp. Se toujou yon mwayen pou yon ti gwoup rich, kontinye fè gwo mas lajan sou do mas pèp yo.
Dat eleksyon yo pa ranvwaye
«Enfòmasyon pou ta di eleksyon yo repòte a li se rimè pou nou...», se pawòl nouvo pòtpawòl KEP la, Samuel Louis Jean, pou te di Konsèy elektoral la pa ranvwaye dat eleksyon prezidansyèl ak senatoryal yo, ki toujou fikse 26 novanm k ap pwente la a. Mouche di se sèl Konsèy la, ki gen dwa ofisyèlman repòte dat eleksyon yo.
Trafik ayisyen kontinye sou fwontyè a
Ayisyen ki rete bò fwontyè Ayiti ak Dominikani, zòn Wanament, gen difikilte al nan mache Dajabon. S ak pase? Lapolis (PNH) mete men nan kòlèt yon pastè ayisyen k ap fè ayisyen, k ap chèche lavi, rantre an Dominikani ilegalman. Se pa sa sèlman! Pastè sa a abitye pran lajan moun yo, dechèpiye yo, epi lage yo. Sa lakòz ayisyen ak dominiken ki nan trafik sa a soulve dominiken nan mache Dajabon nan. Kidonk bri kouri ke dominiken di y ap fè reprezay sou ayisyen k ap rantre nan zòn lan.
Depòtasyon ayisyen ap kontinye
Dapre ajans près EFE ke jounal dominiken Hoy ak El Nacional rapòte, lapolis dominiken, jou ki te 3 oktòb 2000 la, akonpaye ak sòlda dominiken fè plizyè otobis kanpe, fouye yo pou jwenn ayisyen ilegal.
Aktivite sa a fèt nan plizyè pwen nan vil Santo Domingo, e plizyè douzèn ayisyen te jwenn arestasyon yo. Sepandan laprès lokal fè konnen ke ajan imigrasyon dominiken te byen trete ayisyen yo; kòm kwa tout ayisyen ki te montre yo legal te jwenn libète yo.
Ensekirite
Pòtvwa lapolis la, Dady Siméon wè bilan ensekirite a pou semenn 6 rive 12 oktòb la fè yon ti monte. Mouche di nan semenn anvan an lapolis te anrejistre 8 ka moun ki te mouri sasinen, poutan kantite a pase a 12, kote yo arete 4 moun yo di ki mele nan lanmò sa yo. Jean Dady Siméon te kontinye di: «Nou konstate ke gen 79 afè ki trete pou semenn sa a, se yon chif ki monte parapò a semenn pase a, ki se te 60. Genyen 102 moun lapolis rele pou tande, se yon chif ki monte parapò ak semenn pase a ki te 53. Nan Pòtoprens, patikilyèman zòn metwopolitèn lan, nou konstate tou ke gen yon bès...»
Responsab la di 48% krim ki te fèt semenn pase anwo a, te fèt nan zòn metwopolitèn lan, men semenn 6 pou rive 12 oktòb la li bese, se sèlman 41% nan krim yo ki fèt nan rejyon metwopolitèn lan. Sa vle di, pifò krim yo fèt nan lòt zòn peyi a. E pòt pawòl lapolis la te tou pwofite pou di gen 5 machin ki pèdi, kote 35 moun ki ta enplike nan vòl sa yo jwenn arestasyon yo. Lapolis sezi 7 zam e 11 moun enplike arete. 7 gang demantle, 17 bandi nan kò gang sa yo arete.
Nò: 3 kandida pou senatè
Se lendi 9 oktòb la, nan Okap ak rès peyi a ki te dènye jou inskripsyon eleksyon prezidansyèl ak senatoryal pasyèl yo. 3 kandida te fè depo kandidati yo nan BED Nò a ki chita nan vil Okap. Harry Désir ansyen vis delege Okap pou pati Fanmi Lavalas ak 2 lòt kandida endepandan Jeanty Dass kandida malere pou pòs depite nan sikonskripsyon Plendinò-Milo ak yon lòt endividi.
Jeanty Dass fè konnen li pran desizyon sa a aprè anpil zanmi konseye l, ankouraje l pou li patisipe. Absans kèk kandida nan opozisyon an tankou Milton Chéry, Jackson Noël pa menm pale nan depatman an puiske opozisyon an pa gen okenn reprezantativite nan depatman an; egzanp echèk manifestasyon konvèyans te fè nan Okap montre sa aklè.
