Nan peyi DayitiHaïti Progrès
2 au 8 Août 2000
Sitiyasyon machann
nan mache Dèlma 30Zòn kapital la, nan Dèlma 30 a kèk pa zòn Basen Filomèn (wè Ayiti Pwogrè, vol 17 #37) e wout Nazon, gen yon ti mache moun yo tabli, depi plizyè dizèn lane. Li pote non «Mache Dèlma 30».
Plis pase 150 ti machann ap vann la, ki pèmèt ke moun jwenn divès kalte pwodui. Mache a plis tabli nan divès kote sou anndan. Sa vin fè, mache Dèlma 30 lan fè yon sèl ak kay moun nan zòn li ye a. Mache sa a, se pa t yon inisyativ lameri Dèlma te pran pou te voye l nan zòn li ye a, se anachikman machann yo vini grenn pa grenn vin estannbay kò yo. Ki fè, jounen jodi a li tounen yon ti mache enpòtan, kote menm responsab lameri yo touche taks sou machandiz machann yo. Malgre yon machann lèt nan bwat fè remake: «Se lajan sèlman yo wè, men ban nou yon souf nan kalvè n ap pase isit la, se jamè...» Vrèman, machann yo ap vann nan move kondisyon, fatra ti lo pa ti lo, espas y ap vann nan pa kouvri; lè lapli tonbe, dlo anvayi yo e menm lè, dapre yon machann manman 6 pitit, Marielle: «watè ta kenbe yon machann, ou pa jwenn kote pou w ta ale. Sòf vwazinay bon kè bò isit la ki ba w fè yon ti degaje». Men vwazen, vwazin yo pa ka fè sa toutan, e pou tout moun ki nan bezwen. Moun k ap vann yo pa t met dlo nan bouch yo, pou kritike konpòtman ansyen majistra yo, ki te plis anvizaje konfli, pouvwa, lajan, olye yo pran ka moun nan kominn lan. Yon machann gason te di: «Lò majistra yo fè betiz yo, n ap wè e n ap tann sa, sa k fèk monte yo pral fè pou nou.»
Moun yo pa sipoze chita tann, chita gade, yo ta dwe toujou mobilize pou fè otorite kominal yo tande vwa yo. Paske, dayè akote tout lòt pwoblèm, espas la deja twò piti pou tout machann sa yo vinn vann. E machann yo di yo prèt, selon Janine «pou nou aksepte yo leve nou, si y ap ban nou yon lòt kote, ki bon, nan Dèlma, pou nou vann...» E gen yon dividal tè leta k ap gaspiye nan komin Dèlma. Anpil fwa se patikilye ki konn fè va sou yo. Pouki yo pa fè mache Dèlma 30 lan, sa Dèlma 32 a, sa Basen Filomèn lan, sa Bouk Chany lan fè yon sèl, epi yo mete yo nan yon espas amenaje, kote tout moun ta al achte?
Malgre move sitiyasyon ti machann nan ti mache Dèlma 30 lan, moun jwenn achte anpil varyete pwodui. Menm lè pwodui yo, ki pifò soti aletanje, chè menm jan ak nan sant vil Pòtoprens. Nou te remake nan ti mache sa a tout kalte manje moun bezwen pi souvan tankou: bannan, patat, yanm, anana, kichòy pou moun fè manje, pwa, mayi, diti, pitimi, sitwon, lwil, bwat pat tomat, bwat lèt, zonyon, andwi, vyann kochon, vaynn bèf, kabrit, mouton, vyann poul pèpè koupe. Tout kalte legim: militon, berejèn, lamveritab, pòm de tè, tomat, kokoye, sachè pou moun pote bagay yo, bwa pen, eksetera. Chaje kote yo vann pwodwi pou moun fè kò yo bèl tou, kou wè savon, krèm, dezodoran, pat, bwòs tèt, glas, bwòs dan ak anpil lòt ankò. Chaje boutik e nan zòn lan e nan mache a, ki vann divès lòt bagay. Men sa ki tris non sèlman nan dènye jou sa yo, pri pwodwi yo monte, men tou, pifò pwodwi yo sòti lòtbò dlo.
Devan pwoblèm mank estrikti a, machann yo òganize yo yon fason pou yo sere machandiz yo, pou yo pa pèdi. Sila yo ki rèt nan zòn nan, ou sa k ap vann devan papòt lakay yo, pa gen twòp pwoblèm pou sere machandiz yo. Pou machann ki pwomennen yo, yo tou al lakay yo ak ti sa yo pote a.
Piske pa gen ajan sekirite nan mache a, machann yo, ki pa abite pre, blije al lakay yo byen bonnè (depi vè 3 ou 4 trè), yon fason pou epaye tout posibilite, pou gwoup vòlè ta anvayi yo, pou vin pran ti resèt jounen an. Yon bagay ki fèt souvan nan lòt mache yo. Men kòm bagay yo an bès nan mache Dèlma 30 la, yon aksyon konsa pa t ap rapòte vòlè yo twò gwo kichòy.
Pwoblèm ti machann nan mache Dèlma 30 lan mande yon solisyon reyèl e prese prese. Sitiyasyon an difisil pou yo. Tout menm, nouvo ekip ki monte nan tèt lameri Dèlma a gen yon jès pou yo fè, jis pou amelyore sitiyasyon machann yo.