Nan peyi DayitiHaïti Progrès
2 au 8 Août 2000
Vilaj Lapè pa viv an pè!Sou limit Boulva Lasalin, nan nòdès Pòtoprens, plizyè milye moun nan malsite ap viv nan prèske 2000 ti kounouk ak kay kousi kousa, nan yon zòn ki rele Vilaj Lapè.
Vilaj Lapè etann li sou plizyè kilomèt kare kote kannal Dèlma a separe l ak espas vid yo rele swa Kris marin oswa Depotwa a. Pati lès Vilaj la se waf Jeremi, zòn wès li se Boulva Lasalin, anfas yon ponp Texaco, ki se tou estasyon machin Okap, Ench, Pòdpè yo. Nan limit nò li, moun jwenn zòn Kris marin, yon espas lè ansyen majistra K-Plim (Evans Paul) t ap fè e defè nan lameri Pòtoprens, yon fason pou mouche te transfere machann kwabosal yo nan zòn sa a. Men se te lajan pèdi. Yon gwo mi te monte pou separe espas sa a ak boulva a. Lajounen jodi, mi an près fin kraze. Fatra, debri, watè plen zòn Kris marin an. Nan espas sid Vilaj Lapè se riyèl Lapè ak yon seri gwo izin, magazen ak lòt antrepriz moun jwenn. Vilaj Lapè pa lwen Pon Wouj ak Vilaj demokrasi. Anndan vilaj la, gen anviwon 5 prensipal ri ak yon latriye ti koridò. Gen riyèl Lapè ki sot sou Boulva Lasalin pou al sou zòn Waf Jeremi. Gen ri Chalmay Peralt ki sot sou boulva a al bout anndan Vilaj la. San konte ri Wozlin Vaval (non yon ti elèv lekòl ki te mouri an 1989, nan Ti Gwav, anba bal militè, sou gouvènman grenn kraze Avril la), ri Batèlmi, ri Jèmen, ki yo tout soti nan blòk kannal Dèlma a, toupre Kris marin an, pou al bout nan riyèl Lapè. Tout ri ak riyèl sa yo dekoupe swa an longè, swa an lajè Vilaj Lapè.
Konsènan konstriksyon kay yo, yo bati youn antase sou lòt. Kay an mi, fondasyon kay ki poko fin fèt, sòl kay ki leve mèt yo pa gen kòb pou fini yo, kay tòl, kay bwa ki twonpe solèy ki pa ka twonpe lapli kwense kwense nan zòn lan. Men, pifò nan kay yo make «pou vann oubyen pou lwe». Tanka pou fèm kay nan zòn lan, malgre sitiyasyon moun yo pa bon, li trè wo. Moun lwe yon pyès ti kounouk: «... jiska 2,500 goud pou 6 mwa», selon Rosemaine ki ap vann fritay nan zòn lan. Jiska prèv kontrè, moun yo toujou di: «Tè Vilaj Lapè se pou leta yo ye...», dapre Jeanjean. Divès gwo pwoblèm fè moun Vilaj Lapè pa viv anpè, tankou Jean Reynald te note pou nou: «Gen anpil pwoblèm pou dlo pwòp, pou kouran, pou lekòl, pou lasante, pou espas pou timoun yo degaje yo...». Lè lapli tonbe, zòn lan ki pa kannalize anvayi ak dlo e kannal Dèlma a e lòt dlo k ap desann, ki vin anvayi kay yo, fè marekaj ki sitire marengwen nan zòn lan. Malgre lè lapli tonbe pa gen dlo pwòp pou moun yo bwè. Ti chato dlo a, ki nan limit wout ki pase bò Kris marin an pa kòdyòm. Moun yo blije plis bwè dlo machin ke yo al achte jis sou boulva a. Pou zafè kouran an, moun yo di yo te fè demach deja EDH, responsab konpayi leta sa a te poze kòm kondisyon pou tout moun zòn lan gen kouran, se pou yo ta achte ni poto (plizyè) ni kab pou yo ta rantre kontè nan zòn lan pou yo. Apre sa, pou yo ta peye pri kontè a nòmalan. Kote moun yon katye pòv konsa ap jwenn lajan pou plizyè gwo poto limyè ak yon latriye kab?
