Haïti Progrès
3 o 10   Oktòb   2000
Nan peyi Dayiti


Ki lespwa moun Belekou?

Belekou se yon katye popilè nan Site Solèy, ki chita nan nòdwès Pòtoprens ak lès komin Dèlma. Li antoure ak divès lòt katye popilè. Kouwè nan nò li, gen solèy 17 ki separe ak li pa yon kannal byen fon. Nan limit lès li gen Boston. Zòn sidès ak sid Belekou gen dèyè Hasco ak pil izin Mevs, Brant, Madsen yo ki separe katye pòv sa a ak zòn dèyè Fò Dimanch (Vilaj Demokrasi, wè Ayiti Pwogrè Vol 18 # 23). Blòk lwès Belekou se lanmè a, ak yon seri zòn ki soti bò dèyè Fò Dimanch ke yo te konn rele Nan Mang.

Moun Belekou ki trè pòv lage kò yo nan divès aktivite, tankou: vann chabon, komès diri ak pwa, vant kleren tout kalte, yo vann kann, yo repare bonm, chodyè ak lòt veso yo revann. Kanta pou machann fritay, machann pwason se chak ti rakwen ki gen komès sa yo. Malgre sa, machann sa yo ki fè komes yo bò lakay yo ou devan pòt yo plenyen anpil de lavant ki pa genyen. Monette ki ap vann dlo glase ak sigarèt te di nou: «Nou kenbe men ak komès la paske nou pa gen lòt bagay pou nou fè...Moun ki fè fritay yo oblije se ladann yo tou bay ti moun yo manje...» Madanm sa a gen 7 pitit li di ki pa gen papa. Nan Site solèy se yon bagay ou wè toupatou; zafè fi ki lage ak 5, 6, 7 pitit sou bra yo san papa. Lè malè sèk sa a pa rive yon ti fi 14 a 15 zan.

Chaje ak recholye nan Belekou. Bòs mason, bòs chapantye se pa pale. Tout moun chache yon jan pou yo defann yo. Genyen tou ki lage kò yo nan zafè lapèch piske lanme a a kèlke pa de yo. «Depi ti moun nan fèt nan Site Solèy li tou dayiva, donk li fasil pou l vin pechè lè l gran...», se konsa yon pechè papa 5 ti fi te pale ak nou.

Malgre divès aktivite komèsyal limite ki egziste nan Belekou sa pa vle di gen yon alemye. Okontrè, se youn nan katye popilè pi pòv nan Site Solèy. Moun yo kontre yon latriye difikilte chak jou. Gran majorite kounouk yo pa gen latrin. Moun yo se nan espas kote yo te rele Nan Mang la, oubyen bò kannal la, sou pil fatra yo blije al watè. Pifò kay nan zòn nan fèt an tòl e yo fin kraze. Lè lapli: dlo lapli ak grès ki sot nan kannal la mete ak dlo lanmè ki pa lwen anvayi zòn nan. Soeurette fè nou konnen: «Lè dlo anvayi Belekou moun ki pa gen kabann menm oubyen sa kabann yo pa kanpe sou 3, 4 blòk, se sou tab yo menm ak pitit yo moute pou yo dòmi.» Dlo ki anvayi zòn nan rann pifò kay yo kraze oubyen make kraze. Gen kay ke mèt yo rive abandone akoz dlo ap fin kraze yo. Pwoblèm dlo a fè zòn nan pi danje, pi sal, e anplis li kale moustik. Sitou nan yon katye ki pa gen bon lekòl ki dire ki ta gen bon sant sante? Manm òganizasyon Jèn Pwogresis Belekou (OJEPROB) yo nou te jwenn ki t ap fè pwòpte yon jou dimanch, plenyen anpil de eta zòn nan: «Ah! pa gen kouran, pa gen telefòn, pa gen watè pou moun ale, pa gen lekòl, pa gen lopital. Bon ata manje nou paka manje kidire nou ta jwenn kòb pou nou amelyore kay nou...», se konsa yon manm OJEPROB pale. Atout gen yon ti lekòl nan Belekou ki pote non «Nouvelle Ecole Mixte St Thomas», sa pa vle di lekòl prèske gratis la a, gen espas pou pran tout ti moun zòn nan (lematen) ak tout gran moun Belekou (lezapremidi). Pifò moun katye a pa al lekòl. Belle Fleur Cherel ki se manm OJEPROB te denonse sitiyasyon grav Belekou ak sa jenn yo ki nan chomaj ap andire. Msye ki gen pwofesyon nan men l e ki paka jwenn travay pa wè «lespwa pou zòn nan, si pa gen yon aksyon nan tèt ansanm». Dayè si sa pa fèt, nan kèk tan ankò, lamizè, twoub, ensekirite ap fin fè tout abitan kite zòn nan pou y al gonfle yon lòt kote. Pifò kay ou pase, malgre move eta yo, mèt yo make pou vann. Cherel fè kwè ata CNE k ap fè pwopagann tout lasent jounen pa janm vin ranmase fatra nan zòn nan kidire patwouy lapolis ta pase pou enspeksyon. Poutan lè yo te bay TEVASA lajan pou l fouye kannal separe Belekou ak solèy 17, se tout lasent jounen gwo palto te konn frekante zòn nan, se sa Frenel Henry te remake: «Enhen! te gen mago lajan ki t ap gaspiye. Malgre travay la pa fèt. Nèg yo fin fouye kannal la pi fon, apre yo kite l san menm yo pa fè yon pon sou li. Se pa detwa ti moun ki mouri nan tou sa a.» Kounye a pou yon ti moun soti Belekou pou al solèy 17, li blije peye yon goud pou yo janbe l kannal la sou yon ti kannòt bwa fouye. Moun pa ka kwè sa, men se laverite!

Devan sitiyasyon malouk Belekou, ki paka rete konsa, jenn yo deklare kareman yo poko wè lespwa pou sa chanje. Men, anpil nou te kontakte di n yo pap kite: « ...Lamizè fè pwen sou nou!» Youn nan yo te menm pran egzanp sou kolaboratè Ayiti Pwogrè ki te prezan an: «Bon monchè, gade ou menm nou konnen ki nan lit la lontan, èske malgre tout pataswèl, ou janm kite sa? ou toujou la pirèd malgre kondisyon yo poko chanje, malgre nou poko wè lespwa a; enben nou tou nou pa p lage»

www.haitiprogres.com              http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm