Nan peyi DayitiHaïti Progrès
11 o 17 Oktòb 2000
Nouvèl Kout Kreyòl
Aristid enskri alaprezidans
Anfen, apre 2 oktòb la ke anpil patizan Aristide yo te al tann li devan lokal KEP la, sou wout Dèlma a, kote li pa t vini vrèman pou l te depoze pyès li, se jou lendi 9 oktòb 2000 lan ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide resi enskri kòm kandida pou pòs prezidan. Devan plizyè milye patizan l, pase 20 000, e menm ke TNH evalye foul la a 40 000 tèlman lari a te plen, Aristide ki gen 47 tan kounyè a te deklare: «Jodi a 9, nan travay pou lapè n ap rive fè peyi a vin tou nèf... Se avèk anpil fyète mwen pase men nan kou tout pèp ayisyen, ki swaf lapè sa a, an patikilye yon moun ki toujou fidèl nan sèvis pèp ayisyen an, madmwazèl Myrlande Libérus Pavert, ki pral prezante l pou senatè Lwès. San bliye eli nou pral genyen yo e eli nou genyen deja. Fanmi Lavalas fè youn avè m pou nou di pèp ayisyen li mèt konte sou nou, menm jan nou menm nou konte sou li. Nou sou wout pou 2001 an. 2001 ap bon tout bon, paske n ap travay pou tabli lapè nan tèt, lapè nan vant. Mèsi.»
Se pawòl sa yo kandida Aristide te lanse, lè l t ap prezante bay patizan l yo, kandida osena Myrlande Libérus Pavert, ki se an menm tan administratris Fondasyon Aristide pou Demokrasi. Divès manm pati Lavalas te prezan nan moman sa a, madanm Mildred Aristide te la tou. Dèlma te bloke ak manm òganizasyon popilè pwòch Fanmi Lavalas e lòt senpatizan prezidan Aristide. Sa vin fè yon total 6 kandida pou laprezidans.
Sitin pou jistis pou Jean Dominique
Asyosyasyon Jounalis Ayisyen (AJH)an te òganize maten 3 oktòb 2000 la yon sitin nan lakou ministè lajistis la pou mande responsab yo sa kap pase nan ankèt yo di k ap bouje sou dosye asasina Jean Dominique la. Sitin sa a ki tanmen 6 mwa apre lanmò direktè radyo Ayiti Entè a, te fèt ak patsipasyon divès jounalis ayisyen, redaktè sal nouvèl radyo Ayiti, kote Pierre Emmanuel te la tou. Men,jounalis yo ki te rankontre direktè ministè a te mande li anpil keksyon sou mach ankèt la, e direktè a te di l pa konn anyen de sa!
Depa Préval pou Taiwan
Prezidan René Préval t ap pati 7 oktòb la pou li ale Taiwan, e lè li soti la, li gen pou li ale 17 oktòb, nan yon reyinyon nan peyi Venezuela ki konsène patikilyèman pwoblèm gaz la. René Préval swete prezidan Venezyelyen an Hugo Chavez ta vann Ayiti gaz la an moun pa, sa vle di a yon tarif preferansyèl.
Dany Toussaint mande si gen 2 jistis...
