Nan peyi DayitiHaïti Progrès
Septanm 20 2000
SITE SOLÈY:
Sa pa kapab kontinye konsaSite solèy chita nan Nòdwès kapital Pòtoprens e nan pati lès komin Dèlma. Li pran non sa a depi zòn 1986-1987, apre depa ansyen diktatè Jean-claude Duvalier alyas Baby Dòk. Sou rejim makout yo, li te pote non Site Simone Ovide Duvalier ki te madan François Duvalier alyas Papa Dòk. Se yon site ki sou lobedyans komin Dèlma. Men, li menm pou kò l, li gen resanblans yon komin san enfrakstrikti. Li fòme pa anpil katye popilè ki chak gen non yo. Pami yo, semenn sa a, n ap prezante «Boston».
Boston se youn nan katye ki pi avanse, pa rapò ak lòt yo, nan Site Solèy. Li divize an 2 pati: Ba Boston e Wo Boston. Nan nò Boston gen Site Limyè, nan sid li se ri Vilfò ak ekip izin Hasco yo. Pati lwès li gen wout ray la ak katye popilè Belekou. Zòn lès Boston gen wout mòn Mari Kamèl la. Wo Boston separe ak Ba Boston pa yon rigòl ki soti nan izin Mews yo ke fim prive TECINA te gen lajan nan men l pou l repare l e netwaye; men yon abitan di: «Rigòl la vin pi mal, luil la vin bay plis pwoblèm. Lè lapli tonbe se sou tab moun dòmi bò isit la...». Wo Boston parèt pi evolye ke Ba Boston. Nan limit Wo Boston, ki plis nan pati sid Boston, non sèlman tè a pi wo kote dlo pa rete, men tou, pifò kay yo fèt an mi. Se kèlke kay ki fèt an bwa ou an tòl. Men nan Ba Boston zafè kay an tòl, an bwa se lajan kontan moun jwenn sa. Ma dlo, rigòl dlo, kay dlo kraze, sa tè ak dlo antere, fatra, malpwòpte se pa pale. Kannal la ki pa janm netwaye vin mete yon abse sou klou a, kote move lodè ak tout kalte moustik fè moun ap jemi. Vin jwenn zafè sant sante evolye a, moun pa bezwen pale de sa. Sitiyasyon sa a tèlman frajil, jenn moun k ap leve nan zòn nan pa gen lot esperans. Se konsa Wilfrid Joseph fè konnen: «Nou ta renmen kite bò isit la, paske pèsonn leta pa janm vle chanje fason n ap viv la...» Yon lòt jenn kidonk Manno St Hubert te deklare: «Apa kondisyon lamizè na p viv la a ki pa bon, kòm kwa n ap mal dòmi, mal viv, nou pa fè anyen serye. Nou nan chomaj, paran nou pap leve ni lou ni lejè, nèg ak zam ap bannou presyon tout lasent jounen, nou grangou. M pa konnsa pou m di ankò...» St Hubert di li se yon monitè Alfa sant FREM (Fwaye Rechèch ak Edikasyon Mati yo). Moun Boston pa jwenn kouran, pa gen telefòn, pa gen espas lwazi; se kòmkwa katye sa a se yon dezè. Men yo di yo gen dlo gras ak Fontèn KADEPA/KAMEP yo kote yo achte dlo pou yon pri ki ba.
Atout aktivite komèsyal pa tèlman devlope nan zòn nan akoz pa gen lajan; gen kèk jenn ki fè swa recho, swa bòs mason, swa yo pote chay pou moun. Genyen moun ki achte vye chodyè, vye asyèt, gode, bout bonm aliminyòm yo redrese yo e yo revann yo ak lòt moun nan yon ti mache ki sou wout ray la. Kèk lòt jenn nou te wè nan Ba Boston tankou Michelet Thélusma, Elie Brice, Jackson Costa Joseph, Ronald Pélerin fè metye eskiltè metal. Yo travay pou yon seri atelye ou faktori. Yonn nan remak nou te fè nan zòn Boston, sè ke anpil kay te make swa pou vann, swa pou anfème. Divès lòt kraze kote gen moun ki rete nan yo e lòt yo abandone. Yon jenn ki rete nan zòn nan e ki se yon pwofesyonèl fè nou konnen ke se pa «nèg nan Boston ki kreye panik ki konn gen nan zòn nan, se pito sila yo ki konn sot nan lòt katye nan Site Solèy ki konn vin panike moun Boston...» Boston menm jan ak divès lòt katye popilè nan Site Solèy, kouwè solèy 4, 9, 15, 13, 17, 19 elatriye, se yon katye danjere e riske. A nenpòt moman, deblozay eklate nan zòn sa a.
Boston pa gen yon bon lekòl, pa gen sant sante valab, kay yo bati pil sou pil. Plis pase 10 a 12 moun pafwa konn ap viv youn sou lòt nan yon ti kay kraze. Pami plizyè milye moun k ap viv nan katye sa a, se youn youn ki konn li ak ekri. Lavichè, lavidi, maladi, tansyon tout kalite ap fè popilasyon an jemi. Fatra toupatou, e jenn yo di yo pa janm prezans CNE (Sant Nasyonal Ekipman). Lè ou fin gade yon tablo konsa, èske yon moun dwe sezi jenn ti moun yo vin tonbe nan gang, e yo jwenn ankadreman nan men vòlè, asasen pwofesyonèl Peyi Etazini, Kanada ap voye bannou?