Haïti Progrès
Septanm 27 o 3 Oktòb   2000
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Mamlad: yon jèn gason pann tèt li

Jou kite Dimanch 17 Septanm 2000 lan, vè 6 zè nan maten, yon jèn gason ki rele Wesnel Moncher, anviwon 20 lane, pann tèt li nan yon pye bwa nan zòn Menna tou pre bouk Mamlad. Ensidan sa rive akoz yon akizasyon madan Tery, tout moun nan zòn nan konnen sou non Neyid, fè sou Wesnel. Wesnel depi l ti kat kat abite lakay Neyid. Trouve jou Samdi 16 Septanm, Neyid pèdi yon ti aparèy radyo, Neyid pete lòbèy ak Wesnel kòmkwa se li ki pran radyo a. Wesnel nève, li deklare: mwen di se pa mwen ki pran radyo, pou akizasyon sa Neyid fè sou mwen an, m ap touye tèt mwen. Choz di choz fèt, konsa Dimanch kite 17 Septanm lan vè 6 zè nan maten, Wesnel pran yon kòd li monte yon pye bwa ki nan yon ti mòn ki nan zòn lan, li pann tèt li. Vè 8 tè nan maten, moun k ap pase dekouvri kadav Wesnel k ap balanse sou pye bwa a. Aprè aksyon an, Neyid ki santi l pa genyen sekirite rann tèt li nan komisarya Mamlad la. Menm kote a, Wilcoste Edouard jij sipleyan Mamlad la akonpaye avèk kèk polisye ale fè konsta kadav la. Aprè konsta yo transpòte kadav la lakay Neyid. Saintulfait Moncher papa mò a k ap chèche jistis pou pitit li, debake nan komisarya mande Neyid pou ale mete kadav la nan mòg. Apre anpil diskisyon Neyid pa dakò pou mete mò a nan mòg, vè 4 trè nan aprè midi, otorite jistis yo bay Neyid otorizasyon pou fè vèy Wesnel. Youn nan bagay ki vin gate sitiyasyon an pi plis, se yon mòd sèkèy Neyid achte pou antere mò a, ke fanmiy mò a pa dakò pou Wesnel antere ladan l. Se gras ak konkou yon ekip UDMO ki soti Gonayiv vin bay Neyid sekirite pou reyalize antèman jou lendi 18 Septanm lan. Menm kote a mesye UDMO yo pran Neyid monte Gonayiv. Lòt bagay ki monte plim sou do kèk moun nan popilasyon an, se youn moun nan fanmiy mò ki genyen ti non jwèt li Tinèg ke yon polisye ki pote non Midy, arete pou tèt li t ap revandike lanmò Wesnel.
 

Mamlad: polisye Midy ap fè pale de li

Kesyon anpil moun nan popilasyon Mamlad ap poze: se kisa ki nan tèt polisye Midy? Yon konpòtman pèp ayisyen te goumen anpil kont lame d Ayiti pou li, se te ajisman gwo ponyèt la, kidonk konpòtman makout. Jounen jodi a polisye Midy nan Mamlad erije l menm jan ak ansyen sòlda grenn kraze lame dayiti yo pou fè pèp la pase nan yon je zegiy. Jou kite Vandredi 4 Dawou 2000 lan, yon gwoup jèn nan dezyèm seksyon Basen, komin Mamlad, t ap òganize yon joune lwazi nan lekòl nasyonal Bile a. Natier Telusmé rive nan diskisyon ak madam li Emilienne Pierre, polisye Midy kite nan zòn lan entèvni pou arete Emilienne ki kouri ale refije l anndan lekòl nasyonal la, bòkote yon bòs ki rele Erick Fabien ki t ap travay anndan lekòl la. Midy kouri dèyè Emilienne rive anndan lekòl la, bòs Erick deklare polisye a, ou pa dwe arete dam lan, paske l pa fè anyen flagran, anplis li vin kache tèt li. Midy rale zam li, li tire anndan lekòl la sou tèt tout moun ki te la. Menm jou Vandredi 4 Dawou a, nan laprè midi pandan Midy ap soti nan joune a, li rankontre ak Rony Joseph nan zòn Medizan toujou dezyèm seksyon Basen. Polisye Midy di Rony se ou menm ki t ap goumen nan joune a? menm kote Midy sèvi Rony 2 kalòt. Nan demen samdi 5 Dawou, sa pa t ase pou Rony, Midy retounen nan zòn nan pou arete Rony. Nan demach pou konstri mache piblik Mamlad la, moun ki responsab konstriksyon mache ap kraze kèk kay kite nan mache a, pandan y ap kraze kay Kerne Coq nan diskisyon pou retire yon kle pou remèt Kerne, Enock Preval entèvni pou yo ka retire kle a byen pou remèt Kerne. Polisye Midy estomake, li arete Enock, epi li kole yon revolvè nan zòrèy li. Youn nan bagay popilasyon Mamlad jire, sèke yo pap tolere konpòtman makout polisye Midy a nan komin lan.
 