Pou zafè lekòl la, gen divès ti lekòl pwotestan ak lòt nan zòn lan, men non sèlman se kolèj yo ye, pri yo wo, men tou fòmasyon an: «pa fin twò kòdyòm...», se sa Wilbert di, ki limenm se yon elèv segond k ap evolye nan Vilaj Lapè a. Men pifò timoun nan zòn lan pa al lekòl. E anpil gran moun yo pa konn li ak ekri. Zafè lasante a ap bay pwoblèm nan zòn lan tou. Gen divès maladi moun trape nan katye popilè pòv sa a, kouwè, dapre Mis Guetson Fénélon nan Sant kominotè Bon Semè: «...dyare, grip, tout kalte lafyèv, lafyèv malarya...» akòz ma dlo ki kale moustik nan zòn lan. Sant kominotè sa a se ra sant k ap fonksyonne byen kou mal nan zòn lan. Selon enfòmasyon responsab sant lan, Joseph Riffin, li resevwa 10 a 20 moun chak jou. Pa gen lajan nan zòn sa yo tou. Li fè akouchman, panse blese, bay piki, vaksen, fè konsiltasyon, bay premye swen, elatriye. Men yo pa gen laboratwa. Tout ekzamen pou ki fè, yo voye pasyan yo al fè yo deyò. Moun fè konsiltasyon nan sant lan pou 10 goud, ou tou jwenn kèk medikaman achte nan sant lan. Sant lan, ke responsab la, Riffin di ki pa gen pyès moun, pyès enstitisyon k ap ede l, gen yon doktè ak 2 oksilyè. Yo gen tou AATRPM ki se asosyasyon oksilyè e enfimyè reyini pou prevansyon maladi yo. Asosiyasyon sa a gen 1337 manm, si moun kwè sa Riffin te di.
Pou zafè espas pou timoun jwe a, pa gen espas ki amenaje. Anwetan teren foutbòl ki tou prè limit Waf Jeremi an, gen anpil tè ki vid kote yon gouvènman responsab te ka fè lopital, sant sante, lekòl, sant lwazi, plas pou jenn yo, latrinn piblik, pou ta rezoud zafè moun ap watè swa nan ravin lan, oswa nan tè Kris marin an.
Zafè chomaj, analfabetis, pwoblèm san keksyon pye bwa ki pa gen nan zòn lan bay anpil tèt chaje. Fason kay yo bati, kannalizasyon ki pa fèt, latrin ki pa prèske genyen lakoz divès maladi devlope nan zòn lan. Atout gen divès ti aktivite komèsyal, sa pa vle di komès la evolye nan Vilaj la. Dayè pwodwi yo chè pou mwayen lajan moun yo genyen. Vin jwenn keksyon ensekirite, derapaj ant yon gwoup jenn ak yon lòt gwoup jenn toujou repete nan zòn lan.
Devan sitiyasyon malouk sa a, ki merite yon solisyon prese prese, responsab konsène yo gen yon jès pou yo fè. E jenn yo bò kote pa yo reflechi seryezman sou pwoblèm tout kalte ki fè moun Vilaj Lapè pa fouti viv an pè. Kòm yon jenn fi te di nou: popilasyon an pa ka pase tout rès vi l nan move kondisyon sa a si y ap pale de devlopman moun nan lemonn. Moun pa ka devlope, zòn lan pa ka evolye, lè pa gen yon pwogram planifye pou solisyone pwoblèm moun sa yo. Responsab yo dwe voye je gade malere, malerèz k ap viv nan kalamite Vilaj Lapè.