Nouvo komite nan tèt A.M.H
Se mèkredi 11 oktoòb 2000 lan, yon seremoni te fèt an prezans minis Sante Piblik la ak Asosiyasyon medikal dominiken, pou te enstale yon nouvo komite (2000 - 20002) nan tèt Asosiyasyon medikal Ayisyen (AMH). Nan okazyon sa a doktè Claude Surenat ki te ansyen prezidan AMH te felisite direksyon l lan, ki te byen mennen pandan 4 tran asosiyasyon an.
Pou kounye a, se pou premye fwa AMH gen yon fanm, doktè Gretta Roy alatèt li, kòm prezidan, doktè Gérald Lerebours premye vis prezidan, doktè Phillipe Guillaume dezyèm vis prezidan, sikyat Jeanne Philippe sekretè jeneral. Gen divès chanjman ki ta fèt nan konsèy ak lòt komite yo.
Sanfil nan yon eta deplorab
Pou yon moun sòti nan pwent San Fil, ri Bòjla, pou al nan lòt bout San Fil la ki nan zòn Kafou Peyan, se yon veritab titato pou li jwe. Wout la kraze, chaje ak ti twou toupatou, twou egou yo debouche elatriye. Tèlman zafè twou egou bouche se yon gwo pwoblèm, moun yo ki pa prèske jwenn kote pou yo mache sou totwa a, blije pran lari a pou yo. Sa konn souvan koze aksidan. Mete sou sa, dlo sal, fatra layite kò yo sou tout pakou a. Sitou nan zòn San Fil, nan Kafou ri Timas/Koridò Basya a, pil fatra tounen polis woutye, tèlman yo ankonbre wout la. Sa konn anpeche sikilasyon moun ak machin.
Abitan San Fil, ki a plizyè repriz konn koupe wout la, bloke wout la, jis pou montre yo pa kontan ak sitiyasyon an, fè remake: ke machin fatra CNE yo, se lè, pa aza, yo sonje, yo pase nan zòn lan. Yo mande pou move imaj sa a chanje, paske yo paka fè tout tan yo ap leve, sikile, dòmi nan fatra.
Okap: yon lòt viktim ensekirite
Popilasyon Okap ap kontinye konte viktim zak ensekirite chak jou pi plis anba je otorite lapolis vil la. Mèkredi 11 pou leve jedi 12 oktòb la, vè minui konsa, plizyè bandi ak zam debake lakay Ornélus Francly nan zòn Wo di Kap. Zenglendo yo ki te fin dechèpiye kay la san kè sote te kenbe ann otaj nan lakou a yon timoun pandan 30 minit yon fason pou fòse Francly ki te deja chape kò l retounen. Madanm li Jean Danie resevwa yon bal nan vant nan moman li t ap eseye sove ak yon ti bebe. Nan deklarasyon li fè nan yon stasyon radyo lavil la, Francly fè konnen vòlè yo te vle touye l tou.
Okap: militè retrete mande ogamantasyon
Nan semenn pase yo kèk ansyen militè retrete te pran chemen laprès pou mande responsab Ofis Nasyonal Asirans (ONA) ogmante kantite lajan leta abitye bay pou zafè pansyon. Direktè ONA nan Okap Frantz Charles bò kote pa l te reponn nan laprès. Direktè a fè konnen: ONA pa responsab pansyon anplwaye piblik se pansyon anplwaye sektè prive li responsab, se simpleman loje lajan anplwaye piblik yo loje nan ONA. Kidonk, se leta ki ka ogmante lajan an. Direktè a pwofite fè konnen lajan pansyon anplwaye prive yo ògmante akòz kou lavi a ki vin pi chè.
Nòdès: 8 moun mouri nan yon aksidan
Vandredi 13 oktòb 2000 la, nan Tèrye Wouj, yon lokalite ki chita a yon trantèn kilomèt lavil Okap, yon aksidan terib rive. 2 kamyon chaje ak pasaje te frape bab pou bab. 8 moun te pèdi lavi yo, yon ventèn lezòt blese.
Plato Santral: Bare vòlè bèf!
Moun komin Tomasik ak Sèkalakous ki tou pre fwontyè Sendomeng/Ayiti a, ap monte lesyèl pa do anba vòlè bèf ayisyen kou dominiken. Rezo vòlè sa yo fin kraze zòn sa yo. Peyizan yo rele, ke yo paka sipòte ankò. Vòlè sa yo fè lòt dil tou, tankou yo vòlè pote al Sendomeng: machin, motosiklèt, elatriye. E vòlè yo fè tou tout lòt trafik: zam, dwòg, etsetera. Devan sitiyasyon malouk sa a, majistra kominal Tomasik la, Amos Louis te blije fè òganize seminè pou 17 jenn nan komin nan, kòm brigadye, pou bare lawout ak fenomèn vòlè bèf la. Paske popilasyon Tomasik, Sèkalasous la detèmine pou mare vòlè bèf yo.