Senatè Lwès la Dany Toussaint ki te eli sou banyè Fanmi Lavalas di li gen anpil pwoblèm, lè li ap reflechi sou yon seri dosye tèt chaje. Tankou senatè a di, alafen manda prezidan Préval, sitou a lapwòch eleksyon ki ta dwe fèt yo, gen yon lajan ki debloke pou ansyen prezidan diktatè a, Jean Claude Duvalier. Toussaint mande: «Eske se neglijans, èske se rakèt paske m kwè ke se pèp ayisyen an sa ap fè mal anpil pou l tande se sou gouvènman Lavalas la ak yon Lavalas nan tèt li ke kòb sa a debloke...» Senatè ki alatèt komisyon sekirite nan sena a, te di ke sa ki ba li pwoblèm, «lòt pwoblèm ki enterese nou, te gen yon konplo kont "la sureté de l'Etat" sa te fèt, nan yon debakman yo te arete yon pakèt moun ki te kay lidè politik sa a. Lidè sa a nan lari l ap flannen, pandanstan, moun yo te jwenn lakay li yo ap kwoupi nan prizon. Sa fò n keksyone yo.» N ap raple, se nan lokal pati Hubert De Ronceray a MDN, ki se yon pati makout, ke aksyon sa a te rive, lè yon bann ansyen militè t ap reyini. Toussaint te di ankò: «An 95, pandan m fin travay nan lari a, m ap arimen vòlè, pandan m ap rantre sou Dèlma 95, mwen jwenn yon dènye ti grenn zenglendo avèk yon ti kabrit mwen pran l pou desè, mwen mennen l nan Anti Gang. Li nan prizon toujou, aprè 5 kan. N ap pale de jistis gen yon bann moun ... mwen genyen 2 nan menm ki genyen òdonans liberasyon an favè yo, men valè a moute a 18 pou pi plis ... yo nan prizon toujou. Eske gen 2 jistis si n ap pale jistis? Eske gen yon jistis pou ki kenbe, yon jistis ki pou lage?». Se sou ansanm pwoblèm sa yo, senatè a ki t ap entèveni anndan lachanm nan, te di komisyon an ta pral travay semenn ki sot pase a.
Pòtoprens: yon jenn gason mouri
Jou ki te jedi 5 oktòb la, abitan zòn ri Chareron ak Granri leve jwenn yon jenn gason mouri. Mò a te gen kèk kawotchou antoure l epi yo te rache l ak manchèt. Dapre sa k di se brigad Fò Senklè ki pase l alenfinitif kòm zenglendo ki t ap fouye ak touye moun. Men gen lè pap gen okenn ankèt sou sa, tout moun pito eksplikasyon rapid ki pèmèt laboratwa a nan lòt okazyon fè sa li pi pito!
Sid: Apre sechrès se inondasyon
Apre 4 mwa lapli sot fè li pa tonbe nan depatman Sid la, kote sechrès fin detwi pi fò plantasyon yo, lapli fè anviwon yon semèn ap fè dega. Dezas lapli a lakoz 2 moun mouri, plizyè dizèn tèt bèt ale, yon latriye plantasyon detwi, wout koupe, kay andomaje elatriye, sitou nan komin Tòbèk, Wòchabato, Lèzanglè, Sen Lwi di Sid, Okay e nan tout zòn sa yo.
Anbasadè franse a ap fè chantaj
«Pa gen chanjman nan pozisyon nou vizavi sa k te pase 21 me e 9 jiyè a», se konsa anbasadè Lafrans lan ann Ayiti a, Yves Gaudel te pale, pou di peyi li pap bay «èd», nan kad eleksyon ki sipoze fèt 26 novanm, si ke pa gen yon chanjman, jan li ta renmen li a, nan kriz la atravè negosiyasyon yo di li di ki poko fini.
Anbasadè Gaudel ap bay entèpretasyon pa li!
Anbasadè Fransè a, Yves Gaudel deklare ke malgre palmantè 47tyèm lejislati a al patisipe nan 31e asanble palmantè ACP/UE yo, sa pa vle di Linyon Ewopeyèn rekonèt yo pou sa: «Non, sa pa gen okenn siyifikasyon politik ki gen awè avèk relasyon Linyon Ewopeyèn ak enstitisyon palmantè ayisyen an ...»
Petyonvil: Polisye yo ap griyen dan yo!
Gang ke lapolis te anonse ke l demantle nan Petyonvil semenn ki sot pase yo, sanble pa pote okenn amelyorasyon. Mèkredi 4 oktòb la, nan lasware, chofè ak kontwolè yon ti bis ki fè Pòtoprens/Petyonvil, te kanpe sou wout fè nwa nan Boudon, e zenglendo yo te dechèpiye pasaje yo. Yon kolaboratè yon radyo nan kapital la ki te abò machin sa a te rapòte ke zenglendo yo te ranmase plizyè milye goud nan machin nan. Yon lòt bò, bandi ame kase, nan menm sware a, yon estidyo foto ri Obwen, kote yo pran, dapre pwopriyetè a, Jean Vernon, 90% ekipman yo. Vernon di li te al fè depozisyon apre vòl sila a nan komisarya Petyonvil la e ke polisye yo te derefize resevwa plent lan. «...Mwen te rankontre 2 polis devan pòt komisarya a, paske biwo a te vid, e mwen te mande polisye yo kiyès la a ki kapab pran yon plent pou mwen. Anplis, sa ki pi rèd, sèke 2 polisye yo te tonbe ri mwen e yo te di pa gen pèsonn la a ki pou pran plent lan.»
