Nan peyi DayitiHaïti Progrès
6 au 12 Septembre 2000
Ki sityasyon machann yo nan Dèlma 2?Ti mache Dèlma 2 a tabli nan ri Sen Maten blòk Ofelen. 4 wout debouche sou li. Wout ki koumanse anfas «Armée du salut» a ki al nan katye Tokyo. Wout ki sòti ri Sen Maten an. Wout ki dekoupe Ofelen an, e wout ki al Dèlma 4 la.
Se yon mache ki fèt nan mitan kafou a. Se machann yo ki te fè li pou kò yo. Men atout sa, zotobre lameri Dèlma toujou voye enspektè al touche nan men yo achak peryòd. Byen ke yo te leve kanpe kont pratik sa a, paske machann yo di responsab lameri yo pa janm ba yo okenn sèvis.
Moun pa ka plis chita sou eta mache sa a, piske se yon mache ki nan lari a. E sa pa etonan pou pèpap, ke lari Pòtoprens fin tounen depotwa fatra ak debri. Sa vle di, mache Dèlma 2 a se yon salte li fè. Yon mache kote chak jou pi plis aktivite yo ap bese konsiderableman. Yon kote, se akoz mwayen lajan ki pa genyen, piske li antase ant divès katye popilè pòv. Yon lòt pa, se akoz nan dènye semenn sa yo, pri tout pwodwi premye nesesite yo ogmante seryèzman. Kit se sa yo ki pwodwi ann Ayiti, kit se sa yo ki sòti aletranje.
Nan mache sa a gen divès aktivite komèsyal, tankou bank bòlèt, boutik, anpil ti depo chabon, sitou toupre kannal Ofelen an. Gen tou plàn, atelye balèn, ti demele kote machann yo vann bagay pou moun manje, kouwè diri, pwa, mayi moulen peyi, mayi moulen etranje, pwa nwa, pwa wouj, pwa Mayami, avwàn, farin frans, farim pòm detè, sèl, lwil, pwav, lay, ak tout kalte epis. Machann yo vann tou yanm, malanga, tout kalte legim, pwason, vyann kabrit, vyann bèf, vyann poul, vyann kodenn pèpè, elatriye. Apa pwodwi pou moun manje yo, se plis chabon an gwo e plis an detay, balèn ak legim ki vann nan mache a. Men pri pwodwi yo sibi gwo ogmantasyon, nan semenn ki pase la yo (wè tablo ogmantasyon pri pwodwi premye nesesite yo vol 18 #24). Modifikasyon pri yo rann aktivite yo bese anpil, anpil. Divès machann plenyen de sitiyasyon sa a «nou pa vann ditou, lavant lan bese, bagay yo chè, pa gen lajan», deklarasyon yon machann kenkay. Moun ki plis frekante mache sa a, sòti nan bèlè, ri Sen Maten, ri Timas, Ofelen, Dèlma 2, Dèlma 4, Tokyo... Paske gen pifò bagay yon moun ta bezwen pou sèvi nan mache a.
Machann yo plenyen anpil de zafè enstabilite nan mache a, «tout tan moun vin voye wòch, tire fè nou kouri kite machandiz nou. Lè konsa, anpil zafè nou pèdi», te di yon machann fritay ak pate kòde. Keksyon sekirite a, pa gen sa pyès. Toutan vòlè ap piye machann yo, swa lematen bonè oswa leswa, lè yo pral lakay yo.
Akote sa, jan machann yo ye pil sou pil la se yon pwoblèm. Yo bare tout pasay pou moun ki ret nan zòn lan rantre lakay yo, yon bò. E yon lòt bò, tout wout machin prèske bloke. Sa vin reprezante yon gwo pwoblèm ant machann ak abitan zòn lan, ant machann ak kèk chofè machin pafwa, ki fè esprè travèse mache a. Men, gen moun ki ap vann nan mache a ki ret nan zòn nan tou. Pafwa, sa yo ki ret sou deyò, itilize swa devan papòt yo oswa galri yo, pou yo fè aktivite komès yo.
Machann mache Dèlma 2 a, ki se plizyè santèn, gen divès pwoblèm. Pa gen enfrastrikti nan yon espas komèsyal konsa, aktivite yo bese konsiderabman, elatriye. Men machan yo toujou manifeste volonte yo, pou yo deplase kote yo ye a, si responsab yo ba yo yon lòt kote pou yo al vann. Yon bagay ki t ap favorab ak evolisyon zòn sa a. Paske mache a nan zòn lan toujou pi sal e tout wout yo bloke. Mache a tou lakòz kannal la pa janm pa gen gwo pil fatra ladan. Yon bagay ki fè dlo, ki pa jwenn chimen pou l pase, toujou anvayi zòn lan.