Nan peyi DayitiHaïti Progrès23 o 29 Out 2000
Nouvèl Kout Kreyòl
Grandans: Asiz kriminèl nan Jeremi
Pandan asiz kriminèl ak asistans jiri yo ki koumanse mèkredi 16 out la, nan Jeremi, komisè Pakè tribinal sivil la, mèt Joseph D. Charles, di gen 13 ka y ap tande. Nan jounen mèkredi 16 out la se te ka yon jenn gason 26 lane, Renaud Etienne, ki te akize nan lanmò Lucel Pierre, ki te fèt nan dat 7 novanm 99 la nan lokalite Kalas, tou prè vil Jeremi tribinal la te tande. Akize sa a te jwenn liberasyon l dèske pa t gen okenn prèv, selon pawòl avoka l yo, pou ta montre ke Renaud te vrèman enplike nan lanmò a.
Fanmi Solèy leve toujou pou «dyalòg»
Alatèt kòdinason Fanm Solèy leve a, Carline Siméon di se sèl dyalòg ki ka mennen nou sou ray demokrasi, ak pou jwenn yon bout ak kriz peyi a. Nan sans sa a, Carline deklare: «Pi bon zanmi demokrasi a se dyalòg, san dyalòg se diktati k ap fè sifas. Enben pou rezon sa nou menm nan Fanm Solèy leve, nou mande... ankò pou 2 gwoup politik nan diskisyon yo, ke l opozisyon, ke l Lavalas, pou yo ta rive chita nan yon bon dyalòg, pou n rive rezoud kriz politik ki etabli anndan peyi a...»
Pyat: Èske lajitis met manda dèyè Nadal?
Nan ankèt pou ta gen yon pwosè valab ki fèt pou masak Pyat la, ki te fèt 12 mas 90, gen près 300 moun lajistis deja tande. Pami moun sa yo, grandon Georgemain Prophète ak konpayèl li Olivier Nadal ta dwe gen manda dèyè yo tou, sitou lè viktim masak Pyat la yo ak manm òganizasyon Tèt kole ti peyizan pa janm sispann akize piblikman moun sa yo kòm tèt pansant masak la. Men, minis Leblanc, jiskaprezan di li «pa konnen si yo rive sou Nadal, men yo koumanse mete manda deyò...»
Okap: rantre lekòl la bay tèt chaje!
Dat rantre lekòl la ki fikse pou 4 sektanm k ap pwente la a, bay paran elèv lekòl yo gwo tèt chaje. Divès paran ki deja ap fin peri anba lavichè pa konn kote yo gad, nan Okap ak Sen Rafayèl. Pri materyèl lekòl, inifòm, soulye, liv, elatriye, monte byen wo. San konte lekòl prive yo ki byen chè. Devan sitiyasyon sa a e fas ak desizyon dirijan yo, pou louvri lekòl 4 sektanm k ap pwente la a, direktè lise Sen Rafayèl la, Bien-Aimé Harold, deklare: «Bon, pratikman kounye a gen près 300 elèv nan enskripsyon ke nou sot fè, nou resevwa 100 paran, malgre 100 paran yo ap plenyen, yo poko wè kouman y ap fè, yo enskri elèv yo se vre, men yo poko wè kouman y ap voye yo.»
Opinyon prezidan KEP la
Nouvo prezidan KEP la, Ernst Mirville deklare ke pwoblèm «kominote entènasyonal» la genyen parapò a eleksyon ki sòt fèt yo, se yon pwoblèm ki konsène senpman eleksyon pou senatè yo: «Pou senatè a gen pwoblèm paske nou eritye yon seri eleksyon ki pou te fèt, ki pa fèt. Solisyon nou genyen, se pa yon pwoblèm de magouy, se pa yon pwoblèm konpetans, se yon nesesite menm pou fòm de kalkil yo te adopte a, yo pase pa la...»
Fanm yo kont lavichè
Divès òganizasyon fanm ann Ayiti, ki enskri nan kad inisyativ Mach mondyal fanm 2000 la, te plante pikèt yo nan yon sitin maten jedi 17 out la, devan ministè Komès ak endistri a kont lavi chè ak lamizè, dapre sa yo te deklare. Byen bonè nan maten jedi 7 la, responsab kòdinasyon òganizasyon fanm yo te deja nan lakou ministè a, men lapolis ak kèk responsab te kanpe an kwa, pou lòt moun yo pa t rantre nan lakou a, ki kole kole ak komisarya Pòtoprens la. Chèf Solidarite fanm ayisyen (SOFA) la Marie Frantz Joachim te kondane atitid sa a: «Pa gen okenn kote ki di nan lwa peyi a, lè yon gwoup sitwayen oubyen sitwayen deside manifeste, pou l kabap avèti, donk... jisteman yo bezwen separe nou, yo bezwen divize nou, pou n pa konstitye yon fòs, pou n pa kapab rele aba lavi chè k ap dechèpiye popilasyon peyi Dayiti.»
Fanm yo ki ap fè seri mobilizasyon sa yo depi 17 nan mwa out la pour ive 29 sektanm, kont lavi chè ak vyolans sou fanm, te «mande minis Komès la pou: pran tout dispozisyon, pou kontwole tout pwodwi, fòk gen yon konsètasyon ak ministè Komès pou wè ki pousantaj li kab mete sou li. Pran tout dispozisyon pou kontwole komèsan ki pwofite monte desann goud la, menm lè se te ansyen estòk yo. Pran tout dispozisyon pou kontwole kalite manje k ap antre nan peyi a, pou pwoteje popilasyon an...»
Priz gaz la pral monte
Prezidan ayisyen an, René Garcia Préval, anonse ke pri gaz la pral blije monte, paske Leta pa ka sibvansyone li ankò. Préval fè wè ke nan 4 tran, se yon sèl fwa gaz la te monte ann Ayiti. Mouche pè pou sibvansyon yon peyi pa al avantaje lòt peyi fwontalye ak li a, li pran ka Repiblik Ayiti ak Repiblik dominkèn, kote li di l ap gen pou kontinye rete an poupale ak Repiblik dominikèn, yon mannyè pou ta kontwole priz gaz 2 peyi yo, ki pa dwe gen twòp diferans, sa ki pa ta ankouraje kontrebann gaz sot nan yon peyi pou al nan yon lòt.
Lagonav: ekzamen sètifika a se yon katastwòf
Paran elèv lekòl nan Lagonav yo, pa pote yo byen ditou, sitou apre piblikasyon rezilta ekzamen 6e ane fondamantal (sètifika) a. Plizyè paran lage katastwòf rezilta sou do responsab ministè edikasyon nasyonal yo, yo di ki iresponsab. Yon paran te deklare: «Nou menm nan Lagonav, nou genyen plis pase 3 mil timoun k al nan egzamen sètifika, ki rezilta ki vini, se 105 ti moun sèlman ki bon... N ap mande gouvènman an e ministè edikasyon nasyonal pou l pwononse l pi rapid pou nou sou rezilta sa a ke l voye Lagonav la, paske li pa fè nou byen. E nou menm, sa nou santi atò kounye a, se fèmen tout pòt enspeksyon eskolè Lagonav la ki genyen. N ap tann rezilta edikasyon nasyonal epi gouvènman an.»