Ensekirite a
Nan wikenn ki sot pase a ant 6 a 8 oktòb, lopital jeneral di gen 5 moun ki mouri, 47 blese nan aksidan, 20 lòt blese ak kout kouto, yo vyole 8 fanm.
Plato Santral: Yon pitit touye papa l
Nan Ronpa dezyèm seksyon Laskawobas, Jhonny Olivier alyas Ti Frè koupe tèt papa li Olivier Marcel ak kout manchèt. Dapre asasen an, sa te rive fèt apre yon diskisyon pou yon jaden kann li te genyen ak papa a. Jij de pè touswit apre krim lan te al fè konsta. Kadav la renmèt bay fanmi an, e yo mete Jhonny Olivier nan prizon.
Atak kont libète dekspresyon
Poutèt yon machin Izuzu Trooper nimewo 1 seri B 9212, te gen yon foto kandida Aristide devan l, lendi maten 9 oktòb la nan Lali, yon gwoup 5 jen gason te ekzije chofè a desann machin lan, e yo mete dife ladan. Jenn sa yo te ekzije chofè a ba yo yon selilè li te gen nan men l. Laprès la pa fè bri ak sa ditou. Tout moun, tèt yo dwat, ka konprann pouki. Si se te opozisyon an sa te rive ou ta tande kabal majorite radyo yo ta fè. Ou ta tande mesye opozisyon yo ap rele diktati! Men, sa ki fèt la a, ki non li? Yo pa di anyen, se poutèt sa ensekirite a ap vin pi di, paske sa fè afè mesye opozisyon yo!
Gwo lajounen zenglendo ap touye…
Madi 10 oktòb, vè zòn 1 è 30 nan lapre midi, pandan tout elèv t ap soti lekòl, divès moun kanpe devan sinema Kapitòl ap tann seyans sinema a lage pou yo antre, yon jenn zenglendo kalmeman, kenbe yon nèg, fouye li e touye li ak 3 bal. Nèg la, nan trantèn lane ki mouri a t ap benyen nan san l atè a nan ri Lama, ant Kapitòl ak Pwomobank.
Bandi ki te finn fè zak la rete yon machin taksi ki t ap pase. Li fe menas ak zam li sou chofè a, pou mete tout pasaje atè. Lè moun yo finn kouri desann taksi a, bandi a monte ak tout chofe a epi li fe machin taksi a vire nan ri Lama kote lan yon sans inik.
Machin polisye ki estasyone toupre a e ki ap fè trafik, te pati dèyè taksi a, men anyen pa t mache. Bandi a te desann taksi a nan ri Borgella, li vire e tire 2 bal anlè pou fe presyon sou machin lapolis la ki t ap swiv li. Li kouri monte nan ti mòn pou direksyon Bèlè. Lapolis li menm arete chofè taksi a, epi mennen l nan Komisarya!
Se twouve ke kanbis yo k ap vann lajan ameriken nan zòn ri Lama a akize moun ki mouri a kòm yon bandi tou, ki konn pran pòz kanbis li, pou vin dechèpiye yo, vòlè kòb yo ak zam nan men. E poukisa polis yo se malere chofè a yo arete, pandan ke asasen an li menm chape poul li?
