Haïti Progrès
 16  au 22 Out  2000
Nan peyi Dayiti


Koridò Lendi nan mitan Pòtoprens

Si nan divès peyi lemonn y ap pale de modènite, Ayiti toujou, menm apre 196 zan endepandans li, lwen de yon bagay konsa. Fason yo antreteni vil yo, jan yo bati nan yo, mòd administrasyon yo, se bagay ki la depi sou tan benmbo. Pale de Ayiti ki toujou lwen sa yo rele «tan modèn» yo, nou ka pran zafè ti koridò ki toupatou nan vil yo e espesyalman nan kapital Pòtoprens e ki kontinye ap miltipliye. Pou ilistre sa, n ap vizite ak ou yon ekzanp klè nan sant vil la ki se koridò Lendi. Moun te ka rele l tou lakou Lendi, paske menm lè li se yon koridò, li gen aspè yon lakou ki gen 2 debouche, 2 pasay.

Koridò Lendi chita nan sant vil Pòtoprens. Nan zòn Channmas a kèk pa palè nasyonal dèyè komisarya Pòtoprens lan. Anfans wout prensipal pou moun antre nan koridò sa a gen Jimnazyòm Vensan an, ki chita nan pati nò koridò a, ki bay sou riyèl Romain. Lòt debouche koridò a bay nan pati lwès la ki se ri Maglwa Anbwaz. Zòn sid koridò Lendi tonbe sou blòk riyèl Chavàn. Blòk lès li bay sou ri Kapwa.

Nan prèske 100 kay ak kounouk, anviwon 600 moun fè rantre sòti nan koridò a, ki manke pi fò estrikti ak kondisyon moun ta bezwen pou yo viv. Tankou manke watè, pa gen dlo nan koridò a, kote moun yo oblije sòti deyò pou y al achte ti bokit dlo. Anndan koridò a gen divès andwa moun jwenn fatra ak dlo sal. Kote ki pa simante yo, lè lapli tonbe bay labou. Pa gen okenn aktivite komèsyal anndan koridò a, sof yon kote nou te remake youn bagay pou vann te ekspoze. Apre sa, gen nan pwent koridò a, anfas Jimnazyòm nan, yon ti boutik ak yon ti machann fritay ak pate kòde k ap vann. Men si aktivite komèsyal yo te devlope anndan koridò a, sa t ap mache, paske divès moun te plenyen de sa. Yo di, si n pran pawòl Marise: «Sa pa favorab pou nou, piske tout ti bagay nou bezwen nou oblije sòti pou al achte l deyò.»

Nan kestyon kondisyon sante moun yo, malgre gen moun ki konfye n gen anpil marengwen nan kèk sektè anndan koridò a, sanble moun yo pran divès prekosyon pou yo pa trape malarya ak lòt maladi moustik bay. Men, si yon moun ta tonbe malad, se jis nan yon sant prive deyò oubyen nan lopital jeneral, kote kondisyon yo pa bon ditou, pou l ale. Zafè maladi moustik bay ki pa fin pran koridò a, se yon bagay ki etonan, piske fatra, dlo sal, kondisyon watè, kondisyon ti kay yo nan koridò a, se bagay ki bay lapenn.

Gen divès kay ki byen anfòm nan koridò a, menm lè yo manke enfrastrikti. Konsa tou, gen yon latriye kay nan move eta. Sitou ansyen kay yo. Ladan yo, gen sa ki gen gwo twou ke moun yo bouche ak gwo moso twal. Genyen se panno anmi yo ki prèske tonbe sou moun yo. Kèk lòt ki swa an tòl oswa an bwa, se kraze yo fin kraze.

Nan zafè edikasyon an, fòmasyon moun yo, anpil nan granmoun yo pa konn li, sa ki konn li yo pa rive lwen. Men dapre yon elèv reto ki ret nan koridò a: «se kèk grenn ti moun ki pa al lekòl...» Sa vle di pou li tout sa ki gen laj pou al lekol yo gen chans ale. Poutan divès jenn nan chomaj nan koridò a. Yo pa gen metye nan men yo. Sa rann anpil nan yo konn lage nan yon seri aktivite degaje. Yon seri jenn jwe foutbòl, e pi souvan baskètbòl. Anpil bon jenn basketè sòti nan koridò sila a. Fi kou gason. Divès lòt lage kò yo swa nan gwoup dans, swa nan gwoup mizikal. Yon seri aktivite ki merite ankourajman.

Atout koridò a se yon milye mizerab, malgre lakou a gen pwoblèm kouran, telefòn, dlo pwòp pou moun bwè, moun yo gen yon vizyon pou zòn yo, pou kondisyon y ap viv la chanje. Se sa yon madanm te fè konprann: «Nou ta renmen sitiyasyon moun nan koridò a chanje, sitiyasyon n ap viv la pa bon, nou pa viv menm jan moun bezwen pou yo viv. Se anpil pwoblèmn n ap sibi isit la. Nou ta renmen gen ti kay nan koridò a, fatra, dlo santi, sa pa ta dwe ekziste kote moun ap viv. Nou bezwen kouran, telefòn, ak tout sa moun bezwen pou yo viv byen.»

Haïti Progrès      |     ARCHIVES