Nòdwès: 5 arestasyon
Apre asasina Yvon Lasor alyas Jumeau, ki te yon anplwaye nan BED Nòdwès la, lapolis depatman an anonse arestasyon 5 moun ki ta enplike nan zak la. 4 nan yo sòti Sen Lwi di Nò, lòt la sòti Pòdpè. Pou kounye a, mesye sa yo nan prizon nan komisarya Pòdpè a.
Gonayiv: Masak Raboto
Nan 9vyèm jounen pou rive 13 zyèm jounen pwosè masak Raboto a dwayen tribinal sivil la mèt Napela te tande anviwon yon dizèn temwen a chaj. Pami non temwen sa yo gen Blèz Dezi, Fritz Desir .. Jeanty Alcius Lefèt. Temwen sa yo te prete sèman, anpil nan temwen sa yo te vi n viktim nan moman masak ki te fèt sou moun nan Raboto jou ki te 18 ak 24 avril 94. Daprè temwen sa yo ki fè konnen yo sibi anpil zak agresyon nan men atache Fraph ak ansyen lame Dayiti, yo fè konnen se an prezans yo masak la te pase. Pi fò nan temwen sa yo se moun ki abite nan Raboto, kòm tout moun konnen Raboto se yon zòn ki gen plis pase 30 mil moun ki ap vini ladan l, se la tou ki gen plis òganizasyon popilè se youn nan premye zòn ki te leve kanpe kont koudeta 30 sektanm 91 lan e se youn nan zòn ki pi meprize pa otorite responsab yo. Moun Raboto rankontre divès kalite pwoblèm tankou sante, pwoblèm anviwonman, grangou chomaj elatriye e pou fini popilasyon nan zòn sa a mande otorite yo pou yo fè yon men leve pou yo san sa y a fini mouri grenn pa grenn.
Dife kay mèt Luc Saint Pierre
Madi ki se 9 oktòb 2000 lan, nan aswè vè 7 tè 30 konsa, yon gwo dife te eklate kay prezidan kou dapèl la e an mèm tan ki se ansyen dwayen tribinal sivil la mèt Luc Saint Pierre. Nan moman mèt Luc Saint Pierre t ap soti nan yon fineray fanmi li ke li aprann yon dife eklate lakay li. Malgre popilasyon ki abite nan ri a fè apèl a lapolis ak ponpye; ebyen la polis te reponn pa gen dlo. Moun yo ap poze tèt yo kesyon: èske yon ponpye ta dwe rete san dlo oubyen èske ponpye se pou bare wout bò palè de jistis la nan moman pwosè masak Raboto a ke gouvènman a te voye l. Sa demontre aklè ke responsab la polis yo pa gen volonte pou mete machin ponpye an disponibilite pou popilasyon Gonayivyèn nan e fò nou di ou tou si machin ponpye a te gen tan entèveni 3 kay pata gen tan brile rapye tè. Nan yon mikwo twotwa ke Ayiti Pwogrè te rive fè konsènan orijin dife a, pèsonn pat ka di anyen sou sa. Nou rive anrejistre plizyè ka materyèl brile, anyen pat gentan epaye nan moman dife sa a, se gras a yon pwopriyetè ki gen non mèt Frèj ki te fè ponpye sa a kado yon ti dlo ki fè plis kay pat brile nan ri a aprè 1nè 30 konsa.
Gonayiv: yon gwo dife eklate
Mèkredi 11 oktòb 2000 lan, yon gwo dife eklate nan Gonayiv kote 2 kay moun abite, yon konntenè vyann ak pwason boule rapyetè. Biwo lakou siperyè dè kont lan nan Gonayiv te frape pa dife a tou, kote gen kèk materyèl enpòtan ki te boule. Pami kay ki boule yo, gen kay ansyen doyen tribinal sivil Gonayiv la, mèt Hugues Saint Pierre. Ponpye te vini, men anyen, paske machin lan pa t gen yon tak dlo. N ap raple, gen yon premye dife ki te boule lakay mèt Hugues Saint Pierre deja, lè sa a mouche te abite nan ri Kristòf nan Gonayiv.