Mamlad: Pwoblèm nan deratizasyon an
Youn nan pwoblèm peyizan yo toujou genyen anndan peyi a nan zafè lagrikilti se zafè yon seri ensèk ak yon seri ronjè tankou rat, cheni, krikèt elatriye ki toujou ap detwi pwodui yo: Kann, kafe, kakawo, pwa, zaboka, bannann, yanm ak Legim. Mamlad jan anpil moun konnen l deja se yon zòn ki pwodui anpil pwa ak kafe. Nan sans sa komin lan toujou viktim anba ravaj ensèk ak ronjè sa yo. Peryòd fen sezon lete pou rantre kòmansman sezon lotòn toujou konsakre pou rekòt kafe. Nan kontèks sa a, gouvènman an te pran dispozisyon pou touye tout rat k ap gaspiye kafe ak lòt plant yo nan zòn Mamlad. Sanble pwojè deratizasyon an fè plis mal ke byen nan mitan peyizan Mamlad yo. Ayiti Pwogrè te rankontre ak Bertho Zamor, yon abitan Mamlad, ki fè konnen ke pwodi pou touye rat yo mal itilize nan komin lan, pwazon sa a touye pito bèf, kochon, poul, chyen elatriye. Zamor ta fè konnen genyen kèk moun movèz fwa ki menm itilize pwazon an pou fè lòt bagay. Pran dispozisyon pou deratize zòn lan se yon bon bagay, fè fòmasyon ak edikasyon moun yo anvan yo remèt yo pwazon an nan montre yo kòman pou itilize l, ak ki danje pwodi a prezante pi enpòtan.
Okap: 2 moun mouri nan batay dwòg
Lendi 2 oktòb vè 10 zè nan maten, gwo tansyon t ap monte zòn Shada yon katye popilè nan Okap nan moman kèk pechè te dekouvri plizyè bwat nan kwen lanmè Pon 9. Plizyè dizèn jèn gazon nan katye sa a te debake pou fòse yo separe sa ki nan bwat yo kòm kwa seta dwòg. Konsa gwo diskisyon te pete ant moun sa yo; yon jèn gason touye yon lòt ak kout kouto. Tandiske yon lòt nwaye nan lanmè a. Kèk tan aprè lapolis Okap debake e arete plizyè moun pami yo jèn gason kriminèl la.
Okap: ensekirite ap ogmante
Depi kèk jou klima ensekirite ap ogmante nan vil Okap. Nan mwens pase 4 jou, bandi opere pandan 2 fwa nan zòn Baryè. Lendi 2 oktòb nan aswè, Guylene Tivo yon jèn fi pèdi la vi li aprè li te fin resevwa plizyè bal nan men zenglendo lakay li nan site EPPLS. Bandi yo pa pran anyen nan kay la. Jedi 5 oktòb, vè 5 è nan maten, Bolivar Olius, yon jèn gason 22 lane resevwa yon bal nan pye devan otèl Kongo an prezans tout moun ki t ap pase. Nan Petitans popilasyon an oblije mande konkou Kazèk zòn sa a pou fè koukouwouj dèyè vòlè. Antouka popilasyon Okap ap tann rezilta komisyon sekirite nan palman an ki deja deklare l ap travay seryezman sou sa.
Okap: fowòm kont fatra
Soti nan dat 4 pou rive vandredi 6 oktòb, GPIH ki vle di Gwoup Teknisyen Entèmedyè Ayiti, ki se yon ONG, te òganize nan Domous Marye yon fowòm kont fatra. Reprezantan lameri plizyè komin nan depatman an te patisipe tankou: Okap, Milo, Lakil, Plèn di Nò elatriye. Pandan fowòm sa a Cecilia Castro, ki se yon bolivyèn, te pale de jesyon nan kontinan Amerik la. Cecilia te pran plizyè peyi kòm egzanp tankou: Equatè, Perou, Brezil. Reynold Jean youn nan responsab GPIH te deklare ke pwogram sa a jwenn sipò plizyè lòt ONG e aprè fowòm nan yo pral pote solisyon ak pwoblèm fatra. Pou kounye a, fatra kontinye monte pil sou pil nan diferan kwen nan vil ak mache piblik yo. Majistra vil Okap la Joanel Cheri te fè konnen ke gen plizyè machinn fatra CNE ki an pàn ki lakòz gen anpil fatra konsa nan vil Okap.
Okap: Pri viza dominiken desann
Depi gouvènman nouvo prezidan dominiken an Hipolito Mejia antre an fonksyon li te nome yon nouvo konsil pou vil Okap aprè plizyè mwa ke konsila sa a te rete fèmen. Nan yon deklarasyon nouvo konsil la Radames Garcia deklare ke a pati jedi 5 oktòb, pri viza dominiken ap desann: konsa viza dominiken 6 mwa ki te koute 102 dola ameriken ap pase ak 82 dola ameriken; viza 1 nan ki te 225 dola ap pase a 155 dola ameriken. Radames fè konnen li pran desizyon sa, yon fason pou ede pèp ayisyen an.