Gonayiv: Jistis e Pè mande viktim yo ouvri je yo

Nan yon konferans pou laprès, jou kite 14 Sèptanm 2000 lan, nan Gonayiv, pè Marc - Eddy Dessalines reponsab jistis ak la pè nan dyosèz Gonayiv pa t mete dlo nan bouch li pou l te kritike otorite lajistis peyi dayiti yo, sou fason dewoulman pwosè masak Kafoufèy la. Pè Dessalines te santi l estomake lè l konstate viktim Kafoufèy yo pa benefisye menm yon ti moso jistis nan pwosè a. Responsab jistis ak lapè te kontinye poze tèt li kesyon pou mande jis ki lè ap genyen jistis nan peyi dayiti? Eske krim ap janm sispann fèt sou mas pèp ayisyen an? Nan sikonstans sa pè Dessalines te pwofite alète viktim Raboto pou mande yo pa rete 2 bwa kwaze, kale je yo ak anpil atansyon pou suiv dewoulman pwosè masak Raboto a k ap gen pou fèt nan dat 29 Septanm 2000 lan. Pè a te fini pou l di: li pa kwè ap genyen yon bon jijman pou viktim masak Raboto yo, paske jijman nan peyi dayiti se tankou pyès teyat.
 

Gonayiv: Lik Mezadye di li deja pran pouvwa

Kèk dizèn patizan ak senpatizan Mouvman kretyen pou yon nouvèl Ayiti (MOCRENAH) te fè yon rasanbleman jou kite 20 Sèptanm 2000 lan sou pak Manase vil Gonayiv nan zòn Bigo. Objektif rasanbleman sa se te pou mande anilasyon eleksyon 21 Me 2000 yo, yon pawòl ki pase mòd, ak depa gouvèman Preval\ Alexis a, yon pawòl kwochi. Pou reyalize chantay sa, lidè MOCRENAH pastè Lik Mezadye te oblije manipile sèten chofè taksi motosiklèt nan vil la, fè tou teren Manase a ap rele aba lavichè, aba eleksyon fo mamit. Touswit apre Lik Mezadye te pran la pawòl pou di patisipan yo, rete lakay yo pa ale patisipe nan eleksyon 26 novanm 2000 yo, lidè MOCRENAH fè konnen gouvènman vi n pi rich sou do pèp la, pastè Mezadye pa di ki enterè li reyalize sou do fidèl li yo ak pèp la, nan fè konplo ak gwo peyi yo pou kenbe peyi anba soudevlòpman ak lamizè. Pastè Mezadye kontinye pale pou l voye gwo pawòl piman bouk kont pouvwa anplas la, li fè konnen: eleksyon pakab fèt ak pouvwa lavalas la, epi Ayiti pa kapab rete san lame. Si lame a te la pastè Mezadye te fin reyalize kou deta li a! Mezadye fini pou l di ke y ap rete mobilize jouskaske yo voye pouvwa lavalas la ale.

www.haitiprogres.com     27 Septembre 2000            http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm