Haïti Progrès
13 o 19   Septanm   2000
Nan peyi Dayiti


Nouvel Kout Kreyòl

11 Septanm: Selebrasyon an memwa viktim yo!

Anba yon gwo manman lapli, plizyè milye moun te pran lari pou di yo pa bliye masakrè 11 sektanm 88 ak 93 yo. 11 sektanm 1988 brasa wouj sou zòd Franck Romain te mete dife nan legliz Senjan Bosko, touye plizyè fidèl, pike yon fanm ansent, maspinen moun elatriye. Se pa mirak ansyen prezidan Aristid ki te pè alepòk te genyen lavi sov. 11 sektanm 1993, swa 5 lane apre masak Sen Jan bosko a, atache Fraph ak militè ansyen lame a asasinen Antoine Izméry. Atache yo te rantre nan legliz Sakre Kè nan tijo, rale Izméry nan lari a epi yo fizye l pandan yon mès ke Izméry te fè chante nan memwa viktim 11 sektanm 88 yo. Bay kou bliye, pote mak sonje!

Kòdinasyon òganizasyon SenJan Bosko te lanse yon mouvman nan okazyon 11 sektanm 2000 la, pou reveye memwa viktim ak paran viktim 11 sektanm yo e lanse ofisyèlman kanpay kandida e ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide. Te gen yon pwogram byen chaje ki, malgre lapli, te egzekite an pati. Dabò nan maten byen bonè prezidan René Préval ak madanm li e kèk lòt ofisyèl te vin depoze yon jèb flè bò 6 zè di maten nan legliz la e apre li te al depoze yon lot devan legliz Sakre Kè. Nan 2 moman sa yo, prezidan an te fè obsève yon silans pandan 60 segond. Kèk tan apre pasay Preval nan Sen jan Bosko, an prezans plizyè santèn moun, pè Gérard Jean-Juste te chante yon mès nan memwa viktim yo. Divès manm òganizasyon nan lakou legliz la te bay pozisyon yo pou kontinye kondane masak 11 sektanm 88 la. Divès bann apye ak Gwo Lobo te voye anpil chante anfavè lidè Fanmi Lavalas la ki pat prezan. Te gen ekspozisyon foto moun ki te mouri yo, foto Izméry ak lot ankò. Te gen tou ekspozisyon yon gwo foto Aristide ak divès eslogan. Nan sikonstans lan, yon manm kòdinasyon nan Jean Robert Pierre-Louis te deklare: «Nou vle Jean Bertrand Aristide al ede pèp ayisyen an, pandan ke nou ap chwazi l kòm kandida alaprezidans pou òganizasyon de baz yo, pou pèp ayisyen an nan eleksyon ki pral fèt an novanm 2000 la.»

11 sektanm 2000 la make 12 zyèm anivèsè masak Sen Jan Bosko a e 7 tyèm anivèsè ansasina Antoine Izméry. Men lajistis kase fèy kouvri sa; paran viktim yo, viktim ki pat mouri men ki domaje pa janm jwenn jistis. Chalisena Carystil alyas «Mant Yaya» ki se manman Joseph Yacinthe Germain ki te mouri anba bal, kout manchèt nan masak legliz Sen jan Bosko a an 88, (wè Ayiti Pwogrè vol 17 # 26) pa janm bouke mande jistis pou pitit li. Pitit Mant Yaya a ki te gen 25 lane te twouve lanmò l pandan l te al dèyè sove lavi Yva Pierre ki te fanm ansent ke bandi yo te pike nan vant. Sonje ke lavi Yva te sove e l te akouche yon pitit fi ann apre ke l te rele: Esperancia.

Plizyè lane apre masak e ansasinay 11 sektanm yo, lotè entelektyèl yo toujou ap valkande: Franck Romain, Henri Namphy, Williams Regala. Jiskilè moun ap jwenn jistis andedan peyi sa a?
 

Dominikani: Lame a toujou ap pouse do ayisyen!

Lame dominikèn ak Direksyon Nasyonal Migrasyon (DNM) kontinye ap voye ayisyen tounen pa pil e pa pakèt ann Ayiti. Se sa jounal dominiken Ultima Hora fè konnen. Jounal sila a te note ke se «sèl endijan ak chomè yo ke enspektè DNM yo ak militè dominiken» voye tounen, travayè ayisyen nan konstriksyon yo ekzante. Se jounal la bay e l kontinye pou di: satisfaksyon òganizasyon dwa moun yo genyen vizavi nouvo atitid ak bon tretman yo wè zotobre dominiken yo vin bay tout ayisyen lòt bò a. «Nouvo konpòtman» sa a vini, si n kwè jounal la depi apre òganizasyon dwa moun yo te fin trennen gwo badin dominiken yo devan lakou Entèamerikèn dwa moun (CIDH) pou move sò yo te konn bay ayisyen yo. Dapre jounal la, moute nouvo prezidan an Hipolito Mejia pou bokou nan chanjman konpòtman otorite militè ak migrasyon dominiken. Men n ap mande kisa ki fèt sou masak militè dominiken te fè sou plis pase 6 ayisyen nan mwa pase yo? Antouka devan asanble Loni an prezidan dominiken an te fè le monn antye konnen ke yo pa kabap ankò ak pwoblèm ayisyen an e ke fòk kominote entènasyonal la pran sa an men. Eske se pa yon move signal?
 

Pan kouran pwovoke dega!

Jenn nan ri Fekyè, ri Dewou, ri Ozval Diran, bò estad Silvyo Katò elatriye te bloke mache Salomon ak ozalantou pou pwoteste lendi 11 sektanm 2000 la. Mouvman an te koumanse depi nan vandredi 8 sektanm nan pou di yo pa vle ti lòsyè kouran 2 zèd tan pa jou EDH ap ba yo a. Yo reklame pou EDH ta retounen voye zòn sa yo sou branch kouran Palè Nasyonal ki gen kouran 24 sou 24. Pandan mouvman an pwovokatè te pwofite kraze anpil vit machin anba kout wòch ak boutèy. Lapolis te entèvni plizyè fwa.
 

Lapli fè anpil viktim

Plis pase 7 lanmò, dlo bwote 6 machin, plizyè dizèn kay ak yon pon kraze, pye bwa dechouke, dlo desann; se bilan seri gwo lapli ki te tonbe dimanch 10 septanm pase a. Dega sa yo te fèt zòn Mòn Lopital, Matisan, Fontamara, Kafou kote pon an te tonbe a, Ri Montalè, Kafou Fèy, Petyonvil elatriye. Pou kouwè l ye la a, divès paran dlo nan je, kèk lòt pa gen kay pou yo rete, divès moun pèdi machin yo. Divès manm Kazèk, Asèk te mande konkou majistra Pòtoprens ak Biwo Pwoteksyon Sivil la.
 

Kwadèboukè: popilasyon an terorize

Moun Kwadèboukè pa mache lannuit ankò. Yon pa, se zafè zenglendo k ap fè pale de yo nan dechèpiye moun. Yon lòt pa, se yon bagay k ap pase nan zòn Lilavwa, Kwadèboukè, Lasèl....moun pa konprann. Divès moun eseye temwaye sou sa: moun yo fè kwè gen yon gwoup moun chak aswè k ap sikile nan machin k ap mache nan divès zòn sa yo, kenbe fi lè fini koupe tèt yo, ponyèt yo kite atè epi pran rès kò yo al avèk yo. Moun k ap temwaye yo di yo deja jwenn omwens 2 a 3 tèt mò frèch ke yo lage nan lari a. Gen yonn yo te menm rive jwenn nan kafou Chada. Akote sa, gen yon jenn fi ki di ke gwoup moun sa yo te kouri dèyè l deja rive jouk lakay li nan Lilavwa, se gras a moun blòk lakay li ki fè malfektè yo pat gentan mete lapat sou li. Sitiyasyon sa a tèlman vin simen laperèz nan zòn yo; ata moun k ap tann machin lèswa blije kanpe an gwoup.

Haïti Progrès      |    ARCHIVES