Haïti Progrès
30 Out  o  5 Septanm  2000
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Enskripsyon palmantè Lavalas yo

17 senatè ak 72 depite Fanmi Lavalas yo te al enskri nan palman an, lendi 21 out pase a. Ann absans prezidan lachanm lan, Edgard Leblanc (OPL), se senatè Wesner Emmanuel ki te resevwa yo. Pou bò pa l, pòtvwa Fanmi Lavalas la, senatè Yvon Neptune te di: «Lendi (28 out) n ap travèse yon lòt etap ki pral seyans validasyon en pwobableman fòmasyon biwo a».

Depite ki te eli sou banyè Mokrena ak kowalisyon Eskanp/Korega yo te deja enskri, nan lachanm depite a. Poutan kestè chanm sena a, senatè Elie Plancher (OPL), kalifye nouvo eli yo kòm yon gwoup vizitè.
 

Afwontman nan Site Solèy

Yon mò ak dizèn blese, se bilan yon konfli ki eklate ant moun nan Boston ak sa ki nan Belekou, ki se 2 katye nan Site Solèy. Chirepit sa a koumanse samdi 19 out pou rive jiska mèkredi 23 a.
 

Sidès: Pwoblèm dlo ak epidemi

Popilasyon nan vil Jakmèl pase plis pase 2 jou depi yo pa jwenn dlo tiyo pou yo bwè, akoz tiyo ki mennen dlo nan vil la ki ta koupe. Sa a lakoz moun yo lage nan bwè move dlo.

Yon lòt bò, gen yon epidemi maladi k ap fè ravaj sou bèf nan Lavale. Peyizan zòn sa a pa konn sa pou yo fè, e otorite zòn lan mande pou popilasyon an pa manje vyann bèf. Yon move enpas pou moun Lavale, sitou ak rewouvèti lekòl la, kote yo te ka vann bèf yo pou voye ti moun yo lekòl.
 

Lewogàn: Lanmò Anous Saint-Hilaire

Jedi 24 out 2000 la, vè midi, sou wout nasyonal #2 a, toupre Kafou Difò, nan lokalite Morel, yo touye ak 4 bal nan tèt Anous Saint-Hilaire. Viktim lan te kanpe ap pale sou wout la ak yon zanmi l, nan moman yo te louvri kout zam sou li. Yon frè mò a t ap eksplike: «Senpman, yo ba l chay li pote, yo tire li. Te gen yon fanm ki te antre nan lakou, piblik la te touye li pou lougawou. Men se pa misye ki te touye li, men mwen konnen tou misye li konn touye moun, men se pa li ki te touye moun sa a», deklarasyon frè defen Anous ki di viktim nan te touye, sa gen kèk tan yon nèg ki te rele Gaston Rivière. E yo te akize Anous tou nan lanmò yon fi, yo di ki te lougawou.
 

Grèv nan lopital jeneral

Anplwaye tanporè lopital jeneral yo te fè yon kanpe travay 12zèd tan, kote yo t ap reklame 3 mwa salè administrasyon an dwe yo. Levy Félix Milot ki se yon dirijan mouvman pwotestasyon an, bay plis eksplikasyon: «Nou te fè yon kanpe travay, kote nou te ekri responsab yo plizyè fwa. Nou te mande yo rankont, pou nou wè kouman nou ta fè pou n rezoud pwoblèm ki genyen ant malere yo (ki) gen 3 mwa yo pa touche. Lafwa pase, se te 4 mwa yo te genyen, se nan pale anpil anpil, mouvman yo wè nou te menase pou nou te fè yo bay 2 mwa. Men sa, vin remonte kounye a ak 3 mwa...». Anplwaye yo di yo touche 1000 goud pa mwa.
 

Bazin vle dyalòg

Lidè Mouvman pou enstore demokrasi ann Ayiti (MIDH) la, Marc Bazin mande dyalòg pou debloke kriz peyi a: «Pwosesis demokratik la se pran chimen dyalòg kòm sipò, pou mete kanpe yon espas reflekzyon, yon espas konstriksyon demokrasi a. Pa gen enterè bare lawout ak sa. Yo pa gen enterè pou di tankou lavalas "mwen fò, mwen gen rezon, paske m fò". Yo pa gen enterè nonplis tankou lopozisyon an, pou pwofite eksè iregilarite, pou mete an keksyon lejitimite pouvwa Lavalas la e laviktwa elektoral Lavalas la. Se pa rezonab».

Bò kote pa l, Reynold Georges nan Alah/MPSN/Konvèjans lan di l pa pataje pozisyon Bazin an. Li kalifye Bazin kòm moun k ap travay e aji sou lòd Fanmi Lavalas, yon manyè pou pati Aristide la pa met zafè l deyò. «... Nou estime Marc Bazin, depi epòk sa yo, li antre lakay li, e sou dikte rejim lavalas la. Donk kounye a la a, yo di l pou li al kandida (pou prezidan anfas Aristide), alòs nou menm, nou pa pral aksepte Bazin ap vini di nou anyen ankò...» Poutan, sou gouvènman defakto Bazin te Premye minis nan epòk koudeta a, se pyafe Reynold Georges t ap pyafe ak Fraph e lòt poutchis nan lame Dayiti yo. Kounye a, enterè li ak patwon l yo menase li bay Bazin do, pou yon ti moman?
 

11 septanm 200: Sen Jan Bosco ap lanse kanpay Aristide

Oganizasyon pwòch Fanmi Lavalas yo kòmanse antre rèd nan kanpay prezidansyèl anfavè Aristide. Konsa, kowòdinasyon òganizasyon Sen Jan Bosko di kanpay prezidansyèl pou lidè yo a ap koumanse lendi 11 septanm k ap pwente la a, jou ki ap make 12zyèm anivèsè masak Sen Jan Bosko a. Youn nan manm yo te pale: «Aktyèlman nou ap vanse sou eleksyon prezidansyèl, men avèk kòm kandida nou, Jean Bertrand Aristide. Donk... gen yon seri preparasyon nou ap fè 11 septanm ki ap make 12zyèm anivèsè masak la. Nou pral wè kote lavalas la desann e kominote mafya entènasyonal la, ki soti pou kraze peyi a, ak konplisite opozisyon mal pou wont lan, yo gen pou yo mete 2 men nan tèt.»

Enkyetid sou nouvèl ogmantasyon pri gaz la

Nouvèl ke pri gaz la pral ogmante ke prezidan René Préval te anonse a, bay komèsan, atizan, chofè taksi, konsomatè anpil kè sote. Yon chofè te di: «Pasaje yo pral gen pwoblèm, paske menm 2 goud la yo pa menm ka peye, m pa wè menm si machin nan ta vin peye a 5 goud, y ap gen pwoblèm, yo pap peye 5 goud la. Lekòl prèske louvri la a, pasaje yo deja gen pwoblèm...» E yon pasaje te fè wè «Ògmantasyon pri gaz la, m kwè l ap pi difisil pou pasaje yo...»

Popilasyon an rele kont blakawout

Moun nan kapital rele anmwe kont afè blakawout manch long EDH la. Se tout yon jounen ak tout yon lannwit yo pe rete san elektrisite. Lè yo pa fè plizyè jou konsa, poutan men lòngè pri bòdwo yo. Sa EDH ap fè depi tan sa a?

Haïti Progrès      |     ARCHIVES